BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es25 p. 37-46
  • Avril

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Avril
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
  • Soutit
  • Madi 1ye avril
  • Mèkredi 2 avril
  • Jedi 3 avril
  • Vandredi 4 avril
  • Samdi 5 avril
  • Dimanch 6 avril
  • Lendi 7 avril
  • Madi 8 avril
  • Mèkredi 9 avril
  • Jedi 10 avril
  • Vandredi 11 avril
  • DAT MEMORYAL LA
    Apre solèy la fin kouche
    Samdi 12 avril
  • Dimanch 13 avril
  • Lendi 14 avril
  • Madi 15 avril
  • Mèkredi 16 avril
  • Jedi 17 avril
  • Vandredi 18 avril
  • Samdi 19 avril
  • Dimanch 20 avril
  • Lendi 21 avril
  • Madi 22 avril
  • Mèkredi 23 avril
  • Jedi 24 avril
  • Vandredi 25 avril
  • Samdi 26 avril
  • Dimanch 27 avril
  • Lendi 28 avril
  • Madi 29 avril
  • Mèkredi 30 avril
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
es25 p. 37-46

Avril

Madi 1ye avril

Sa w fè m la a? [...] Poukisa w twonpe m? — Jen. 29:25.

Sèvitè Jewova ki t ap viv nan epòk yo t ap ekri Bib la te jwenn yon seri eprèv yo pa t panse yo t ap jwenn. Ann pran egzanp Jakòb. Papa l te ba l lòd pou l marye ak youn nan pitit fi Laban yo, yon fanmi l ki t ap adore Bondye, e l te ba l asirans Jewova t ap beni l anpil (Jen. 28:​1-4). Jakòb te fè sa vre. Li te kite peyi Kanaran pou l t al lakay Laban ki te gen de pitit fi, anpalan de Leya ak Rachèl. Jakòb te vin tonbe damou Rachèl, pi jèn pitit fi Laban an, e l te dakò fè setan ap travay pou Laban anvan l marye ak Rachèl (Jen. 29:18). Men, bagay yo pa t pase jan Jakòb te espere a. Laban te pran l nan plan, li te fè l marye ak Leya, pi gran pitit fi l la. Laban te dakò pou Jakòb marye ak Rachèl yon semèn annapre, akondisyon li te fè sèt lòt ane ap travay pou li (Jen. 29:​26, 27). Epitou, Laban pa t respekte kondisyon li te gen ak Jakòb pandan l t ap travay pou li. Li te fè 20 an ap eksplwate Jakòb! — Jen. 31:​41, 42. w23.04 15 § 5.

Mèkredi 2 avril

Ouvri kè nou ba li. — Sòm 62:8.

Ak kiyès nou ka pale lè n bezwen konsolasyon ak konsèy? Nou deja konn repons lan. Nou ka priye Jewova Dye. E Jewova mande nou pou n fè sa. Li vle pou n priye souvan, sa vle di pou n “priye toutan”. (1 Tes. 5:17.) Nou ka priye Jewova nenpòt lè e n ka mande l pou l gide n nan tout desizyon n ap pran nan lavi nou (Pwo. 3:​5, 6). Piske Jewova se yon Bondye ki renmen bay, li pa fikse kantite fwa nou ka priye l. Jezi te konprann priyè nou yo gen anpil enpòtans pou Jewova. Byen lontan anvan Jezi te vin sou tè a, li te konn wè Papa l k ap reponn priyè yon seri gason ak fi ki te fidèl. Pa egzanp, Jezi te bò kot Papa l lè Papa l t ap reponn priyè sensè Ana, David ak Eli te fè, san konte lòt moun ankò (1 Sam. 1:​10, 11, 20; 1 Wa 19:​4-6; Sòm 32:5). Nou konprann rezon ki fè Jezi te aprann disip li yo pou yo priye souvan e pou yo fè sa ak lafwa! — Mat. 7:​7-11. w23.05 2 § 1, 3.

Jedi 3 avril

Tranble devan moun se yon pyèj, men, moun ki mete konfyans yo nan Jewova ap jwenn pwoteksyon. — Pwo. 29:25.

Gran prèt Jewoyada te gen lakrentif pou Jewova. Sa te parèt klè lè Atali, pitit fi Jezabèl, te fè dappiyanp sou twòn Jida a. Li pa t manje anyen k frèt e l te tèlman renmen pouvwa, li te chèche touye tout moun ki te nan liy fanmi wa a, ata pwòp pitit pitit li (2 Kwo. 22:​10, 11). Youn nan timoun sa yo se te Jewowas, ki te rive sove paske Jewochabat, madanm Jewoyada, te pote l sekou. Li menm ak mari l te kache timoun nan e yo te pran swen l. Konsa, Jewoyada ak Jewochabat te pwoteje lavi yon moun nan fanmi David ki t ap ka vin wa. Jewoyada te fidèl ak Jewova e li pa t tranble devan Atali. Lè Jewowas te gen setan, yon lòt fwa ankò, Jewoyada te montre l fidèl ak Jewova. Li te fè yon plan. Si plan an te mache, Jewowas t ap vin wa paske l te gen dwa pou l eritye twòn David la. Sepandan, si plan an pa t mache, te gen anpil posiblite pou Jewoyada pèdi lavi l. Men, grasa èd Jewova plan an te mache. w23.06 17 § 12-13.

Vandredi 4 avril

Jiskaske w rekonèt se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki Chèf nan wayòm lèzòm nan e li bay moun li vle l. — Dàn. 4:25.

Wa Nebikadneza te ka panse Dànyèl kont li, e l te ka fè touye Dànyèl. Men, Dànyèl te met kouraj sou li pou l ba l mesaj la kanmenm. Ki sa k dwe te ede Dànyèl pou l aji ak kouraj pandan tout vi l? Lè Dànyèl te timoun, se sèten manman l ak papa l te ba l bèl egzanp (Det. 6:​6-9). Nonsèlman Dànyèl te konn Dis Kòmandman yo, men, li te konn anpil detay sou Lalwa tou. Pa egzanp, li te konnen sa yon Izrayelit te ka manje ak sa l pa t ka manje (Lev. 11:​4-8; Dàn. 1:​8, 11-13). Epitou, Dànyèl te aprann istwa pèp Bondye a e l te konnen sa k te rive yo lè yo pa t obeyi prensip Jewova yo (Dàn. 9:​10, 11). Eksperyans Dànyèl te fè pandan tout vi l te fè l gen konfyans Jewova ak zanj Li yo ki gen pisans t ap ede l. — Dàn. 2:​19-24; 10:​12, 18, 19. w23.08 3 § 5-6.

Samdi 5 avril

Se moun ki konn limit yo ki gen sajès. — Pwo. 11:2.

Rebeka te yon fi ki te entèlijan, ki te met kouraj sou li pou l pran yon seri desizyon e ki te konn ki lè ak ki fason pou l fè sa (Jen. 24:58; 27:​5-17). Epoutan, li te respekte moun e l te dispoze fè sa yo te mande l fè (Jen. 24:​17, 18, 65). Si w soutni dispozisyon Jewova yo avèk imilite, jan Rebeka te fè sa, w ap yon bèl egzanp pou fanmi w e pou kongregasyon an. Tout kretyen ki gen matirite bezwen konn limit yo tou. Estè se te yon dam ki t ap sèvi Bondye ki te konn limit li. Lefètke l te konn limit li, sa te ede l pou l pa t pran dwa ki pa t pou li. Li te koute konsèy Madoche kouzen l ki te pi gran pase l e l te fè sa l te di l fè (Estè 2:​10, 20, 22). Ou ka montre w konn limit ou tou lè w chèche bon konsèy e lè w suiv yo (Tit 2:​3-5). Gen yon lòt fason Estè te montre li konn limit li. Byenke li “te gen bèl fòm e li te bèl anpil”, li pa t atire atansyon sou tèt li. — Estè 2:​7, 15. w23.12 19-20 § 6-8.

Dimanch 6 avril

Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay. — 1 Jan 3:20.

Jewova pa vle nou santi n koupab depase limit. Si nou konfese peche nou, nou repanti e n fè tout sa n kapab pou n pa refè menm peche yo ankò, nou kapab gen konfyans Jewova padone nou (Tra. 3:19). Apre nou fin fè tout sa, Jewova pa vle nou kontinye santi n koupab. Li konnen jis nan ki pwen sa ka fè n soufri (Sòm 31:10). Si n kite tristès anvayi n, nou ka abandone kous pou lavi a (2 Kor. 2:7). Si w pa sispann santi w koupab, sonje Bondye “padone moun toutbon”. (Sòm 130:4.) Men sa Jewova pwomèt lè l padone moun ki repanti toutbon yo: “Mwen pap sonje peche yo ankò.” (Jer. 31:34). Sa vle di, apre Jewova fin padone w pou peche w te fè, li pap janm panse ak sa ankò. Ou pa bezwen ap bay tèt ou pwoblèm poutèt gen bagay ou pa kapab fè nan sèvis Jewova kounye a akoz erè w te fè. Jewova pa kontinye panse ak peche w te fè yo, e w pa dwe fè sa nonplis. w23.08 30-31 § 14-15.

Lendi 7 avril

Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen. — 1 Kor. 15:58.

Pandan pandemi COVID-19 la, Temwen Jewova ki te koute enstriksyon òganizasyon nou an te bay pa t gen tout tètchaje moun ki te koute fo enfòmasyon yo te genyen (Mat. 24:45). Nou dwe ret konsantre sou “bagay ki pi enpòtan yo”. (Flp. 1:​9, 10.) Lè nou distrè, sa ka fè n pèdi anpil tan e sa ka fè n pa konsantre sou bagay ki te ka pi itil nou. Aktivite nou abitye fè, tankou manje, bwè, pran detant ak travay, kapab fè nou vin distrè si n kite yo vin bagay ki pi enpòtan nan lavi nou (Lik 21:​34, 35). Epitou, se chak jou n ap tande yon bann nouvèl sou chirepit ki gen nan sosyete a ak pwoblèm politik. Nou dwe veye pou n pa kite bagay sa yo fè n distrè. Si n pa fè sa, nou ka kòmanse pran pozisyon nan lespri nou ak nan kè nou. Satan sèvi ak divès taktik pou l chèche anpeche n kontinye fè sa ki dwat. w23.07 16-17 § 12-13.

Madi 8 avril

Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. — Lik 22:19.

Pou pèp Jewova a, Memoryal lanmò Kris la se jou ki pi enpòtan nan ane a. Se sèl evènman Jezi te bay disip li yo lòd klè pou yo selebre (Lik 22:​19, 20). Li fè n sonje fason nou ka montre n gen rekonesans pou sakrifis Jezi te fè a (2 Kor. 5:​14, 15). Antanke frè ak sè, li ban nou okazyon tou “pou youn [...] ankouraje lòt”. (Wom. 1:12.) Epitou, sa anpil moun ki enterese yo wè ak sa yo tande fè yo anvi kòmanse mache nan wout lavi a. Epitou, reflechi sou jan Memoryal la fè n fè yon sèl ak frè n ak sè n yo nan lemonnantye. Se tout rezon sa yo ki fè Memoryal la gen anpil enpòtans pou nou! w24.01 8 § 1-3.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 9 Nizan) Lik 19:​29-44

Mèkredi 9 avril

Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 3:16.

Plis nou medite sou pri Jewova ak Jezi te peye a, se plis nou kapab konprann jis nan ki pwen yo renmen nou chak (Gal. 2:20). Ranson an se yon kado ki montre li renmen nou. Jewova montre li renmen nou lè l te bay moun ki gen plis valè pou li a kòm sakrifis, anpalan de Jezi. Jewova te kite Pitit Gason l lan soufri epi mouri pou nou. Jewova pa annik santi li gen lanmou pou nou, men tou, li fè n konnen jan l renmen nou (Jer. 31:3). Jewova rale nou vin jwenn li paske l renmen nou. (Konpare ak Detewonòm 7:​7, 8.) Pa gen anyen ni pèsonn ki ka separe n ak lanmou sa a (Wom. 8:​38, 39). Ki jan lanmou sa a fè w santi w? w24.01 28 § 10-11.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 10 Nizan) Lik 19:​45-48; Matye 21:​18, 19, 21:​12, 13

Jedi 10 avril

Men esperans li te tou bay: Kreyasyon [...] pral libere. — Wom. 8:​20, 21.

Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo bay esperans yo genyen pou y al viv nan syèl la anpil valè. Men sa youn nan yo, frè Frederick Franz, te di ak tout kè l an 1991: “Esperans nou genyen an sèten, e l ap reyalize nèt pou chak moun nan 144000 moun ki fè pati ti twoupo a. Rekonpans nou an ap pi bon lontan pase kèlkeswa sa n te ka imajine. [...] Esperans sa a toujou gen anpil valè pou nou. [...] Plis n ap tann li, se plis nou gen rekonesans pou li. Li merite pou n tann li […]. Esperans nou genyen an gen plis valè pou mwen pase anvan.” Kit nou gen esperans pou nou viv pou toutan nan syèl la oswa sou tè a, nou gen yon bèl esperans ki ban nou rezon pou n gen kè kontan. E bèl esperans nou genyen an kapab vin pi djanm toujou. w23.12 9 § 6; 10 § 8.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 11 Nizan) Lik 20:​1-47

Vandredi 11 avril

Li pa posib pou san towo bèf ak san kabrit retire peche. — Ebre 10:4.

Nan antre ansyen tabènak la te gen yon lotèl an kuiv e yo te konn ofri Jewova sakrifis bèt sou li (Egz. 27:​1, 2; 40:29). Sepandan, sakrifis sa yo pa t ka fè pèp la jwenn padon pou peche yo nèt (Ebre 10:​1-3). Bèt yo te konn ofri kòm sakrifis nan tabènak la te reprezante sèl sakrifis ki t ap gen pou libere lèzòm nèt anba peche. Jezi te konnen Jewova te voye l sou tè a pou l te bay lavi l kòm ranson pou lèzòm (Mat. 20:28). Donk, lè Jezi te batize, li te prezante tèt li pou l fè volonte Jewova (Jan 6:38; Gal. 1:4). Jezi te bay lavi l “yon fwa pou tout”, pou tout moun ki demontre lafwa nan Kris jwenn padon pou peche yo, oswa pou peche yo kouvri nèt. — Ebre 10:​5-7, 10. w23.10 26-27 § 10-11.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 12 Nizan) Lik 22:​1-6; Mak 14:​1, 2, 10, 11

DAT MEMORYAL LA
Apre solèy la fin kouche
Samdi 12 avril

Kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an. — Wom. 6:23.

Pa gen anyen nou ta kapab fè pou n libere tèt nou poukont nou anba peche ak lanmò (Sòm 49:​7, 8). Donk, Jewova te pran dispozisyon pou Jezi, Pitit Gason l lan li renmen anpil la, te bay lavi l pou nou, e yo te fè gwo sakrifis pou sa. Plis nou medite sou sakrifis Jewova ak Jezi te fè pou nou, se plis n ap gen rekonesans pou ranson an. Lè Adan te peche, li te pèdi posiblite pou l viv pou toutan an, nonsèlman pou li menm, men tou, pou tout pitit li t apral genyen yo. Pou rejwenn sa Adan te pèdi a, Jezi te bay lavi pafè li te genyen an kòm sakrifis. Pandan tout tan Jezi te fè ap viv sou tè a, “li pa t fè peche, e yo pa t jwenn twonpri nan bouch li”. (1 Pyè 2:22.) Lè Jezi te mouri, lavi pafè li te genyen an te egal ak lavi Adan te pèdi a. — 1 Kor. 15:45; 1 Tim. 2:6. w24.01 10 § 5-6.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 13 Nizan) Lik 22:​7-13; Mak 14:​12-16 (Sa ki te pase apre solèy fin kouche: 14 Nizan) Lik 22:​14-65

Dimanch 13 avril

Li pa t antre nan Kote ki pi sen an ak san kabrit, ni ak san jenn towo bèf, men se ak pwòp san pa l li te antre, yon fwa pou tout, e li te jwenn yon delivrans pou nou pou toutan. — Ebre 9:12.

Apre Jezi fin resisite, li te antre Kote ki pi sen nan tanp espirityèl la. Nou kapab wè aklè dispozisyon Jewova pran pou vrè adorasyon an ki baze sou sakrifis ranson an e ki gen Jezi Kris kòm Gran Prèt pi bon lontan. Ann Izrayèl, gran prèt la te konn antre Kote ki pi sen an, yon kote ki te fèt ak men, ansanm ak san bèt li te konn ofri kòm sakrifis. Men, se “nan syèl la menm” Jezi te antre, kote ki pi sen ki egziste a, pou l te parèt devan Jewova. Lè l te antre nan syèl la, li te prezante valè lavi pafè li te genyen an bay Jewova, “pou l elimine peche grasa pwòp tèt pa l li bay kòm sakrifis” pou nou (Ebre 9:​24-26). Kit nou gen esperans pou n al nan syèl, kit nou gen esperans pou n viv sou tè a, nou tout kapab adore Jewova nan tanp espirityèl li a. w23.10 28 § 13-14.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 14 Nizan) Lik 22:​66-71

Lendi 14 avril

Kidonk, annou pwoche bò kote twòn favè san parèy la e annou alèz pou n priye Bondye. — Ebre 4:16.

Reflechi sou sa Jezi ap fè pou nou detan l nan syèl la antanke Wa nou e antanke Gran Prèt ki konn mete l nan plas lòt moun. Pa mwayen Jezi, nou kapab “pwoche bò kote twòn favè san parèy” Bondye a nan lapriyè e nou kapab mande l pou l fè n mizèrikòd e pou l ede n “nan bon moman”. (Ebre 4:​14, 15.) Nou pa ta dwe janm kite yon jou pase san nou pa medite sou sa Jewova ak Jezi fè pou nou e sou sa y ap kontinye fè pou nou. Lanmou yo gen pou nou ta dwe touche kè nou anpil e sa ta dwe pouse nou pou n chofe nan sèvis n ap bay Jewova a ak nan adorasyon n ap ba li a (2 Kor. 5:​14, 15). Youn nan pi bon fason pou n montre nou gen rekonesans se lè n fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun vin Temwen Jewova epi vin disip Jezi (Mat. 28:​19, 20). Se sa apot Pòl te fè. Li te konnen Jewova vle pou “tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. — 1 Tim. 2:​3, 4. w23.10 22-23 § 13-14.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 15 Nizan) Matye 27:​62-66

Madi 15 avril

Pap gen lanmò ankò, pap gen ni rèl, ni doulè ankò. — Rev. 21:4.

Anpil nan nou konn sèvi ak pawòl ankourajan sa yo ki nan Bib la pou n pale konsènan lavi nan Paradi a lè n ap preche lòt moun. Ki jan nou ka ede lòt moun pou yo gen konviksyon benediksyon nou jwenn nan Revelasyon 21:​3, 4 yo ap reyalize? E ki jan nou menm nou kapab vin gen plis konfyans nan pwomès sa a? Nonsèlman Jewova fè bèl pwomès sa a, men tou, li ban nou bonjan rezon ki fè nou ka fè pwomès sa a konfyans. Nou jwenn plizyè rezon pou n kwè nan pwomès Jewova fè anrapò ak Paradi a nan vèsè ki vin apre yo. Men sa nou li: “Sila a ki chita sou twòn nan di: ‘Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.’ Li di tou: ‘Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.’ Epi li di m: ‘Yo reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman an ak finisman an.’” — Rev. 21:​5, 6a. w23.11 3 § 3-5.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 16 Nizan) Lik 24:​1-12

Mèkredi 16 avril

Kontinye ankouraje jèn gason yo pou yo gen bonsans. — Tit 2:6.

Yon jèn gason montre li aprann byen reflechi, lè l byen chwazi rad l ap mete ak stil l ap fè cheve l. Byen souvan, rad ki alamòd yo se moun ki pa gen respè pou Jewova oswa k ap mennen yon vi imoral ki fè yo e k ap fè reklam pou yo. Vye panse imoral moun sa yo gen nan lespri yo parèt nan stil rad yo fè ki kole sou kò oswa ki gen tandans fè gason sanble fi. Lè yon jèn gason k ap fè pwogrè pou l vin gen matirite ap chwazi sa pou l mete, l ap kite prensip ki nan Bib la gide l e l ap suiv bon egzanp ki gen nan kongregasyon an. Li ka mande tèt li: ‘Èske sa m chwazi mete yo montre mwen byen reflechi e m gen respè pou lòt moun? Èske fason m abiye fè l fasil pou lòt moun kwè mwen se yon vrè sèvitè Bondye?’ (1 Kor. 10:​31-33). Lè yon jèn gason aprann reflechi, nonsèlman frè l ak sè l yo nan kongregasyon an ap respekte l, Papa l ki nan syèl la ap respekte l tou. w23.12 26 § 7.

Jedi 17 avril

Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si Wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen. — Jan 18:36.

Sa gen kèk tan, “wa sid la” te pèsekite pèp Jewova a (Dàn. 11:40). Pa egzanp, nan premye mwatye 20yèm syèk la, te gen anpil frè ak sè yo te mete nan prizon paske yo pa t vle al nan lagè e yo te mete kèk timoun ki Temwen Jewova deyò nan lekòl yo poutèt yo pa t vle salye drapo. Pandan plizyè dizèn ane ki sot pase la yo, sèvitè Jewova k ap viv nan peyi wa sa a ap dirije a te jwenn lòt eprèv anba anba ki te fè l difisil pou yo ret fidèl ak Wayòm Bondye a. Pa egzanp, lè gen kanpay k ap fèt pou eleksyon, yon kretyen ka gen tandans soutni yon pati politik oswa yon kandida. Petèt, li pa al vote, men, li pran pozisyon nan lespri l oswa nan kè l. Se pa ti enpòtan li enpòtan pou n pa mele nan politik nonsèlman nan aksyon nou, men tou, nan panse nou ak nan kè nou! — Jan 15:​18, 19. w23.08 12 § 17.

Vandredi 18 avril

Se pou nou louwe Jewova! Se li ki pote chay nou pou nou chak jou. — Sòm 68:19.

Pandan n ap kouri nan kous pou lavi a, nou dwe “kouri yon fason pou nou ka genyen l”. (1 Kor. 9:24.) Jezi te di nou ka “vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a”. (Lik 21:34.) Vèsè sa yo ak lòt vèsè ankò ka ede w rive wè ki chanjman ou ka bezwen fè pandan w ap kouri nan kous pou lavi a. Nou kapab gen asirans n ap genyen kous pou lavi a paske Jewova ap ban nou fòs nou bezwen (Eza. 40:​29-31). Kidonk, pa ralanti nan kous la! Imite egzanp apot Pòl ki te met tout fòs li nan kous la pou l te ka jwenn rekonpans lan (Flp. 3:​13, 14). Pèsonn pa ka kouri nan kous la pou ou, men, grasa èd Jewova, ou kapab fè sa. Jewova kapab ede w pou w pote chay ou yo e pou w voye tout pwa lou ki pa nesesè jete. E piske Jewova avè w, w ap kapab kouri nan kous la avèk andirans e w ap genyen! w23.08 31 § 16-17.

Samdi 19 avril

Onore papa nou ak manman nou. — Egz. 20:12.

Lè Jezi te gen 12 an, paran l yo te mennen l Jerizalèm. Men, lè yo t ap retounen lakay yo, yo pa t wè si Jezi pa t avè yo (Lik 2:​46-52). Se te responsablite Jozèf ak Mari pou yo te veye pou tout pitit yo te ansanm ak tout lòt moun ki t ap vwayaje ansanm avè yo apre fèt la. Lè Jozèf ak Mari te resi jwenn Jezi, Mari te blame l pou pwoblèm li te ba yo. Jezi te kapab fè l konnen li pa t gen rezon blame l. Okontrè, li te bay paran l yo yon repons tou senp ki te montre l gen respè pou yo. Men, Jozèf ak Mari “pa t byen konprann pawòl li te di yo a”. Aktout sa, Jezi te “kontinye soumèt devan yo”. Nou menm jèn, èske n konn twouve l difisil pou n obeyi paran nou lè yo fè erè oswa lè yo pa konprann nou? Ki sa k kapab ede nou? Reflechi sou jan Jewova santi l. Bib la di, lè n obeyi paran nou, “sa fè Seyè a plezi anpil”. (Kol. 3:20.) Jewova konnen lè paran nou pa fin byen konprann nou, oswa lè yo bay yon seri règ ki pa fasil pou n obeyi. Men, lè n obeyi yo kanmenm, nou fè kè Jewova kontan. w23.10 7 § 5-6.

Dimanch 20 avril

Pou yo rezonab, pou yo montre yon dousè total anvè tout kalite moun. — Tit 3:2.

Yon kamarad lekòl nou ka di Temwen Jewova yo ta dwe chanje fason yo konsidere omoseksyèl. Nou ka bezwen ba l asirans nou rekonèt avèk respè chak moun gen dwa pran pwòp desizyon pa yo (1 Pyè 2:17). Apre sa, nou ka montre l byenfè moun jwenn lè yo suiv prensip moral ki nan Bib la. Lè yon moun montre li pa dakò ditou avè n, nou pa dwe kouri panse nou konnen ki sa l kwè. Pa egzanp, ki jan w t ap reyaji si yon kamarad lekòl ou ta di w sa pa fè sans pou moun kwè nan Bondye? Èske w ta dwe panse li vrèman kwè nan evolisyon e l konn anpil bagay sou sa? Anfèt, li ka ap repete sa l tande lòt moun ap di. Petèt, ou ka montre l enfòmasyon ki gen rapò ak kreyasyon an sou sit jw.org la oswa w ka voye yon lyen pou li sou sijè sa a. Annapre, li ka dispoze pale sou yon atik oswa yon videyo li te jwenn sou sit la ansanm avè w. Vrèmanvre, si w montre w gen respè pou li nan sans sa a, sa ka ede l wè bagay yo yon lòt jan. w23.09 17 § 12-13.

Lendi 21 avril

Ou bon e w dispoze padone, o Jewova. Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w. — Sòm 86:5.

Nou kapab gen konfyans Jewova ap itilize n e l ap beni nou tou menmsi nou te fè erè, depi n fè tout sa n kapab pou n korije fason n aji e depi n kontinye konte sou li (Pwo. 28:13). Samson pa t pafè. Men, li pa t sispann fè efò pou l sèvi Jewova menm apre erè li te fè anrapò ak Dalila a. E Jewova pa t abandone l. Yon lòt fwa ankò, Bondye te itilize Samson yon fason ki estrawòdinè. Jewova te toujou wè l kòm yon moun ki te gen yon gwo lafwa. Li te fè met non l nan lis moun fidèl nou jwenn nan Ebre chapit 11 lan. Se pa ti ankourajan sa ankourajan dèske n konnen n ap sèvi Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ki toujou pare pou l ban nou fòs, sitou lè n nan pwoblèm! Donk, menm jan ak Samson, ann sipliye Jewova, ann di l: “Tanpri sonje m. Tanpri, ban mwen fòs.” — Jij 16:28. w23.09 7 § 18-19.

Madi 22 avril

Pandan n ap tann jou Jewova a e pandan nou toujou kenbe l nan lespri nou. — 2 Pyè 3:12.

Piske nou konnen jou Jewova a ap rive talè konsa, nou ta renmen fè tout sa n kapab pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Sepandan, pafwa nou ka renka pou n pale. Sa k fè sa? Paske sa moun panse oswa sa moun fè kapab fè nou pè pandan yon ti tan. Se sa k te rive Pyè. Nan nuit yo t ap jije Jezi a, Pyè te pè di li se youn nan disip Jezi yo, e l te menm nye l plizyè fwa. Li te di li pa konnen l (Mat. 26:​69-75). Sepandan, annapre, menm apot sa a te rive di avèk konviksyon: “Pa pè sa k fè yo pè a, e pa kite sa boulvèse nou.” (1 Pyè 3:14). Pawòl Pyè yo ban nou asirans nou kapab sispann pè moun. Ki sa k ka ede nou sispann pè moun? Men sa Pyè di nou: “Se pou nou rekonèt nan kè nou Kris se Seyè e li sen.” (1 Pyè 3:15). Sa mande pou n medite sou otorite ak pisans Kris Jezi ki Seyè nou e ki Wa nou genyen. w23.09 27-28 § 6-8.

Mèkredi 23 avril

Depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan [...] nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou. — Efe. 5:3.

Nou dwe kontinye lite pou n pa patisipe nan “travay ki pa pwodui anyen, travay ki gen rapò ak fènwa”. (Efe. 5:11.) Eksperyans montre plis yon moun gade oswa koute oubyen pale sou bagay ki pa pwòp, bagay ki imoral, se plis l ap fasil pou l tonbe nan fè sa k pa bon (Jen. 3:6; Jak 1:​14, 15). Monn Satan an ap eseye twonpe nou pou fè nou kwè bagay Jewova di ki imoral e ki pa pwòp pa gen anyen mal ladan yo (2 Pyè 2:19). Youn nan taktik Dyab la gen lontan depi l ap itilize se lage moun nan konfizyon pou yo pa kapab fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal (Eza. 5:20; 2 Kor. 4:4). Nou pa sezi dèske gen anpil fim, anpil emisyon televizyon ak sit Entènèt k ap ankouraje ide ki kont prensip Jewova yo ki jis! Satan ap chèche twonpe nou pou fè n panse bagay moun ap fè ki pa pwòp ak vi imoral moun ap mennen yo san danje. — Efe. 5:6. w24.03 22 § 8-10.

Jedi 24 avril

Sèvis sakre prèt sa yo ap bay la se kopi egzak bagay ki nan syèl la, e se lonbray bagay sa yo. — Ebre 8:5.

Tabènak la te tankou yon tant, e Izrayelit yo te konn pote l lè yo t ap deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt. Yo te fè prèske 500 an ap itilize l jiskaske yo te vin konstwi yon tanp nan Jerizalèm (Egz. 25:​8, 9; Nonb 9:22). Tabènak la se te prensipal kote Izrayelit yo te konn al priye Bondye, ofri l sakrifis epi adore l (Egz. 29:​43-46). Sepandan, tabènak la te reprezante yon bagay ki pi bon lontan. Se te ‘lonbray bagay ki nan syèl la’ e li te reprezante gran tanp espirityèl Jewova a. Apot Pòl di: “Tant sa a [oswa tabènak sa a] se yon senbòl ki gen rapò ak [...] tan nou ye kounye la a.” (Ebre 9:9). Donk, lè Pòl te ekri kretyen ebre yo, tanp espirityèl la te deja vin yon reyalite pou kretyen yo. Li te vin egziste nan ane 29 epòk nou an. Se nan ane sa a Jezi te batize e li te kòmanse sèvi antanke “gran prèt” Jewova nan tanp espirityèl la. — Ebre 4:14; Tra. 10:​37, 38. w23.10 25-26 § 6-7.

Vandredi 25 avril

Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab. — Flp. 4:5.

Pou yon kretyen kontinye sèvi Jewova ak kè kontan, li dwe fleksib, li dwe pare pou l sede. Nan ki sans? Nou dwe montre nou rezonab lè n chèche adapte n lè sitiyasyon n chanje e lè n respekte opinyon lòt moun ak desizyon yo pran. Antanke sèvitè Jewova, nou vle montre nou rezonab. Epitou, nou vle gen imilite ak konpasyon. Nan Bib la, yo rele Jewova “Mas wòch la” paske li rete djanm, li pa brannen (Det. 32:4). Men, Jewova rezonab tou. Tank bagay yo ap chanje nan monn nan, Bondye nou an kontinye adapte l yon fason pou l fè objektif li reyalize. Jewova kreye lèzòm pòtre ak li, sa vle di li kreye yo ak kapasite pou yo adapte yo ak chanjman ki gen nan lavi a. Li ban nou prensip nan Bib la ki ede n pran bon desizyon kèlkeswa difikilte nou ta jwenn. Egzanp Jewova bay ak prensip li ban nou se prèv ki montre, byenke li se “Mas Wòch la”, li rezonab tou. w23.07 20 § 1-3.

Samdi 26 avril

Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m. — Sòm 94:19.

Nan Bib la, Jewova konpare tèt li ak yon manman ki gen afeksyon pou pitit li (Eza. 66:​12, 13). Jis imajine yon manman k ap pran swen tipitit li avèk tandrès e ki ba l sa l bezwen. Lè n ap soufri, nou ka konte sou lanmou Jewova. Li pa sispann renmen nou lè n fè yon bagay ki mal (Sòm 103:8). Nasyon Izrayèl la te desevwa Jewova plizyè fwa. Aktout sa, lè yo te regrèt sa yo te fè yo e yo te sispann fè sa ki mal, li te fè yo konnen li toujou renmen yo lè l te di: “[Ou] vin gen anpil valè pou mwen, ou enpòtan pou mwen, mwen renmen w.” (Eza. 43:​4, 5). Bondye renmen nou menm jan an. Menmsi nou fè peche grav, lè n regrèt sa n te fè e nou retounen vin jwenn Jewova, n ap wè li toujou renmen nou. Li pwomèt “l ap padone [nou] nèt”. (Eza. 55:7.) Bib la montre padon sa a tankou “tan soulajman” “Jewova li menm” fè n jwenn. — Tra. 3:19. w24.01 27 § 4-5.

Dimanch 27 avril

Jewova, Bondye m nan, te avè m. — Esd. 7:28.

Jewova kapab ede n lè n nan yon sitiyasyon difisil. Pa egzanp, lè n ap mande patwon n konje pou n ka asiste kongrè, oswa lè n al kote l pou n mande l chanje orè travay nou pou n ka asiste tout reyinyon yo, sa ban nou posiblite pou n wè men Jewova nan lavi nou. Nou ka sezi wè jan tout bagay byen pase. Lè konsa, nou vin gen plis konfyans nan Jewova. Avèk imilite, Esdras te priye Jewova pou l mande l èd. Chak fwa Esdras te santi responsablite li te genyen yo te twòp pou li, li te priye Jewova avèk imilite (Esd. 8:​21-23; 9:​3-5). Fason Esdras te aji te fè moun ki te bò kote l yo ede l e sa te fè yo imite lafwa l (Esd. 10:​1-4). Lè nou gen anpil tètchaje akoz pwoblèm materyèl oswa n ap enkyete n pou sekirite fanmi nou, nou dwe priye Jewova avèk konfyans. w23.11 18 § 15-17.

Lendi 28 avril

Abram te mete lafwa nan Jewova, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis. — Jen. 15:6.

Jewova pa di si nou vle li konsidere n kòm moun ki jis nou dwe fè egzakteman sa Abraram te fè. An reyalite, gen anpil fason nou ka montre nou gen lafwa grasa sa nou fè. Nou kapab akeyi nouvo yo nan kongregasyon an, nou kapab ede frè n ak sè n ki vrèman nan bezwen yo, e nou kapab fè byen ak moun nan fanmi nou. Tout sa se bagay k ap fè Bondye plezi e l ap beni nou pou sa (Wom. 15:7; 1 Tim. 5:​4, 8; 1 Jan 3:18). Yon bèl travay ki vrèman enpòtan k ap montre nou gen lafwa, se lè nou chofe pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun (1 Tim. 4:16). Nou tout kapab montre nan aksyon nou nou gen lafwa pwomès Jewova yo ap reyalize e se fason l aji ki pi bon. Si nou fè sa, nou mèt gen bonjan konfyans Bondye ap konsidere nou kòm moun ki jis e l ap konsidere nou kòm zanmi l. w23.12 2 § 3; 6 § 15.

Madi 29 avril

Pran kouraj epi met gason sou ou. — 1 Wa 2:2.

Tout frè yo bezwen suiv konsèy sa a jodi a. Pou yo rive fè sa, yo dwe aprann obeyi lwa Bondye yo, e yo dwe aplike prensip ki nan Bib la nan tout aspè nan lavi yo (Lik 2:52). Poukisa li enpòtan anpil pou jèn frè yo vin gen matirite antanke kretyen? An jeneral, frè yo gen yon wòl enpòtan nan fanmi yo ak nan kongregasyon yo. Nou menm jèn frè, sandout nou konn ap panse ak responsablite nou ka vin genyen pi devan. Nou ka gen objektif pou n antre nan sèvis aplentan, pou n vin sèvitè ministeryèl, e pi devan, pou n vin ansyen nan kongregasyon an. Epitou, nou ka vle marye, epi vin gen pitit (Efe. 6:4; 1 Tim. 3:1). Pou n reyalize objektif sa yo e pou n reyisi nan sa n ap fè, nou bezwen gen matirite antanke kretyen. w23.12 24 § 1-2.

Mèkredi 30 avril

Mwen pa t ap gen tan si m ta vle pale konsènan Jedeyon. — Ebre 11:32.

Ansyen yo gen responsablite pou yo pran swen mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou li. Mesye sa yo ki devwe gen Jewova rekonesans lefètke li ba yo privilèj pou yo sèvi frè ak sè yo, e yo travay di antanke “bèje k ap pran swen yo toutbonvre”. (Jer. 23:4; 1 Pyè 5:2.) Nou di Jewova mèsi anpil dèske n gen frè sa yo nan kongregasyon yo. Ansyen yo kapab suiv egzanp jij Jedeyon (Ebre 6:12). Li te pwoteje pèp Bondye a e li te gide yo tou (Jij 2:16; 1 Kwo. 17:6). Menm jan ak Jedeyon, Bondye bay ansyen yo responsablite pou yo pran swen pèp li a nan yon epòk ki difisil anpil (Tra. 20:28; 2 Tim. 3:1). Kidonk, ansyen yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Jedeyon ki te rekonèt limit li, ki te gen imilite, ki te konn obeyi e ki te gen andirans. Epitou, menmsi nou pa ansyen, lè n egzamine egzanp Jedeyon, sa kapab fè n vin gen plis rekonesans pou travay ansyen yo ap fè e sa kapab ede n kolabore ak frè sa yo pi plis toujou. — Ebre 13:17. w23.06 2 § 1; 3 § 3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje