BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es25 p. 108-118
  • Novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Novanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
  • Soutit
  • Samdi 1ye novanm
  • Dimanch 2 novanm
  • Lendi 3 novanm
  • Madi 4 novanm
  • Mèkredi 5 novanm
  • Jedi 6 novanm
  • Vandredi 7 novanm
  • Samdi 8 novanm
  • Dimanch 9 novanm
  • Lendi 10 novanm
  • Madi 11 novanm
  • Mèkredi 12 novanm
  • Jedi 13 novanm
  • Vandredi 14 novanm
  • Samdi 15 novanm
  • Dimanch 16 novanm
  • Lendi 17 novanm
  • Madi 18 novanm
  • Mèkredi 19 novanm
  • Jedi 20 novanm
  • Vandredi 21 novanm
  • Samdi 22 novanm
  • Dimanch 23 novanm
  • Lendi 24 novanm
  • Madi 25 novanm
  • Mèkredi 26 novanm
  • Jedi 27 novanm
  • Vandredi 28 novanm
  • Samdi 29 novanm
  • Dimanch 30 novanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
es25 p. 108-118

Novanm

Samdi 1ye novanm

Se nan bouch timoun piti ak tibebe ou fè louwanj soti pou ou. — Mat. 21:16.

Si w se yon paran, ede timoun ou yo pou yo prepare kòmantè y ap kapab fè selon laj yo. Pafwa, gen yon seri sijè enpòtan, tankou pwoblèm nan maryaj oswa pwòpte nan domèn moral, yo konn egzamine nan yon etid, men petèt ap gen youn oswa de paragraf pitit ou ap ka fè kòmantè ladan yo. Epitou, ede pitit ou konprann rezon ki fè yo pap toujou ka chwazi yo chak fwa yo leve men yo. Lè w esplike yo sa, sa ap ede yo pou yo pa dekouraje lè se lòt moun yo chwazi (1 Tim. 6:18). Nou tout ka prepare bonjan kòmantè k ap onore Jewova e k ap ankouraje kretyen parèy nou (Pwo. 25:11). Pafwa, nou kapab fè yon kòmantè tou kout sou yon eksperyans nou te fè, men, nou bezwen veye pou n pa pale de tèt nou twòp (Pwo. 27:2; 2 Kor. 10:18). Olye de sa, n ap fè efò pou n atire atansyon sou Jewova, sou Pawòl li a ak sou pèp li a. — Rev. 4:11. w23.04 24-25 § 17-18.

Dimanch 2 novanm

Ann pa kite dòmi pran nou menm jan ak lòt moun yo, men annou rete je klè e annou rete nan bonsans nou. — 1 Tes. 5:6.

Lanmou enpòtan anpil pou n rete je klè e pou n ret nan bonsans nou (Mat. 22:​37-39). Lanmou pou Bondye ede n pou n kontinye preche kèlkeswa pwoblèm sa ta ka fè nou jwenn (2 Tim. 1:​7, 8). Piske nou renmen moun ki pap sèvi Jewova yo tou, nou menm fè sa nan telefòn e pa mwayen lèt. Nou gen espwa yon jou moun yo ap chanje e y ap vin fè sa ki dwat (Eze. 18:​27, 28). Nou renmen pwochen nou, sa gen ladan l frè n ak sè n yo tou. Nou demontre lanmou sa a lè “youn [...] ankouraje lòt e [lè] youn [...] fòtifye lòt”. (1 Tes. 5:11.) Menm jan ak sòlda ki nan menm konba, nou ankouraje youn lòt. Nou pa t ap janm fè espre pou n fè frè n ak sè n yo yon bagay k ap blese yo oswa pou n ta rann yo mal pou mal (1 Tes. 5:​13, 15). Epitou, nou montre nou gen lanmou lè n demontre respè pou frè ki alatèt nan kongregasyon an. — 1 Tes. 5:12. w23.06 10 § 6; 11 § 10-11.

Lendi 3 novanm

Lè [Jewova] di yon bagay, èske l pap fè sa l di a? — Nonb 23:19.

Youn nan fason nou kapab ranfòse lafwa nou se lè n medite sou ranson an. Ranson an se yon garanti nou genyen Bondye ap reyalize pwomès li fè yo. Lè n byen reflechi sou rezon ki fè Bondye te ban nou ranson an ak tout sakrifis sa te mande l, nou vin gen plis konfyans pwomès li fè pou n viv pou toutan nan yon monn ki pi bon an ap reyalize san mank. Sa k fè n di sa? Bon, ki sakrifis Jewova te oblije fè pou l bay ranson an? Jewova te voye premye Pitit Gason l lan li renmen anpil la, pi bon zanmi l lan, sot nan syèl la pou l te vin fèt sou tè a antanke yon moun pafè. Pandan Jezi te sou tè a, li te andire tout kalite eprèv. Apre sa, li te soufri e li te mouri yon fason ki rèd anpil. Sakrifis sa a te koute Jewova chè anpil! Bondye nou an ki gen lanmou pa t ap janm kite Pitit Gason l lan soufri epi mouri jis pou l te kapab pèmèt nou viv pi byen pou yon ti tan sèlman (Jan 3:16; 1 Pyè 1:​18, 19). Piske Jewova te bay Pitit Gason li renmen anpil la pou nou, se sèten l ap reyalize pwomès Li fè pou n viv pou toutan nan monn nouvo a. w23.04 27 § 8-9.

Madi 4 novanm

O Lanmò, kote pikan w yo? — Oze 13:14.

Èske Jewova vle resisite moun ki mouri yo? Se sèten li vle fè sa. Li te fè plizyè moun ki te patisipe nan ekri Bib la ekri pwomès li fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt la (Eza. 26:19; Rev. 20:​11-13). E lè Jewova fè yon pwomès, li toujou kenbe l (Joz. 23:14). Anfèt, se pa ti anvi Jewova anvi rebay moun ki mouri yo lavi. Fè yon ti reflechi sou pawòl Jòb te di yo. Li te sèten si l ta mouri, Jewova t ap anvi wè l retounen viv ankò (Jòb 14:​14, 15). Se sa Jewova vle tou pou tout moun ki t ap adore l ki mouri. Li swaf pou l reba yo lavi, pou yo an sante e pou yo gen kè kontan. Ki sa n ka di konsènan plizyè milya moun ki mouri san yo pa t gen posiblite aprann laverite sou Jewova? Bondye nou an ki gen lanmou vle resisite yo tou (Tra. 24:15). Li vle ba yo posiblite pou yo vin zanmi l e pou yo viv pou toutan sou tè a. — Jan 3:16. w23.04 9 § 5-6.

Mèkredi 5 novanm

Bondye ap ban nou fòs. — Sòm 108:13.

Ki jan w ka fè esperans ou genyen an vin pi solid? Pa egzanp, si w gen esperans pou w viv sou tè a pou toutan, li sa Bib la di konsènan Paradi a, epi medite sou sa w li yo (Eza. 25:8; 32:​16-18). Reflechi sou jan lavi a pral ye nan monn nouvo a. Imajine ou menm ki nan Paradi a. Si nou kenbe esperans nou genyen anrapò ak monn nouvo a byen klè nan lespri n, pwoblèm nou yo ap ‘la pou yon ti tan e y ap lejè’. (2 Kor. 4:17.) Jewova ap fè w vin djanm grasa esperans li ba w la. Li deja ba w sa w bezwen pou w jwenn fòs. Donk, lè w bezwen èd pou w fè yon travay yo ba w fè, pou w andire yon eprèv, oswa pou w kontinye gen kè kontan, priye Jewova ak tout kè w epi fè etid pèsonèl pou w ka jwenn èd nan men l. Aksepte ankourajman frè w ak sè w yo ap ba ou. Kontinye kenbe esperans ou genyen an byen klè nan lespri w. Si w fè sa, w ap “vin pisan” e w ap vin “gen tout fòs [ou] bezwen grasa pisans [Bondye] genyen ki gen glwa, yon fason pou [w] andire nèt e pou [w] pran pasyans ak kè kontan”. — Kol. 1:11. w23.10 17 § 19-20.

Jedi 6 novanm

Di mèsi pou tout bagay. — 1 Tes. 5:18.

Nou gen anpil rezon pou n di Jewova mèsi lè n ap priye. Nou kapab di l mèsi pou tout bon bagay nou genyen. Dayè, se li ki bay tout bèl don (Jak 1:17). Pa egzanp, nou kapab di l jan n gen rekonesans pou jan tè a bèl e pou tout bèl bagay ki gen nan kreyasyon an. Nou kapab di l mèsi tou pou lavi li ban nou, pou fanmi nou, zanmi nou ak esperans nou genyen an. Epitou, nou vle di Jewova mèsi lefètke l pèmèt nou gen yon bèl amitye avè l. Nou ka bezwen fè bonjan efò pou n reflechi sou rezon nou menm nou genyen pou n gen Jewova rekonesans. N ap viv nan yon monn kote moun yo engra. Byen souvan, moun yo panse sèlman ak sa yo ta renmen genyen olye yo panse ak sa yo ka fè pou yo montre rekonesans pou sa yo genyen. Si n ta kite fason moun sa yo aji detenn sou nou, se mande nou t ap mande Jewova sèlman lè n ap priye. Pou sa pa rive n, nou bezwen kontinye fè efò pou n gen plis rekonesans pou tout sa Jewova fè pou nou, epi di l mèsi pou sa. — Lik 6:45. w23.05 4 § 8-9.

Vandredi 7 novanm

Se pou l kontinye mande l ak lafwa, san l pa gen okenn dout. — Jak 1:6.

Piske Jewova se Papa nou e li renmen nou, li pa renmen wè n k ap soufri (Eza. 63:9). Sepandan, se pa tout pwoblèm li anpeche nou jwenn, yon seri pwoblèm nou ta ka konpare ak rivyè oswa flanm dife (Eza. 43:2). Men, li pwomèt nou l ap ede nou “janbe” yo. E kèlkeswa eprèv nou jwenn kounye a, l ap toujou ede n pou n kontinye gen bon relasyon avè l. Epitou, Jewova ban nou lespri sen l ki gen anpil fòs pou ede n andire (Lik 11:13; Flp. 4:13). Konsa, nou kapab gen konfyans n ap toujou jwenn egzakteman sa n bezwen pou n andire e pou n ka ret fidèl avè l. Jewova vle nou fè l konfyans (Ebre 11:6). Pafwa, nou ka jwenn yon seri pwoblèm ki parèt twòp pou nou. Nou ka menm kòmanse ap mande tèt nou si Jewova ap ede nou. Men, Bib la ban n asirans, grasa pisans Bondye, nou ka “grenpe yon miray”. (Sòm 18:29.) Donk, nou pap kite dout anvayi n, okontrè, n ap priye Jewova ak anpil lafwa toutpandan nou gen konfyans l ap reponn nou. — Jak 1:​6, 7. w23.11 22 § 8-9.

Samdi 8 novanm

Flanm lanmou tankou flanm dife. Flanm sa a se nan Ja li soti. Okenn gwo dlo pa ka etenn lanmou, ni okenn rivyè pa ka pote l ale. — Chan. 8:​6, 7.

Ala yon bèl fason Bib la pale de vrè lanmou an! Pawòl sa yo ankouraje moun ki marye yo. Youn kapab renmen lòt toutbon. Pou yon mari ak madanm kontinye renmen youn lòt toutotan y ap viv, yo chak bezwen fè efò pa yo. Pa egzanp, yon boukan dife kapab ret limen nètale si yo kontinye mete bwa ladan l. Si yo pa fè sa, rive yon lè, dife a ap etenn. Menm jan an tou, lanmou yon mari ak madanm gen youn pou lòt kapab rete djanm nètale, si yo chèche vin pi pwòch youn ak lòt. Pafwa, yon mari ak madanm kapab santi yo pa renmen youn lòt menm jan an ankò, sitou lè yo gen pwoblèm lajan, pwoblèm sante oswa pwoblèm yo jwenn lè y ap leve timoun. Pou mari ak madanm kapab kenbe ‘flanm ki soti nan Ja’ a limen, yo toule de bezwen fè efò pou yo gen yon relasyon solid ak Jewova. w23.05 20-21 § 1-3.

Dimanch 9 novanm

Ou pa bezwen pè. — Dàn. 10:19.

Ki sa n bezwen fè pou n vin gen kouraj? Paran nou ka ankouraje n pou n met kouraj sou nou, men yo pa ka kite kalite sa a pou nou kòm eritaj. Pou w vin gen kouraj, se tankou lè w ap aprann yon metye. Youn nan fason w ka vin byen konn metye a se lè w byen suiv sa moun k ap ba w fòmasyon an ap fè e lè w fè egzakteman sa l ap fè. Menm jan an tou, nou aprann gen kouraj lè n byen gade fason lòt moun montre yo gen kalite sa a e lè n suiv egzanp yo. Menm jan ak Dànyèl, nou bezwen konn Pawòl Bondye a byen. Nou dwe chèche vin gen yon relasyon sere ak Jewova. N ap rive genyen l lè n alèz pou n pale avè l e lè n fè sa souvan. Epitou, nou bezwen met konfyans nou nan Jewova toutpandan nou gen konviksyon l ap soutni nou. Konsa, lè lafwa n ap pase anba eprèv, n ap gen kouraj. Moun respekte moun ki gen kouraj. Epitou, moun konsa ka atire moun ki gen kè sensè yo pou yo chèche konnen Jewova. Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n chèche gen kouraj. w23.08 2 § 2; 4 § 8-9.

Lendi 10 novanm

Verifye tout bagay. — 1 Tes. 5:21.

Yo te itilize mo grèk lè yo tradui l yo mete “verifye” pou li a, pou esplike fason yo teste lò ak ajan pou yo ka wè si yo bon. Kidonk, nou bezwen verifye sa n ap tande oswa sa n ap li pou n wè si se laverite. L ap pi enpòtan toujou pou n fè sa tank gwo tribilasyon an ap pwoche. Olye n annik kwè tout sa moun di, nou sèvi ak kapasite nou genyen pou n reflechi a pou n konpare sa nou li oswa sa nou tande ak sa Bib la di e ak sa òganizasyon Jewova a di. Konsa, nou pap pran nan kèlkeswa pwopagann oswa manti demon yo ap gaye (Pwo. 14:15; 1 Tim. 4:1). Nou konnen pèp Jewova a ap pase gwo tribilasyon an vivan. Men, nou pa konnen ki sa demen ap pote pou nou chak (Jak 4:14). Sepandan, kit nou travèse gwo tribilasyon an vivan, kit nou mouri anvan sa, depi n rete fidèl, Jewova ap ban nou lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans. Annou tout ret konsantre sou bèl esperans nou genyen an e ann montre nou pare pou lè jou Jewova a rive! w23.06 13 § 15-16.

Madi 11 novanm

Li pap fè anyen san l pa fè pwofèt yo ki sèvitè l konnen sekrè l. — Amòs 3:7.

Nou pa konnen ki jan kèk pwofesi nan Bib la pral reyalize (Dàn. 12:​8, 9). Men, se pa paske nou pa fin byen konprann fason yon pwofesi pral reyalize ki fè l pap reyalize. Pa gen dout, nou kapab gen konfyans Jewova pral fè n konnen sa n bezwen konnen nan bon moman, jan l te deja fè sa. Nasyon yo pral deklare “lapè [ak] sekirite”. (1 Tes. 5:3.) Apre sa, gouvènman yo nan monn nan pral atake fo relijyon yo e y ap detwi yo nèt (Rev. 17:​16, 17). Annapre, y ap atake pèp Bondye a (Eze. 38:​18, 19). Evènman sa yo pral mennen tou dwat nan Amagedon, dènye gè ki pral fèt la (Rev. 16:​14, 16). Nou kapab gen konfyans evènman sa yo pap pran tan pou yo rive. Annatandan, ann kontinye montre Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an nou gen rekonesans lè n suiv pwofesi ki nan Bib la e lè n ede lòt moun fè menm jan an. w23.08 13 § 19-20.

Mèkredi 12 novanm

Annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti. — 1 Jan 4:7.

Lè apot Pòl t ap pale konsènan lafwa, esperans ak lanmou, alafen li te di: “[Kalite] ki pi enpòtan pami yo, se lanmou.” (1 Kor. 13:13). Sa k fè Pòl te ka di sa? Rive yon lè, nou pap bezwen gen lafwa ankò nan pwomès Bondye fè pou vin gen yon monn nouvo, oswa nou pap bezwen gen espwa pwomès sa yo ap reyalize, paske y ap deja reyalize. Men, n ap toujou bezwen gen lanmou pou Jewova e pou lòt moun. Anfèt, lanmou nou gen pou yo a ap kontinye vin pi plis chak jou. Anplis, lè nou gen lanmou, sa fè lòt moun wè se nou menm ki vrè kretyen. Men sa Jezi te di apot li yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:35). Epitou, lè nou gen lanmou youn pou lòt, sa fè nou gen tèt ansanm. Pòl te fè konnen lanmou se “yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. (Kol. 3:14.) Men sa apot Jan te ekri kwayan parèy li yo: “Yon moun ki renmen Bondye dwe renmen frè l tou.” (1 Jan 4:21). Lè nou montre n gen lanmou youn pou lòt, nou montre nou renmen Bondye. w23.11 8 § 1, 3.

Jedi 13 novanm

Annou voye tout pwa lou jete. — Ebre 12:1.

Labib konpare lavi nou antanke kretyen ak yon kous. Moun ki fini kous la ap gen lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans (2 Tim. 4:​7, 8). Nou bezwen fè tout sa n kapab pou n kontinye kouri nan kous la, sitou nou prèske fini l. Apot Pòl te fè konnen sa k ap ede n genyen kous la. Li te ankouraje n pou n “voye tout pwa lou jete [...]. Epi [pou n] kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans”. Èske Pòl te vle di yon kretyen pa bezwen pote okenn chay? Non, se pa t sa l te vle di. Okontrè, li te vle di nou bezwen voye kèlkeswa pwa lou ki pa nesesè jete. Pwa lou konsa ka ralanti nou e yo ka lakòz nou vin fatige. Pou n rive andire, nou dwe idantifye san pèdi tan nenpòt pwa lou ki pa nesesè ki ka ralanti nou epi voye yo jete. Men, anmenmtan, nou pa ta renmen voye chay nou dwe pote yo jete. Okontrè, si n ta sispann pote chay sa yo, nou ka vin pa kalifye pou n ret nan kous la. — 2 Tim. 2:5. w23.08 26 § 1-2.

Vandredi 14 novanm

Abiman nou, se pa dwe sa ki parèt pa deyò a. — 1 Pyè 3:3.

Si nou rezonab, sa kapab ede n pou n respekte opinyon lòt moun. Pa egzanp, gen kèk nan sè n yo ki renmen makiye, alòske gen lòt ki pito pa makiye. Gen kèk kretyen ki renmen bwè bwason ki gen alkòl san yo pa fè eksè, men gen lòt ki deside pa bwè ditou. Tout kretyen ta renmen viv an sante, men yo chwazi divès metòd pou yo pran swen sante yo. Si nou panse nou toujou gen rezon e n ap eseye konvenk frè n ak sè n yo pou yo aji menm jan avè n, nou kapab fè lòt moun bite e nou ka lakòz gen divizyon nan kongregasyon an (1 Kor. 8:9; 10:​23, 24). Pa egzanp, Jewova pa ban nou règ strik sou fason pou n abiye, okontrè, li ban nou prensip pou n suiv. Nou dwe abiye yon fason ki onore Bondye, yon fason ki rezonab, ki demontre respè ak “bonsans”. (1 Tim. 2:​9, 10.) Se sa k fè nou pa ta renmen pou fason nou abiye atire atansyon sou nou. Prensip ki nan Bib la ap ede ansyen yo tou pou yo evite bay règ pa yo sou fason pou moun abiye ak fason pou moun fè cheve yo. w23.07 23-24 § 13-14.

Samdi 15 novanm

Koute m byen, epi manje sa ki bon, e n ap jwenn anpil plezi nan manje bon kalite manje. — Eza. 55:2.

Jewova montre n sa pou n fè pou n gen yon bèl avni. Moun ki aksepte envitasyon “fi ki sòt la” pran plezi nan imoralite seksyèl. Fason y ap aji a ap mennen yo “kote ki fon nan Tonm nan”. (Pwo. 9:​13, 17, 18.) Se pa menm bagay ditou pou moun ki aksepte envitasyon “vrè sajès la” fè a (Pwo. 9:1)! Nou aprann renmen sa Jewova renmen e nou aprann rayi sa l rayi (Sòm 97:10). E nou kontan envite lòt moun vin aprann nan men “vrè sajès la”. Se kòmsi nou t al “nan zòn ki pi wo nan vil la pou [n] al di byen fò: ‘Kèlkeswa moun ki pa gen eksperyans lan, antre isit la.’” Byenfè nou menm ak moun ki aksepte envitasyon sa a jwenn yo pa pou kounye a sèlman. N ap kontinye jwenn yo, e y ap pèmèt nou “viv” pou toutan pandan n ap “mache nan wout moun ki gen bon konprann yo”. — Pwo. 9:​3, 4, 6. w23.06 24 § 17-18.

Dimanch 16 novanm

Moun ki pa fè kòlè fasil pi bon pase gason vanyan. Moun ki kontwole tèt yo pi bon pase yon moun ki pran yon vil. — Pwo. 16:32.

Ki jan w santi w lè yon kòlèg travay ou oswa yon kamarad lekòl ou poze w kesyon sou kwayans ou? Èske w santi w strese? Pifò nan nou konn santi n konsa. Men, yon kesyon konsa ka ede n konprann sa moun nan panse oswa nan ki sa l kwè, e sa ban nou okazyon pou n preche bon nouvèl la. Pafwa, yon moun ka poze n yon kesyon paske l pa dakò avè n oswa paske l vle fè diskisyon avè n. Sa pa ta dwe fè n sezi, dayè, gen nan moun sa yo ki konn gen move enfòmasyon sou kwayans nou (Tra. 28:22). Mete sou sa, n ap viv nan “dènye jou yo”, yon epòk kote anpil moun pa “dispoze antann yo” e yo menm “sovaj”. (2 Tim. 3:​1, 3.) Ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki jan m ka rete kalm epi aji avèk jantiyès lè lòt moun vle fè diskisyon avè m sou kwayans mwen ki baze sou Bib la?’ Ki sa k ap ede w? Yon kalite k ap ede w se dousè. Yon moun ki gen dousè pa kouri fache, li kapab metrize l lè yo agase l oswa lè l pa fin konn ki jan pou l reponn. w23.09 14 § 1-2.

Lendi 17 novanm

W ap fè yo vin prens sou tout tè a. — Sòm 45:16.

Pafwa, nou jwenn konsèy ki pwoteje nou kont yon seri danje tankou lanmou pou bagay materyèl ak lòt bagay ki kapab fè nou pa obeyi lwa Bondye yo. Lè nou suiv direksyon Jewova bay nan domèn sa yo, nou jwenn benediksyon (Eza. 48:​17, 18; 1 Tim. 6:​9, 10). Pa gen dout, Jewova ap kontinye sèvi ak moun pou bay pèp li a direksyon pandan gwo tribilasyon an pou jis nou rive nan Rèy mil an an. Èske n ap kontinye suiv direksyon Jewova bay menm lè sa mande pou n pase sou preferans nou? L ap pi fasil pou nou fè sa si nou obeyi direksyon Jewova bay depi kounye a. Se sa k fè, annou toujou suiv direksyon Jewova bay, sa gen ladan l direksyon li bay pa mwayen moun li mete pou voye je sou nou yo (Eza. 32:​1, 2; Ebre 13:17). E pandan n ap fè sa, nou gen tout rezon pou nou gen konfyans nan Jewova, Gid nou an, k ap mennen nou lwen danje e k ap mennen nou kote nou vle ale a, nan monn nouvo a, kote nou pral viv pou toutan. w24.02 25 § 17-18.

Madi 18 novanm

Se grasa favè san parèy la nou te sove. — Efe. 2:5.

Apot Pòl te jwenn anpil kè kontan nan sèvis li t ap bay Jewova a, men, sa pa t toujou fasil. Byen souvan, Pòl te konn fè vwayaj ki byen long, e vwayaj yo pa t fasil nan epòk sa a. Lè Pòl t ap vwayaje, pafwa li te konn fè fas ak “danje nan rivyè” ak “danje anba men bandi”. Pafwa, moun ki te opoze avè l yo te konn maltrete l tou (2 Kor. 11:​23-27). E kretyen parèy li yo pa t toujou apresye efò li t ap fè ak tout kè l pou l ede yo (2 Kor. 10:10; Flp. 4:15). Ki sa k te ede Pòl kontinye nan sèvis li t ap bay Jewova a? Pòl te aprann anpil bagay sou pèsonalite Jewova nan Ekriti yo ak nan pwòp eksperyans li te fè. Pòl te vin gen konviksyon Jewova Dye renmen l (Wom. 8:​38, 39; Efe. 2:​4, 5). E li te vin renmen Jewova anpil. Pòl te montre l renmen Jewova lè l te “ede moun ki sen yo e [l te] kontinye ap ede yo”. — Ebre 6:10. w23.07 9 § 5-6.

Mèkredi 19 novanm

Soumèt devan otorite yo. — Wom. 13:1.

Anpil moun rekonèt nou bezwen gouvènman yo e nou dwe obeyi omwen kèk nan lwa “otorite” sa yo tabli. Sepandan, menm moun sa yo ka renka pou yo obeyi lwa yo pa renmen yo oswa yo twouve ki pa jis. Bib la rekonèt gouvènman lèzòm yo lakòz moun soufri, yo anba pouvwa Satan e yo pral detwi talè konsa (Sòm 110:​5, 6; Ekl. 8:9; Lik 4:​5, 6). Epitou, Bib la fè nou konnen “moun ki opoze ak otorite opoze ak dispozisyon Bondye pran”. Nou soumèt anba otorite yo, depi sa yo mande nou an pa depaman ak sa Jewova vle, paske sa ann amoni ak dispozisyon Jewova pran pou kounye a pou gen lòd. Kidonk, nou dwe “bay tout moun sa nou dwe ba yo”, san wete taks, respè ak obeyisans (Wom. 13:​1-7). Nou ka twouve yon lwa pa fasil pou n obeyi, li pa jis oswa nou ka oblije fè gwo depans pou sa. Men, nou obeyi Jewova, piske se li ki mande n pou n obeyi otorite sa yo, depi yo pa mande n dezobeyi lòd li bay. — Tra. 5:29. w23.10 8 § 9-10.

Jedi 20 novanm

Lespri Jewova ba l fòs. — Jij 15:14.

Nan epòk Samson te fèt la, moun Filisti yo t ap domine sou nasyon Izrayèl la e yo t ap toupizi yo (Jij 13:1). Izrayelit yo te soufri anpil anba men moun Filisti yo ki te vrèman mechan. Jewova te chwazi Samson pou l “pran latèt pou l sove pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo”. (Jij 13:5.) Pou Samson te rive fè travay sa a ki te difisil, li t ap bezwen konte sou Jewova. Yon lè, yon gwoup sòlda moun Filisti te vini pou met men sou Samson nan Leyi, petèt ki te nan Jida. Kòm mesye Jida yo te pè, yo te deside lage Samson bay ènmi an. Pwòp moun nan pèp Samson te mare l byen mare ak de kòd tounèf mennen bay moun Filisti yo (Jij 15:​9-13). Men, ‘lespri Jewova te bay Samson fòs’ e li te libere tèt li anba kòd yo. Apre sa, li te “jwenn zo machwè yon bourik ki tou fre”, li te pran l, e li te touye 1000 gason ki te moun Filisti avè l! — Jij 15:​14-16. w23.09 2 § 3-4.

Vandredi 21 novanm

Sa fèt selon objektif etènèl li etabli a ki gen rapò ak Kris Jezi, Seyè nou an. — Efe. 3:11.

Jewova fè n konnen “objektif etènèl” li genyen an tikras pa tikras nan Bib la. Kèlkeswa jan sa ye, Jewova toujou reyisi nan sa l ap fè, paske li “fè tout bagay mache pou l reyalize objektif li”. (Pwo. 16:4.) E rezilta sa l fè yo ap la pou toutan. Ki objektif Jewova genyen, e ki ajisteman li te fè pou l te ka reyalize objektif sa a? Bondye te fè premye moun li te kreye yo konnen objektif li te genyen pou yo. Yo te gen pou yo ‘fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, gen pouvwa sou tè a e sou tout bèt’ ki sou tè a (Jen. 1:28). Lè Adan ak Èv te fè rebèl, sa ki te lakòz tout moun peche, sa pa t ka anpeche Jewova reyalize objektif li. Jewova te fè ajisteman nan fason li t ap gen pou l reyalize objektif sa a. Menm kote a, li te pran detèminasyon pou l tabli yon Wayòm nan syèl la ki t ap reyalize objektif li te genyen okòmansman an pou lèzòm ak pou tè a. — Mat. 25:34. w23.10 20 § 6-7.

Samdi 22 novanm

Si se pa t Jewova ki t ap ede m, mwen pa t ap pran anpil tan pou m peri. — Sòm 94:17.

Jewova kapab ede n pou n kontinye ret fidèl. Sa ka pa toujou fasil, sitou si n gen lontan depi n ap goumen ak yon defo. Pafwa, defo nou yo ka sanble pi mal pase defo apot Pyè te genyen yo. Men, Jewova kapab ban nou fòs pou n pa bay vag (Sòm 94:​18, 19). Pa egzanp, gen yon frè ki te omoseksyèl pandan plizyè ane anvan l t aprann laverite. Li te deside chanje lavi l nèt pou l te ka viv ann amoni ak sa Bib la di. Aktout sa, pafwa li konn ap goumen ak move dezi. Ki sa k te ede l kontinye ret fidèl? Men sa l esplike: “Jewova ban m fòs.” Apre sa li di: “Grasa èd lespri sen Jewova [...], mwen te aprann li posib pou n [kontinye] viv fason Jewova vle a. Jewova itilize m, e li kontinye ban m fòs malgre feblès mwen genyen yo.” w23.09 23 § 12.

Dimanch 23 novanm

Lè yon moun gen imilite e li gen lakrentif pou Jewova, l ap jwenn richès, glwa ak lavi. — Pwo. 22:4.

Nou menm jèn frè, nou pap annik ret konsa nou vin gen matirite antanke kretyen. Nou bezwen chwazi bon egzanp pou nou imite, nou bezwen aprann reflechi, chèche vin yon moun yo ka fè konfyans, aprann yon seri bagay ki kapab itil nou nan lavi n e prepare n pou yon seri responsablite nou ka vin gen pi devan. Petèt, lè w ap reflechi ak tout travay w ap bezwen fè, pafwa, ou ka santi yo twòp pou ou. Men, w ap kapab fè yo. Sonje Jewova vrèman vle ede w (Eza. 41:​10, 13). Nòmalman, frè w ak sè w yo nan kongregasyon an ap ede w tou. Lè w vin kalite moun Jewova vle w ye a, lavi w ap gen anpil sans e w ap gen kè kontan. Nou menm jèn frè, nou renmen nou! Se pou Jewova beni nou anpil toutpandan n ap travay depi kounye a pou n vin gen matirite antanke kretyen. w23.12 29 § 19-20.

Lendi 24 novanm

[Li] padone bagay mal yo fè l. — Pwo. 19:11.

Imajine ou nan yon ti fèt ak kèk frè ak sè. W ap pase yon bon moman, e ou fè yon foto an gwoup. Anfèt, ou pran de lòt foto pou si premye foto a pa ta byen soti. Kounye a ou gen twa foto. Men, nan youn ladan yo, ou remake gen yon frè ki parèt move. Donk, w ap efase l paske w gen de lòt foto kote tout moun nan gwoup la, san wete frè a, ap souri. An jeneral, moman nou pase ak frè n ak sè n yo kite bon souvni nan panse nou. Men, ann sipoze pandan youn nan moman sa yo, gen yon frè oswa yon sè ki di oswa fè yon bagay ki pa fè n plezi. Ki sa n ta dwe fè lè sa a? L ap bon pou n eseye efase souvni sa a, menm jan nou t ap efase youn nan foto yo (Efe. 4:32). Nou ka fè sa paske bon moman nou te pase ansanm fè nou gen anpil bon souvni. Se souvni konsa nou bezwen kenbe e nou bezwen bay anpil valè. w23.11 12-13 § 16-17.

Madi 25 novanm

Medam yo dwe fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk [...] jan medam ki di yo gen atachman pou Bondye yo dwe fè sa. — 1 Tim. 2:​9, 10.

Mo grèk yo itilize la a montre fason yon sè abiye ta dwe montre li gen respè pou lòt moun e li gen konsiderasyon pou santiman yo oswa opinyon yo. Se pa ti fyè nou fyè de sè nou yo ki gen matirite ki montre yo konn limit yo nan fason yo abiye! Bon konprann se yon lòt kalite tout sè ki gen matirite genyen. Ki sa bon konprann ye? Se lè yon moun gen bon jijman, sa vle di kapasite pou l konnen sa ki byen ak sa ki mal e pou l chwazi fè sa ki byen. Ann pran egzanp Abigayil. Mari l te pran yon move desizyon ki t ap gen gwo konsekans sou tout moun lakay li. Abigayil te aji san pèdi tan. Bon jijman l te genyen te sove lavi anpil moun (1 Sam. 25:​14-23, 32-35). Bon konprann ede nou tou pou n konnen ki lè pou n pale e ki lè pou n ret an silans. Epitou, li ede n montre nou gen sousi pou lòt moun san n pa mete yo malalèz. — 1 Tes. 4:11. w23.12 20 § 8-9.

Mèkredi 26 novanm

Annou rejwi poutèt nou gen esperans n ap resevwa glwa nan men Bondye. — Wom. 5:2.

Apot Pòl te ekri pawòl sa yo pou kongregasyon ki te nan vil Wòm nan. Frè ak sè nan vil sa a te aprann konnen Jewova ak Jezi, yo te montre yo gen lafwa e yo te vin kretyen. Konsa, Bondye te “deklare [yo] jis paske [yo te] gen lafwa”, e li te chwazi yo pa mwayen lespri sen (Wom. 5:1). Vrèmanvre, yo te vin gen yon bèl esperans ki sèten. Annapre, Pòl te ekri kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te nan vil Efèz yo konsènan esperans Bondye te ba yo a. Esperans sa a t ap pèmèt yo jwenn “eritaj [Bondye rezève] pou moun ki sen yo”. (Efe. 1:18.) Epitou, Pòl te montre kretyen nan vil Kolòs yo ki kote yo t ap jwenn rekonpans yo a. Li te rele rekonpans sa a “esperans ki rezève pou nou nan syèl la”. (Kol. 1:​4, 5.) Donk, esperans kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo genyen an, se pou yo resisite pou yo viv pou toutan nan syèl la, kote yo pral dirije ansanm ak Kris. — 1 Tes. 4:​13-17; Rev. 20:6. w23.12 9 § 4-5.

Jedi 27 novanm

Lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi. — Flp. 4:7.

Nan lang orijinal la, mo yo mete “pwoteje” pou li la a se yon mo yo konn itilize pou militè yo e li fè referans ak sòlda k ap veye yon vil e k ap pwoteje l pou ènmi pa anvayi l. Moun ki te abite nan yon vil ki te pwoteje te dòmi san kè sote paske yo te konnen gen sòlda ki t ap fè pòs nan pòtay yo. Menm jan an tou, lè lapè Bondye pwoteje kè nou ak lespri nou, nou santi n kalm, paske nou konnen nou an sekirite (Sòm 4:8). Menm jan ak Ana, menmsi sitiyasyon nou pa chanje tousuit, nou ka toujou santi n plizoumwen anpè (1 Sam. 1:​16-18). Lè nou santi n kalm, souvan nou twouve l pi fasil pou n byen reflechi e pou n pran bon desizyon. Ki sa nou bezwen fè? Lè w gen pwoblèm, rele Jewova. Ki jan w ka fè sa? Priye jiskaske w santi w gen lapè Bondye (Lik 11:9; 1 Tes. 5:17). Si w nan yon sitiyasyon ki difisil, pèsevere nan lapriyè, e w ap wè jan lapè Jewova bay la ap pwoteje kè w ak lespri w. — Wom. 12:12. w24.01 21 § 5-6.

Vandredi 28 novanm

Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.

Pou Jezi te ka fè non Papa l vin sen, li te andire anba tout kalite soufrans, jouman ak manti. Li te konnen li te obeyi Papa l nan tout bagay e l pa t gen okenn rezon pou l wont (Ebre 12:2). Epitou, li te konnen se li menm menm Satan t ap atake nan moman difisil sa yo (Lik 22:​2-4; 23:​33, 34). Satan te vle fè Jezi sispann ret fidèl, men, li pa t reyisi. Alafen, Jezi te pwouve Satan se yon mantè e Jewova gen anpil sèvitè ki rete fidèl avè l malgre yo jwenn gwo gwo eprèv. Èske w ta renmen fè kè Wa w la, ki deja ap dirije, kontan? Kontinye fè louwanj pou non Jewova, kontinye ede lòt moun konnen kiyès Bondye nou an ye toutbon. Lè w fè sa, w ap suiv tras Jezi (1 Pyè 2:21). Menm jan ak Jezi, w ap fè kè Jewova kontan e w ap montre, Satan, advèsè Li a, se yon gwo mantè! w24.02 11-12 § 11-13.

Samdi 29 novanm

Ki sa m ka bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen? — Sòm 116:12.

Pandan senk ane ki sot pase yo, gen plis pase yon milyon moun ki batize antanke Temwen Jewova. Lè w vwe Jewova lavi w, ou chwazi vin yon disip Jezi Kris e w chwazi pou volonte Bondye vin bagay ki pi enpòtan nan lavi w. Ki sa vwe Jewova lavi w ap mande pou w fè? Jezi te di: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li.” (Mat. 16:24). Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “se pou l nye tèt li” pou li a kapab vle di tou “li pap viv pou tèt li ankò”. Antanke yon sèvitè Jewova ki vwe l lavi w, w ap bezwen vire do bay kèlkeswa bagay ki anpeche w fè volonte l (2 Kor. 5:​14, 15). Sa gen ladan l kouri pou “zèv lachè yo”, pa egzanp imoralite seksyèl (Gal. 5:​19-21; 1 Kor. 6:18). Lè w obeyi kòmandman sa yo, èske sa ap fè lavi w difisil? Ou pap wè l konsa si w renmen Jewova e si w gen konviksyon lwa l bay yo se pou byen w. — Sòm 119:97; Eza. 48:​17, 18. w24.03 2 § 1; 3 § 4.

Dimanch 30 novanm

Mwen pran plezi nan ou. — Lik 3:22.

Jewova bay moun li pran plezi nan yo lespri sen (Mat. 12:18). Nou kapab mande tèt nou: ‘Èske m rive montre kèk aspè nan fwi lespri Bondye a nan lavi m?’ Èske w remake ou vin gen plis pasyans ak lòt moun pase anvan w te vin konnen Jewova? Anfèt, plis w ap aprann demontre fwi lespri Bondye a, se plis w ap kapab wè ou fè Jewova plezi! Jewova pèmèt moun li pran plezi nan yo benefisye ranson an (1 Tim. 2:​5, 6). Men, e si w toujou pa ka kwè Jewova pran plezi nan ou, menm lè w gen lafwa nan ranson an e w batize? Sonje, nou pa ka toujou fè santiman nou konfyans, men nou kapab fè Jewova konfyans. Li konsidere moun ki gen lafwa nan ranson an kòm moun ki jis e li pwomèt l ap beni yo. — Sòm 5:12; Wom. 3:26. w24.03 30 § 15; 31 § 17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje