BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es26 p. 7-17
  • Janvye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Janvye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
  • Soutit
  • Jedi 1ye janvye
  • Vandredi 2 janvye
  • Samdi 3 janvye
  • Dimanch 4 janvye
  • Lendi 5 janvye
  • Madi 6 janvye
  • Mèkredi 7 janvye
  • Jedi 8 janvye
  • Vandredi 9 janvye
  • Samdi 10 janvye
  • Dimanch 11 janvye
  • Lendi 12 janvye
  • Madi 13 janvye
  • Mèkredi 14 janvye
  • Jedi 15 janvye
  • Vandredi 16 janvye
  • Samdi 17 janvye
  • Dimanch 18 janvye
  • Lendi 19 janvye
  • Madi 20 janvye
  • Mèkredi 21 janvye
  • Jedi 22 janvye
  • Vandredi 23 janvye
  • Samdi 24 janvye
  • Dimanch 25 janvye
  • Lendi 26 janvye
  • Madi 27 janvye
  • Mèkredi 28 janvye
  • Jedi 29 janvye
  • Vandredi 30 janvye
  • Samdi 31 janvye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
es26 p. 7-17

Janvye

Jedi 1ye janvye

Se pou nou vin granmoun nan fason nou konprann. — 1 Kor. 14:20.

Youn nan moman ki bay yon mari ak madanm plis kè kontan se lè yo vin gen yon tibebe. Sepandan, menm lè paran yo renmen tibebe yo genyen an, yo pa t ap renmen pou l toujou ret yon tibebe. Anfèt, yo t ap enkyete anpil si tibebe yo a pa ta devlope. Menm jan an tou, Jewova kontan lè nou kòmanse aprann konn Jezi, men Li ta renmen nou fè plis (1 Kor. 3:1). Se sa k fè li mande nou pou n “vin granmoun” antanke kretyen. Nan Bib la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “granmoun” pou li a kapab vle di tou “gen matirite”, “pafè”, ak “konplè”. (1 Kor. 2:6.) Donk, menm jan yon tibebe kontinye grandi jiskaske l vin gran, nou menm tou nou bezwen kontinye grandi nan relasyon nou genyen ak Jewova a, konsa n ap vin gen matirite antanke kretyen. Nòmalman, menm lè nou rive nan nivo sa a nou pa dwe janm sispann fè pwogrè. — 1 Tim. 4:15. w24.04 2 § 1, 3.

Vandredi 2 janvye

Tant mwen an ap avèk yo, m ap vin Bondye yo. — Eze. 37:27.

Si yon moun ta mande w ki sa Jewova ye pou ou, ki sa w t ap di? Ou ta ka reponn: ‘Jewova se Papa m, li se Bondye m e li se Zanmi m.’ Gen lòt tit ankò ou ta ka itilize pou w pale de Jewova. Men, èske w janm wè Jewova kòm yon moun ki envite w nan tant li? Wa David te konpare amitye Jewova genyen ak adoratè fidèl li yo ak relasyon ki genyen ant yon moun ak moun li envite. Men sa l te di: “O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou? Kiyès ki ka abite nan mòn ou an ki sakre?” (Sòm 15:1). Pawòl sa yo Jewova te fè David ekri aprann nou Jewova kapab envite nou nan tant li, sa vle di nou kapab zanmi l. Anvan Jewova te kòmanse kreye, li te poukont li. Men, rive yon lè, li te akeyi premye Pitit Gason l lan nan tant senbolik li a. Se premye fwa Jewova t ap akeyi yon moun nan tant senbolik li a, e li te vrèman kontan fè sa. Bib la fè konnen se Pitit Gason Jewova a “ki te ba l plis kè kontan”. Epitou, Pitit Gason l lan “te toujou kontan ret bò kote l”. — Pwo. 8:30. w24.06 2 § 1-3.

Samdi 3 janvye

Zadòk [te] yon jèn gason vanyan ki te gen kran. — 1 Kwo. 12:28.

Eseye imajine sa k te pase a: Plis pase 340000 gason te rasanble pou yo te met David wa sou tout Izrayèl. Pandan twa jou, mesye yo te kanpe sou yon seri ti mòn ki te gen wòch toupre Ebwon. Yo t ap pale e yo t ap chante pou yo fè louwanj pou Jewova (1 Kwo. 12:39). Te gen yon jèn gason nan gwo foul sa a ki te rele Zadòk. Anpil moun pa t ap remake si l te la. Men, Jewova te vle nou konnen Zadòk te la (1 Kwo. 12:​22, 26-28). Zadòk se te yon prèt ki te konn travay ansanm ak gran prèt Abyata. Epitou, Zadòk te yon moun ki te konn fè vizyon e Bondye te ba l anpil sajès ak kapasite pou l konprann volonte l (2 Sam. 15:27). Li te yon moun ki te gen kran. Pandan dènye jou sa yo, Satan ap atake pèp Bondye a pi plis toujou (1 Pyè 5:8). Nou bezwen met kran sou nou toutpandan n ap tann Jewova elimine Satan ak vye monn li an (Sòm 31:24). Konsa, nou kapab imite Zadòk ki te gen kran. w24.07 2 § 1-3.

Dimanch 4 janvye

Adan te viv [...] 930 an epi li mouri. — Jen. 5:5.

Lè Jewova te kreye premye gason an ak premye fi a, li te vle yo gen kè kontan. Li te ba yo yon bèl kote pou yo rete, li te ba yo maryaj kòm kado e li te ba yo yon bèl travay pou yo fè. Yo te gen pou yo plen tè a ak pitit yo ak pitit pitit yo e pou yo te fè tout tè a vin yon paradi tankou jaden Edenn nan. Men, gen yon bagay li te di pou yo pa fè. Li te fè yo konnen si yo pa respekte kòmandman sa a lè yo chwazi rebele kont li, peche yo fè a t ap mennen nan lanmò. Nou konnen sa k te rive. Gen yon espri envizib, yon espri ki pa renmen ni Bondye ni yo menm, ki te tante yo pou yo dezobeyi Bondye. Adan ak Èv te koute espri sa a. Yo pa t fè Papa yo ki renmen yo a konfyans e yo te peche. Jan nou konn sa, sa Jewova te di yo a se sa k te rive. Depi lè Adan ak Èv fin peche a, yo te oblije peye konsekans peche yo a. Yo te kòmanse vyeyi, e finalman yo te mouri. — Jen. 1:​28, 29; 2:​8, 9, 16-18; 3:​1-6, 17-19, 24. w24.08 3 § 3.

Lendi 5 janvye

Se pou nou obeyi pawòl la, se pa pou nou ret ap tande l sèlman. — Jak 1:22.

Jewova ak Pitit Gason l lan li renmen anpil la vle n gen kè kontan. Sòm 119:2 a di: “Byennere moun ki suiv rapèl li yo, ki chèche l ak tout kè yo.” Men sa Jezi te fè konnen: “Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” (Lik 11:28). Antanke sèvitè Jewova, nou gen kè kontan lè nou li Pawòl Bondye a chak jou e nou fè anpil efò pou n aplike sa n li yo (Jak 1:​22-25). Nou fè Jewova plezi (Ekl. 12:13). Pandan n ap aplike sa nou li nan Pawòl Bondye a, nou vin gen pi bon relasyon ak moun nan fanmi nou e ak kwayan parèy nou. Mete sou sa, nou evite anpil pwoblèm moun ki pa suiv prensip Jewova yo jwenn. Se sèten n ap dakò ak yon pawòl wa David te di. Nan yon chante l te chante, apre l te fin pale konsènan lwa Jewova bay, lòd Li bay ak jijman L fè, li te di: “Moun ki suiv yo jwenn anpil avantaj.” — Sòm 19:​7-11. w24.09 2 § 1-3.

Madi 6 janvye

Li geri moun kè yo ap fann yo. Li bande blese yo genyen yo. — Sòm 147:3.

Ki sa Jewova wè lè l ap gade sèvitè l yo sou tè a? Li konnen lè nou kontan ak lè nou tris (Sòm 37:18). Lè li wè nou fè tout sa n kapab pou nou sèvi l malgre nou jwenn anpil pwoblèm sa dwe fè l kontan anpil! Epitou, se pa ti anvi li anvi ede n epi konsole n! Sòm 147:3 di Jewova “bande blese” moun kè yo ap fann yo. Nan vèse sa a, yo montre Jewova gen anpil sousi pou moun ki dekouraje akoz yo soufri anpil. Ki sa n dwe fè pou n benefisye tout fason Jewova montre l gen sousi pou nou? Ann pran yon egzanp. Yon doktè ki gen anpil eksperyans ka fè anpil bagay pou l ede yon moun ki blese geri. Sepandan, pou moun ki blese a rive geri, li dwe byen suiv tout enstriksyon doktè a ba li. Jewova pale ak moun ki dekouraje akoz yo soufri anpil pa mwayen Pawòl li a, e li ba yo konsèy ki plen lanmou. w24.10 6 § 1-2.

Mèkredi 7 janvye

Yo tout te peri sou tè a. — Jen. 7:23.

Anvan sa, piblikasyon nou yo te pale sou sa k pral rive moun Jewova jije kòm moun ki enjis yo. Nou te di pap gen rezirèksyon pou moun Jewova detwi. Gen plizyè istwa nan Bib la ki fè konnen Jewova te detwi yon seri moun ki enjis, pa egzanp pakèt moun ki te mouri nan delij la, oswa sèt nasyon nan Peyi Bondye te pwomèt la li te bay pèp li a lòd pou detwi yo, oubyen 185000 sòlda peyi Asiri yon zanj Jewova te detwi nan yon sèl nuit (Det. 7:​1-3; Eza. 37:​36, 37). Nan istwa sa yo, èske Bib la fè konnen aklè Jewova te kondane tout moun sa yo pou yo detwi pou toutan, san pa gen okenn espwa pou yo resisite? Non, Bib la pa fè konn sa. Nou pa konn ki jan Jewova te jije chak moun sa yo, ni nou pa konnen si moun ki te mouri yo te gen posiblite pou yo te aprann konnen Jewova e pou yo te repanti. w24.05 3 § 5-7.

Jedi 8 janvye

Kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen. — Wom. 12:21.

Jezi te bay egzanp yon vèv ki te kontinye ap mande yon jij pou l fè l jwenn jistis. Pa gen dout, anpil nan disip Jezi yo te kapab konprann istwa sa a paske, byen souvan, anpil moun te konn sibi enjistis nan epòk yo a (Lik 18:​1-5). Nou menm tou nou kapab konprann jan vèv la te santi l paske nou tout konn sibi enjistis. Jodi a, anpil moun nan monn nan gen prejije, yo pa janti e yo ava, se sa k fè n pa sezi lè yo mal aji avè n (Ekl. 5:8). Men, nou ka pa t ap atann se yon frè oswa yon sè ki mal aji avè n. Epoutan, sa ka rive. Nòmalman, frè n ak sè n yo pa menm jan ak moun ki opoze avè n yo e yo pa ta renmen mal aji avè n. Sepandan, yo pa pafè. Nou kapab aprann anpil bagay nan fason Jezi te reyaji lè yon seri moun mechan ki te opoze avè l te fè l enjistis. Si n ka demontre pasyans lè moun ki opoze avè n fè n enjistis, nou bezwen gen plis pasyans toujou ak frè n ak sè n yo! w24.11 2 § 1-2.

Vandredi 9 janvye

Ki kote nou pral achte pen pou moun sa yo manje? — Jan 6:5.

Pen se manje ki te pi enpòtan pou moun nan epòk yo t ap ekri Bib la (Jen. 18:6; Lik 9:3). Pen te tèlman enpòtan, pafwa Bib la sèvi ak mo “pen” an pou l pale de manje an jeneral (Eze. 5:16; Mat. 6:11). Jezi te sèvi ak pen nan de mirak anpil moun konnen li te fè (Mat. 16:​9, 10). Nou jwenn youn nan istwa sa yo nan Jan chapit 6. Apre apot Jezi yo te fin preche, Jezi te travèse Lanmè Galile avè yo nan bato pou yo te ka pran yon ti repo. Yo te rive yon kote ki izole nan zòn Betsayida (Mak 6:​7, 30-32; Lik 9:10). Men, te gen anpil moun ki te wè lè yo t ale a, e te gen lòt ki te vin aprann sa. Yo tout te kouri arebò lanmè a, e lè bato a te rive, te gen plizyè milye moun ki te gentan la. Jezi pa t fè kòmsi l pa wè yo. Avèk jantiyès, li te pran tan pou l anseye yo konsènan Wayòm nan e pou l geri moun ki malad yo. Kòm li te kòmanse ta, disip yo t ap mande tèt yo ki jan tout moun sa yo ap fè jwenn yon bagay pou yo manje. Petèt, kèk nan yo te gen yon ti manje ki pa t anpil, men pifò nan yo t ap bezwen al nan bouk yo pou yo t al achte manje. — Mat. 14:15. w24.12 2 § 1-2.

Samdi 10 janvye

Kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an. — Wom. 6:23.

Adan ak Èv, premye paran nou yo, te pafè e yo t ap viv nan yon bèl paradi (Jen. 1:27; 2:​7-9). Yo te gen posiblite mennen yon bèl vi pou toutan. Men, tout bagay te vin chanje annapre. Jewova te mete yo deyò nan Paradi a e yo pa t ap ka viv pou toutan ankò. Ki eritaj yo t ap kite pou pitit yo t ap vin genyen yo? Men sa Bib la di: “Akoz yon sèl moun [anpalan de Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” (Wom. 5:12). Eritaj Adan kite pou nou an se peche, sa ki lakòz nou mouri. Peche nou eritye a tankou yon gwo dèt okenn nan nou pa ka peye (Sòm 49:8). Jezi te konpare peche ak “dèt”. (Mat. 6:​12, nòt.) Lè nou peche, se kòmsi nou vin gen yon dèt pou Jewova. Nou dwe peye pou peche nou fè a. Si Jewova pa t pran dispozisyon pou peche nou jwenn padon, nou t ap oblije mouri pou n peye dèt nou genyen an, e n pa t ap gen espwa pou n retounen viv ankò. — Wom. 6:7. w25.02 2-3 § 2-3.

Dimanch 11 janvye

Mwen fè yo konnen non w. — Jan 17:26.

Nou konsidere se yon privilèj pou nou fè lòt moun konnen verite sou Wayòm Bondye a. Se pa tout moun ki gen privilèj sa a. Pa egzanp, lè Jezi te sou tè a, li pa t kite espri mechan yo bay temwayaj sou li (Lik 4:41). Jodi a, anvan yon moun patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak pèp Jewova a, li dwe kalifye pou l gen privilèj sa a. Nou montre jan nou apresye privilèj nou genyen pou nou preche a lè nou bay temwayaj kèlkeswa kote a ak nenpòt lè nou kapab fè sa. Menm jan ak Jezi, objektif nou se plante epi wouze semans verite sou Wayòm nan nan kè moun yo (Mat. 13:​3, 23; 1 Kor. 3:6). Menm jan ak Jezi, òganizasyon Jewova a fè tout sa k posib pou l ede lòt moun konnen non Bondye. Labib — Tradiksyon monn nouvo a jwe yon gwo wòl nan sa lefètke l remete non Bondye nan plas li dwe ye a. Tradiksyon Labib sa a disponib kounye a ann antye oswa an pati nan plis pase 270 lang. w24.04 9 § 8-9.

Lendi 12 janvye

Mari l kanpe e li fè lwanj pou li. — Pwo. 31:28.

Gen kèk frè ki gen kè kontan nan maryaj yo ki pran abitid fè yon bagay chak jou pou montre madanm yo jan yo renmen yo (1 Jan 3:18). Yon mari ka montre bonjan afeksyon pou madanm li nan ti bagay ki toupiti, pa egzanp lè l kenbe men l oswa lè l ba l yon bèl akolad. Li ka voye yon ti mesaj pou li pou l di l li sonje l oswa pou l mande l kòman l ye. Detanzantan, li ka ekri l bèl ti pawòl oswa l ka ba l yon ti flè oubyen yon ti kado pou l fè l konnen jan l renmen l. Lè yon mari aji konsa, li onore madanm li e sa fè maryaj yo vin solid. Yon mari ki onore madanm li fè madanm li santi l byen e li ankouraje l. Youn nan fason li fè sa, se lè li sonje di l mèsi pou tout sa l fè pou l ede l (Kol. 3:15). Lè yon mari felisite madanm li ak tout kè l, sa fè madanm nan kontan. L ap santi l byen, l ap santi mari l renmen l e li onore l. w25.01 11 § 15; 13 § 16.

Madi 13 janvye

Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, […] Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. — Eza. 48:17.

Sòm 15 lan fini ak pwomès ki di: “Moun ki aji konsa pap janm brannen.” Moun ki te ekri pawòl ki nan vèsè sa a esplike rezon ki fè Bondye vle nou fè tout sa ki ekri nan sòm sa a. Jewova vle nou gen kè kontan. Se sa k fè li ban nou direksyon k ap fè n jwenn benediksyon l ak pwoteksyon l. Moun Jewova envite yo kapab espere y ap gen yon bèl avni. Moun li chwazi pou al nan syèl yo pral viv kote ki “gen anpil plas” Jezi prepare pou yo nan syèl la (Jan 14:2). Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a swaf pou yo wè pwomès ki nan Revelasyon 21:3 a reyalize. Vrèmanvre, nou santi se yon gwo onè Jewova fè nou tout pou l envite nou vin zanmi l, pou l akeyi nou nan tant li an pou toutan! — Sòm 15:​1-5. w24.06 13 § 19-20.

Mèkredi 14 janvye

Onore Jewova pou glwa non l merite. — Sòm 96:8.

Ki sa glwa ye? Nan Bib la, mo “glwa” a kapab fè referans ak nenpòt bagay ki fè yon moun parèt enpòtan. Yon ti tan apre nasyon Izrayèl la te sot anba esklavaj nan peyi Ejip, Jewova te montre yo glwa li yon fason estrawòdinè. Eseye imajine sitiyasyon an: Plizyè milyon Izrayelit te rasanble nan pye Mòn Sinayi pou yo te tande sa Bondye yo a te gen pou l di yo. Te gen yon nyaj nwa ki te kouvri mòn nan. Bridsoukou, te gen yon gwo tranblemanntè ki t ap souke tè a anba pye yo. Tout mòn nan t ap bay lafimen. Te gen zèklè, loray e te gen yon kòn ki t ap sonnen byen fò (Egz. 19:​16-18; 24:17; Sòm 68:8). Imajine jan Izrayelit sa yo dwe te sezi lè Jewova te montre jan glwa l estrawòdinè. Jodi a, nou bay Jewova glwa lè n fè lòt moun konnen pisans li ki estrawòdinè ak bèl kalite li genyen yo e lè n fè konnen se li menm ki ede n reyalize yon seri bagay nou fè. — Eza. 26:12. w25.01 2 § 2-3.

Jedi 15 janvye

Jewova ki voye m. — Nonb 16:28.

Rive yon lè, pandan Izrayelit yo te sou wout pou yo t al nan Peyi Bondye te pwomèt la, te gen yon seri mesye ki te gen gwo renome ki te fè rebèl ak Moyiz e ki pa t gen respè pou li antanke moun Jewova te chwazi. Yo te di l: “Tout pèp la nèt se moun ki sen yo ye, e Jewova nan mitan yo.” (Nonb 16:​1-3). Byenke pou Bondye “tout pèp la” te sen vre, men, se Moyiz Jewova te chwazi pou dirije pèp Li a. Lè rebèl yo t ap kritike Moyiz, an reyalite se Jewova yo t ap kritike. Yo pa t konsantre sou sa Jewova te vle, yo te konsantre sou sa yo te vle, sa vle di yo t ap chèche gen plis pouvwa e yo te dèyè fè plis moun konnen yo. Bondye te touye moun ki te alatèt rebèl yo, san wete plizyè milye lòt moun ki te met ansanm avèk yo (Nonb 16:​30-35, 41, 49). Menm jan an tou jodi a, nou kapab sèten Jewova pa tolere moun ki pa respekte dispozisyon òganizasyon l lan pran. w24.07 11 § 11.

Vandredi 16 janvye

Vizyon an ap reyalize nan lè ki fikse pou sa a. — Aba. 2:3.

N ap viv nan yon epòk kote pifò moun pa aksepte avètisman Bib la bay anrapò ak fen sistèm sa a, e yo menm pase sa l di yo nan rizib (2 Pyè 3:​3, 4). Menm lè gen anpil bagay nou pa konnen, nou bezwen gen konviksyon lafen an ap vini nan moman l dwe vini an, e Jewova ap pran swen nou. Epitou, nou dwe chèche gen plis konviksyon Jewova ap sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou gide nou jodi a (Mat. 24:45). Lè gwo tribilasyon an kòmanse, nou ka resevwa yon seri enstriksyon byen klè ki kapab sove lavi nou. Kounye a, se moman pou n chèche gen plis konfyans nan direksyon nou resevwa nan men moun ki alatèt nan òganizasyon Jewova a. Nou pa ka atann n ap suiv enstriksyon yo pral bay pandan gwo tribilasyon an si l difisil pou n suiv enstriksyon yo bay kounye a. w24.09 11 § 11-12.

Samdi 17 janvye

Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. — Wom. 12:2.

Paran kretyen yo konnen pitit yo pa fèt tou gen lafwa nan Bondye poutèt yo menm yo gen lafwa. Rive yon lè, pitit ou ka kòmanse poze kesyon tankou: ‘Kòman m fè konnen gen yon Bondye ki egziste? Èske m ka vrèman kwè sa Bib la di?’ Anfèt, Bib la ankouraje n pou n sèvi ak “kapasite nou genyen pou nou rezone” a e pou n “verifye tout bagay”. (Wom. 12:1; 1 Tes. 5:21.) Sepandan, ki jan w ka ede pitit ou vin gen yon lafwa ki solid? Ankouraje pitit ou pou li verifye pèsonèlman li nan laverite. Lè pitit ou poze w kesyon, sèvi ak okazyon sa a pou w montre l ki jan pou l jwenn repons yo lè l sèvi ak zouti nou genyen pou n fè rechèch yo, tankou Index des publications des Témoins de Jéhovah ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch. Nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la, nan sijè “Labib”, li kapab chèche “Se Bondye ki enspire l” pou l jwenn prèv Bib la se pa jis yon bon liv lèzòm te ekri. Okontrè, li se “pawòl Bondye”. — 1 Tes. 2:13. w24.12 14-15 § 4-5.

Dimanch 18 janvye

Konfye [bagay sa] yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun. — 2 Tim. 2:2.

Ki jan ansyen yo ka imite Jezi? Yo dwe bay frè yo fòmasyon, san wete jèn frè yo, epi ede yo vin kalifye pou yo vin gen pi gwo responsablite nan kongregasyon an. Ansyen yo pa atann pou moun y ap bay fòmasyon yo pafè. Yo bezwen bay jèn frè yo konsèy avèk lanmou, konsa y ap aprann gen imilite, moun ap ka fè yo konfyans, e y ap vle ede lòt moun (1 Tim. 3:1; 2 Tim. 2:2; 1 Pyè 5:5). Jezi te bay disip li yo responsablite nonsèlman pou yo preche, men tou, pou yo anseye. Disip yo te ka santi yo pa kalifye pou travay sa a. Sepandan Jezi pa t gen dout yo t ap ka fè travay sa a e li te di yo sa. Li te tèlman gen konfyans nan yo, men sa l te di: “Menm jan Papa m te voye m nan, mwen menm tou, m ap voye nou.” — Jan 20:21. w24.10 16 § 15; 17 § 17.

Lendi 19 janvye

David [...] yon moun ki fè m plezi. — Tra. 13:22.

David te yon gran wa. Epitou, li te yon mizisyen, yon powèt, li te gen eksperyans nan fè lagè e l te yon pwofèt. Sepandan, li te jwenn anpil difikilte. Pandan kèk ane, li te oblije sove akoz wa Sayil ki te jalou sò l t ap chèche touye l. Apre David te vin wa, li te oblije kouri yon lòt fwa ankò pou l sove lavi l lè Absalon, pitit gason l, te vle vin wa nan plas li e l t ap chèche touye l. Malgre pwoblèm David te genyen ak lòt erè grav li te fè, li te kontinye ret fidèl ak Bondye jiskaske l mouri. Jewova te di David se “yon moun ki fè [L] plezi”. Donk, nou bezwen koute konsèy ki gen sajès David te bay yo (1 Wa 15:5)! Pa egzanp, reflechi sou konsèy David te bay Salomon, pitit gason l, ki t apral vin wa nan plas li. Se Jewova ki te chwazi Salomon pou l konstwi yon tanp pou moun vin adore Jewova e pou yo vin ba L glwa (1 Kwo. 22:5). Te gen anpil travay ki te bezwen fèt e Salomon te bezwen èd Jewova pou l dirije pèp la. Ki konsèy David t apral ba li? David te di pitit gason l lan, si l obeyi Jewova, li t ap yon bon dirijan e Jewova t ap beni l. — 1 Wa 2:​2, 3. w24.11 10 § 9-11.

Madi 20 janvye

Kite Jewova dirije wout ou. Met konfyans ou nan li e li menm l ap ede w. — Sòm 37:5.

Yon mari ki fè vyolans sou madanm li oswa ki pale di avè l gen bagay li bezwen fè pou l ka retounen gen bon relasyon ak madanm li e ak Jewova. Premyèman, li bezwen rekonèt li gen yon pwoblèm grav. Pa gen anyen Jewova pa wè (Sòm 44:21; Ekl. 12:14; Ebre 4:13). Dezyèmman, li dwe sispann maltrete madanm li epi chanje konpòtman (Pwo. 28:13). Twazyèmman, li bezwen fè madanm li ak Jewova konnen jan l regrèt sa l te fè a epi mande yo padon ak tout kè l (Tra. 3:19). Epitou, li dwe sipliye Jewova pou l anvi chanje e pou Jewova ede l kontwole panse l, pawòl li ak aksyon l (Sòm 51:​10-12; 2 Kor. 10:5; Flp. 2:13). Katriyèmman, li dwe aji ann amoni ak priyè l lè l aprann rayi tout fòm vyolans ak jouman (Sòm 97:10). Senkyèmman, li bezwen al kot ansyen nan kongregasyon an tousuit pou yo ka ede l (Jak 5:​14-16). Sizyèmman, li bezwen reflechi pou l konn sa pou l fè pou l pa tonbe nan okenn move bagay sa yo ankò. w25.01 11 § 14.

Mèkredi 21 janvye

Poukisa w ap pèdi tan? Leve pou w al batize. — Tra. 22:16.

Èske w renmen Jewova Dye, Sila a ki ba w lavi ak tout bèl kado w genyen yo? Èske w vle montre w renmen l? Pi bon fason pou w fè sa se lè w vwe Jewova lavi w e w batize nan dlo. Lè w fè sa, ou vin fè pati fanmi Jewova. Konsa, Jewova, li menm ki Papa w e ki Zanmi w, ap gide w e l ap pran swen w paske w ap vin byen pa l (Sòm 73:24; Eza. 43:​1, 2). Lè n vwe Jewova lavi n e n batize, sa ap ban n posiblite tou pou n viv pou toutan (1 Pyè 3:21). Èske gen yon bagay ki anpeche w batize? Si se sitiyasyon pa w, konnen ou pa poukò w. Gen plizyè milyon moun ki te oblije fè chanjman nan konduit yo ak nan fason yo panse pou yo te ka vin kalifye pou yo batize. Kounye a, y ap sèvi Jewova ak kè kontan e yo chofe nan sèvis li. w25.03 2 § 1-2.

Jedi 22 janvye

Ou menm, ou padone moun toutbon. — Sòm 130:4.

Nan Bib la, souvan yo konpare peche ak chay ki lou. Men sa wa David te di konsènan peche l te fè: “Peche m yo monte pi wo pase tèt mwen. Yo tankou yon chay ki lou, yo twòp pou m pote.” (Sòm 38:4). Men, Jewova padone peche moun ki te fè sa ki mal ki repanti (Sòm 25:18; 32:5). Mo ebre lè yo tradui l yo mete “padone” pou li nan vèsè sa yo kapab vle di “leve” oswa “pote”. Nou ta ka imajine Jewova ki tankou yon gason vanyan, nan yon sans, k ap leve peche nou yo ki tankou chay lou sou zepòl nou e k ap pote yo ale. Bib la sèvi ak yon lòt konparezon pou montre nou fason Jewova pote peche nou yo al byen lwen nou. Sòm 103:12 fè n konnen: “Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.” Lès ak lwès pap janm kontre. Sa vle di, Jewova pote peche nou yo ale nan yon distans nou pap janm ka imajine. Sa ban nou bonjan asirans lè Jewova padone nou li padone nou nèt! w25.02 9 § 5-6.

Vandredi 23 janvye

Lè w ap bay kado ki montre w gen mizèrikòd, pa sonnen twonpèt anvan. — Mat. 6:2.

Apre Jezi te retounen nan syèl la, Pyè te fè yon mirak lè l te geri yon mesye ki te domaje nan pye depi l fèt (Tra. 1:​8, 9; 3:​2, 6-8). Natirèlman, gwo mirak sa a te fè yon foul moun antoure Pyè (Tra. 3:11). Èske Pyè t ap bat lestomak li nan moman sa a pou l jwenn glwa, sitou moun nan zòn kote l te soti a te toujou ap chèche jwenn grad ak gwo pozisyon? Non. Avèk imilite, Pyè te fè konnen tout glwa a se pou Jewova ak Jezi. Men sa l te di: “Se grasa non [Jezi], e se grasa lafwa nou gen nan non l, ki fè mesye sa a vin djanm, mesye sa a n ap gade la a e nou konnen an.” (Tra. 3:​12-16). Nou kapab suiv egzanp Pyè lè n chèche gen imilite. Nou fè yon seri travay pou lòt moun paske nou renmen Jewova e nou renmen moun, men, se pa pou yo fè lwanj pou nou. Si n fè tout sa n kapab pou n sèvi Jewova ak frè n ak sè n yo ak kè kontan, kit lòt moun wè efò n ap fè, kit yo pa wè sa, nou montre n gen imilite. — Mat. 6:​1-4. w25.03 10-11 § 11-12.

Samdi 24 janvye

Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.

Nou ka vin pi chofe pou n patisipe nan travay predikasyon an lè n toujou sonje se lanmou pou Jewova ak pou pwochen n ki pouse n preche (Mat. 22:​37-39). Jis imajine jan Jewova kontan lè l wè n ap fè travay la ak jan moun yo pral kontan lè y ap kòmanse etidye Labib! Epitou, sonje moun ki koute mesaj n ap preche a e ki deside sèvi Jewova kapab sove (Jan 6:40). Èske gen kèk rezon ki fè w oblije rete lakay ou? Si w nan sitiyasyon sa a, reflechi sou sa w kapab fè pou w montre lanmou pou Jewova ak pou pwochen w. Pandan pandemi COVID-19 la, Samuel ak Dania te oblije rete lakay yo. Nan moman difisil sa a, yo te preche nan telefòn regilyèman, yo te ekri lèt e yo te fè etid sou Zoom. Akoz sitiyasyon Samuel ak Dania, yo pa t ka fè anpil bagay, men yo te fè sa yo te kapab e sa te fè yo gen kè kontan. w24.04 18 § 15-16.

Dimanch 25 janvye

Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm? Yon bon madanm gen plis valè pase koray. — Pwo. 31:10.

Se vre yon moun pa oblije marye pou l gen kè kontan, men gen anpil kretyen ki selibatè, jèn kou granmoun, ki ta renmen jwenn yon moun pou yo marye. Nòmalman, anvan w chèche renmen ak yon moun, ou bezwen pare nan domèn ekonomik, ou bezwen gen bon relasyon ak Jewova e w bezwen gen matirite (1 Kor. 7:36). Li pi bon pou w konnen sa w ap chèche lakay yon moun anvan menm ou renmen avè l. Si w pa fè sa, petèt ou ka pa rive wè yon moun ki ta ka vin yon bon mari pou ou oubyen ou ka al renmen ak yon moun ki pap bon pou ou. Nòmalman, kèlkeswa moun ou ta renmen marye avè l la dwe yon frè ki batize (1 Kor. 7:39). Men, se pa nenpòt frè ki batize k ap yon bon mari pou ou. Donk, ou ka mande tèt ou: ‘Ki objektif mwen genyen nan lavi a? Ki kalite ki enpòtan anpil m ap chèche lakay moun mwen ta renmen marye avè l la? Èske m rezonab nan sa m ap atann yo?’ w24.05 20 § 1; 21 § 3.

Lendi 26 janvye

Se pou nou aji byen youn ak lòt. — Efe. 4:32.

Pandan nou renmen an, ki jan nou ka rezoud pwoblèm ak mezantant nou genyen tanzantan? Èske sa vle di relasyon an pap mache? Pa fòseman. Tout moun ki marye oswa ki renmen konn pa antann yo. Se lè de moun marye fè efò pou yo rezoud pwoblèm yo genyen maryaj yo ap solid. Donk, fason nou rezoud pwoblèm yo depi kounye a ka montre si maryaj nou ap reyisi. Mande tèt nou: ‘Èske nou rive pale kalm e avèk respè youn ak lòt? Èske nou dispoze admèt erè nou fè, e èske nou fè efò pou n amelyore? Èske nou dispoze sede, nou dispoze mande eskiz epi padone?’ (Efe. 4:31). Men, si nou toujou nan kont oswa nou toujou nan diskisyon pandan nou renmen an, bagay yo gendwa pa vin pi bon apre nou fin marye. Si w rann ou kont se pa moun pa w la, lè w kraze renmen an sa kapab pi bon pou nou toule de. w24.05 29 § 12.

Madi 27 janvye

Louwanj pou Jewova, Mas Wòch mwen an, li menm ki antrene men m pou m batay. — Sòm 144:1.

Nou kapab vin yon bon egzanp pou lòt moun si n toujou fè sa ki dwat e si nou pran desizyon ki toujou baze sou prensip ki nan Bib la. Tank n ap vin gen lafwa ak konesans egzak, se tank n ap vin pi djanm nan laverite. N ap rekonèt fo ansèyman ak ide ki pa ann amoni ak panse Jewova e nou pap kite yo enfliyanse nou (Efe. 4:14; Jak 1:​6-8). Epitou, n ap kapab ede moun k ap fè fas ak eprèv (1 Tes. 3:​2, 3). Ansyen yo dwe modere nan tout bagay, yo dwe gen bonsans, yo dwe gen lòd e yo dwe rezonab. Mesye sa yo ede lòt moun pou yo pa panike e pou yo gen yon lafwa solid nan Jewova lè yo “rete kole sou pawòl ki fidèl la”. (Tit 1:9; 1 Tim. 3:​1-3.) Grasa egzanp ansyen yo bay e grasa vizit pastoral yo fè, yo ede pwoklamatè yo pou yo toujou la nan reyinyon, pou yo toujou patisipe nan travay predikasyon an e pou yo fè etid pèsonèl regilyèman. Lè frè ak sè yo gen tètchaje, ansyen yo ede yo pou yo konte sou Jewova e pou yo reflechi sou pwomès li fè yo. w24.06 31 § 16-18.

Mèkredi 28 janvye

Se pou nou repanti, paske Wayòm syèl la vin pi pre. — Mat. 4:17.

Pandan tout tan Jezi te fè ap preche a, li te fè moun ki t ap koute l yo konnen jan Papa l renmen padone. Reflechi sou parabòl pitit gason gaspiyè a. Jèn gason sa a te chwazi viv nan peche pandan yon tan. Men, li te “retounen nan bonsans li” e l te tounen lakay li. Ki jan papa l te reyaji? Jezi di pandan pitit gason an te “nan yon bèl distans, papa a wè l, [...] li kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès”. Pitit gason an te gen entansyon mande papa l si l te ka vin yon sèvitè lakay li. Men, papa a te rele l “pitit gason m” e li te fè l retounen nan plas li nan fanmi an. Men sa papa a te di: “Li te pèdi, nou jwenn li.” (Lik 15:​11-32). Pandan Jezi t ap viv nan syèl la anvan l te vin sou tè a, se sèten li te wè jan Papa l gen konpasyon pou yon pakèt moun ki te peche ki te repanti. Istwa sa a Jezi te bay la vrèman ankourajan e li montre jan Jewova, Papa nou, gen mizèrikòd. w24.08 11 § 11-12.

Jedi 29 janvye

Se pou nou gen bonsans. — 1 Pyè 4:7.

Yon kretyen ki gen bonsans fè tout sa l kapab pou l pran desizyon ki ann amoni ak panse Jewova. Kretyen sa a konnen pa gen anyen nan lavi a ki pi enpòtan pase relasyon l ak Jewova. Li gen ekilib nan fason l wè tèt li, piske l konnen li pa konn tout bagay. Epitou, li montre li gen konfyans nan Bondye lè l priye Jewova souvan avèk imilite. Nou konprann nou bezwen kontinye priye Jewova menmsi n ta wè l fasil pou n fè yon seri bagay poukont nou. Se sa k fè nou priye Jewova pou l gide nou, nou fè l konfyans, paske nou konnen li konn sa k pi bon pou nou, sitou lè n gen desizyon enpòtan pou n pran. Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova fè n yon fason pou n ka imite kalite l yo (Jen. 1:26). Nòmalman, nou pa ka imite Jewova yon fason ki pafè. — Eza. 55:9. w25.03 11 § 13; 13 § 17-18.

Vandredi 30 janvye

[Lanmou] espere tout bagay, li andire tout bagay. — 1 Kor. 13:7.

Nou pa dwe gen dout sou entansyon lòt moun. Si lòt moun pa montre yo gen rekonesans pou yon bagay nou fè pou yo, nou ta kapab mande tèt nou: ‘Èske yo vrèman apresye sa nou fè a oswa èske se bliye yo bliye di mèsi?’ Petèt gen lòt rezon ki fè yo pa aji fason nou t ap atann nan. Gen moun ki ka santi yo gen anpil rekonesans, men li ka difisil pou yo fè konn sa. Yo ka santi yo jennen pou yo resevwa èd, sitou si anvan sa se yo k te konn ede lòt moun. Men, si nou vrèman renmen frè n ak sè n yo, nou pap mal wè yo e n ap kontinye bay ak kè kontan (Efe. 4:2). Nou bezwen gen pasyans. Anrapò ak renmen bay, men sa wa Salomon ki te gen sajès te ekri: “Lage pen w sou dlo, paske apre yon pakèt jou, w ap jwenn li ankò.” (Ekl. 11:1). Jan pawòl sa yo montre, gen kèk moun ki ka di nou mèsi pou sa n fè pou yo apre yon bon ti tan, sa vle di “apre yon pakèt jou”. w24.09 30 § 18-19.

Samdi 31 janvye

Reprimande moun k ap pratike peche yo devan je tout moun, pou sa ka yon avètisman pou rès moun yo. — 1 Tim. 5:20.

Pafwa yo fè yon anons pou fè kongregasyon an konnen yon moun te resevwa yon reprimann. Nan ka sa a, nou kapab kontinye frekante moun nan, paske nou konnen li repanti e li abandone move konduit li te genyen an. Li toujou fè pati kongregasyon an e li bezwen ankourajman nan men kwayan parèy li yo (Ebre 10:​24, 25). Sepandan, se pa menm sitiyasyon ditou ak yon moun yo retire nan kongregasyon an. Nou “sispann frekante” moun sa a, “nou pa menm manje ak yon moun konsa”. (1 Kor. 5:11.) Èske sa vle di nou dwe meprize l? Sa pa vle di sa. Se sèten, nou pap frekante yon moun konsa. Men, kretyen yo ka sèvi ak konsyans yo ki fòme grasa Labib pou yo deside si y ap ka envite yon moun yo te retire nan kongregasyon an, petèt yon fanmi oswa yon moun ki te pwòch yo anvan, pou l asiste yon reyinyon nan kongregasyon an. w24.08 30 § 13-14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje