Jiyè
Madi 1ye jiyè
Li te mache nan tout peyi a, li t ap fè sa ki byen e li t ap geri tout moun. — Tra. 10:38.
Tout sa Jezi te di ak nan tout sa l te fè, san wete mirak li te fè yo te montre li panse egzakteman menm jan ak Papa l e li gen menm santiman avè l (Jan 14:9). Ki sa nou ka aprann nan mirak Jezi te fè yo? Jezi ak Papa l renmen nou anpil. Lè Jezi te sou tè a, li te montre jis nan ki pwen li renmen moun lè l te sèvi ak pouvwa l genyen pou l fè mirak pou l te ka soulaje soufrans yo. Yon lè, gen de mesye ki avèg ki te sipliye l pou l ede yo (Mat. 20:30-34). Remake se apre Jezi te fin “pran pitye” pou yo, li te geri yo. Vèb grèk yo itilize la a, lè yo tradui l yo mete “pran pitye” pou li a, fè referans ak anpil konpasyon yon moun genyen ki sot nan zantray li. Kalite konpasyon sa a, ki se yon fason Jezi te montre li renmen moun te pouse l tou pou l bay moun ki te grangou manje e pou l te geri yon mesye ki te gen lèp (Mat. 15:32; Mak 1:41). Nou mèt gen konfyans Jewova, Bondye ki gen “kè sansib” la, ak Pitit Gason l lan renmen nou anpil e sa fè yo mal lè yo wè n ap soufri (Lik 1:78; 1 Pyè 5:7). Se pa ti anvi yo dwe anvi elimine tout pwoblèm k ap boulvèse lèzòm! w23.04 3 § 4-5.
Mèkredi 2 jiyè
Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi moun ki fidèl ak li yo, Li sove yo anba men mechan yo. — Sòm 97:10.
Nou kapab fè efò pou n pa oblije an kontak ak yon seri vye panse ak vye ide ki gaye nan monn Satan an. Nou kapab met bon bagay nan lespri nou lè n li Labib e lè n etidye l. Epitou, lè n asiste reyinyon yo e lè n patisipe nan travay fè disip la, sa ap pwoteje panse nou. Jewova bò kote pa l pwomèt li pap kite nou tante plis pase sa nou ka sipòte (1 Kor. 10:12, 13). Plis pase nenpòt lòt lè, nou chak bezwen priye Jewova pou n ka ret fidèl avè l nan dènye jou sa yo ki difisil. Jewova vle nou “ouvri kè nou ba li” lè n ap priye (Sòm 62:8). Fè louwanj pou Jewova epi di l mèsi pou tout sa l fè. Mande l pou l ede w gen kouraj nan travay fè disip la. Sipliye l pou l ede w fè fas ak kèlkeswa pwoblèm ou genyen e pou w reziste anba nenpòt tantasyon ou ta ka jwenn. Pa kite anyen ni pèsonn anpeche w priye Jewova regilyèman. w23.05 7 § 17-18.
Jedi 3 jiyè
Annou voye je youn sou lòt [...] annou youn ankouraje lòt. — Ebre 10:24, 25.
Poukisa n asiste reyinyon yo? Pi gwo rezon an, se paske nou vle fè louwanj pou Jewova (Sòm 26:12; 111:1). Nou asiste reyinyon yo tou pou n ka ankouraje youn lòt nan moman difisil sa yo (1 Tes. 5:11). Lè n leve men n pou n fè kòmantè, nou fè toule de bagay sa yo. Sepandan, lè n ap fè kòmantè, nou ka jwenn kèk difikilte: Nou ka santi n pè fè kòmantè, oswa nou ka vrèman anvi fè kòmantè, men, yo pa chwazi nou souvan jan n ta renmen an. Ki sa k ka ede n fè fas ak difikilte sa yo? Apot Pòl te di nou ta dwe fè sa yon fason pou “youn ankouraje lòt”. Lè n rann nou kont nou kapab ankouraje lòt moun nan asistans lan lè n fè yon kòmantè tou senp ki montre nou gen lafwa, n ap vin pi anvi fè kòmantè. E si yo pa chwazi nou souvan pou n fè kòmantè, nou kapab kontan lefètke gen lòt moun nan kongregasyon an ki jwenn posiblite fè kòmantè. — 1 Pyè 3:8. w23.04 20 § 1-3.
Vandredi 4 jiyè
Monte Jerizalèm, [...] rebati kay Jewova. — Esd. 1:3.
Nouvèl la te gaye! Juif yo ki te ann egzil nan peyi Babilòn pandan anviwon 70 an te lib pou yo retounen lakay yo ann Izrayèl (Esd. 1:2-4). Se Jewova sèlman ki te ka fè yon bagay konsa. Nòmalman, Babilòn pa t ap lage moun li te pran kòm prizonye yo (Eza. 14:4, 17). Men, gen nasyon ènmi ki te pot laviktwa sou Babilòn, e dirijan li te vin genyen an te fè Juif yo konnen yo lib pou yo kite peyi a. Chak Juif, sitou chèf fanmi yo, te gen yon desizyon pou yo pran: yo te gen pou yo chwazi si y ap kite Babilòn oswa si y ap rete. Desizyon sa a dwe pa t fasil pou yo pran. Gen anpil moun ki te twò granmoun pou yo te fè vwayaj sa a ki te long. E lefètke pifò nan Juif yo te fèt Babilòn, se te sèl kote yo te konnen. Pou yo menm, Izrayèl se te peyi zansèt yo. Sanble afè kèk Juif te vin bon anpil nan peyi Babilòn, se sa k fè yo te ka twouve l difisil pou yo kite bèl kay ak biznis yo te genyen pou y al viv nan yon peyi yo pa t menm konnen. w23.05 14 § 1-2.
Samdi 5 jiyè
Se pou nou pare. — Mat. 24:44.
Pawòl Bondye a ankouraje n pou n kontinye chèche gen plis andirans ak konpasyon ak lanmou. Lik 21:19 di: “Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” Kolosyen 3:12 di: “Se pou nou abiye nou ak [...] yon kè ki sansib.” E 1 Tesalonisyen 4:9, 10 di: “Bondye anseye nou pou youn renmen lòt. [...] Men, nou ankouraje nou, frè nou yo, pou nou kontinye fè sa plis toujou.” Yo te ekri tout vèsè sa yo pou disip ki te deja montre yo gen andirans, konpasyon ak lanmou. Men, yo te bezwen kontinye aprann demontre kalite sa yo. Nou dwe fè menm jan an tou. Pou w rive fè sa, nou pral egzamine fason premye kretyen yo te demontre kalite sa yo. Apre sa, ou pral wè fason ou ka imite disip sa yo, e konsa, w ap montre ou pare pou gwo tribilasyon an. Epitou, lè gwo tribilasyon an kòmanse, w ap konnen ki jan pou w andire e w ap pran detèminasyon pou w kontinye andire. w23.07 3 § 4, 8.
Dimanch 6 jiyè
Ap gen yon gwo wout nan zòn sa a [...] Wout Sakre. — Eza. 35:8.
Kit nou fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl oswa nou fè pati “lòt mouton” yo, nou bezwen kontinye mache nan “Wout Sakre” a paske l ap ede n kontinye adore Jewova kounye a e pou n kontinye adore l lè Wayòm li an pral pote benediksyon pou tè a (Jan 10:16). Depi ane 1919 epòk nou an, plizyè milyon gason, fi ak timoun kite Gran Babilòn nan, anpalan de tout fo relijyon yo, e yo kòmanse vwayaje nan wout senbolik sa a. Lè Juif yo t ap sot Babilòn, Jewova te veye pou yo pa t jwenn okenn obstak sou wout yo (Eza. 57:14). Ki sa n kapab di konsènan “Wout Sakre” a nan epòk pa nou an? Pandan plizyè syèk anvan 1919, Jewova te itilize yon seri gason ki te gen lakrentif pou li pou ede prepare wout pou moun soti nan Gran Babilòn nan. (Konpare ak Ezayi 40:3.) Yo te fè preparasyon ki te nesesè yo pou l te ka vin posib pi devan pou moun ki gen kè sensè yo kite Gran Babilòn nan pou yo antre nan paradi espirityèl la, kote Jewova retabli vrè adorasyon an. w23.05 15-16 § 8-9.
Lendi 7 jiyè
Sèvi Jewova ak kè kontan. Parèt devan l ak rèl lakontantman. — Sòm 100:2.
Jewova vle n sèvi l ak kè kontan e l vle n fè sa san fòse (2 Kor. 9:7). Donk, èske nou bezwen kontinye fè efò pou n reyalize yon objektif nou genyen nan sèvis Bondye menm lè n pa anvi fè sa? Ann pran egzanp apot Pòl. Men sa l te di: “Mwen bay kò m gwo disiplin e mwen mennen l tankou yon esklav.” (1 Kor. 9:25-27, nòt). Menm lè Pòl te ka pa t vle fè sa Jewova te vle l fè, li te fè l kanmenm. Èske Jewova te aksepte sèvis Pòl te ba li a? Pa gen okenn dout! E Jewova te rekonpanse l pou efò l te fè (2 Tim. 4:7, 8). Menm jan an tou, Jewova kontan wè n k ap fè efò pou n reyalize yon objektif nou genyen menm lè n pa santi n motive. Li kontan paske byenke nou ka pa toujou fè yon aktivite paske nou renmen aktivite sa a, men li konnen se lanmou nou gen pou li ki pouse n fè l. Menm jan Jewova te beni Pòl, L ap beni efò nou fè (Sòm 126:5). E lè n wè jan Jewova beni nou, nou ka menm kòmanse santi n vle fè efò. w23.05 29 § 9-10.
Madi 8 jiyè
Jou Jewova a ap vini. — 1 Tes. 5:2.
Apot Pòl te konpare moun ki pap sove lè jou Jewova a rive ak moun k ap dòmi. Moun sa yo pa konn sa k ap pase toutotou yo oubyen yo pa wè lè tan an ap pase. Se sa k fè yo pa ka rive konprann evènman enpòtan k ap pase yo, oswa yo pa ka reyaji parapò ak sa k ap pase yo. Pifò moun jodi a tankou moun k ap dòmi (Wom. 11:8). Yo pa bay prèv ki montre n ap viv nan “dènye jou yo”, ak prèv ki montre gwo tribilasyon an gen pou vini talè konsa, regle anyen pou yo (2 Pyè 3:3, 4). Sepandan, nou rann nou kont li vin pi ijan chak jou pou n ret je klè, jan Bib la mande nou fè sa (1 Tes. 5:6). Se sa k fè nou dwe rete kalm e nou pa dwe panike. Poukisa? Sa ap ede n pou n pa mele nan politik oswa nan pwoblèm sosyal ki genyen yo. Tank jou Jewova a ap pwoche, se tank n ap jwenn presyon pou n mele nan bagay sa yo. Sepandan, nou pa bezwen enkyete n pou fason n ap reyaji. Lespri Bondye kapab ede n pou n rete kalm, pou n pa panike e pou n pran bon desizyon. — Lik 12:11, 12. w23.06 10 § 6-7.
Mèkredi 9 jiyè
Jewova, Seyè ki Souvren an, tanpri sonje m. Tanpri, ban mwen fòs. — Jij 16:28.
Lè w tande non Samson, ki sa k vin nan lespri w? Sandout sa fè w panse ak yon moun ki te gen yon fòs estrawòdinè. E se vre. Men, Samson te pran yon move desizyon ki te fè l soufri anpil. Aktout sa, Jewova te konsantre sou tout sa Samson te fè ki te montre li fidèl avè L, e l te fè met egzanp sa a nan Bib la pou byen nou. Jewova te itilize Samson pou l reyalize yon seri bèl bagay pou ede pèp Li te chwazi a, anpalan de pèp Izrayèl la. Plizyè syèk apre lanmò Samson, Jewova te fè apot Pòl site non Samson pami yon seri mesye ki te gen yon lafwa estrawòdinè (Ebre 11:32-34). Egzanp Samson kapab ankouraje nou. Li te konte sou Jewova, menm nan sitiyasyon difisil. Egzanp li ka ankouraje nou, epitou ann wè lòt leson nou ka aprann nan egzanp li ki ka itil nou. w23.09 2 § 1-2.
Jedi 10 jiyè
Fè Bondye konnen demann nou yo. — Fil. 4:6.
Nou menm n ap kapab vin gen plis andirans si n priye Jewova souvan e si nou fè l konnen tout sa k ap trakase nou (1 Tes. 5:17). Petèt pou kounye a ou pap fè fas ak yon gwo eprèv. Men, èske w toujou kite Jewova gide w lè w santi w fache, lè w santi w pa konn sa pou w fè, oswa lè w santi w pa kapab ankò? Si depi kounye a ou gen abitid mande Bondye nou an pou l ede w fè fas ak pwoblèm ou jwenn chak jou, ou pap ezite mande l èd lè w jwenn pi gwo pwoblèm pi devan. Konsa w ap gen konfyans Bondye konnen egzakteman ki lè pou l ede w e ki jan pou l fè sa (Sòm 27:1, 3). L ap pi fasil pou n andire lè gwo tribilasyon an rive si n andire eprèv nou jwenn jodi a (Wom. 5:3). Sa k fè n ka di sa? Gen anpil frè ak sè ki remake chak fwa yo rive andire yon pwoblèm ki pase lafwa yo anba eprèv sa ede yo andire lòt eprèv yo vin jwenn. Lè yo andire, sa fè yo vin pi bon moun, yo vin gen plis konfyans Jewova pare pou l ede yo e li vle fè sa. E piske yo gen lafwa nan Jewova, sa ap ede yo andire lòt eprèv ki gen pou vini. — Jak 1:2-4. w23.07 3 § 7-8.
Vandredi 11 jiyè
Poutèt ou menm, mwen pap detwi vil ou di m nan. — Jen. 19:21.
Lefètke Jewova gen imilite ak konpasyon, sa fè l rezonab. Pa egzanp, Jewova te montre byen klè li gen imilite lè l t apral detwi moun mechan ki t ap viv nan vil Sodòm yo. Jewova te sèvi ak zanj li pou l bay Lòt, yon moun ki te jis, enstriksyon pou l kouri al nan mòn. Lòt te pè al nan mòn. Donk, li te sipliye Jewova pou l kite li menm ak fanmi l al pran refij nan vil Sowa, yon ti vil Jewova te gen entansyon detwi. Jewova te ka egzije Lòt fè egzakteman sa l te mande l fè a, men li pa t fè sa. Okontrè, li te dakò ak sa Lòt te vle a, menm lè sa t ap fè l pa detwi Sowa (Jen. 19:18-22). Plizyè syèk annapre, Jewova te montre l gen konpasyon pou moun Niniv yo. Li te voye pwofèt Jonas al fè yo konnen l ap detwi vil sa a ak moun k ap viv ladan l yo paske yo mechan. Men, lè moun Niniv yo te repanti, Jewova te vin gen pitye pou yo e l te epaye vil la. — Jon. 3:1, 10; 4:10, 11. w23.07 21 § 5.
Samdi 12 jiyè
Yo te touye Jewowas [...], men, yo pa t antere l kote yo konn antere wa yo. — 2 Kwo. 24:25.
Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Jewowas? Jewowas te tankou yon pyebwa yo kore ak yon bwa akoz rasin li monte tè. Lè Jewoyada, bwa ki te kore Jewowas la, pa t la ankò, Jewowas te kòmanse koute aposta e li pa t fidèl ak Jewova ankò. Egzanp sa a montre se pa ta dwe sèlman bèl egzanp moun nan kongregasyon an ak moun nan fanmi nou bay ki fè n gen lakrentif pou Bondye. Pou n rete pwòch ak Jewova, nou dwe fè efò pou n gen plis respè ak lanmou pou li lè n etidye, medite epi priye regilyèman (Jer. 17:7, 8; Kol 2:6, 7). Jewova pa vrèman mande n fè anpil bagay. Pawòl ki nan Eklezyas 12:13 yo fè konnen ki sa l vle nou fè. Men sa vèsè a di: “Gen lakrentif pou vrè Dye a epi obeyi kòmandman l yo, se tout sa yon moun dwe fè.” Lè n gen lakrentif pou Bondye, n ap kapab fè fas ak eprèv n ap gen pou n jwenn pi devan e n ap rete fidèl. Anyen pap kapab kraze bon relasyon nou gen ak Jewova a. w23.06 19 § 17-19.
Dimanch 13 jiyè
Gade! M ap fè tout bagay vin tounèf. — Rev. 21:5.
Men premye pawòl Bondye te di lè l t ap bay garanti a: “Sila a ki chita sou twòn nan di.” (Rev. 21:5a). Sa a se premye nan twa kote Jewova pale nan vizyon nou jwenn nan liv Revelasyon an. Donk, garanti sa a, se pa yon zanj pisan ki bay li, se pa menm Jezi apre l fin resisite ki bay li, se Jewova menm ki bay li! Enfòmasyon sa a montre nou ka fè pawòl li di annapre yo konfyans je fèmen. Poukisa? Paske Jewova “pa ka bay manti”. (Tit 1:2.) Deklarasyon sa a montre pawòl nou li nan Revelasyon 21:5, 6 yo ap reyalize kanmenm. Ann egzamine mo “Gade!” a. Yo itilize mo grèk lè yo tradui l yo mete “gade!” pou li a souvan nan liv Revelasyon an. Ki sa Bondye di apre sa? Men sa l di: “Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Se vre Jewova ap pale konsènan yon seri chanjman ki gen pou fèt alavni, men, li tèlman sèten pwomès sa a ap reyalize, li pale konsènan chanjman sa yo kòmsi yo te deja fèt. — Eza. 46:10. w23.11 3-4 § 7-8.
Lendi 14 jiyè
Li sot deyò a, li kriye anpil. — Mat. 26:75.
Apot Pyè te goumen ak defo li te genyen yo. Ann pran kèk egzanp. Lè Jezi te esplike jan li t ap gen pou l soufri e l t ap gen pou l mouri pou reyalize pwofesi ki nan Bib la, Pyè te di l pou l pa t di bagay konsa (Mak 8:31-33). Se pa ni de ni twa fwa Pyè ak lòt apot yo te fè diskisyon pou yo konnen kiyès nan yon ki pi enpòtan (Mak 9:33, 34). Nan dènye nuit Jezi te fè anvan l mouri a, Pyè pa t ezite koupe zòrèy yon mesye (Jan 18:10). Nan menm nuit sa a, Pyè te vin pè, e pandan twa fwa li te nye Jezi, zanmi l lan (Mak 14:66-72). Sa te fè Pyè kriye anpil. Jezi pa t abandone apot li a ki te dekouraje anpil. Apre Jezi fin resisite, li te bay Pyè okazyon pou Pyè montre li toujou renmen l. Jezi te mande Pyè pou l pran swen ti mouton l yo avèk imilite (Jan 21:15-17). Pyè te byen reyaji. Li te Jerizalèm nan jou Pannkòt la, e li te pami premye moun ki te resevwa lespri sen. w23.09 22 § 6-7.
Madi 15 jiyè
Pran swen ti mouton m yo. — Jan 21:16.
Apot Pyè te ankouraje ansyen parèy li yo pou yo “pran swen twoupo Bondye a”. (1 Pyè 5:1-4.) Si w se yon ansyen, nou konnen w renmen frè w ak sè w yo e w vle pran swen yo. Sepandan, pafwa w ka santi w tèlman okipe oswa w ka santi w tèlman fatige, ou pa ka fè travay sa a. Ki sa w ka fè? Di Jewova tout sa k ap trakase w. Men sa Pyè te ekri: “Si yon moun ap sèvi, se pou l sèvi antanke moun ki depann de fòs Bondye bay.” (1 Pyè 4:11). Frè w ak sè w yo kapab gen yon seri pwoblèm ki pa ka fin rezoud nan sistèm sa a. Men sonje, Jezi Kris, “bèje an chèf la”, kapab ede yo pi byen pase w. Li kapab fè sa ni kounye a ni nan monn nouvo a. Bondye mande ansyen yo pou yo jis renmen frè ak sè yo, pou yo pran swen yo e pou yo tounen “egzanp pou twoupo a”. w23.09 29-30 § 13-14.
Mèkredi 16 jiyè
Jewova konnen rezònman moun ki gen sajès yo pa vo anyen. — 1 Kor. 3:20.
Nou dwe veye pou n pa adopte rezònman lèzòm. Si n wè bagay yo jan lèzòm wè yo, nou ka vin pa bay Jewova ak prensip li yo regle anyen pou nou (1 Kor. 3:19). Byen souvan, “sajès monn sa a” pouse moun lage kò yo nan dezi lachè. Gen kèk kretyen nan vil Pègam ak nan vil Tiyati ki te kite moun nan vil sa yo enfliyanse yo. Yo te lage kò yo nan adore zidòl ak nan imoralite. Jezi te bay toule de kongregasyon sa yo bonjan avètisman poutèt yo te tolere imoralite seksyèl (Rev. 2:14, 20). Jodi a, gen moun k ap fè presyon sou nou pou nou dakò ak move fason yo panse. Moun nan fanmi nou ak moun nou konnen ka ap eseye konvenk nou pou n sispann obeyi lwa Jewova yo. Pa egzanp, yo ka fè n konnen pa gen anyen ki mal pou n satisfè dezi nou genyen e yo ka chèche fè n kwè prensip moral ki nan Bib la pa alamòd. Pafwa, nou ka panse enstriksyon Jewova ban nou yo pa fin twò klè. Nou ka menm anvi “ale pi lwen pase sa ki ekri”. — 1 Kor. 4:6. w23.07 16 § 10-11.
Jedi 17 jiyè
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.
Mari, manman Jezi, te bezwen fòs. Li t ap vin ansent, alòske li pa t marye. Aktout li pa t gen eksperyans nan leve timoun, li t ap gen pou l pran swen tigason ki t ap vin Mesi a. E kòm Mari pa t janm gen relasyon seksyèl, ki jan l t apral fè pou l esplike Jozèf, fiyanse l la, li ansent (Lik 1:26-33)? Ki kote Mari te jwenn fòs? Li te chèche èd nan men lòt moun. Pa egzanp, li te mande zanj Gabriyèl pou l ba l plis enfòmasyon konsènan responsablite sa a (Lik 1:34). Yon ti tan annapre, li te fè yon vwayaj byen long nan “zòn ki gen mòn nan peyi” Jida pou l t al vizite Elizabèt, yon fanmi l. Elizabèt te felisite Mari e Jewova te fè Elizabèt anonse yon pwofesi ki te ankourajan konsènan pitit gason Mari t apral fè a (Lik 1:39-45). Mari te di Jewova te “aji ak fòs ponyèt li”. (Lik 1:46-51.) Jewova te itilize zanj Gabriyèl ak Elizabèt pou l te bay Mari fòs. w23.10 14-15 § 10-12.
Vandredi 18 jiyè
Li [...] fè nou vin wa e ki fè nou vin prèt pou Bondye ki se Bondye li e ki se Papa li. — Rev. 1:6.
Jewova chwazi yon ti kantite disip Kris pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl, e yo gen yon relasyon espesyal avè l. Moun sa yo, anpalan de 144000 moun ki pral nan syèl la, gen pou yo sèvi antanke prèt nan syèl la ansanm ak Jezi (Rev. 14:1). Kote ki sen nan tabènak la se yon senbòl ki montre Bondye adopte yo kòm pitit li pa mwayen lespri sen pandan yo sou tè a (Wom. 8:15-17). Kote ki pi sen nan tabènak la reprezante syèl la, kote Jewova abite a. “Rido” ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an reprezante kò lachè Jezi te genyen an ki te anpeche l antre nan syèl la antanke Gran Prèt nan tanp espirityèl la. Lè Jezi te bay lavi l kòm sakrifis pou lèzòm, li te ouvri wout pou tout kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo al viv nan syèl. Yo menm tou, yo dwe abandone kò lachè yo genyen an pou yo ka resevwa rekonpans yo nan syèl la. — Ebre 10:19, 20, 1 Kor. 15:50. w23.10 28 § 13.
Samdi 19 jiyè
Mwen pa t ap gen tan si m ta vle pale konsènan Jedeyon. — Ebre 11:32.
Jedeyon te rete kalm lè moun Efrayim yo te kritike l (Jij 8:1-3). Li pa t fache sou yo. Li te montre l respekte yo e li te ba yo valè lefètke l te koute sa yo t ap di, e kòm li te reponn yo avèk jantiyès, sa te kalme sitiyasyon an. Ansyen ki gen sajès yo suiv egzanp Jedeyon lè yo koute lòt moun avèk atansyon e lè yo rete kalm si yo kritike yo (Jak 3:13). Konsa, yo ede pou gen lapè nan kongregasyon an. Lè lòt moun t ap fè lwanj pou Jedeyon apre l te fin pot laviktwa sou moun Madyan yo, Jedeyon te atire atansyon sou Jewova (Jij 8:22, 23). Ki jan frè ki nome yo ka suiv egzanp Jedeyon? Yo dwe bay Jewova louwanj pou sa yo rive fè (1 Kor. 4:6, 7). Pa egzanp, si yo felisite yon ansyen poutèt li anseye byen, li kapab di se grasa Pawòl Bondye a nou konn tout sa n konnen yo oswa li kapab atire atansyon sou fòmasyon nou resevwa nan òganizasyon Jewova a. Pafwa, ansyen yo ka bezwen reflechi pou yo wè si yo pa atire twòp atansyon sou tèt yo. w23.06 4 § 7-8.
Dimanch 20 jiyè
Fason m panse pa fason nou panse. — Eza. 55:8.
Si nou priye Jewova pou yon bagay e li pa ban nou sa n mande l la, nou ka mande tèt nou ‘Èske sa m mande Jewova a se sa m ta dwe mande l?’ Byen souvan, nou panse nou konnen sa k pi bon pou nou. Men, bagay nou mande yo ka pa bon pou nou pi devan. Si n ap priye konsènan yon pwoblèm, ka gen yon pi bon solisyon pou pwoblèm nan pase solisyon n ap chèche a. E gen bagay n ap priye pou yo ki ka pa ann amoni ak volonte Jewova (1 Jan 5:14). Ann reflechi sou egzanp paran ki te mande Jewova pou ede pitit yo a ret nan laverite. Sanble se yon bon bagay yo mande Jewova. Sepandan, Jewova pap fòse nou youn sèvi l. Li vle nou tout, san wete pitit nou yo, chwazi adore l (Det. 10:12, 13; 30:19, 20). Se sa k fè paran yo te kapab mande Jewova pito pou l ede yo touche kè pitit yo a pou l ka vin renmen Jewova e pou l vin zanmi L. — Pwo. 22:6; Efe. 6:4. w23.11 21 § 5; 23 § 12.
Lendi 21 jiyè
Kontinye konsole nou youn lòt. — 1 Tes. 4:18.
Poukisa lè n konsole lòt moun se yon bon fason nou montre nou renmen yo? Selon yon kòmantè yo fè sou Bib la, mo Pòl te itilize pou “konsole” a vle di “kanpe bò kote yon moun pou ankouraje l lè l anba gwo eprèv”. Konsa, lè n konsole yon kwayan parèy nou ki nan difikilte se ede nou ede l kanpe pou l kontinye mache nan wout lavi a. Chak fwa nou konsole yon frè nou oswa yon sè nou, se montre nou montre nou renmen l (2 Kor. 7:6, 7, 13). Nan ki sans demontre konpasyon ak konsole lòt moun mache ansanm? Lè yon moun gen konpasyon pou yon moun k ap soufri, li vle konsole moun sa a, epi li fè yon bagay pou ede l. Toudabò, nou santi n gen konpasyon pou moun nan, e apre sa nou konsole l. N ap remake Pòl montre konpasyon Jewova gen pou moun pouse l konsole yo. Pòl fè konnen Jewova se “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an”. — 2 Kor. 1:3. w23.11 9-10 § 8-10.
Madi 22 jiyè
Rejwi lè nou nan tribilasyon. — Wom. 5:3.
Tout disip Kris yo ka atann y ap jwenn tribilasyon. Ann pran egzanp apot Pòl. Men sa l te di kretyen Tesalonik yo: “Lè nou te avèk nou, nou te konn di nou davans nou t ap gen pou nou sibi tribilasyon, e se sa k rive.” (1 Tes. 3:4). E men sa l te ekri kretyen nan vil Korent yo: “Frè m yo, nou pa ta renmen nou pa okouran tribilasyon nou te sibi [...], e nou pa t gen espwa n ap soti vivan.” (2 Kor. 1:8; 11:23-27). Jodi a, kretyen yo ka atann y ap jwenn tribilasyon tou yon fason oswa yon lòt (2 Tim. 3:12). Poutèt ou te met lafwa w nan Jezi e w te vin disip li petèt zanmi w ak moun nan fanmi w te maltrete w. Lefètke w te pran detèminasyon pou w aji yon fason ki dwat nan tout bagay, èske sa te fè w jwenn pwoblèm nan travay ou (Ebre 13:18)? Èske otorite nan gouvènman an te pèsekite w poutèt ou t ap fè lòt moun konnen esperans ou genyen an? Sepandan, kèlkeswa tribilasyon nou ta jwenn, Pòl di nou kapab rejwi. w23.12 10-11 § 9-10.
Mèkredi 23 jiyè
Nou lage m nan gwo pwoblèm. — Jen. 34:30.
Jakòb te vin jwenn anpil pwoblèm. Simeyon ak Levi, de nan pitit gason Jakòb yo te fè moun rayi fanmi an e yo te sal non Jewova. Mete sou sa, Rachèl, madanm Jakòb te renmen anpil la, te mouri pandan l t ap akouche dezyèm pitit gason yo a. E kòm te vin gen yon gwo grangou nan zòn nan, Jakòb te oblije deplase al viv nan peyi Ejip lè l te vin granmoun anpil (Jen. 35:16-19; 37:28; 45:9-11, 28). Malgre tout pwoblèm sa yo, Jakòb pa t janm sispann gen lafwa nan Jewova e l te toujou kwè nan pwomès Li yo. Epitou, Jewova te montre l li gen favè L. Pa egzanp, Jewova te fè Jakòb vin gen anpil byen. Imajine jan Jakòb dwe te gen Jewova anpil rekonesans lè l te rejwenn Jozèf, pitit gason l lan, alòske l te panse li te mouri depi byen lontan! Relasyon sere Jakòb te gen ak Jewova a te ede l andire eprèv sa yo (Jen. 30:43; 32:9, 10; 46:28-30). Lè n toujou gen yon relasyon sere ak Jewova, nou menm tou, n ap rive fè fas ak eprèv yo lè yo rive sanzatann. w23.04 15 § 6-7.
Jedi 24 jiyè
Jewova se Bèje m. Mwen pap manke anyen. — Sòm 23:1.
Sòm 23 se yon chante ki montre konfyans David te genyen nan lanmou ak afeksyon Jewova demontre. David, ki te ekri sòm sa a, fè konnen relasyon solid ki te genyen ant li menm ak Bèje l la, anpalan de Jewova. David pa t pè kite Jewova gide l, e l te konte sou Li nèt. David te konnen li t ap jwi lanmou Jewova genyen an chak jou nan lavi l. Ki sa k te fè l gen tout konfyans sa a? David te santi l byen paske Jewova te toujou fè l jwenn tout sa l te bezwen. Epitou, David te konnen Jewova se Zanmi l e l te gen favè L. Se sa k fè li te gen konfyans kèlkeswa sa k ta rive alavni, Jewova t ap kontinye fè l jwenn tout sa l bezwen. Piske David te gen konfyans Jewova renmen l e l ap pran swen l, sa te ede l pou l pa t bay tèt li pwoblèm, okontrè, sa te fè l gen anpil kè kontan ak anpil satisfaksyon nan lavi l. — Sòm 16:11. w24.01 29 § 12-13.
Vandredi 25 jiyè
Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan. — Mat. 28:20.
Depi apre Dezyèm gè mondyal la, nan plizyè peyi, pèp Jewova a plizoumwen anpè e yo plizoumwen gen libète pou yo fè travay predikasyon an. Dayè, travay la bay bon rezilta. Jodi a, manm Kolèj santral yo kontinye konte sou Kris pou yo jwenn direksyon. Yo vle pou enstriksyon y ap bay frè yo ann amoni ak fason Jewova ak Jezi panse. Yo fè kongregasyon yo jwenn enstriksyon sa yo pa mwayen siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo. Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki ansyen yo “nan men dwat” Kris (Rev. 2:1). Natirèlman, ansyen sa yo enpafè e yo fè erè. Moyiz ak Jozye te fè erè pafwa, apot yo tou te konn fè erè (Nonb 20:12; Joz. 9:14, 15; Wom. 3:23). Malgre sa, Kris ap bay esklav fidèl ki prevwayan an ansanm ak ansyen yo bonjan direksyon e l ap kontinye fè sa. Se sa k fè, nou gen tout rezon pou nou gen konfyans nan direksyon l ap bay pa mwayen frè responsab sa yo. w24.02 23-24 § 13-14.
Samdi 26 jiyè
Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen. — Efe. 5:1.
Jodi a, nou fè kè Jewova kontan lè nou pale de li yon fason ki montre nou gen rekonesans ak lanmou. Lè nou nan travay predikasyon an, nou sonje premye objektif nou se atire moun yo vin jwenn Jewova epi ede yo vin renmen Papa nou menm jan avèk nou (Jak 4:8). Nou kontan montre moun yo sa Bib la di sou Jewova, sa li di sou lanmou li genyen, sou jistis li, sajès li, pisans li ak lòt bèl kalite li genyen. Epitou, nou fè louwanj pou Jewova e nou fè kè l kontan lè nou fè tout sa n kapab pou n imite l. Lè nou fè sa, sa fè nou diferan ak moun yo nan monn mechan sa a. Moun yo kapab wè jan nou diferan e sa ka fè yo mande sa k fè nou diferan konsa (Mat. 5:14-16). Nan aktivite n ap mennen bò kote yo chak jou, nou kapab esplike yo sa k fè nou diferan. Sa ka fè moun ki sensè yo anvi aprann konnen Bondye nou an. Lè nou fè louwanj pou Jewova nan fason sa yo, nou fè kè l kontan. — 1 Tim. 2:3, 4. w24.02 10 § 7.
Dimanch 27 jiyè
Dekwa pou l ka ankouraje [...] e pou l ka reprimande. — Tit 1:9.
Pou w vin gen matirite antanke kretyen, w ap bezwen aprann yon seri bagay k ap itil ou. Sa ap ede w pou w aksepte responsablite nan kongregasyon an, pou w chèche jwenn yon travay k ap ede w pran swen tèt ou oswa fanmi w e pou w ka ret nan travay la, epitou pou w ka gen bon relasyon ak lòt moun. Pa egzanp, aprann li ak ekri byen. Bib la fè konnen yon gason ki gen kè kontan e ki reyisi nan sa l ap fè, pran tan pou l li Pawòl Bondye a chak jou e pou l medite sou sa l li yo (Sòm 1:1-3). Lè l li Bib la chak jou, l ap aprann konn fason Jewova panse, sa k ap ede l pou l reflechi byen e pou l rezone byen (Pwo. 1:3, 4). Frè n ak sè n yo bezwen èd gason ki kapab anseye e ki kapab bay konsèy ki soti nan Bib la. Si w ka li byen e w ka ekri byen, w ap kapab prepare diskou ak kòmantè k ap itil lòt moun e k ap fòtifye lafwa yo. Epitou, w ap kapab pran bonjan nòt k ap ede w pou lafwa w vin pi solid e pou w ankouraje lòt moun. w23.12 26-27 § 9-11.
Lendi 28 jiyè
Sila a ki ann inyon avèk nou an pi gran pase sila a ki ann inyon avèk monn nan. — 1 Jan 4:4.
Lè w santi w pè, medite sou sa Jewova pral fè alavni lè Satan pa la ankò. Yo te fè yon demonstrasyon nan kongrè rejyonal 2014 la ki te montre yon papa k ap pale ak fanmi l sou fason yo te ka chanje pawòl ki nan 2 Timote 3:1-5 yo pou yo ka imajine ki jan lavi a pral ye nan Paradi a. Men sa l te di: “Se nan monn nouvo a nou pral viv moman ki bay plis kè kontan yo. Paske, moun yo ap renmen youn lòt, y ap renmen trezò espirityèl yo, y ap konn limit yo, yo pap pran tèt yo pou yon pakèt afè, y ap louwe Bondye, y ap obeyi paran yo, y ap gen rekonesans, y ap fidèl, y ap gen anpil afeksyon pou fanmi yo, y ap dispoze antann yo, y ap toujou pale an byen de lòt moun, y ap gen metriz, y ap dou, y ap renmen sa ki byen, y ap ka fè yo konfyans, yo pap gen tèt di, y ap gen imilite, y ap renmen Bondye olye yo renmen plezi, y ap gen bonjan atachman pou Bondye; e w dwe gen yon relasyon sere sere ak moun sa yo.” Èske w konn pale ak fanmi w oswa ak kwayan parèy ou sou jan lavi a pral ye nan monn nouvo a? w24.01 6 § 13-14.
Madi 29 jiyè
Mwen pran plezi nan ou. — Lik 3:22.
Sa vrèman ankourajan pou n konnen Jewova pran plezi nan pèp li a antanke gwoup! Men sa Bib la di: “Jewova pran plezi nan pèp li a.” (Sòm 149:4). Men, gen moun ki konn tèlman dekouraje pafwa, yo ka ap mande tèt yo: ‘Èske Jewova pran plezi nan mwen pèsonèlman?’ Anpil nan moun Bib la pale de yo ki t ap adore Jewova fidèlman nan tan lontan te konn dekouraje pafwa. Yo te konn twouve l difisil pou yo kwè Jewova pran plezi nan yo (1 Sam. 1:6-10; Jòb 29:2, 4; Sòm 51:11). Bib la montre aklè moun enpafè kapab fè Jewova plezi. Ki jan? Nou dwe montre nou gen lafwa nan Jezi Kris e nou dwe batize (Jan 3:16). Konsa, nou montre tout moun nou repanti pou peche nou e nou pwomèt Bondye n ap fè volonte l (Tra. 2:38; 3:19). Se pa ti kontan Jewova kontan lè n franchi etap sa yo pou n kapab vin bon zanmi l. Toutotan nou kontinye fè efò pou n viv ann amoni ak ve nou te fè Jewova pou n fè volonte l la, Jewova pran plezi nan nou e li konsidere nou kòm bon zanmi l. — Sòm 25:14. w24.03 26 § 1-2.
Mèkredi 30 jiyè
Nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo. — Tra. 4:20.
Nou kapab suiv egzanp disip yo lè n kontinye preche menm lè otorite yo pase n lòd pou n sispann fè sa. Nou kapab gen konfyans Jewova ap ede n nan travay fè disip la. Donk, priye Jewova pou l fè w gen kran ak sajès epi mande l ede w pou w andire pwoblèm yo. Anpil nan nou ap soufri swa paske nou malad oswa nou gen yon pwoblèm k ap trakase lespri nou. Petèt se yon moun pa nou ki mouri oswa fanmi nou ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, oubyen tou, se kapab pèsekisyon oswa lòt pwoblèm. E lè gen pandemi ak lagè, sa fè anpil nan pwoblèm sa yo vin pi difisil toujou pou n sipòte. Di Jewova tout sa k nan kè w. Rakonte l sitiyasyon w menm jan w t ap rakonte yon bon zanmi w sa. Ou mèt gen konfyans Jewova “ap ede w”. (Sòm 37:3, 5.) Lè n toujou priye, sa ap ede n “andire anba tribilasyon”. (Wom. 12:12.) Jewova konnen sa sèvitè l yo ap andire, “li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd”. — Sòm 145:18, 19. w23.05 5-6 § 12-15.
Jedi 31 jiyè
Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi. — Efe. 5:10.
Lè nou gen desizyon enpòtan pou n pran, nou bezwen chèche konprann “sa volonte Jewova ye”, epi aji ann amoni ak volonte l (Efe. 5:17). Lè n ap chèche wè ki prensip biblik nou kapab aplike nan sitiyasyon pa nou, anfèt se chèche n ap chèche wè fason Bondye wè sitiyasyon an. Epi, pandan n ap aplike prensip li yo, n ap kapab pran bon desizyon. “Mechan an”, anpalan de Satan, ènmi nou an, ta renmen nou tèlman okipe nan kouri dèyè yon seri bagay nan monn sa a, nou pa gen tan pou sèvis n ap bay Bondye a (1 Jan 5:19). Li ka fasil pou yon kretyen chèche gen byen materyèl, edikasyon oswa yon karyè olye l chèche jwenn posiblite pou l fè plis nan sèvis Jewova. Si l ta fè sa, sa t ap montre li kite fason moun nan monn nan panse enfliyanse l. Nòmalman, bagay sa yo pa gen anyen mal ladan yo, men yo pa dwe janm gen premye plas nan lavi nou. w24.03 24 § 16-17.