Jen
Dimanch 1ye jen
Nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon. — Tra. 14:22.
Jewova te beni kretyen nan premye syèk yo paske yo te adapte yo ak chanjman ki te vin genyen yo. Byen souvan, yo te konn pèsekite kretyen nan premye syèk yo, pafwa nan moman yo ka pa t atann sa menm. Ann wè sa k te rive Banabas ak apot Pòl pandan yo t ap preche nan vil Lis. Okòmansman, moun yo te kontan wè yo e yo te koute yo. Men annapre, gen opozan ki te “pran tèt foul la”, e kèk nan menm moun sa yo te kalonnen Pòl ak kout wòch e yo te kite l paske yo te panse l mouri (Tra. 14:19). Men, Banabas ak Pòl te kontinye preche nan lòt zòn. Ki rezilta sa te bay? Yo te fè “yon bon kantite disip”, e pawòl yo te di ak egzanp yo te bay te ankouraje kwayan parèy yo (Tra. 14:21, 22). Piske Banabas ak Pòl pa t sispann preche, menm lè yo te jwenn pèsekisyon sanzatann, sa te ede anpil moun. Depi nou pa sispann fè travay Jewova ban nou fè a, n ap jwenn benediksyon. w23.04 16-17 § 13-14.
Lendi 2 jen
Koute priyè m, o Jewova, koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou. Lè m gen pwoblèm, se ou menm mwen rele paske w ap reponn mwen. — Sòm 86:6, 7.
Pandan tout lavi wa David, li te gen yon pakèt ènmi ki pa t vle wè l, e byen souvan, li te konn priye Jewova pou l mande l sekou. David te gen asirans Jewova te tande priyè l e l te reponn yo. Ou kapab gen menm asirans sa a. Bib la ban nou asirans Jewova kapab ban nou sajès ak fòs nou bezwen pou n andire. Li ka itilize frè n ak sè n yo oswa menm moun ki poko ap adore l pou ede n yon fason oswa yon lòt. Byenke Jewova ka pa toujou reponn priyè n fason n ap atann nan, nou konnen l ap reponn yo. L ap ban nou sa nou vrèman bezwen, egzakteman nan moman n bezwen l lan. Kidonk, kontinye priye Jewova, e se pou w gen konfyans l ap tande w. Epitou, ou bezwen gen asirans l ap pran swen w depi kounye a e l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen” nan monn nouvo ki gen pou vini an. — Sòm 145:16. w23.05 8 § 4; 13 § 17-18.
Madi 3 jen
Ki sa m ka bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen? — Sòm 116:12.
Li bon pou w panse ak benediksyon w ap jwenn lè w reyalize yon objektif ou genyen. Ki benediksyon konsa ou ka reflechi sou yo? Si w gen objektif pou w li Labib oswa pou w priye, reflechi sou jan sa ap fè w vin pi pwòch ak Jewova (Sòm 145:18, 19). Si w gen objektif pou w vin gen yon kalite antanke kretyen, reflechi sou jan sa ap fè w gen pi bon relasyon ak lòt moun (Kol. 3:14). Sa w panse si w ta fè yon lis ki gen ladan l tout rezon w genyen pou w vle reyalize objektif ou? Gade lis sa a tanzantan. Epitou, pase tan ak moun k ap ankouraje w reyalize objektif ou genyen (Pwo. 13:20). An reyalite, gen jou kote nou tout konn pa santi n motive. Men, èske sa vle di nou pa ka fè anyen pou n reyalize objektif nou genyen an? Non, sa pa vle di sa. Nou kapab kontinye fè efò pou n reyalize objektif nou genyen an, menm lè n pa santi n anvi fè efò. Se vre, sa ap mande pou n gen disiplin, men, n ap kontan lè n reyalize l. w23.05 27-28 § 5-8.
Mèkredi 4 jen
Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou. — Gal. 6:7.
Lè n konnen nou responsab desizyon nou pran, sa kapab ankouraje n pou n konfese peche nou, korije erè nou fè, epi fè efò pou n pa refè menm erè yo ankò. Lè n aji konsa, sa kapab ede n rete nan kous pou lavi a. Si w te pran yon move desizyon e w pa ka chanje desizyon w te pran an, aksepte sitiyasyon w ladan l kounye a. Pa gaspiye tan w ak fòs ou nan chèche montre w te gen rezon oswa pa akize tèt ou oubyen lòt moun. Okontrè, ou bezwen rekonèt tò w, epi fè tout sa w kapab nan sitiyasyon w ye kounye a. Si w santi w koupab pou yon bagay ou te fè ki pa t bon, priye Jewova sou sa avèk imilite, aksepte erè w te fè a, epi mande l padon (Sòm 25:11; 51:3, 4). Mande moun petèt ou te mal aji ak yo padon, e si sa nesesè, chèche èd ansyen yo (Jak 5:14, 15). Aprann nan erè w fè yo, epi fè efò pou w pa refè menm erè yo ankò. Tank w ap fè efò, ou mèt gen asirans Jewova ap fè w mizèrikòd e l ap ba w èd ou bezwen. — Sòm 103:8-13. w23.08 28-29 § 8-9.
Jedi 5 jen
Jewowas te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova pandan tout tan Jewoyada, prèt la, t ap ba l enstriksyon. — 2 Wa 12:2.
Jewoyada te ede wa Jewowas pou l vin yon bon moun. Se sa k fè jèn wa sa a te vle fè Jewova plezi. Men, lè Jewoyada mouri, Jewowas te koute prens ki te aposta yo (2 Kwo. 24:4, 17, 18). Malgre sa te fè Jewova mal anpil, li “te kontinye voye pwofèt nan mitan yo pou l te ka rale yo tounen vin jwenn li [...], men yo pa t koute yo”. Yo pa t menm koute Zakari, pitit gason Jewoyada, nonsèlman ki te pwofèt Jewova e ki te prèt, men tou, ki te kouzen Jewowas. Anfèt, wa Jewowas te fè touye Zakari (2 Kwo. 22:11; 24:19-22). Jewowas pa t kontinye montre l gen bonjan lakrentif pou Jewova. Jewova te di: “M ap fè moun ki derespekte m yo wont.” (1 Sam. 2:30). Annapre, lame moun Siri yo ki pa t anpil te pot laviktwa sou Jewowas ki te gen “yon gwo lame” e yo “te blese [l] grav”. (2 Kwo. 24:24, 25.) Pwòp sèvitè Jewowas te touye l poutèt li te touye Zakari. w23.06 18-19 § 16-17.
Vandredi 6 jen
Gen yon lè se fènwa nou te ye, men kounye a nou se limyè. — Efe. 5:8.
Pòl te pase yon bon ti tan nan vil Efèz ap preche bon nouvèl la e ap anseye (Tra. 19:1, 8-10; 20:20, 21). Li te renmen frè l yo anpil, e l te vle ede yo pou yo ret fidèl ak Jewova. Moun nan vil Efèz Pòl te ekri yo te esklav fo relijyon ak sipèstisyon anvan. Moun nan vil Efèz yo te imoral anpil e yo pa t wont move konduit yo te genyen. Souvan, yo te konn pale sou sèks nan pyès teyat yo te konn ap jwe kote yo te konn fè teyat nan vil la e menm nan fèt relijye yo te konn selebre (Efe. 5:3). Anpil nan moun ki te abite nan vil sa a ‘pa t gen moralite menm ankò’, yon ekspresyon lè yo tradui l yon fason literal ki vle di yo te “sispann santi doulè” nan kè yo lè yo te fè yon bagay ki mal (Efe. 4:17-19). Anvan kretyen nan vil Efèz yo te aprann konn sa ki byen oswa sa ki mal, konsyans yo pa t nui yo lè yo te fè yon bagay ki mal. Se sa k fè Pòl te kapab di “lespri yo nan fènwa e yo lwen lavi ki soti nan Bondye a”. Sepandan, gen kèk moun nan vil Efèz ki pa t ret nan fènwa. w24.03 20 § 2, 4; 21 § 5-6.
Samdi 7 jen
Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs […] yo pap fatige. — Eza. 40:31.
Antanke jij, Jedeyon te oblije travay di. Lè moun Madyan yo te kouri pou batay la nan mitan lannuit, Jedeyon te pati dèyè yo soti nan vale Jizreyèl rive jis nan Rivyè Jouden an (Jij 7:22). Èske Jedeyon te sispann kouri lè l te rive bò Rivyè Jouden an? Non! Malgre li menm ak 300 mesye l yo te fatige anpil, yo te travèse rivyè a e yo te kontinye kouri dèyè moun Madyan yo. Finalman, yo te rive met men sou moun Madyan yo e yo te pot laviktwa sou yo (Jij 8:4-12). Jedeyon te gen konfyans Jewova t ap ba l fòs, e Jewova te fè sa vre (Jij 6:14, 34). Yon lè, Jedeyon ak mesye l yo te apye e yo t ap kouri dèyè de wa Madyan, alòske petèt wa sa yo te sou chamo (Jij 8:12, 21). Men, Bondye te ede Izrayelit yo met men sou yo e li te ede yo genyen batay la. Menm jan an tou, ansyen yo kapab konte sou Jewova, Sila a ki “pa janm fatige, [e ki] pa janm faya” a. L ap ba yo fòs lè yo bezwen sa. — Eza. 40:28, 29. w23.06 6 § 14, 16.
Dimanch 8 jen
[Jewova] pap ni kite nou ni abandone nou. — Det. 31:6.
Nou menm tou kè nou kapab rete fèm kèlkeswa eprèv nou ta jwenn. Donk, fè Jewova konfyans. Ann wè ki jan Barak te rive pot laviktwa lefètke li te gen konfyans nan fason Jewova t ap gide l. Lè sa a, pèp Izrayèl la pa t pare pou y al nan lagè. Yo pa t menm gen zam. Aktout sa, Jewova te mande Barak pou l al batay ak Sisera, chèf lame moun Kanaran yo, ak lame Sisera a ki te gen yon pakèt zam (Jij 5:8). Debora, dam ki te pwofèt la, te di Barak pou l desann nan plèn nan pou l al rankontre Sisera ak 900 cha Sisera te genyen yo. Menm lè li t ap difisil anpil pou Izrayelit yo batay ak Sisera ak 900 cha li te genyen yo sou yon tè ki plat, Barak te obeyi kanmenm. Pandan sòlda yo t ap desann mòn Tabò, Jewova te fè yon gwo lapli tonbe. Charyo Sisera yo te kole nan labou, e se konsa Jewova te fè Barak pot laviktwa (Jij 4:1-7, 10, 13-16). Menm jan an tou, Jewova ap fè nou pot laviktwa si n met konfyans nou nan li e si n suiv enstriksyon li bay pa mwayen òganizasyon l lan. w23.07 19 § 17-18.
Lendi 9 jen
Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mat. 24:13.
Pou n gen lavi ki pap janm fini an, li enpòtan anpil pou n gen pasyans. Nou bezwen tann avèk pasyans pou Bondye reyalize pwomès li fè yo (Ebre 6:11, 12). Labib konpare sitiyasyon nou ak sitiyasyon yon kiltivatè (Jak 5:7, 8). Yon kiltivatè travay di pou l plante e pou l wouze sa l plante yo, men, li pa konnen ki lè egzakteman sa l plante yo ap pouse. Donk, kiltivatè a tann avèk pasyans, toutpandan li gen konfyans yon jou l ap rekòlte sa l te simen yo. Menm jan an tou, nou ret okipe nan aktivite n ap fè nan sèvis Bondye, menm lè “nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini”. (Mat. 24:42.) N ap tann avèk pasyans toutpandan nou gen konfyans Jewova ap reyalize tout pwomès li fè yo nan lè li fikse a. Si n ta vin pèdi pasyans, nou ka bouke tann, e nou ka kòmanse kite laverite. Epitou, nou ka kòmanse fè yon seri aktivite nou panse k ap fè n gen kè kontan kounye a menm. Men, si n gen pasyans, n ap kapab andire jiska lafen e n ap sove. — Miche 7:7. w23.08 22 § 7.
Madi 10 jen
Zòtèy ki nan pye l yo gen pati an fè e gen pati ann ajil. — Dàn. 2:42.
Lè n konpare pwofesi ki nan Dànyèl 2:41-43 ak lòt pwofesi ki nan liv Dànyèl la ak nan liv Revelasyon an, nou vin konprann pye a reprezante Etazini ak Grann Bretay, pi gwo pisans mondyal ki egziste jodi a, k ap kolabore youn ak lòt. Konsènan pisans mondyal sa a, Dànyèl di “yon pati nan wayòm nan ap djanm e yon pati ap fèb”. Sa k fè yon pati ap fèb? Paske moun nan pèp la, ajil ki mou an reprezante a, fè l pa fasil pou l aji avèk yon fòs ki tankou fè. Nou aprann yon seri verite enpòtan nan esplikasyon Dànyèl te bay konsènan estati li te wè nan rèv la. Premyèman, Pisans mondyal anglo-ameriken an montre l gen fòs. Pa egzanp, Etazini ak Grann Bretay te pami nasyon ki te pot laviktwa nan Premye Gè mondyal la ak nan Dezyèm Gè mondyal la. Sepandan, pisans mondyal sa a pèdi fòs e l ap kontinye pèdi fòs akoz pwòp sitwayen l ki nan chirepit youn ak lòt e ak gouvènman an. Dezyèmman, se Pisans mondyal anglo-ameriken an k ap dènye pisans mondyal k ap dirije anvan Wayòm Bondye a detwi tout gouvènman lèzòm yo. w23.08 10-11 § 12-13.
Mèkredi 11 jen
Lè m te nan pwoblèm, mwen te rele nan pye Jewova, mwen te kontinye kriye nan pye Bondye m nan pou m mande l sekou. Detan l nan tanp li an, li te tande vwa m. — Sòm 18:6.
Pafwa, David te santi l boulvèse akoz tout pwoblèm ak eprèv li te jwenn (Sòm 18:4, 5). Epoutan, bonjan lanmou ak sousi Jewova te gen pou li te reba l fòs. Jewova te mennen zanmi l lan ki te faya pran repo “kote ki gen anpil zèb” ak “kote ki gen anpil dlo”. Konsa, David te rejwenn fòs pou l te ka kontinye sèvi Jewova ak kè kontan (Sòm 18:28-32; 23:2). Menm jan an tou jodi a, “se paske Jewova gen lanmou ki fidèl pou nou ki fè nou pa fin depafini nèt” lè n jwenn eprèv ak pwoblèm nan lavi a (Lam. 3:22; Kol. 1:11). Byen souvan, lavi David te an danje, e l te gen anpil ènmi ki te gen pisans. Men, lanmou Jewova te fè l santi l an sekirite e l te santi l jwenn pwoteksyon. David te kapab santi Jewova avè l nan chak sitiyasyon, e sa te ede l pou l pa t pè. Se sa k fè, li te kapab di nan yon chante: “[Jewova] te delivre m anba tout sa ki t ap fè m pè yo.” (Sòm 34:4). Se vre pafwa David te konn pè, men, li te rive konbat laperèz li te genyen an paske l te konnen Jewova renmen l. w24.01 30 § 15-17.
Jedi 12 jen
Si moun k ap fè peche yo ap eseye pran tèt ou, pa kite yo fè sa. — Pwo. 1:10.
Gen leson w ka aprann nan move desizyon Jewowas te pran yo. Apre lanmò gran prèt Jewoyada, Jewowas te chwazi fè move zanmi (2 Kwo. 24:17, 18). Li te deside koute prens Jida yo ki pa t renmen Jewova. Sandout w ap dakò Jewowas pa t dwe fè zanmi ak moun sa yo, paske yo t ap fè sa ki mal. Okontrè, li te koute swadizan zanmi sa yo. Anfèt, lè Zakari, kouzen Jewowas, t ap eseye ede l, Jewowas te fè touye l (2 Kwo. 24:20, 21; Mat. 23:35). Sa l te fè a te terib anpil e se te yon bagay moun sòt. Jewowas te byen kòmanse, men malerezman, li te vin yon aposta e l te vin yon asasen. Finalman, pwòp sèvitè l yo te touye l (2 Kwo. 24:22-25). Lavi l t ap yon lòt jan nèt si l te kontinye koute Jewova ak moun ki renmen L yo. w23.09 9 § 6.
Vandredi 13 jen
Ou pa bezwen pè ankò. — Lik 5:10.
Jezi te konnen Pyè te kapab ret fidèl. Se sa k fè li te di Pyè avèk jantiyès: “Ou pa bezwen pè ankò.” Konfyans Jezi te gen nan Pyè te gen efè sou Pyè pandan tout vi l. Annapre, Pyè ak Andre, frè l la, te abandone biznis lapèch yo te genyen an e yo te suiv Mesi a nètale, yon desizyon ki te fè yo jwenn anpil benediksyon (Mak 1:16-18). Pyè te fè anpil bèl eksperyans antanke yon disip Kris. Li te wè Jezi ki te geri moun ki te malad, ki te chase demon e ki te menm resisite moun ki te mouri (Mat. 8:14-17; Mak 5:37, 41, 42). Epitou, Pyè te viv yon vizyon estrawòdinè kote l te wè Jezi nan glwa li t apral genyen nan Wayòm Bondye a. Vizyon sa a te gen yon gwo efè sou Pyè (Mak 9:1-8; 2 Pyè 1:16-18). Pa gen dout nan sa, Pyè te wè yon seri bagay li pa t ap janm ka wè si l pa t suiv Jezi. Li dwe te kontan anpil dèske l pa t kite santiman negatif li te genyen yo fè l pa jwenn benediksyon sa yo! w23.09 21 § 4-5.
Samdi 14 jen
Jezi di l: “M ap di w sa, se pa jiska sèt fwa, men, jiska 77 fwa.” — Mat. 18:22.
Nan premye lèt apot Pyè te ekri a, li te itilize ekspresyon “anpil lanmou”. Kalite lanmou sa a pa sèlman kouvri kèk peche, men li kouvri “yon pakèt peche”. (1 Pyè 4:8.) Petèt Pyè te sonje leson Jezi te aprann li kèk ane anvan sa anrapò ak padon. Lè sa a, sanble Pyè te kwè li se yon moun ki renmen padone lè l te fè konnen li te ka padone yon frè l “jiska sèt fwa”. Men, Jezi te aprann li pou l padone “jiska 77 fwa”, e li aprann nou sa tou, sa vle di pou n padone san rete (Mat. 18:21). Si w twouve l difisil pou w aplike konsèy sa a, pa dekouraje. Tout moun k ap sèvi Jewova yo pa pafè, e pafwa yo te twouve l difisil pou yo padone. Sa k enpòtan pou ou kounye a, se fè tout sa ki nesesè pou w padone frè w la e pou w fè lapè avè l. w23.09 29 § 12.
Dimanch 15 jen
Mwen rele Jewova, epi li reponn mwen. — Jon. 2:2.
Lè Jonas te anndan vant pwason an, li te gen konfyans Jewova t ap koute priyè l te fè avèk imilite ki te montre li regrèt sa l te fè a e Jewova t ap ede l. Apre sa, Jewova te sove Jonas, e Jonas te pare pou l fè travay Jewova te voye l fè a (Jon. 2:10–3:4). Pandan w ap fè fas ak yon eprèv, èske w konn santi w twò enkyè pou w priye Jewova? Oswa èske w konn santi w twò fatige pou w etidye? Sonje Jewova byen konprann sitiyasyon w. Donk, menm lè w fè yon priyè tou senp, ou mèt gen asirans l ap ba w egzakteman sa w bezwen (Efe. 3:20). Si w malad, ou fatige oswa w gen anpil tètchaje, e sa fè l difisil pou w li e pou w etidye, eseye fè efò pou w koute anrejistreman odyo Bib la oswa piblikasyon ki baze sou Bib la. Epitou, ou ka koute youn nan chante nou yo oswa gade yon videyo sou jw.org. Lè w priye Jewova e lè w chèche jwenn repons priyè w nan Bib la ak nan tout lòt bagay Li bay yo, se mande ou mande l pou l fè w vin djanm. w23.10 13 § 6; 14 § 9.
Lendi 16 jen
Selon sa lespri sen fè nou wè, chemen ki mennen nan Kote ki pi sen an pa t parèt aklè pandan premye tant lan te anplas. — Ebre 9:8.
Anndan tabènak la ak anndan tanp yo te vin konstwi annapre nan Jerizalèm yo te sanble anpil. Anndan yo te gen de pati ki te gen yon rido bwode ki te separe yo, anpalan de “Kote ki sen an” ak “Kote ki pi sen an”. (Ebre 9:2-5; Egz. 26:31-33.) Anndan Kote ki sen an te gen yon pòtlanp annò, yon lotèl pou yo boule lansan ak yon tab yo te konn met pen yo te konn prezante yo. Se sèlman “prèt Bondye te chwazi” yo ki te gen dwa antre Kote ki sen an pou yo te fè sèvis yo antanke prèt (Nonb 3:3, 7, 10). Anndan Kote ki pi sen an te gen lach alyans lan ki te fèt annò e ki te reprezante prezans Jewova (Egz. 25:21, 22). Se te sèlman gran prèt la ki te gen dwa pase dèyè rido a pou l antre Kote ki pi sen an yon fwa chak ane nan jou Pirifikasyon an (Lev. 16:2, 17). Li te antre ak san bèt pou l te ka jwenn padon pou peche pa l e pou peche tout pèp la. Rive yon lè, Jewova te fè konprann byen klè ki sa bagay sa yo ki te anndan tabènak la reprezante toutbon. — Ebre 9:6, 7. w23.10 27 § 12.
Madi 17 jen
[Se pou] youn […] renmen lòt. — Jan 15:17.
Nan Pawòl Bondye a, nou jwenn kòmandman ki di pou “youn renmen lòt” la plizyè fwa (Jan 15:12; Wom. 13:8; 1 Tes. 4:9; 1 Pyè 1:22; 1 Jan 4:11). Sepandan, lanmou se yon kalite ki soti nan kè nou, oswa moun nou ye pa anndan an, e pa gen moun ki ka wè sa k nan kè nou. Donk, ki jan nou ka montre nou gen lanmou youn pou lòt? Pawòl nou di ak fason nou aji ap montre sa. Gen plizyè fason nou ka montre frè n ak sè n yo nou renmen yo. Men kèk egzanp: “Se pou youn di lòt laverite.” (Zak. 8:16). “Se pou nou kontinye gen lapè nan mitan nou.” (Mak 9:50). “Pran devan nan onore youn lòt.” (Wom. 12:10). “Se pou youn akeyi lòt.” (Wom. 15:7). “Se pou youn kontinye padone lòt.” (Kol. 3:13). “Se pou youn kontinye pote fado lòt.” (Gal. 6:2). Se pou youn “kontinye konsole [...] lòt”. (1 Tes. 4:18.) “Se pou youn kontinye fòtifye lòt.” (1 Tes. 5:11). “Se pou nou priye youn pou lòt.” — Jak 5:16. w23.11 9 § 7-8.
Mèkredi 18 jen
Rejwi nan esperans lan. — Wom. 12:12.
Chak jou nou pran desizyon ki mande pou n gen yon lafwa solid. Pa egzanp, nou pran desizyon anrapò ak moun n ap chwazi kòm zanmi, detant n ap pran, sa n ap aprann, maryaj, fè pitit, ak travay. Li bon pou n mande tèt nou: ‘Èske desizyon m pran montre mwen gen konviksyon monn sa a pa ret anpil tan ankò e talè konsa Bondye pral tabli monn nouvo a? Oswa èske desizyon m pran montre m ap imite moun k ap viv yon fason ki montre yo kwè depi yon moun mouri tout bagay fini pou li?’ (Mat. 6:19, 20; Lik 12:16-21). N ap pran desizyon ki pi bon yo si n gen plis konviksyon monn nouvo a toupre rive. Anplis de sa, nou konn jwenn yon seri eprèv ki mande pou n gen yon lafwa solid. Nou ka fè fas ak pèsekisyon, yon maladi grav, oswa kèk lòt bagay ki lakòz nou dekouraje. Okòmansman, nou ka rive andire pwoblèm nou yo. Men, si pwoblèm sa yo dire anpil tan, jan sa konn rive souvan, n ap bezwen gen yon lafwa solid pou n kapab andire e pou n kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. — 1 Pyè 1:6, 7. w23.04 27 § 4-5.
Jedi 19 jen
Priye toutan. — 1 Tes. 5:17.
Jewova vle nou aji ann amoni ak priyè nou yo. Pa egzanp, yon frè ka priye Jewova pou l mande l ede l jwenn jou konje nan travay li pou l ka asiste kongrè rejyonal. Ki jan Jewova ka reponn priyè sa a? Li ka bay frè a kouraj li bezwen pou l pale ak patwon l sou sa. Men, frè a ap bezwen al kot patwon l pou l mande l sa. Li ka bezwen fè sa plizyè fwa. Li ka menm mande yon lòt anplwaye pou chanje jou travay avè l oubyen li ka mande pou yo pa peye l jou l pap travay yo. Jewova vle n kontinye priye pou bagay ki enpòtan pou nou. Jezi te fè konnen gen yon seri bagay nou mande nou pap jwenn yo tousuit (Lik 11:9). Donk, pa bay vag! Priye ak tout kè w e kontinye fè sa (Lik 18:1-7). Lè nou fè sa, nou montre Jewova sa n ap mande a enpòtan anpil pou nou. Epitou, nou montre Jewova nou gen konfyans li kapab ede nou. w23.11 22 § 10-11.
Vandredi 20 jen
Esperans [...] pa mennen nan desepsyon. — Wom. 5:5.
Jewova te pwomèt Abraram, zanmi l, tout nasyon sou tè a t ap jwenn benediksyon pa mwayen desandans li (Jen. 15:5; 22:18). Piske Abraram te gen anpil lafwa nan Bondye, li te gen konviksyon pwomès Bondye te fè l la t ap reyalize. Aktout sa, lè Abraram te gen 100 an e madanm li te gen 90 an, mari ak madanm sa a ki te fidèl te toujou pa gen pitit (Jen. 21:1-7). Epoutan, men sa Bib la di: “Abraram te gen lafwa sou baz esperans li te genyen an, sa ki t ap pèmèt li vin papa anpil nasyon, ann amoni ak sa ki te di a.” (Wom. 4:18). Nou konnen sa Abraram te espere a te reyalize. Li te vin gen pitit gason li t ap tann depi lontan an, anpalan de Izarak. Sa k fè Abraram te gen konfyans Jewova t ap kenbe pwomès li te fè a? Piske Abraram te byen konn Jewova, “li te gen fèm konviksyon Bondye te ka fè sa l te pwomèt la”. (Wom. 4:21.) Abraram te gen favè Jewova e Jewova te konsidere l kòm yon moun ki jis paske l te gen lafwa. — Jak 2:23. w23.12 8 § 1-2.
Samdi 21 jen
Moun ki fidèl nan bagay ki piti ap fidèl tou nan bagay ki gwo, e moun ki pa serye nan bagay ki piti pap serye tou nan bagay ki gwo. — Lik 16:10.
Yon jèn gason yo ka fè konfyans, pran tout responsablite yo ba li oserye. Reflechi sou pi bèl egzanp ki genyen an, anpalan de Jezi. Li pa t janm aji yon fason ki vag oswa li pa t janm neglijan. Okontrè, li te fè tout sa Jewova te ba l fè, menm lè sa pa t fasil. Li te renmen moun, sitou disip li yo, e l te dispoze bay lavi l pou yo (Jan 13:1). Menm jan ak Jezi, fè anpil efò pou w fè nenpòt sa yo ba w fè. Si w pa fin konn ji jan pou w fè yon travay yo ba w fè, avèk imilite, mande frè ki gen matirite yo ede w. Pa janm kontante w fè yon ti bagay toupiti (Wom. 12:11). Okontrè, fè travay yo ba w fè a nèt “tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm”. (Kol. 3:23.) Nòmalman, ou pa pafè, donk, se pou w rekonèt limit ou epi admèt kèlkeswa erè w fè. — Pwo. 11:2. w23.12 26 § 8.
Dimanch 22 jen
Benediksyon pou moun ki met espwa l nan Jewova. — Jer. 17:7.
Nou kontan lè n batize e nou vin fè pati fanmi Jewova a. Moun ki gen privilèj sa a ap dakò ak David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, ki te di: “Byennere moun [Jewova] chwazi a, moun [li] fè pwoche kote [l] pou l ka abite nan lakou [L] yo.” (Sòm 65:4). Se pa nenpòt moun Jewova envite vin fè pati fanmi l. Li chwazi rale moun ki montre yo vle gen yon relasyon sere avè l (Jak 4:8). Lè w vwe Jewova lavi w epi w batize, ou kapab sèten apre w fin batize l ap “vide benediksyon sou [ou] jiskaske [ou] pa manke anyen”. (Mal. 3:10; Jer. 17:8.) Batèm se jis yon kòmansman. W ap vle fè tout sa w kapab pou w respekte ve w te fè a, menm lè w jwenn tantasyon oswa lafwa w pase anba eprèv (Ekl. 5:4, 5). Antanke yon disip Jezi, ou pral fè tout sa w kapab pou w suiv egzanp li ak kòmandman l yo. — Mat. 28:19, 20; 1 Pyè 2:21. w24.03 8 § 1-3.
Lendi 23 jen
Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li. — Jen. 2:24.
Ki sa ou menm ak moun ou marye avè l la kapab fè si n pa renmen pase tan ansanm? Ki sa n kapab fè? Ann pran egzanp yon boukan dife a. Li pa vin yon gwo dife yon sèl kou. Yo bezwen met pi gwo bout bwa ladan l ofiramezi. Menm jan an tou, sa n panse si n ta kòmanse pase yon ti moman ansanm chak jou? Chèche fè yon bagay nou toule de renmen (Jak 3:18). Lè n ale ti pa ti pa, nou ka rekòmanse renmen youn lòt ankò. Respè enpòtan anpil nan yon maryaj. Nou ka konpare l ak oksijèn oswa lè ki pèmèt yon boukan dife ret limen. Si dife a pa jwenn oksijèn l ap etenn byen vit. Menm jan an tou, si pa gen respè nan yon maryaj, sa pap pran tan pou lanmou mari ak madanm gen youn pou lòt la vin frèt. Yon lòt bò, yon mari ak madanm ki fè tout sa yo kapab pou yo montre respè youn pou lòt ap kolabore pou lanmou yo gen youn pou lòt la rete djanm. Sepandan, ou bezwen sonje se pa fason ou panse w montre respè pou moun ou marye avè l la ki enpòtan, men se fason li santi w respekte l ki enpòtan. w23.05 22 § 9; 24 § 14-15.
Madi 24 jen
Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m. — Sòm 94:19.
Nan Bib la, gen sèvitè fidèl Bondye ki te pale konsènan moman yo te nan pwoblèm e yo t ap tranble akoz ènmi yo te genyen oswa lòt presyon yo te jwenn (Sòm 18:4; 55:1, 5). Menm jan an tou, nou ka jwenn opozisyon nan lekòl nou, nan travay nou, nan fanmi nou, oswa anba men gouvènman an. Nou ka menm pè pou n pa mouri akoz yon pwoblèm sante. Lè konsa, nou ka santi n san defans menm jan ak yon timoun piti. Ki jan Jewova ede n nan moman sa yo? Li konsole n e li soulaje n. Donk, pase tan regilyèman ak Jewova lè w priye l e lè w li Pawòl li a (Sòm 77:1, 12-14). Konsa, lè w gen strès, sandout premye sa k ap vin nan lespri w se priye Papa w ki nan syèl la. Di Jewova sa k fè w pè ak sa k ap enkyete w. Kite l pale avè w e kite l konsole w pa mwayen Pawòl li a. — Sòm 119:28. w24.01 24-25 § 14-16.
Mèkredi 25 jen
Se Bondye ki fòtifye nou, [...] li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.
Li enpòtan anpil pou w vrèman vle reyalize objektif ou genyen nan sèvis Bondye. Lè yon moun vrèman vle reyalize yon objektif li genyen, l ap fè efò pou sa. Plis nou motive pou n reyalize objektif nou genyen yo, se plis n ap ka reyalize yo. Donk, ki sa w ka fè pou w vin pi motive pou w reyalize l? Priye pou w vin pi motive. Jewova kapab ba w lespri sen pou w vrèman vle reyalize objektif ou genyen. Pafwa, nou chèche gen yon objektif paske nou konnen nou bezwen fè sa, e se yon bon bagay. Men, nou ka pa vrèman anvi reyalize objektif la. Medite sou sa Jewova fè pou ou (Sòm 143:5). Apot Pòl te medite sou favè san parèy Jewova te fè l e sa te pouse l travay di pou Jewova (1 Kor. 15:9, 10; 1 Tim. 1:12-14). Menm jan an tou, plis nou medite sou sa Jewova fè pou nou, se plis n ap vle fè efò pou n reyalize objektif nou genyen. — Sòm 116:12. w23.05 27 § 3-5.
Jedi 26 jen
Fè louwanj pou non Jewova. — Sòm 113:1.
Nou fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan lè nou fè louwanj pou non l (Sòm 119:108). Èske sa vle di Bondye Toupisan an tankou moun ki enpafè ki bezwen lòt moun fè louwanj pou yo paske yo pa twò kwè nan tèt yo? Non. Lè nou fè louwanj pou Papa nou ki nan syèl la, nou patisipe nan montre gen yon bagay Satan di sou nou chak la se yon manti li ye. Satan fè konnen pèsonn pap defann non Bondye fidèlman. Selon li menm, pa gen yon moun k ap ret fidèl ak Bondye. Li fè konnen nou tout ap vire do bay Bondye depi sa nan enterè nou (Jòb 1:9-11; 2:4). Men, Jòb, yon moun ki te fidèl, te montre Satan se yon mantè. E ou menm? Nou chak gen privilèj pou nou defann non Papa nou e pou nou fè kè l kontan lè nou sèvi l fidèlman (Pwo. 27:11). Se yon gwo onè pou nou fè sa. w24.02 8-9 § 3-5.
Vandredi 27 jen
Mete konfyans nou nan pwofèt li yo e n ap reyisi. — 2 Kwo. 20:20.
Plizyè ane apre Moyiz ak Jozye te fin mouri, Jewova te mete jij pou dirije pèp li a. Apre sa, lè te vin gen wa ann Izrayèl, Jewova te mete pwofèt pou gide pèp li a. Wa ki te fidèl yo te suiv konsèy pwofèt yo. Pa egzanp, avèk imilite wa David te aksepte koreksyon pwofèt Natan te ba li (2 Sam. 12:7, 13; 1 Kwo. 17:3, 4). Wa Jozafa te konte sou pwofèt Jayazyèl pou ba l direksyon e l te ankouraje pèp Jida a pou yo “mete konfyans [yo] nan pwofèt [Bondye] yo”. (2 Kwo. 20:14, 15.) Lè te gen gwo pwoblèm, wa Ezekyas t al mande pwofèt Ezayi konsèy (Eza. 37:1-6). Chak fwa wa yo te suiv direksyon Jewova te bay, yo te jwenn benediksyon e nasyon an te jwenn pwoteksyon (2 Kwo. 20:29, 30; 32:22). Sa te parèt klè, Jewova t ap sèvi ak pwofèt yo pou dirije pèp la. w24.02 21 § 8.
Samdi 28 jen
Pinga nou annafè ak yo. — Efe. 5:7.
Satan ta renmen nou fè zanmi ak moun k ap fè l pi difisil pou n suiv prensip Jewova yo. Nou bezwen sonje se pa sèlman lè yon moun la ansanm avè n nou frekante l. Lè nou an kontak ak moun sou rezo sosyal nou frekante yo tou. Nou dwe lite kont fason monn nan panse ki fè konprann konduit imoral yo akseptab. Nou konnen se pa vre (Efe. 4:19, 20). Li bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m veye pou m evite tout kontak ki pa nesesè ak kòlèg travay mwen, kondisip mwen oswa lòt moun ki pa respekte prensip Jewova yo ki jis? Èske m met kouraj sou mwen pou m suiv prensip Jewova yo menm lè kèk moun ka di mwen se yon fanatik poutèt mwen fè sa?’ Jan 2 Timote 2:20-22 montre, nou bezwen pran prekosyon tou lè n ap chwazi moun nan kongregasyon an pou n fè zanmi. Nou bezwen sonje gen ladan yo ki ka pa ede n ret fidèl nan sèvis n ap bay Jewova a. w24.03 22-23 § 11-12.
Dimanch 29 jen
Jewova gen anpil konpasyon. — Jak 5:11.
Èske w janm eseye imajine fason Jewova ye? Byenke nou pa ka wè Jewova, Bib la dekri l divès fason. Li fè konnen Jewova “se yon solèy e li se yon boukliye”, epi li se “yon dife ki ka lakòz destriksyon”. (Sòm 84:11; Ebre 12:29.) Li fè konnen tou Jewova tankou yon metal ki klere anpil, li chita sou yon twòn ki fèt ak wòch safi, e gen yon lakansyèl k ap briye toutotou l (Eze. 1:26-28). Piske nou pa ka wè Jewova, nou ka twouve l difisil pou n kwè li renmen nou. Gen moun ki panse Jewova pap janm ka renmen yo akoz sa k te rive yo nan lavi a. Jewova konprann santiman sa yo ak efè yo gen sou nou. Pou l ede nou, li sèvi ak Pawòl li a pou l fè n konnen bèl pèsonalite li genyen an. Sèl mo ki pi byen dekri Jewova se lanmou. Labib di: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Lanmou parèt nan tout sa l fè. Bondye tèlman gen lanmou e lanmou sa a tèlman fò, li menm demontre l pou moun ki pa renmen l. — Mat. 5:44, 45. w24.01 26 § 1-3.
Lendi 30 jen
Li te konn pale avèk yo nan nyaj ki te gen fòm poto a. — Sòm 99:7.
Jewova te chwazi Moyiz pou l fè nasyon Izrayèl la kite peyi Ejip, kòm prèv, Li te ba yo yon nyaj ki te gen fòm poto pou gide yo lajounen ak yon dife ki te gen fòm yon poto pou gide yo nan nuit (Egz. 13:21). Moyiz te suiv poto a e se poto sa a ki te gide li menm ak Izrayelit yo al nan Lanmè Wouj. Pèp la te vin pè, yo te panse yo te pran nan pyèj piske yo te gen lanmè a sou yon bò ak lame peyi Ejip la sou lòt bò a. Men, se pa t yon erè. Se Jewova menm ki te fè Moyiz mennen nasyon an la (Egz. 14:2). Annapre, Bondye te delivre yo yon fason ki te fè yo te ret bouch ouvè (Egz. 14:26-28). Pandan 40 an ki te vin apre yo, Moyiz te kontinye konte sou poto a pou gide pèp Bondye a nan dezè a (Egz. 33:7, 9, 10). Jewova te pale ak Moyiz nan poto a e Moyiz li menm te fè pèp la konnen enstriksyon Jewova te ba li yo. Sa te bay Izrayelit yo prèv klè Jewova t ap sèvi ak Moyiz pou l gide yo. w24.02 21 § 4-5.