Desanm
Lendi 1ye desanm
Mò [yo] ap leve. — Lik 20:37.
Èske Jewova gen pouvwa pou l resisite moun ki mouri? Pa gen dout nan sa! Li se “Toupisan an”. (Rev. 1:8.) Donk, li gen pouvwa pou l pot laviktwa sou nenpòt ènmi, menm lanmò (1 Kor. 15:26). Yon lòt rezon ki fè nou konnen Bondye kapab resisite moun ki mouri yo se paske li gen yon memwa ki san limit. Li rele chak zetwal nan non yo (Eza. 40:26). Epitou, li sonje moun ki mouri yo (Jòb 14:13; Lik 20:38). Jewova kapab sonje tout ti detay nan moun li pral resisite yo byen fasil, sa gen ladan l aparans moun sa yo ak pèsonalite yo te genyen, eksperyans yo te fè nan lavi a ak sa ki te nan memwa yo. Sa klè, nou kapab kwè nan pwomès Jewova fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt alavni an paske nou konnen li gen volonte ak pouvwa pou l reyalize pwomès li. Men yon lòt rezon ki fè n kwè nan pwomès Bondye fè pou gen yon rezirèksyon an: Jewova deja resisite moun. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, li te bay kèk gason fidèl, san wete Jezi, pouvwa pou yo resisite moun ki mouri. w23.04 9-10 § 7-9.
Madi 2 desanm
Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl. — Kol. 4:6.
Si n veye sa n ap di lè n ap pale e n fè sa avèk dousè, moun yo ka pi dispoze koute nou e yo ka pi dispoze kontinye pale avè n. Nòmalman, si moun nan ap chèche montre se li ki gen rezon oswa l ap pase kwayans nou nan rizib, nou pa oblije kontinye konvèsasyon an (Pwo. 26:4). Men, pifò moun ka pa reyaji menm jan an. An reyalite, anpil moun konn koute nou. Vrèmanvre, lè n fè efò pou n gen dousè, sa ap bon pou nou anpil. Priye Jewova pou l ba w fòs ou bezwen pou w kapab kontinye aji avèk dousè lè lòt moun vle fè diskisyon avè w oswa lè y ap kritike w san rezon. Sonje, lè w aji avèk dousè, sa kapab fè w pa nan diskisyon ak lòt moun poutèt nou pa wè bagay yo menm jan. E lè w reponn avèk dousè e avèk respè, an reyalite, sa kapab fè kèk moun k ap koute chanje fason yo wè nou ak fason yo konsidere verite ki nan Bib la. “Se pou nou toujou pare pou nou defann” kwayans nou e “se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè”. (1 Pyè 3:15.) Vrèmanvre, lè w aji avèk dousè, sa montre w gen fòs! w23.09 19 § 18-19.
Mèkredi 3 desanm
Se pou nou abiye nou ak [...] pasyans. — Kol. 3:12.
Ann wè kat fason nou kapab montre nou gen pasyans. Premyèman, yon moun ki gen pasyans pa fè kòlè fasil. Li fè efò pou l rete kalm e pou l pa rann mal pou mal lè yo fè l fache oswa lè l anba strès (Egz. 34:6). Dezyèmman, yon moun ki gen pasyans kapab ret kalm pandan l ap tann. Si yon bagay pran plis tan pase sa moun nan te panse, li fè efò pou l pa kite sa boulvèse l oswa kontrarye l (Mat. 18:26, 27). Twazyèmman, yon moun ki gen pasyans pa aji san reflechi. Lè yon moun ki gen pasyans gen yon travay enpòtan pou l fè, li pa fè l nan kouri, ni li pa rabache l. Okontrè, li rezève yon kantite tan ki rezonab pou l planifye sa l pral fè a. Apre sa, li pran tan pou l byen fè l. Katriyèmman, yon moun ki gen pasyans fè efò pou l andire eprèv san l pa plenyen. L ap fè tout sa l kapab pou l kontinye andire toutpandan l ap sèvi Jewova ak kè kontan (Kol. 1:11). Antanke kretyen, nou bezwen montre nou gen pasyans nan tout aspè sa yo. w23.08 20-21 § 3-6.
Jedi 4 desanm
Jewova […] wè sa k nan kè moun. — Pwo. 17:3.
Youn nan pi gwo rezon nou genyen pou n pwoteje kè senbolik nou an se paske Jewova egzamine kè nou. Sa vle di, Jewova konnen nou pi byen lontan pase lòt moun e li wè ki moun nou ye nan fon kè nou. L ap renmen n si nou kontinye reflechi sou konsèy li bay ki kapab ede n gen lavi ki pap janm fini an (Jan 4:14). Konsa, nou pap janm kite manti Satan ak moun yo nan monn nan ap bay kòwonp nou, ni nou pap kite move konduit moun sa yo genyen detenn sou nou (1 Jan 5:18, 19). Tank n ap vin pi pwòch ak Jewova se tank n ap renmen l e n ap vin gen plis respè pou li. Piske nou pa ta renmen fè Papa nou an lapenn, menm lide pou n ta fè yon bagay ki mal ap ban nou degoutans. Marta se yon sè k ap viv nan peyi Kwowasi ki te jwenn tantasyon pou l fè imoralite. Men sa l ekri: “Li pa t fasil pou m te byen reflechi e pou m te goumen ak anvi m te genyen pou m pran plezi nan peche pandan yon ti tan. Men, lakrentif mwen genyen pou Jewova te pwoteje m.” Ki jan lakrentif Marta te gen pou Bondye te ede l? Li te di li te medite sou konsekans sa t ap genyen si l ta fè yon bagay ki imoral, e nou menm tou nou kapab fè menm jan an. w23.06 20-21 § 3-4.
Vandredi 5 desanm
“Nasyon yo ap konnen mwen se Jewova”, se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di, “lè m fè yo wè mwen se yon Bondye ki sen nan fason mwen boule ak nou”. — Eze. 36:23.
Jezi te konnen objektif Jewova se pou non l vin sen, pou yo retire tout vèni yo te lage sou li. Se sa k fè, Mèt nou an te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” (Mat. 6:9). Jezi te byen konprann kesyon pou fè non Papa l vin sen an konsène tout kreyasyon an. Pa gen okenn moun nan tout linivè ki fè plis efò pase Jezi pou fè non Jewova vin sen. Epoutan, lè yo te arete Jezi, pou ki peche ènmi l yo te akize l? Pou blasfèm! Pa gen okenn dout, pou Jezi, pi gwo peche yon moun ta kapab fè se sal non Papa l ki sen. Jezi te tris anpil lè yo te akize l e yo te kondane l pou krim sa a. Se petèt pou rezon sa a Jezi te ‘vin boulvèse’ kèk èdtan anvan yo te arete l. — Lik 22:41-44. w24.02 11 § 11.
Samdi 6 desanm
Se grasa sajès y ap bati yon kay. — Pwo. 24:3.
Nan kous pou lavi a, nou dwe renmen Jewova ak Jezi plis pase moun nan fanmi nou (Mat. 10:37). Men, èske sa vle di nou kapab neglije obligasyon nou gen nan fanmi nou, kòmkwa responsablite sa yo ap anpeche n fè Bondye ak Kris plezi? Okontrè, pou Bondye ak Kris fè nou favè, nou bezwen pran responsablite nou gen nan fanmi nou oserye (1 Tim. 5:4, 8). Lè n fè sa, n ap gen plis kè kontan. Epitou, Jewova konnen fanmi yo ap gen kè kontan lè mari ak madanm renmen youn lòt e lè youn respekte lòt, lè paran yo renmen pitit yo epi yo ba yo fòmasyon, e lè timoun yo obeyi paran yo (Efe. 5:33; 6:1, 4). Kit ou se yon mari, yon madanm, oswa yon timoun, fè konsèy ki gen anpil sajès ki nan Bib la konfyans. Pa annik fè sa w santi ki bon oswa sa moun kote w ap viv la abitye fè oubyen sa yon seri moun k ap bay konsèy pou fanmi di. Byen sèvi ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Nan piblikasyon sa yo w ap jwenn bonjan konsèy sou fason pou w aplike prensip ki nan Bib la. w23.08 28 § 6-7.
Dimanch 7 desanm
Li l tou ba lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès. — Joz. 1:8.
Yon sè bezwen aprann yon seri bagay k ap itil li. Gen bagay yon fi aprann lè l te timoun k ap kontinye ede l pandan tout vi l. Pa egzanp, aprann li ak ekri byen. Nan kèk kilti, moun yo pa wè l enpòtan pou fi aprann li ak ekri. Men, li enpòtan anpil pou tout kretyen aprann li ak ekri (1 Tim. 4:13). Donk, pa kite anyen anpeche w aprann li ak ekri byen. Ki jan sa ap ede w? Fòmasyon konsa ka ede w pou w jwenn yon travay e pou w ret nan travay la. L ap pi fasil pou w etidye Pawòl Bondye a e pou w anseye lòt moun li. Sa k pi enpòtan an, w ap vin pi pwòch ak Jewova toutpandan w ap li Pawòl li a e w ap medite sou li. — 1 Tim. 4:15. w23.12 20 § 10-11.
Lendi 8 desanm
Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv. — 2 Pyè 2:9.
Mande Jewova pou l ede w reziste anba tantasyon. Piske nou enpafè, se toutan n ap goumen pou n pa fè sa ki mal. Satan ap fè tout sa l kapab pou l fè batay la pi difisil pou nou. Li ka sèvi ak detant ki imoral yo pou l chèche sal lespri nou. Detant sa yo kapab met yon seri vye panse nan lespri nou, yon seri panse ki ka sal moun nou ye pa anndan an e ki ka fè nou fè peche ki grav (Mak 7:21-23; Jak 1:14, 15.) Nou bezwen Jewova ede n pou n ka reziste lè n jwenn tantasyon pou n fè sa ki mal. Nan priyè Jezi te bay kòm modèl la, men yon bagay li te di pou n mande: “Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba Mechan an.” (Mat. 6:13). Jewova vle ede n, men nou dwe mande l sa. Epitou, nou dwe aji ann amoni ak priyè nou fè yo. w23.05 6-7 § 15-17.
Madi 9 desanm
Yon kòd ki trese an twa pap kase fasil. — Ekl. 4:12.
Lè yon mari ak madanm bay amitye yo gen ak Papa yo ki nan syèl la anpil enpòtans, yo suiv konsèy li bay san pèdi tan, e sa ede yo evite yon seri pwoblèm epi rezoud pwoblèm ki ta ka fè yo pa renmen youn lòt menm jan an ankò. Epitou, moun ki gen bon relasyon ak Jewova fè efò pou yo imite l e pou yo imite kalite li genyen, tankou bonte ak pasyans, e lefètke li renmen padone (Efe. 4:32–5:1). Lè yon mari ak madanm demontre kalite sa yo, li pi fasil pou yo kontinye renmen youn lòt. Men sa yon sè ki rele Lena ki gen plis pase 25 an depi l marye di: “Li pi fasil pou w renmen yon moun ki gen bon relasyon ak Jewova e pou w respekte l.” Ann pran yon egzanp nan Bib la. Lè Jewova te gen pou l chwazi moun ki t ap vin paran Mesi ki te gen pou vini an, se Jozèf ak Mari li te chwazi pami tout desandan David yo. Sa k fè sa? Se paske yo toule de te gen relasyon pa yo ak Jewova, e Jewova te konnen yo t ap ba l premye plas nan maryaj yo paske yo renmen l. w23.05 21 § 3-4.
Mèkredi 10 desanm
Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo. — Ebre 13:17.
Jewova mande nou pou n “obeyi moun k ap dirije” nan kongregasyon an (Ebre 13:17). Byenke Jezi, Chèf nou an, pafè, moun li itilize pou dirije nou sou tè a pa pafè. Nou ka twouve l difisil pou n obeyi yo, sitou si yo mande n fè yon bagay nou pa vle fè. Yon lè, apot Pyè te renka pou l obeyi yon enstriksyon li te resevwa. Lè yon zanj te mande l pou l manje yon seri bèt ki pa t pwòp selon Lwa Moyiz la, Pyè te refize fè sa, pa sèlman yon fwa, men, twa fwa (Tra. 10:9-16)! Sa k fè sa? Nouvo enstriksyon li te resevwa a pa t gen sans pou li. Yon lòt bò, apot Pòl te obeyi lè ansyen yo nan Jerizalèm te mande l pou l pran kat mesye ansanm avè l pou y al nan tanp lan e pou l pirifye tèt li pou l montre l ap obeyi Lalwa. Pòl te konnen kretyen yo pa t anba Lalwa ankò. E se pa anyen ki mal li te fè. Aktout sa, “nan demen, Pòl mennen mesye yo avè l, li pirifye tèt li ansanm avèk yo”. (Tra. 21:23, 24, 26.) Lefètke Pòl te obeyi, sa te pèmèt gen tèt ansanm. — Wom. 14:19, 21. w23.10 10 § 15-16.
Jedi 11 desanm
Se moun ki gen lakrentif pou Jewova yo ki bon zanmi l. — Sòm 25:14.
Petèt, ou pa t ap panse lakrentif se yon kalite ki enpòtan pou moun vin bon zanmi. Sepandan, moun ki vle vin bon zanmi Jewova dwe gen “lakrentif” pou li. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou tout bezwen kontinye gen bonjan lakrentif pou li. Men, ki sa gen lakrentif pou Bondye vle di? Yon moun ki gen bonjan lakrentif pou Bondye renmen Bondye e li pa vle fè anyen ki ka kraze relasyon li gen avè L la. Se yon kalite “lakrentif” konsa Jezi te gen pou Bondye (Ebre 5:7). Men, li pa t pè Jewova (Eza. 11:2, 3). Okontrè, li te renmen l anpil e l te obeyi l ak tout kè l (Jan 14:21, 31). Menm jan ak Jezi, nou gen gwo respè ak lakrentif pou Jewova paske li gen lanmou, sajès, jistis ak pisans. Epitou, nou konnen Jewova renmen nou e fason nou reyaji lè n resevwa enstriksyon li ban nou gen enpòtans pou li. Nou kapab swa fè Jewova lapenn, swa fè kè l kontan. — Sòm 78:41; Pwo. 27:11. w23.06 14 § 1-2; 15 § 5.
Vandredi 12 desanm
Kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li. Li pa t montre li fidèl devan Jewova. — 2 Kwo. 26:16.
Lè wa Ozyas te vin gen anpil pouvwa, li te bliye tout bon bagay Jewova te fè pou li. Ki leson nou aprann? Li bon pou n sonje se Jewova ki ban nou benediksyon ak privilèj nou genyen yo. Olye nou vante tèt nou pou sa n reyalize, nou bezwen bay Jewova glwa pou tout sa n fè (1 Kor. 4:7). Nou dwe aksepte avèk imilite nou pa pafè e nou bezwen disiplin. Men sa yon frè ki nan swasantèn li te ekri: “Mwen te aprann pou m pa bay tèt mwen twòp enpòtans. Lè m resevwa disiplin pou vye erè m konn fè pafwa, mwen fè efò pou m amelyore e pou m kontinye bay Jewova sa m genyen ki pi bon an.” An reyalite, lè n gen lakrentif pou Jewova e n fè efò pou n kontinye gen imilite, n ap gen kè kontan toutbon nan lavi nou. — Pwo. 22:4. w23.09 10 § 10-11.
Samdi 13 desanm
Nou bezwen gen andirans, yon fason pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa l te pwomèt la. — Ebre 10:36.
Premye kretyen yo te bezwen andire. Nonsèlman yo te jwenn yon seri pwoblèm tout lòt moun konn jwenn, yo te jwenn lòt eprèv ankò. Chèf relijye juif yo ak otorite women yo te konn pèsekite anpil nan yo, e pwòp fanmi yo te konn pèsekite yo tou (Mat. 10:21). Pafwa, yo te bezwen veye pou fo ansèyman aposta yo t ap gaye pou met divizyon nan kongregasyon an pa t gen move enfliyans sou yo (Tra. 20:29, 30). Aktout sa, kretyen sa yo te andire (Rev. 2:3). Ki jan yo te rive fè sa? Yo te medite sou egzanp yon seri moun ki te gen andirans Ekriti yo pale de yo, pa egzanp Jòb (Jak 5:10, 11). Yo te priye Jewova pou ba yo fòs (Tra. 4:29-31). E yo te toujou sonje Jewova t ap rekonpanse yo si yo andire (Tra. 5:41). Nou menm tou n ap kapab andire si n toujou egzamine egzanp moun Pawòl Bondye a pale de yo ki te rive andire ak yon seri egzanp nou jwenn nan piblikasyon nou yo, e si n medite sou egzanp sa yo. w23.07 3 § 5-6.
Dimanch 14 desanm
Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. — Mat. 6:33.
Jewova ak Jezi pap abandone nou. Apre apot Pyè te fin nye Jezi, li te gen pou l pran yon desizyon enpòtan nan lavi l. Èske l t ap sispann suiv Kris oswa èske l t ap kontinye ret fidèl avè l antanke disip li? Jezi te sipliye Jewova pou lafwa Pyè pa t febli. Jezi te fè Pyè konn sa, e li te di Pyè li gen konfyans li t ap kapab bay frè l yo fòs annapre (Lik 22:31, 32). Sa dwe te ankouraje Pyè anpil lè l te sonje pawòl Jezi te di l yo. Lè nou gen yon desizyon enpòtan pou n pran nan lavi nou, Jewova ka itilize bèje yo ki gen sousi pou nou pou l ban nou ankourajman nou bezwen pou n kapab ret fidèl (Efe. 4:8, 11). Menm jan Jewova te ede Pyè ak lòt apot yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv, L ap ede n jwenn sa n bezwen pou n viv lè n bay travay predikasyon an premye plas nan lavi n. w23.09 24-25 § 14-15.
Lendi 15 desanm
Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a. — Pwo. 19:17.
Jewova wè tout bon aksyon nou fè pou lòt moun, menm sa ki pi piti yo. Li konsidere yo kòm yon sakrifis ki gen anpil valè e kòm yon dèt l ap gen pou l peye nou. Si yon lè ou te sèvitè ministeryèl oswa ansyen, Jewova sonje travay ou te konn fè ak lanmou ki te pouse w fè travay sa yo (1 Kor. 15:58). Li wè jan w kontinye demontre lanmou. Jewova vle pou nou tout vin gen plis lanmou pou li ak pou lòt moun. Nou ka vin pi renmen Jewova lè nou li Pawòl li a, lè nou medite sou sa nou li yo ak lè nou priye L chak jou. Nou ka vin pi renmen frè n ak sè n yo lè n fè yon jan pou n ede yo. Tank lanmou nou genyen an ap vin pi fò, n ap vin pi pwòch Jewova e n ap vin pi pwòch frè n ak sè n yo. Epitou, n ap ret zanmi yo pou toutan! w23.07 10 § 11; 11 § 13; 13 § 18.
Madi 16 desanm
Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.
Se chak kretyen ki dwe deside ki jan y ap pran swen sante yo. Lè yon kretyen ap chwazi tretman li ta renmen suiv, li bezwen obeyi lwa Bib la bay pou nou evite san ak bagay ki gen rapò ak movèzespri (Tra. 15:20; Gal. 5:19, 20). Lè Labib pa di anyen sou yon tretman, se kretyen an ki pou deside ki tretman l ap suiv. Kit nou gen konviksyon yon tretman bon kit nou gen dout sou li, nou bezwen respekte dwa frè n ak sè n yo genyen pou yo pran pwòp desizyon pa yo anrapò ak swen sante yo. Donk, men sa nou bezwen sonje: 1) Se sèlman Wayòm Bondye a ki pral elimine maladi nèt (Eza. 33:24). 2) Chak kretyen dwe “ret ak konviksyon pa yo” lè y ap pran desizyon anrapò ak sante yo (Wom. 14:5). 3) Nou pa jije lòt moun oswa nou pa met yon obstak devan yo ki ka fè yo bite (Wom. 14:13). 4) Kretyen yo montre yo gen lanmou e yo konprann tèt ansanm ki gen nan kongregasyon an pi enpòtan pase opinyon pa yo. — Wom. 14:15, 19, 20. w23.07 24 § 15.
Mèkredi 17 desanm
Pandan tout tan l ap viv antanke Nazireyen an, li sen pou Jewova. — Nonb 6:8.
Èske relasyon w gen ak Jewova a gen anpil valè pou ou? Pa gen dout nan sa. Depi nan tan lontan, gen yon pakèt moun ki te santi yo menm jan avè w (Sòm 104:33, 34). Anpil ladan yo te fè sakrifis pou yo adore Jewova. Nan Izrayèl tan lontan an, gen yon gwoup moun ki te santi yo konsa tou. Yo te rele yo Nazireyen oswa “moun ki fè yon ve”. Mo sa a byen tonbe lè y ap pale de Izrayelit ki te chofe nan sèvis yo pou Jewova e ki te fè gwo sakrifis lòt moun pa t fè. Lwa Moyiz la te bay yon gason oswa yon fi posiblite pou l fè yon ve espesyal bay Jewova lè l chwazi viv antanke Nazireyen pandan yon tan (Nonb 6:1, 2). Ve sa a oswa pwomès espesyal sa a li te fè a te mande pou l suiv yon seri règ lòt Izrayelit yo pa t oblije suiv. Nan ka sa a, poukisa yon Izrayelit te chwazi fè ve pou l vin yon Nazireyen? Se gwo lanmou li gen pou Jewova ak bonjan rekonesans li te genyen pou benediksyon Jewova te ba li ki te ka pouse l fè yon ve konsa. — Det. 6:5; 16:17. w24.02 14 § 1-2.
Jedi 18 desanm
Jewova [...] montre lanmou fidèl pou moun ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo. — Dàn. 9:4.
Nan Bib la, mo ebre lè yo tradui l yo mete “fidèl” oswa “lanmou fidèl” pou li a bay ide yon atachman plen lanmou, e byen souvan yo itilize l pou pale konsènan lanmou Bondye gen pou sèvitè l yo. Yo itilize menm mo sa a tou pou pale konsènan lanmou sèvitè Bondye yo demontre youn pou lòt (2 Sam. 9:6, 7). Tank tan ap pase, nou kapab vin pi fidèl. Ann wè ki jan Dànyèl te vin pi fidèl. Nan plizyè okazyon nan lavi Dànyèl, li te jwenn yon seri eprèv ki te ka anpeche l ret fidèl ak Jewova. Men, youn nan pi gwo eprèv li te jwenn, se lè l te nan 90 an yo. Gwo potanta ki t ap travay nan palè wa a pa t renmen Dànyèl e yo pa t gen respè pou Dye li t ap adore a. Donk, mesye sa yo te fè yon konplo pou yo te fè touye l. Yo te fè wa a siyen yon dekrè pou wè si Dànyèl t ap ret fidèl ak Bondye l la oswa si l t ap ret fidèl ak wa a. Sèl sa Dànyèl t ap gen pou l fè pou l te montre l fidèl ak wa a se te sispann priye Jewova pandan 30 jou. Dànyèl te refize fè sa. — Dàn. 6:12-15, 20-22. w23.08 5 § 10-12.
Vandredi 19 desanm
Annou kontinye gen lanmou youn pou lòt. — 1 Jan 4:7.
Jewova vle n kontinye demontre lanmou pou frè n ak sè n yo. Si yon moun pa rive demontre yon kalite antanke kretyen, nou mèt kwè li pa t vle fè yon bagay pou blese nou, li te jis aji san reflechi (Pwo. 12:18). Bondye renmen sèvitè fidèl li yo malgre yo gen mankman. Li pa voye n jete lè n fè erè, ni li pa kontinye gen rankin (Sòm 103:9). Li enpòtan anpil pou n imite Papa nou an ki renmen padone (Efe. 4:32–5:1)! Epitou, sonje tank lafen an ap pwoche, nou bezwen ret pwòch ak frè n ak sè n yo. Nou mèt atann n ap jwenn plis pèsekisyon. Yo ka menm mete n nan prizon pou lafwa nou. Si sa ta rive, n ap bezwen frè n ak sè n yo plis pase nenpòt lòt lè. — Pwo. 17:17. w24.03 15-16 § 6-7.
Samdi 20 desanm
Se Jewova k ap montre moun kote pou yo met pye yo. — Pwo. 20:24.
Nan Bib la, nou jwenn istwa jèn ki te pwoche bò kote Jewova, ki te jwenn favè l, e ki te gen kè kontan nan lavi yo. David se te youn nan yo. Lè l te timoun li te chwazi adore Bondye e annapre li te vin yon wa ki fidèl (1 Wa 3:6; 9:4, 5; 14:8). Lè w etidye istwa lavi David, egzanp li ap ankouraje w sèvi Jewova fidèlman. Oubyen, nan etid w ap fè, ou ka aprann pi byen konnen Mak oswa Timote. W ap wè yo t ap sèvi Jewova depi lè yo te timoun, e yo te vin gen yon bèl repitasyon devan Bondye. Fason w ap itilize lavi w kounye a ka gen efè sou fason lavi w ap ye alavni. Si w met konfyans ou nan Jewova e w pa konte sou pwòp entèlijans ou, L ap ede w pran bon desizyon. Ou kapab gen kè kontan ak satisfaksyon nan lavi w. Sonje Jewova bay sa w fè pou li anpil enpòtans. Ki pi bon fason ou kapab itilize lavi w pase lè w itilize l pou w sèvi Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou? w23.09 13 § 18-19.
Dimanch 21 desanm
Se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. — Kol. 3:13.
Apot Pòl te konnen frè l ak sè l yo pa t pafè. Pa egzanp, tousuit apre l te vin fè pati kongregasyon an, yo pa t kwè l te vin yon disip toutbon (Tra. 9:26). Annapre, kèk moun te pale sou do l pou sal repitasyon l (2 Kor. 10:10). Pòl te wè yon ansyen pran yon move desizyon ki te ka fè lòt moun bite (Gal. 2:11, 12). Mak, yon bon zanmi Pòl, te desevwa l anpil (Tra. 15:37, 38). Pòl te ka kite nenpòt nan sitiyasyon sa yo fè l pran distans li ak moun ki te mal aji avè l yo. Men, li te kontinye wè frè l ak sè l yo yon fason ki pozitif e li te kontinye sèvi Jewova fidèlman. Ki sa k te ede Pòl kenbe tennfas? Pòl te renmen frè l ak sè l yo. Lanmou l te gen pou lòt moun te ede l ret konsantre sou bèl kalite yo genyen olye l te konsantre sou enpèfeksyon yo genyen. Epitou, lanmou te ede Pòl pou l fè sa tèks pou jounen an di a. w24.03 15 § 4-5.
Lendi 22 desanm
Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun. — 2 Tim. 2:24.
Anpil istwa nan Bib la montre jan dousè gen anpil valè. Ann pran egzanp Izarak. Lè l t al abite Gera, yon tèritwa ki te pou moun Filisti yo, vwazen l yo ki te rayi sò l te bouche pi sèvitè papa l yo te fouye yo. Izarak pa t fè diskisyon avè yo pou defann dwa l, okontrè, li te deplase ak moun lakay li al yon kote ki pi lwen e l te fouye lòt pi (Jen. 26:12-18). Men, moun Filisti yo te fè konnen dlo nan zòn sa a se pou yo tou. Malgre sa, Izarak pa t fè kont ak yo (Jen. 26:19-25). Ki sa k te ede l kontinye aji avèk dousè, menm lè lòt moun sanble te deside fè kont avè l? Se sèten li te konn wè egzanp paran l te bay, li te aprann anpil bagay nan fason Abraram te renmen fè lapè, e l te wè jan Sara te gen yon “lespri ki dou e ki pezib”. — 1 Pyè 3:4-6; Jen. 21:22-34. w23.09 15 § 4.
Madi 23 desanm
Mwen te deside l, e m ap fè l. — Eza. 46:11.
Nan moman Jewova te fikse a, li te kontan voye premye Pitit Gason l lan sou tè a pou l te anseye moun konsènan Wayòm nan e pou l te bay lavi l kòm ranson pou libere nou anba peche ak lanmò. Annapre, Jewova te resisite Jezi, li te fè l retounen nan syèl la pou l dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Men tèm jeneral Bib la: Jewova ap defann non l pandan l ap reyalize objektif li gen pou tè a pa mwayen Wayòm li an ki gen Kris kòm Wa. Objektif Jewova pa ka chanje. Li bay garanti l ap reyalize objektif li kanmenm (Eza. 46:10, nòt; Ebre 6:17, 18). Yon lè, tè a ap vin yon paradi kote moun ki pafè e ki jis ki soti nan Adan ak Èv pral “viv pou toutan”. (Sòm 22:26.) Epitou, se pa sa sèlman Jewova pral reyalize. Objektif Jewova gen pou l reyalize alafen, se fè tout sèvitè l ki nan syèl la e ki sou tè a gen tèt ansanm. Lè sa a, tout sèvitè Jewova ki nan syèl la e ki sou tè a pral obeyi l fidèlman antanke Chèf yo (Efe. 1:8-11). Èske sa pa fè w kontan anpil lè w wè jan Jewova ap reyalize objektif li yon fason ki estrawòdinè? w23.10 20 § 7-8.
Mèkredi 24 desanm
“Met kran sou nou [...]. Paske, mwen avèk nou.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di. — Aje 2:4.
Lè Juif ki te kite Babilòn yo te rive Jerizalèm, sa pa t pran tan pou yo te vin gen pwoblèm pou yo pran swen fanmi yo, san wete pwoblèm politik ki te genyen ak opozisyon yo te jwenn. Se sa k fè gen nan yo ki te twouve l difisil pou yo te kontinye patisipe nan travay ki t ap fèt pou rekonstwi tanp Jewova a. Se poutèt sa, Jewova te voye de pwofèt, Aje ak Zakari, al ankouraje pèp la, e sa te itil (Aje 1:1; Zak. 1:1). Sepandan, anviwon 50 an annapre, Juif yo te vin dekouraje ankò. Lè sa a, Esdras, yon moun ki te konn kopye Lalwa byen, te sot Babilòn vin Jerizalèm pou l ankouraje pèp Bondye a pou yo bay adorasyon y ap ba Li a premye plas nan lavi yo (Esd. 7:1, 6). Pwofesi Aje a ak pwofesi Zakari a te ede pèp Bondye a nan tan lontan pou yo kontinye gen konfyans nan Jewova lè te gen opozisyon. Konsa tou, yo ka ede n jodi a pou n kontinye gen konfyans Jewova ap ede nou nan moman difisil. — Pwo. 22:19. w23.11 14-15 § 2-3.
Jedi 25 desanm
Abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay. — Kol. 3:14.
Ki fason nou montre nou gen lanmou pou kwayan parèy nou? Youn nan fason nou fè sa, se lè nou konsole yo. N ap kapab “kontinye konsole [...] youn lòt” si nou gen konpasyon (1 Tes. 4:18). Ki jan n ka kontinye gen anpil lanmou youn pou lòt? Se lè n fè tout sa n kapab pou n padone erè lòt moun fè. Poukisa li vrèman enpòtan jodi a pou n demontre lanmou youn pou lòt? Men rezon apot Pyè bay: “Lafen tout bagay vin pi pre. Donk, [...] se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt.” (1 Pyè 4:7, 8). Tank fen monn mechan sa a ap pwoche, ki sa nou ka atann? Men sa Jezi te anonse konsènan disip li yo: “Tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen.” (Mat. 24:9). Pou n rive andire kalite lahèn sa a, nou bezwen kontinye gen tèt ansanm. Si nou renmen frè n ak sè n yo, Satan pap janm ka met divizyon nan mitan nou, paske lanmou se “chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. — Flp. 2:1, 2. w23.11 13 § 18-19.
Vandredi 26 desanm
Nou se konpayon travay Bondye. — 1 Kor. 3:9.
Verite ki nan Pawòl Bondye a gen anpil pouvwa. Lè nou pale ak moun yo de Jewova e nou ede yo konprann kiyès li ye toutbon, sa bay bon rezilta. Manti Satan bay yo tankou yon vwal ki bouche je moun yo e vwal sa a ap soti tikras pa tikras lè yo kòmanse wè Papa nou nou renmen anpil la jan nou wè l la. Yo ret bouch ouvè devan pouvwa li genyen ki pa gen limit (Eza. 40:26). Jistis Bondye ki san fay ba yo asirans (Det. 32:4). Yo vin konprann yon pakèt bagay grasa kokenn sajès Bondye genyen an (Eza. 55:9; Wom. 11:33). Yo jwenn bonjan konsolasyon lè yo vin konnen Bondye se lanmou (1 Jan 4:8). Tank y ap pwoche bò kot Jewova, se tank espwa yo genyen pou yo viv pou toutan kòm pitit li vin pi fèm! Se yon kokenn privilèj nou genyen pou n ede moun yo pwoche bò kot Papa yo. Lè nou fè sa, Jewova wè nou kòm “konpayon travay” li. — 1 Kor. 3:5. w24.02 12 § 15.
Samdi 27 desanm
Pito w pa fè okenn ve olye w fè yon ve epi w pa kenbe pawòl ou. — Ekl. 5:5.
Si w se yon etidyan Labib oswa si paran w leve w nan laverite èske w konn reflechi ak batèm? Se yon bèl objektif ou kapab genyen! Men, anvan w batize w ap bezwen vwe Jewova lavi w. Ki jan yon moun vwe Jewova lavi l? Li fè yon priyè pou l pwomèt Jewova se li menm sèl l ap adore e l ap bay volonte L premye plas nan lavi l. Epi, li pwomèt Jewova l ap kontinye renmen l ‘ak tout kè l, ak tout nanm li, ak tout lespri l e ak tout fòs li’. (Mak 12:30.) Lè moun nan fè pwomès sa a, se li menm ak Jewova sèlman ki konnen. Alòske, lè l ap batize, gen lòt moun ki la. Yo ka wè li te vwe Jewova lavi l. Ve l fè a se yon pwomès ki sakre, e Jewova atann pou l kenbe pwomès sa a, e moun nan vle fè sa tou. — Ekl. 5:4. w24.03 2 § 2; 3 § 5.
Dimanch 28 desanm
Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l. — Efe. 5:33.
Pa gen maryaj ki pa gen difikilte. Labib fè konnen aklè moun ki marye yo ap jwenn “tribilasyon nan lavi yo”. (1 Kor. 7:28.) Sa k fè sa? Piske se de moun ki enpafè ki marye youn ak lòt, yo chak gen pèsonalite pa yo, gen bagay youn renmen lòt la pa renmen. Mari ak madanm ka pa sot nan menm kilti oswa yo ka pa t leve menm jan. Rive yon lè, yo ka vin dekouvri yon seri bagay yo pa t konn wè anvan maryaj la. Nenpòt nan bagay sa yo ka lakòz pwoblèm. Lè konsa, olye yo chak rekonèt tò pa yo nan pwoblèm nan e yo fè efò pou yo rezoud li, yo ka ap akize youn lòt, yo ka menm vin wè solisyon an se separe oswa divòse. Men, èske se sa k ap rezoud pwoblèm yo genyen yo? Non. Jewova vle pou moun ki marye yo respekte maryaj menmsi moun yo marye avè l la fè l difisil pou yo viv ansanm. w24.03 16 § 8; 17 § 11.
Lendi 29 desanm
Esperans sa a pa mennen nan desepsyon. — Wom. 5:5.
Apre w te fin vwe Jewova lavi w epi w te batize, esperans ou genyen pou w viv pou toutan nan yon paradi sou tè a te kontinye vin pi djanm, toutpandan ou t ap aprann konn Jewova pi byen e w te vin renmen l plis (Ebre 5:13–6:1). Petèt ou te viv pawòl nou jwenn nan Women 5:2-4 yo. Ou te jwenn divès kalite tribilasyon, men, ou te andire yo e w te santi ou te jwenn favè Bondye. Piske w konnen ou gen favè Bondye, kounye a ou vin gen plis rezon pou w kwè w ap jwenn sa l pwomèt yo. Esperans ou genyen an vin pi djanm pase jan l te ye okòmansman an. Li vin pi reyèl pou ou. Li gen efè sou tout aspè nan lavi w e li chanje fason w aji ak fanmi w, fason w pran desizyon, e menm fason w sèvi ak tan w. Apot Pòl te pale tou sou yon pwen ki enpòtan anpil ki gen rapò ak esperans ou genyen lè w jwenn favè Bondye. Li ba w asirans w ap jwenn sa w espere yo. — Wom. 15:13. w23.12 12-13 § 16-19.
Madi 30 desanm
Se [Jewova] ki fè w jwenn sekirite. — Eza. 33:6.
Lè n nan yon gwo eprèv, santiman nou, panse nou ak fason nou reyaji ka pa nòmal menm jan ak anvan. Nou ka santi se kòmsi se kou sou kou. Ki jan Jewova ede n lè santiman konsa kòmanse anvayi n? Li ban nou asirans l ap fè nou vin fèm. Lè yon bato pran nan yon tanpèt, li ka kòmanse balanse de bò, sa ki kapab yon danje. Gen anpil bato ki gen yon bagay anba yo sou chak bò anba dlo a ki fè yo pa balanse twòp. Sa fè pasaje yo santi yo pi an sekirite e yo pi alèz. Sepandan, anpil nan bagay sa yo yo konn met anba bato yo fonksyone pi byen lè bato a ap avanse. Menm jan an tou, Jewova ap fè nou vin fèm lè n kontinye ret fidèl nan moman eprèv. w24.01 22 § 7-8.
Mèkredi 31 desanm
Mwen met konfyans mwen nan Bondye, mwen pa pè. — Sòm 56:4.
Lè w santi w pè, mande tèt ou: ‘Ki sa Jewova deja fè?’ Pa egzanp, lè n ‘byen gade’ fason Jewova pran swen zwazo yo ak flè yo, alòske yo pa fèt pòtre ak li e yo pa kapab adore l, sa ap fè n gen plis konfyans l ap pran swen n tou (Mat. 6:25-32). Reflechi tou sou sa Jewova fè pou moun k ap adore l yo. Ou ka egzamine istwa yon moun yo pale de li nan Bib la ki te gen yon lafwa estrawòdinè, oubyen ou ka li istwa yon moun nan epòk pa nou an k ap sèvi Jewova. Medite sou fason Jewova te deja ede w. Ki jan l te rale w vin nan laverite (Jan 6:44)? Ki jan l te reponn priyè w (1 Jan 5:14)? Lefètke Jewova te bay Pitit Gason l lan li renmen anpil la pou nou kòm sakrifis, ki jan sa ede w chak jou? — Efe. 1:7; Ebre 4:14-16. w24.01 4 § 6; 7 § 17.