BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es25 p. 77-87
  • Out

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Out
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
  • Soutit
  • Vandredi 1ye out
  • Samdi 2 out
  • Dimanch 3 out
  • Lendi 4 out
  • Madi 5 out
  • Mèkredi 6 out
  • Jedi 7 out
  • Vandredi 8 out
  • Samdi 9 out
  • Dimanch 10 out
  • Lendi 11 out
  • Madi 12 out
  • Mèkredi 13 out
  • Jedi 14 out
  • Vandredi 15 out
  • Samdi 16 out
  • Dimanch 17 out
  • Lendi 18 out
  • Madi 19 out
  • Mèkredi 20 out
  • Jedi 21 out
  • Vandredi 22 out
  • Samdi 23 out
  • Dimanch 24 out
  • Lendi 25 out
  • Madi 26 out
  • Mèkredi 27 out
  • Jedi 28 out
  • Vandredi 29 out
  • Samdi 30 out
  • Dimanch 31 out
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
es25 p. 77-87

Out

Vandredi 1ye out

Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout. — Sòm 34:19.

Remake gen de pwen enpòtan nan sòm sa a: 1) Moun ki jis yo jwenn pwoblèm. 2) Jewova delivre n anba eprèv nou yo. Ki jan Jewova delivre n? Youn nan fason li fè sa, se lè l ede n wè lavi nan monn sa a yon fason ki reyalis. Byenke Jewova pwomèt nou lè n sèvi l n ap gen kè kontan, sepandan, li pa ban n garanti nou pap janm jwenn pwoblèm nan lavi n kounye a (Eza. 66:14). Li ankouraje n ret konsantre sou sa demen sere pou nou, sa vle di lè n pral gen lavi li ta renmen nou genyen pou toutan an (2 Kor. 4:​16-18). Annatandan, li ede n pou n kontinye sèvi l chak jou (Lam. 3:​22-24). Ki sa nou ka aprann nan egzanp yon seri moun fidèl ki t ap adore Jewova nan epòk yo t ap ekri Bib la ak nan egzanp yon seri moun fidèl k ap adore l nan epòk nou an? Nou ka jwenn pwoblèm sanzatann. Men, lè n konte sou Jewova, li pap manke pa ede nou. — Sòm 55:22. w23.04 14-15 § 3-4.

Samdi 2 out

Soumèt devan otorite yo. — Wom. 13:1.

Nou ka aprann nan egzanp Jozèf ak Mari ki te dispoze obeyi otorite yo, menm lè sa pa t fasil pou yo (Lik 2:​1-6). Lè Mari te gen anviwon nèf mwa ansent, otorite yo te mande yon bagay ki te difisil anpil pou li menm ak Jozèf te obeyi. Anperè Ogis te bay lòd pou fè yon resansman. Sa te mande pou Jozèf ak Mari t al Betleyèm, yon vwayaj anviwon 150 kilomèt nan yon zòn ki gen anpil mòn. Vwayaj la pa t ap fasil, sitou pou Mari. Petèt mesyedam yo t ap mande tèt yo si Mari ak tibebe ki nan vant li an pa t ap gen pwoblèm. E si Mari ta vin gen tranche pandan vwayaj la? Tibebe ki te nan vant li an se te Mesi ki te gen pou vini an. Èske se te yon rezon pou yo pa t obeyi lòd gouvènman an te bay la? Jozèf ak Mari pa t kite enkyetid yo te genyen yo fè yo pa t obeyi lalwa. Jewova te beni yo poutèt yo te obeyi. Mari te byen rive Betleyèm, li te fè yon tibebe ki te an sante, e sa te menm reyalize yon pwofesi ki nan Bib la! — Miche 5:2. w23.10 8 § 9; 9 § 11-12.

Dimanch 3 out

Annou youn ankouraje lòt. — Ebre 10:25.

Ki sa w ka fè si w santi w twò strese pou w fè kòmantè nan reyinyon yo? Yon bagay ki ka ede w, se lè w byen prepare (Pwo. 21:5). Plis ou konnen sou ki sa yo pral pale nan reyinyon an, se plis l ap fasil pou w anvi fè kòmantè. Epitou, fè kòmantè ki kout (Pwo. 15:23; 17:27). Lè w bay repons ki kout, w ap santi w mwens strese. Lè w fè yon kòmantè ki kout nan pwòp mo pa w, sa ap montre ou te byen prepare e w byen konprann sijè y ap pale sou li a. Ki sa w ka fè si malgre w suiv kèk nan konsèy sa yo, ou toujou santi w twò strese pou w fè plis pase youn oswa de kòmantè? Ou mèt gen konfyans Jewova ap toujou apresye efò w fè ak tout kè w pou w fè sa w kapab (Lik 21:​1-4). Jewova pa mande n fè plis pase sa n kapab fè (Flp. 4:5). Chèche wè ki sa w kapab fè, fikse objektif pou w fè l, epi priye Jewova pou w ret kè kalm. Okòmansman, ou ta ka chèche gen objektif pou w fè yon kòmantè ki tou kout. w23.04 21 § 6-8.

Lendi 4 out

Mete [...] pwotèj pwatrin, e [mete] kas. — 1 Tes. 5:8.

Apot Pòl konpare n ak sòlda ki vijilan e ki abiye pou y al nan lagè. Yo atann pou yon sòlda ki al nan lagè pare pou l batay nenpòt ki lè. Se menm bagay la pou nou menm tou. Nou montre nou pare pou lè jou Jewova a rive lè n mete lafwa ak lanmou kòm pwotèj pwatrin e lè n met esperans lan kòm kas. Yon pwotèj pwatrin te pwoteje kè yon sòlda. Lafwa ak lanmou pwoteje kè senbolik nou an. Kalite sa yo ap ede n kontinye sèvi Bondye epi kontinye suiv Jezi. Lafwa fè n gen asirans Jewova ap rekonpanse nou paske n ap chèche l ak tout kè n (Ebre 11:6). L ap ede n pou n ret fidèl ak Jezi, Gid nou an, menm lè n oblije andire sitiyasyon ki difisil. N ap kapab vin gen kalite lafwa nou bezwen pou n rive fè fas ak pwoblèm nou jwenn nan lavi a lè n reflechi sou egzanp yon seri moun jodi a ki rete fidèl malgre pèsekisyon oswa pwoblèm ekonomik. E n ap kapab evite tonbe nan pyèj pou n renmen lajan oswa bagay materyèl lè n suiv egzanp moun ki chwazi mennen yon vi senp pou yo ka bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo. w23.06 10 § 8-9.

Madi 5 out

Moun ki ret ap gade nyaj yo pap fè rekòt. — Ekl. 11:4.

Metriz se kapasite yon moun genyen pou l kontwole santiman l ak aksyon l. Nou bezwen gen metriz pou n atenn objektif nou yo, sitou si n ap fè yon bagay ki difisil oswa si n pa santi n motive. Sonje, metriz se yon kalite ki fè pati fwi lespri a, se sa k fè nou kapab mande Jewova lespri sen pou ede n vin gen kalite enpòtan sa a plis toujou (Lik 11:13; Gal. 5:​22, 23). Pa tann pou tout bagay anfòm nèt. Nan monn sa a, tout bagay pap janm anfòm nèt. Si se sa n ap tann, nou ka pa janm reyalize objektif nou genyen. Nou ka pa vrèman santi n motive pou n reyalize objektif nou genyen an paske l parèt twò difisil. Si se ka pa w, èske w pa ta ka kòmanse tikras pa tikras? Pa egzanp, si w gen objektif pou w vin gen yon kalite, èske w pa ta ka fè efò pou w kòmanse demontre kalite sa a tikras pa tikras? Si objektif ou se pou w li tout Bib la, èske w pa ta ka kòmanse rezève ti moman tou kout pou w li l? w23.05 29 § 11-13.

Mèkredi 6 out

Men, chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt. — Pwo. 4:18.

Nan dènye jou yo, Jewova sèvi ak òganizasyon l lan pou l kontinye bay yon pakèt manje espirityèl pou ede nou tout kontinye mache nan “Wout Sakre” a (Eza. 35:8; 48:17; 60:17). Nou ka di depi yon moun aksepte etidye Labib, li kòmanse mache nan “Wout Sakre” a. Gen moun ki fè yon ti tan tou kout ap mache nan gwo wout la, apre sa yo kite l. Gen lòt ki detèmine pou yo kontinye mache sou li jiskaske yo rive kote yo prale a. Ki kote wout sa a mennen? Pou moun ki gen esperans pou y al nan syèl, “Wout Sakre” a mennen nan “paradi Bondye a” ki nan syèl la (Rev. 2:7). Pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, gwo wout sa a mennen nan fen rèy 1000 an an lè yo vin pafè. Si w ap vwayaje nan gwo wout sa a jodi a, pa vire gad dèyè. E pa kite wout la, jiskaske w fini vwayaj la e w rive nan monn nouvo a! w23.05 17 § 15; 19 § 16-18.

Jedi 7 out

Nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye. — 1 Jan 4:19.

Lè w reflechi sou tout sa Jewova fè pou ou, w ap twouve se nòmal pou w deside vwe l lavi w (Sòm 116:​12-14). Bib la gen rezon di Jewova se Sila a ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Jak 1:17.) Pi gwo kado li ban nou se sakrifis Jezi, Pitit Gason l lan. Fè yon ti reflechi. Ranson an fè l vin posib pou w gen yon relasyon sere ak Jewova. E li ba w posiblite pou w viv pou toutan (1 Jan 4:​9, 10). Lè w vwe Jewova lavi w se yon fason pou w montre jan w gen rekonesans pou pi gwo prèv lanmou li demontre a, san wete tout lòt benediksyon Jewova ba ou. — Det. 16:17; 2 Kor. 5:15. w24.03 5 § 8.

Vandredi 8 out

Yon moun k ap mache dwat gen lakrentif pou Jewova. — Pwo. 14:2.

Lè nou wè nan ki eta monn nan ye jodi a nan domèn moral, nou santi n menm jan ak Lòt, yon moun ki te jis. Li “te boulvèse anpil poutèt moun ki pa t respekte lalwa te lage kò yo nan konduit derespektan”, paske l te konnen Papa nou ki nan syèl la rayi move konduit moun yo genyen (2 Pyè 2:​7, 8). Lefètke Lòt te gen lakrentif pou Bondye e l te renmen l, sa te ede l pou l pa t aji menm jan ak moun ki t ap viv nan zòn kote l te ye a ki te lage kò yo nan imoralite. Nou menm tou n ap viv nan mitan moun ki pa vrèman respekte prensip moral Jewova yo oswa ki pa gen okenn respè pou yo. Aktout sa, nou kapab rete pwòp nan domèn moral si nou kontinye renmen Bondye e si nou chèche gen bonjan lakrentif pou li. Pou n rive fè sa, Jewova ban nou ankourajman ak konsèy nan liv Pwovèb la pou ede nou. Bonjan konsèy nou jwenn nan liv sa a kapab ede tout kretyen, gason kou fi, timoun kou granmoun. Lè nou gen lakrentif pou Jewova, nou veye pou n pa fè zanmi ak moun ki gen move konpòtman. w23.06 20 § 1-2; 21 § 5.

Samdi 9 out

Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li jou apre jou e se pou l kontinye suiv mwen. — Lik 9:23.

Petèt, ou jwenn opozisyon nan fanmi w oswa petèt ou te fè sakrifis pou w kite yon seri avantaj materyèl pou w met Wayòm nan an premye (Mat. 6:33). Si w te fè sa, ou mèt gen asirans Jewova wè tout sa w fè pou li (Ebre 6:10). Pa gen dout, ou wè pawòl Jezi te di yo se laverite. Men sa l te di: “Pa gen pèsonn ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa manman, oswa papa, oswa pitit, oswa jaden poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la, ki pap jwenn depi kounye a 100 fwa plis kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, ansanm ak pèsekisyon, e ki pap jwenn lavi ki pap janm fini an nan sistèm k ap vini an.” (Mak 10:​29, 30). Benediksyon w jwenn yo pi plis lontan pase nenpòt sakrifis ou te fè. — Sòm 37:4. w24.03 9 § 5.

Dimanch 10 out

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.

Lè kretyen nan Jide yo te fè fas ak yon gwo grangou, kongregasyon nan Antyòch “te deside, selon mwayen yo chak, pou yo voye sekou bay frè ki t ap viv nan Jide yo”. (Tra. 11:​27-30.) Malgre frè sa yo ki t ap soufri akoz grangou ki te genyen an t ap viv yon ti jan lwen, kretyen nan Antyòch yo te fè tout sa yo kapab pou yo te ede yo (1 Jan 3:​17, 18). Jodi a, nou kapab montre nou gen konpasyon tou lè n aprann kwayan parèy nou ap soufri akoz yon katastwòf oswa lòt sitiyasyon difisil. Nou aji san pèdi tan, petèt lè n mande ansyen yo si n kapab patisipe nan yon pwojè, lè n fè ofrann pou travay mondyal la oswa lè n priye pou moun ki viktim anba katastwòf la. Frè n ak sè n yo ka bezwen èd pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Lè Kris Jezi, Wa nou an, vin egzekite jijman l, nou ta renmen li jwenn nou ap demontre konpasyon e n ta renmen l envite n vin “resevwa Wayòm” nan. — Mat. 25:​34-40. w23.07 4 § 9-10; 6 § 12.

Lendi 11 out

Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab. — Fil. 4:5.

Jezi te imite Jewova ki rezonab. Jewova te voye Jezi sou tè a pou l preche “mouton ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la”. Men, Jezi te montre l rezonab pandan l t ap fè sèvis li. Yon lè, te gen yon dam ki pa t Izrayelit ki te sipliye l pou l geri pitit fi l ki te “gen yon demon sou li [ki t ap] malmennen l”. Jezi te demontre konpasyon pou dam nan, li te fè sa l te mande l la, li te geri pitit fi l la (Mat. 15:​21-28). Ann pran yon lòt egzanp. Lè Jezi te fèk kòmanse sèvis li sou tè a, li te di: “Nenpòt moun ki nye m [...], mwen menm tou, m ap nye l.” (Mat. 10:33). Men, èske l te nye Pyè apre Pyè te fin nye l pandan twa fwa? Non. Jezi te konnen Pyè te regrèt sa l te fè a anpil e l te gen lafwa. Apre Jezi fin resisite, li te parèt devan Pyè, e se sèten li te fè l konprann li padone l e li renmen l (Lik 24:​33, 34). Jewova Dye ak Jezi Kris rezonab. E nou menm? Jewova atann pou n rezonab. w23.07 21 § 6-7.

Madi 12 out

Pap gen lanmò ankò. — Rev. 21:4.

Ki asirans nou kapab bay moun ki gen dout pwomès Bondye fè konsènan Paradi a pral reyalize? Premyèman, se Jewova li menm ki fè pwomès la. Men sa liv Revelasyon an fè konnen: “Sila a ki chita sou twòn nan di: ‘Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.’” Li gen sajès, li gen pisans e li vle reyalize pwomès li fè a. Dezyèmman, Jewova tèlman sèten l ap reyalize pwomès li, pou li menm, se kòmsi li deja reyalize. Se sa k fè li di: “Pawòl sa yo fidèl e yo se laverite. [...] Yo reyalize!” Twazyèmman, lè Jewova kòmanse yon bagay, l ap fini l kanmenm, jan sa parèt nan pawòl ki di: “Mwen se Alfa ak Omega.” (Rev. 21:6). Jewova ap montre Satan se yon mantè ki pa ka anpeche l reyalize objektif li. Donk, lè yon moun di: “Sa w di a vrèman bèl. Men, ou kwè sa ap fèt vre?” Ou kapab li Revelasyon 21:​5, 6 la, epi esplike l yo. Montre l garanti Jewova bay pou pwomès li fè a, kòmsi l te siyen anba l. — Eza. 65:16. w23.11 7 § 18-19.

Mèkredi 13 out

M ap fè w vin yon gwo nasyon. — Jen. 12:2.

Jewova te fè Abraram pwomès sa a lè Abraram te gen 75 an e li potko gen pitit. Èske Abraram te wè pwomès sa a reyalize? Li pa t gentan wè tout pwomès sa a reyalize. Apre Abraram te fin travèse Rivyè Efrat e li te fè 25 an ap tann, Jewova te fè yon mirak, e Abraram te vin gen Izarak, pitit gason l. E apre 60 an ankò, Ezaou ak Jakòb, de pitit pitit li, te vin fèt (Ebre 6:15). Men, Abraram pa t janm wè desandan l yo vin yon gwo nasyon e li pa t wè yo eritye Peyi Bondye te pwomèt la. Sepandan, mesye fidèl sa a te gen yon relasyon sere ak Kreyatè l la (Jak 2:23). E lè Abraram resisite, se pa ti kontan l ap kontan aprann grasa lafwa ak pasyans li te genyen, tout nasyon jwenn benediksyon (Jen. 22:18)! Ki leson nou aprann? Nou ka pa wè tout pwomès Jewova fè yo reyalize depi kounye a. Sepandan, si nou montre nou gen pasyans menm jan ak Abraram, nou kapab gen asirans Jewova ap rekonpanse n depi kounye a, e l ap fè sa pi plis toujou nan monn nouvo Li pwomèt la. — Mak 10:​29, 30. w23.08 24 § 14.

Jedi 14 out

Nan epòk li t ap chèche Jewova a, vrè Dye a te beni l. — 2 Kwo. 26:5.

Lè wa Ozyas te timoun, li te gen imilite. Li te aprann “gen lakrentif pou vrè Dye a”. Li te viv 68 an, e pandan pifò nan ane sa yo, Jewova te beni l (2 Kwo. 26:​1-4). Ozyas te pot laviktwa sou anpil nasyon ènmi e l te pran dispozisyon pou vil Jerizalèm te byen pwoteje (2 Kwo. 26:​6-15). Se sèten Ozyas te kontan pou tout sa Bondye te ede l fè (Ekl. 3:​12, 13). Wa Ozyas te abitye bay lòt moun lòd. Èske sa te fè l panse li te ka fè sa l vle? Yon jou, Ozyas te antre nan tanp Jewova a, e avèk awogans, li te vle boule lansan sou lotèl la, yon bagay wa yo pa t gen dwa fè (2 Kwo. 26:​16-18). Gran prèt Azarya te eseye fè l konprann li pa gen dwa fè sa, men, Ozyas te vin fache anpil. Malerezman, Ozyas te pèdi repitasyon l te genyen devan Jewova a antanke moun ki fidèl, e Jewova te pini l, li te lage lèp sou li (2 Kwo. 26:​19-21). Lavi Ozyas pa t ap pase konsa si l te kontinye gen imilite. w23.09 10 § 9-10.

Vandredi 15 out

Li rale kò l sou yo, paske li te pè moun ki nan gwoup moun ki sikonsi yo. — Gal. 2:12.

Menm apre apot Pyè te vin yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl, li te oblije goumen ak defo li genyen. Nan ane 36 epòk nou an, Pyè te la lè Bondye te bay Kònèy, yon moun lòt nasyon ki pa t sikonsi, lespri sen. Sa ki te montre aklè “Bondye pa gen patipri” e moun lòt nasyon yo te ka vin fè pati kongregasyon kretyen an (Tra. 10:​34, 44, 45). Annapre, Pyè te santi l alèz pou l manje ak moun lòt nasyon yo, yon bagay li pa t ap janm fè anvan sa. Sepandan, gen kèk Juif ki te kretyen ki te santi Juif yo ak moun lòt nasyon yo pa t dwe manje ansanm. Lè kèk nan moun sa yo te vin Antyòch, Pyè te sispann manje ak frè l yo ki te soti nan lòt nasyon, petèt paske l te pè pou l pa t choke Juif ki te kretyen yo. Lè apot Pòl te wè kalite ipokrizi sa a, li te reprann Pyè devan tout moun (Gal. 2:​13, 14). Malgre Pyè te fè erè sa a, li te kontinye ret fidèl. w23.09 22 § 8.

Samdi 16 out

L ap mete nou sou yon fondasyon ki solid. — 1 Pyè 5:10.

Lè w egzamine tèt ou yon fason ki onèt, sa ka fè w wè ou gen yon seri feblès, men, pa dekouraje. “Seyè a bon”, e l ap ede w pou w amelyore (1 Pyè 2:3). Men asirans apot Pyè ban nou: “Bondye [...] ap fin fòme nou li menm, l ap fè nou vin fèm.” Yon lè, Pyè te santi li pa t merite pou l ansanm ak Pitit Bondye a (Lik 5:8). Men, lefètke Jewova ak Jezi te ede Pyè avèk lanmou, li te kapab kontinye suiv Kris fidèlman. Konsa, Pyè te vin kalifye pou l antre “nan Wayòm Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris, yon Wayòm k ap la pou toutan”. (2 Pyè 1:11.) Ala yon bèl rekonpans! Si n kontinye ret fidèl menm jan ak Pyè e n kite Jewova ban nou fòmasyon, nou menm tou n ap resevwa lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans. N ap “jwenn rezilta lafwa nou”, sa vle di “delivrans nou”. — 1 Pyè 1:9. w23.09 31 § 16-17.

Dimanch 17 out

Adore Sila a ki fè syèl la [ak] tè a. — Rev. 14:7.

Te gen yon lakou nan ansyen tabènak la, se te yon espas ki te gen yon lantouray toutotou l kote prèt yo te konn fè sèvis yo. Se nan lakou sa a yo te mete gwo lotèl an kuiv yo te konn ofri sakrifis yo boule nèt yo ansanm ak basen an kuiv ki te gen dlo prèt yo te konn itilize pou pwòpte kò yo anvan yo te fè sèvis yo, yon sèvis ki te sakre (Egz. 30:​17-20, 40:​6-8). Jodi a, rès moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo ap sèvi Jewova fidèlman sou tè a nan lakou pa anndan tanp espirityèl la. Lefètke te gen yon gwo basen ki te gen dlo nan tabènak la ak nan tanp yo, sa fè ni yo menm ni tout kretyen sonje pou yo rete pwòp nan domèn moral e pou yo kontinye fè efò pou yo gen bon relasyon ak Jewova. Donk, ki kote “gwo foul moun” nan ap adore Jewova? Apot Jan te wè yo “kanpe devan twòn nan” ki reprezante lakou pa deyò a sou tè a, kote “y ap [bay Bondye] yon sèvis sakre lajounen kou lannuit nan tanp li an”. (Rev. 7:​9, 13-15.) Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li ban nou bèl posiblite pou n adore l nan gran tanp espirityèl li a! w23.10 28 § 15-16.

Lendi 18 out

Li pa t manke lafwa nan pwomès Bondye a, [...] okontrè, lafwa l te fè l vin pisan. — Wom. 4:20.

Youn nan fason Jewova ban nou fòs se pa mwayen ansyen yo (Eza. 32:​1, 2). Donk, lè w gen tètchaje, ou ka fè ansyen yo konnen sa k ap enkyete w. Lè yo vle ede w, pa refize èd yo vle ba ou a. Jewova kapab sèvi avè yo pou ba w fòs. Esperans nou genyen ki baze sou Bib la pou nou viv pou toutan, swa sou tè a k ap vin yon paradi oswa pou n al fè pati Wayòm nan ki nan syèl la, kapab ban nou fòs tou (Wom. 4:​3, 18, 19). Esperans nou an ban nou fòs pou n andire eprèv, pou n preche bon nouvèl la e pou n fè divès kalite travay yo ban nou fè nan kongregasyon an (1 Tes. 1:3). Se menm esperans sa a ki te bay apot Pòl fòs. Li te “nan eto”, li ‘pa t konn sa pou l fè’, yo te “pèsekite” l e yo te ‘lage l atè’. Lavi l te menm an danje (2 Kor. 4:​8-10). Pòl te jwenn fòs pou l andire lè l te konsantre sou esperans li te genyen an (2 Kor. 4:​16-18). Pòl te konsantre sou esperans li te genyen pou l viv nan syèl la pou toutan. Pòl te medite sou esperans sa a, e sa te fè l santi l “pi fre de jou an jou”. w23.10 15-16 § 14-17.

Madi 19 out

Jewova ap bay pèp li a fòs, Jewova ap beni pèp li a, l ap ba l lapè. — Sòm 29:11.

Lè w ap priye ou ka mande tèt nou si se moman pou Jewova reponn priyè w la. Nou ka santi nou bezwen Jewova reponn priyè n yo tousuit. Men, an reyalite, Jewova konnen pi bon moman pou l ede nou (Ebre 4:16). Lè n pa jwenn yon bagay nou te mande Jewova tousuit, nou ka panse repons li ban nou se: ‘Non.’ Men, repons lan gendwa se: ‘Fè yon ti tann.’ Pa egzanp, yon jèn frè te priye Jewova pou l geri l anba maladi l la. Men sante l pa t amelyore. Si Jewova te fè yon mirak pou l geri l, Satan te ka jwenn rezon pou l di sa k fè frè a kontinye ap sèvi Jewova se paske Jewova te geri l (Jòb 1:​9-11; 2:4). Anplis de sa, Jewova deja fikse yon lè pou l geri tout maladi (Eza. 33:24; Rev. 21:​3, 4). Annatandan, nou pa ka atann pou Jewova fè mirak pou l geri nou. Nan ka sa a, frè a te ka mande Jewova pito pou l ba l fòs e pou l ede l santi l anpè pou l ka andire maladi l genyen an e pou l kontinye sèvi L fidèlman. w23.11 24 § 13.

Mèkredi 20 out

Li pa trete nou dapre peche nou fè, ni li pa fè nou sibi sa nou merite pou erè nou yo. — Sòm 103:10.

Samson te fè yon gwo erè, men li te kontinye sèvi Jewova. Li te chèche yon okazyon pou l te fè travay Bondye te ba l fè a, sa vle di pou l konbat moun Filisti yo (Jij 16:​28-30). Samson te sipliye Jewova, li te di l: “Kite m tire revanj sou moun Filisti yo.” Vrè Dye a te reponn priyè Samson e l te reba l fòs estrawòdinè l te genyen an. Konsa, Samson te touye plis moun Filisti nan okazyon sa a pase tout sa l te touye anvan yo. Byenke Samson te soufri anpil akoz erè l te fè a, li pa t sispann chèche fè volonte Jewova. Menmsi n fè yon erè e nou bezwen pou yo disipline nou oswa nou pèdi yon privilèj, nou pa dwe sispann sèvi Jewova. Nou bezwen sonje Jewova dispoze padone nou (Sòm 103:​8, 9). Malgre erè nou fè yo, Jewova kapab kontinye itilize n, menm jan li te kontinye itilize Samson. w23.09 6 § 15-16.

Jedi 21 out

Andirans fè yon moun vin nan yon kondisyon Bondye apwouve, e kondisyon sa a bay esperans. — Wom. 5:4.

Lè w andire ou gen favè Jewova. Sa pa vle di Jewova kontan lè w jwenn eprèv oswa pwoblèm. Se ou menm Bondye apwouve. Andirans ou genyen an fè w vin nan yon kondisyon Bondye apwouve. Sa a se yon gwo benediksyon (Sòm 5:12)! Sonje Abraram te andire eprèv li te jwenn yo e sa te fè l jwenn favè Bondye. Jewova te konsidere l kòm zanmi l e L te konsidere l kòm yon moun ki jis (Jen. 15:6; Wom. 4:​13, 22). Jewova ka fè menm bagay la pou nou. Se pa paske nou gen anpil travay oswa responsablite nan sèvis Bondye ki fè l fè n favè. Li fè nou favè paske nou kontinye andire. E kèlkeswa laj nou, sitiyasyon nou oswa kapasite nou, nou tout kapab andire. Èske gen yon eprèv w ap andire kounye a e w rete fidèl? Si se ka pa w, konnen w fè kè Bondye kontan. Lè n rann nou kont nou gen favè Bondye, sa kapab gen gwo efè sou nou. Sa kapab fè esperans nou genyen an vin pi djanm. w23.12 11 § 13-14.

Vandredi 22 out

Met gason sou ou. — 1 Wa 2:2.

Yon frè dwe aprann pale byen ak lòt moun e l dwe aprann koute. Yon frè ki fè sa konn koute lòt moun e li konprann sa yo panse ak sa yo santi (Pwo. 20:5). Li ka chèche konprann fason yon moun panse ak fason l santi l, nan ton vwa moun nan, fason l fè figi l ak jès li fè ak kò l. Ou pa ka aprann fè sa san w pa pase tan ak lòt moun. Si w toujou ap sèvi ak aparèy elektwonik pou w voye imel ak mesaj bay moun, sa ka fè l difisil pou w pale ak lòt moun e pou w koute yo lè w ansanm ak yo. Kidonk, kreye okazyon pou w ka ansanm ak lòt moun, pou w pale ak yo e pou w koute yo (2 Jan 12). Mete sou sa, yon frè ki gen matirite dwe kapab pran swen tèt li ak moun lakay li (1 Tim. 5:8). Li bon pou w aprann yon bagay k ap ede w jwenn yon travay (Tra. 18:​2, 3; 20:34; Efe. 4:28). Se pou yo konnen w kòm yon moun ki konn travay di e ki toujou fini yon travay li kòmanse. Konsa, l ap pi fasil pou w jwenn yon travay e pou w ret ladan l. w23.12 27 § 12-13.

Samdi 23 out

Jou Jewova a ap vini egzakteman tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit. — 1 Tes. 5:2.

Lè Labib ap pale de “jou Jewova a”, l ap pale konsènan moman Jewova pral jije ènmi l yo e l pral sove pèp li a. Nan tan lontan, pafwa Jewova te konn egzekite yon seri jijman (Eza. 13:​1, 6; Eze. 13:5; Sof. 1:8). Nan epòk pa nou an, “jou Jewova a” ap kòmanse lè lidè politik yo atake Gran Babilòn nan, e sa ap mennen nan lagè Amagedon. Pou n ka sove lè “jou” sa a rive, nou bezwen prepare n depi kounye a. Jezi te montre nou dwe nonsèlman prepare n pou “gwo tribilasyon” an, men tou, nou dwe “montre nou pare” pou lè l rive (Mat. 24:21; Lik 12:40). Nan premye lèt Bondye te fè apot Pòl ekri kretyen nan vil Tesalonik yo, apot Pòl te sèvi ak yon seri egzanp pou ede kretyen yo montre yo pare pou lè gran jou jijman Jewova a rive. Pòl te konnen jou Jewova a pa t ap vin tousuit (2 Tes. 2:​1-3). Aktout sa, li te ankouraje frè ak sè yo pou yo prepare yo pou jou sa a kòmsi l t ap vini demen, e nou menm tou, nou kapab suiv konsèy sa a li bay la. w23.06 8 § 1-2.

Dimanch 24 out

Frè byenneme m yo, se pou nou vin fèm, san nou pa brannen. — 1 Kor. 15:58.

Nan fen ane 1970 yo, yo te kòmanse konstwi yon bilding 60 etaj nan vil Tokyo nan peyi Japon. Gen moun ki t ap mande tèt yo si bilding sa a t ap ka ret kanpe etandone te konn gen anpil tranblemanntè nan vil sa a. Ki teknik enjenyè yo te itilize pou bilding sa a ka ret kanpe lè gen tranblemanntè? Yo te konstwi bilding nan yon fason pou l solid e pou l fleksib pou l ka reziste lè gen tranblemanntè. Kretyen yo menm jan ak bilding byen wo sa a. Nan ki sans? Yon kretyen dwe fèm, men anmenmtan, li dwe rezonab. Li bezwen montre l fèm anrapò ak lwa ak prensip Jewova yo e li bezwen pran detèminasyon pou l toujou obeyi yo. Li “dispoze obeyi” e li kontinye ret fidèl ak Jewova. Yon lòt bò, li bezwen montre l “rezonab”, oswa fleksib, lè sa posib oswa lè sa nesesè (Jak 3:17). Yon kretyen ki aprann gen kalite ekilib sa a ap fè efò pou l pa ni twò di ni twò toleran. w23.07 14 § 1-2.

Lendi 25 out

Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. — 1 Pyè 1:8.

Jezi te bezwen reziste anba tantasyon Satan Ledyab te met devan l, san wete lè Satan t ap chèche fè l sispann ret fidèl ak Bondye (Mat. 4:​1-11). Satan te detèmine pou l fè Jezi peche, pou l pa t ka peye ranson an. Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te andire lòt eprèv ankò. Yo te pèsekite l e lavi l te an danje (Lik 4:​28, 29; 13:31). Li te oblije sipòte mankman disip li yo te genyen (Mak 9:​33, 34). Lè yo t ap jije l pou yo te touye l, yo te matirize l e yo te pase l nan rizib. Apre sa, yo te touye l tankou yon kriminèl e yo te fè l soufri anpil (Ebre 12:​1-3). Li te oblije andire dènye moman li te fè ap soufri yo poukont li, san l pa t jwenn pwoteksyon Jewova (Mat. 27:46). Pa gen dout, Jezi te soufri anpil pou l te ka bay ranson an. Lè n panse ak tout sakrifis Jezi te dispoze fè pou nou, èske sa pa fè nou renmen l anpil? w24.01 10-11 § 7-9.

Madi 26 out

Tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm. — Pwo. 21:5.

Pasyans ede n pou n gen bon relasyon ak lòt moun. Li ede n pou n byen koute lòt moun lè y ap pale (Jak 1:19). Epitou, pasyans ede n pou n viv anpè ak yo. Li ede n tou pou n pa kouri aji e pou n pa pale di ak yo lè n anba strès. E si nou gen pasyans, nou pap kouri fè kòlè lè yon moun di oswa fè yon bagay ki fè n mal. Nou pap rann mal pou mal. Okontrè, ‘youn ap kontinye sipòte lòt e youn ap kontinye padone lòt ak tout kè l’. (Kol. 3:​12, 13.) Pasyans kapab ede n tou pou n pran pi bon desizyon. Olye n kouri aji san reflechi, n ap pran tan pou n chèche konn tout chwa n genyen epi gade pou n wè kiyès ki pi bon. Pa egzanp, si n ap chèche travay, nou ka gen tandans kouri aksepte premye òf nou jwenn nan. Men, si n gen pasyans, n ap pran tan pou n reflechi ak efè li ka gen sou fanmi nou ak sou relasyon n ak Jewova. Lè n se moun ki gen pasyans, sa ka ede n pou n pa pran yon move desizyon. w23.08 22 § 8-9.

Mèkredi 27 out

Mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche ki nan kò m nan. — Wom. 7:23.

Si tandans ou genyen pou w fè peche a fè w santi w dekouraje, lè w panse ak pwomès ou te fè Jewova lè w te vwe l lavi w la, sa ap ba w plis fòs pou w lite kont tantasyon. Ki jan? Lè w vwe Jewova lavi w, ou nye tèt ou. Sa vle di ou chwazi vire do bay dezi pèsonèl ou ak yon seri objektif ki pa t ap fè Jewova plezi (Mat. 16:24). Donk, lè w jwenn yon eprèv, ou pap bezwen pèdi tan ap mande tèt ou ki sa pou w fè. W ap deja deside sa w ap fè, sa vle di w ap chwazi ret fidèl ak Jewova. W ap toujou pran detèminasyon pou w fè Jewova plezi. Nan sans sa a w ap menm jan ak Jòb. Malgre l te jwenn yon seri eprèv ki te rèd anpil, li te di avèk fòs: “Mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!” — Jòb 27:5. w24.03 9 § 6-7.

Jedi 28 out

Jewova toupre tout moun ki rele l, li toupre tout moun ki rele l avèk senserite. — Sòm 145:18.

Jewova, “Bondye lanmou an”, avèk nou (2 Kor. 13:11)! Li enterese nan nou chak pèsonèlman. Nou gen konviksyon nou “benefisye lanmou fidèl Li genyen an”. (Sòm 32:10.) Plis nou medite sou fason li montre li renmen nou, se plis li vin reyèl pou nou, e se plis nou santi n pwòch avè l. Nou kapab santi n alèz pou n priye l e pou n fè l konnen jan nou bezwen lanmou li. Nou kapab fè l konnen tout sa k ap boulvèse nou, toutpandan nou gen konfyans li konprann nou e li vrèman vle ede nou (Sòm 145:19). Menm jan nou anvi pwoche bò kot yon dife lè l fè frèt, se konsa tou, lanmou Jewova gen lakay li fè n anvi pwoche bò kote l. Byenke lanmou Jewova genyen an gen anpil fòs, li gen tandrès ladan l tou. Donk, se pou w kontan dèske Jewova renmen w. E nou swete pou nou tout montre nou renmen l tou lè n di byen fò: “Mwen renmen Jewova”! — Sòm 116:1. w24.01 31 § 19-20.

Vandredi 29 out

Mwen fè yo konnen non w. — Jan 17:26.

Jezi te fè plis pase annik di moun yo non Bondye se Jewova. Dayè, Juif Jezi t ap anseye yo te deja konn non Bondye. Men, Jezi se pi bèl egzanp moun ki te “esplike kiyès Bondye ye”. (Jan 1:​17, 18.) Pa egzanp, Liv ki te ekri ann ebre yo fè konnen Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon (Egz. 34:​5-7). Jezi te fè verite sa a vin pi klè toujou lè l te bay egzanp tigason gaspiyè a ak papa l. Lè nou li fason papa a te reyaji lè l te wè pitit gason l lan ki repanti k ap vini “pandan misye nan yon bèl distans”, fason l te kouri al rankontre l, li anbrase l, li bo l, li padone l ak tout kè l, sa ede n pi byen konprann mizèrikòd ak konpasyon Jewova (Lik 15:​11-32). Sa klè, Jezi ede lòt moun wè Papa l, jan Li ye toutbon an. w24.02 10 § 8-9.

Samdi 30 out

Konsole moun [...] grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye. — 2 Kor. 1:4.

Jewova soulaje moun ki gen pwoblèm e li konsole yo. Ki jan n ka imite Jewova nan fason li demontre konpasyon pou lòt moun ak nan fason li konsole yo? Youn nan fason nou kapab fè sa se lè n fè efò pou n vin gen yon seri kalite k ap ede n konsole lòt moun. Ki kalite konsa? Ki sa k ap ede n kontinye gen lanmou pou n ka “kontinye konsole [...] youn lòt” chak jou (1 Tes. 4:18)? Nou bezwen chèche gen yon seri kalite tankou senpati, afeksyon pou frè yo ak bonte (Kol. 3:12; 1 Pyè 3:8). Ki jan kalite sa yo ap ede n? Lè konpasyon ak lòt kalite menm jan an vin fè pati pèsonalite nou, n ap vrèman anvi konsole frè n ak sè n k ap soufri yo. Men sa Jezi te di: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l. Yon bon moun ap retire bon bagay nan bon bagay li gen sere.” (Mat. 12:​34, 35). Lè n konsole frè n ak sè n ki bezwen konsolasyon, se yon bon fason pou n montre nou renmen yo. w23.11 10 § 10-11.

Dimanch 31 out

Se moun ki gen bon konprann yo k ap konprann. — Dàn. 12:10.

Nou bezwen mande èd pou n ka konprann pwofesi ki nan Bib la. Ann pran yon egzanp. Imajine w ap vizite yon zòn ou pa konnen, men, ou gen yon zanmi w k ap vwayaje avè w ki byen konn zòn nan. Li konn egzakteman ki kote w ye e ki kote chak wout mennen. Se sèten ou t ap kontan lefètke zanmi w lan te dakò vin ansanm avè w! Jewova tankou zanmi sa a. Li konnen ki kote nou ye anrapò ak tan n ap viv la e li konnen ki sa k ap tann nou pi devan. Se sa k fè pou n konprann pwofesi ki nan Bib la, nou dwe mete n toupiti pou n mande Jewova èd (Dàn. 2:28; 2 Pyè 1:​19, 20). Menm jan ak tout bon paran, Jewova vle pitit li yo gen yon bèl avni (Jer. 29:11). Men, kontrèman ak nenpòt paran, Jewova kapab fè konnen egzakteman ki jan demen ap ye. Li te fè ekri pwofesi nan Pawòl li a pou n ka konnen yon seri evènman enpòtan anvan yo rive. — Eza. 46:10. w23.08 8 § 3-4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje