Fevriye
Dimanch 1ye fevriye
Se yon onè pou yon moun lè l evite fè kont. Men, tout moun ki sòt ap tonbe nan kont. — Pwo. 20:3.
Frè ki gen bèl kalite antanke kretyen yo se yon benediksyon pou kongregasyon an. Yon frè ki “rezonab” ap fè efò pou gen lapè. Si w vle yo konnen w kòm yon moun ki rezonab, koute lòt moun e chèche konnen sa yo panse. Nan reyinyon ansyen yo ap fè, si pifò nan yo dakò pran yon desizyon ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la, èske w t ap dispoze soutni desizyon yo pran an, menm lè se pa desizyon sa a ou t ap pran? Pa ensiste pou yo fè bagay yo jan w vle a. Koute sa lòt moun panse tou (Jen. 13:8, 9; Pwo. 15:22). Pa manke lòt moun dega, ni pa nan fè diskisyon ak moun. Okontrè, montre w janti ak yo. Antanke yon moun “ki renmen lapè”, fè efò pou w fè lapè, menm nan sitiyasyon ki pa fasil (Jak 3:17, 18). Fason w pale kapab kalme lòt moun, menm moun ki pa dakò ak kwayans ou. — Jij 8:1-3; Pwo. 25:15; Mat. 5:23, 24. w24.11 23 § 13.
Lendi 2 fevriye
L ap voye zanj yo e yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo, yo menm ki soti nan kat kwen tè a, soti nan dènye bout tè a rive nan dènye bout syèl la. — Mak 13:27.
Se vre Kris te mouri “yon fwa pou tout”, men, li kontinye fè sakrifis pou nou (Wom. 6:10). Ki jan l fè sa? Li kontinye travay pou l ban nou anpil bon bagay nou ka jwenn kounye a grasa ranson an. Ann wè sa l ap fè kounye a. Li se Wa nou, li se Gran Prèt e li se Chèf kongregasyon an (1 Kor. 15:25; Efe. 5:23; Ebre 2:17). Li gen responsablite pou l rasanble moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak gwo foul moun nan, yon travay k ap fin fèt anvan gwo tribilasyon an fini (Mat. 25:32). Li veye tou pou sèvitè fidèl li yo jwenn tout sa yo bezwen pou yo ret fidèl ak Jewova pandan dènye jou sa yo (Mat. 24:45). E pandan Rèy li a k ap dire mil an, l ap kontinye aji nan enterè nou. Lè Jewova te bay Pitit Gason l lan pou nou, li pa t sèlman bay li pou l mouri pou nou, men pou l fè anpil lòt bagay pou nou. w25.01 24 § 12.
Madi 3 fevriye
Bondye fè yo yon kado lè li deklare yo jis grasa favè san parèy li a e grasa liberasyon ki fèt sou baz ranson Kris Jezi te peye a. — Wom. 3:24.
Lè Jewova padone, li padone nèt e li pap retounen sou sa ankò. Sa pèmèt nou gen bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la. Epitou, nou sonje padone toutbon se yon kado. Jewova ban nou kado sa a paske li renmen nou e li renmen bay, men se pa paske nou merite l. Nou chak ta dwe gen Jewova anpil rekonesans lefètke li konn “padone moun toutbon”! (Sòm 130:4; Wom. 4:8.) Sepandan, si nou vle Jewova padone nou, gen yon bagay enpòtan nou dwe fè. Men sa Jezi te di: “Si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche.” (Mat. 6:14, 15). Kidonk, li enpòtan anpil pou n suiv egzanp Jewova pou n padone lòt moun. w25.02 13 § 18-19.
Mèkredi 4 fevriye
Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.
Ann pran egzanp moun Sodòm ak Gomò yo. Te gen yon mesye ki te jis ki te rele Lòt ki t ap viv nan mitan yo. Men, èske nou konnen si Lòt te preche yo tout? Non. Se vre yo te mechan, men, èske yo tout te konnen sa ki byen ak sa ki mal? N ap sonje gen yon pakèt gason nan vil sa a ki te vle vyole vizitè ki te vin lakay Lòt yo. Bib la fè konnen te gen “timoun kou granmoun” nan foul moun sa a (Jen. 19:4; 2 Pyè 2:7). Èske nou vrèman konnen si Jewova, Bondye ki gen mizèrikòd la, te deside okenn nan moun sa yo pap resisite? Non, nou pa ka di sa. Men, yon bagay ki sèten, pa t menm gen dis moun ki jis nan vil sa a (Jen. 18:32). Donk, yo pa t jis, e Jewova te gen rezon fè yo peye pou sa yo te fè. Bon, èske nou ka di aklè pa gen youn nan yo k ap leve lè “rezirèksyon [...] moun ki enjis” yo? Non, nou pa ka di sa! w24.05 2 § 3; 3 § 8.
Jedi 5 fevriye
Kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. — Mat. 6:33.
Akoz chanjman ki gen nan ekonomi an, gen moun ki te aksepte yon travay ki mande pou y al viv byen lwen fanmi yo. Men, annapre anpil ladan yo vin rann yo kont se te yon move desizyon. Anvan w aksepte yon nouvo travay, pa sèlman panse ak kantite kòb ou pral fè men chèche wè si travay sa a ap pèmèt ou menm ak fanmi w rete pwòch Jewova (Lik 14:28). Mande tèt ou: ‘Si m byen lwen moun mwen marye avè l la, ki efè sa ka gen sou maryaj mwen? Si m al viv yon lòt kote, èske m ap ka al nan reyinyon, al preche, epi pase tan ak frè ak sè yo?’ Si w gen pitit, ou bezwen poze tèt ou kesyon enpòtan ki vin annapre a: ‘Ki jan m pral leve pitit mwen “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay” si m pa ansanm avè yo?’ (Efe. 6:4). Kite panse Bondye gide w, men, pa kite sa fanmi w oswa zanmi w ki pa gen okenn respè pou prensip ki nan Bib la panse enfliyanse w. w25.03 29 § 12.
Vandredi 6 fevriye
Nou pap tankou timoun ankò. — Efe. 4:14.
Yon kretyen ki pa fè efò pou l gen matirite ka pran nan “trik” ak nan “riz” byen fasil. Li ka kwè moun k ap gaye rimè ak istwa ki pa vre nan medya yo e li ka kite aposta twonpe l. Li ka vin jalou lòt moun, li ka ap fè kont ak yo oswa li ka fache byen fasil. E byen souvan, li ka fè move bagay lè l jwenn tantasyon (1 Kor. 3:3). Bib la konpare pwogrè yon moun fè pou l vin gen matirite antanke kretyen ak fason yon timoun devlope pou l vin gran (Efe. 4:15). Gen anpil bagay yon timoun pa konnen e li bezwen yo gide l. Pa egzanp, yon manman ka mande tipitit fi l pou l kenbe men l pandan y ap travèse lari. Lè tifi a vin pi gran, manman an ka kite l travèse lari poukont li. Men, manman l ap toujou fè l sonje pou l gad anwo gad anba pou l wè si pa gen machin k ap vini anvan l travèse. Lè timoun nan vin gran, li evite danje sa yo poukont li. Menm jan an tou, lè kretyen yo vin gen matirite, yo reflechi sou baz prensip ki nan Bib la pou yo ka konnen sa Jewova panse e pou yo suiv prensip sa yo. w24.04 3 § 5-6.
Samdi 7 fevriye
O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou? — Sòm 15:1.
Pandan anpil tan, se sèlman sila yo k ap viv nan syèl la ki te zanmi Bondye. Annapre, lè l te vin kreye tè a, li te envite lèzòm vin nan tant senbolik li a tou. Rive yon lè, pami moun li te envite yo, te gen Enòk, Noye, Abraram ak Jòb. Bib la fè konnen vrè adoratè sa yo te zanmi Bondye, yo t ap “mache avèk vrè Dye a”. (Jen. 5:24; 6:9; Jòb 29:4; Eza. 41:8.) Tank ane yo t ap pase, Jewova te kontinye envite zanmi l nan tant li an (Eze. 37:26, 27). Pa egzanp, nan pwofesi Ezekyèl la, nou aprann Bondye vrèman vle pou adoratè fidèl li yo gen yon relasyon sere avè l. Li pwomèt l ap fè “yon alyans avèk yo pou yo ka viv anpè”. Pwofesi sa a ap pale konsènan yon epòk kote moun ki gen esperans pou al nan syèl yo ak moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ap ansanm nan tant senbolik li a antanke “yon sèl twoupo”. (Jan 10:16.) Se nan epòk sa a n ap viv kounye a! w24.06 2 § 2, 4; 3 § 5.
Dimanch 8 fevriye
Nou te mete kran sou nou grasa Bondye nou an. — 1 Tes. 2:2.
Antanke pèp Jewova, nou soutni Wayòm Bondye a ak tout kè nou, men byen souvan, nou bezwen met kran sou nou pou n fè sa (Mat. 6:33). Pa egzanp, nan monn mechan sa a, nou bezwen gen kran pou n suiv prensip Jewova yo e pou n preche bon nouvèl Wayòm nan. E byen souvan, sa mande kran pou n pa mele nan politik nan monn sa a ki vin gen plis divizyon chak jou (Jan 18:36). Anpil nan sèvitè Jewova yo gen pwoblèm ekonomik, yo konn maltrete yo oubyen yo konn mete yo nan prizon paske yo pa vle mele nan politik oswa antre nan lame. Lè n reflechi sou egzanp moun ki te met kran sou yo pou yo te kapab ret fidèl ak Jewova e ak Wayòm li an, sa fè n gen fòs ak kouraj. Kris Jezi, Wa nou an, te kenbe tennfas devan presyon l te jwenn pou l te mele nan sistèm politik ki gen nan monn Satan an (Mat. 4:8-11; Jan 6:14, 15). Li te toujou konte sou Jewova pou ba l fòs. w24.07 3 § 4; 4 § 7.
Lendi 9 fevriye
Li te vin pran fwi pyebwa a e li te manje l. Apre sa, li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l, e mari l manje l. — Jen. 3:6.
Jewova te fè ekri istwa sa a pou byen nou. Sa ede nou konprann poukisa li rayi peche konsa. Peche separe nou ak Papa nou an e li mennen nan lanmò (Eza. 59:2). Se rezon sa a ki fè Satan, espri rebèl ki te lakòz tout pwoblèm sa yo, renmen peche e li kontinye pouse moun fè peche. Petèt li te panse li te genyen yon gwo viktwa nan jaden Edenn nan. Men, li pa t rive konprann nan ki pwen Jewova gen lanmou. Bondye pa t janm chanje objektif li te genyen pou desandan Adan ak Èv yo. Li renmen lèzòm, se sa k fè, san pèdi tan, li te pèmèt tout moun jwenn espwa (Wom. 8:20, 21). Jewova te konnen gen kèk nan desandan Adan ak Èv yo ki t ap chwazi renmen l e ki t ap chèche jwenn èd li pou yo lite anba peche. Antanke Papa yo ak Kreyatè yo, li t ap ba yo posiblite pou yo libere anba peche e pou yo vin pwòch avè l. w24.08 3 § 3-4.
Madi 10 fevriye
Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.
Pifò sèvitè Jewova yo okipe anpil. Nou travay pou n pran swen tèt nou ak fanmi nou (1 Tim. 5:8). Anpil frè ak sè ap pran swen moun nan fanmi yo ki malad oswa ki granmoun. E nou tout bezwen pran swen sante nou, sa ki mande tan. Mete sou sa, nou gen aktivite pou n fè nan kongregasyon an. Yon gwo responsablite nou genyen se patisipe ak tout kè n nan travay predikasyon an. Lekti Labib se youn nan “bagay ki pi enpòtan” pou nou antanke kretyen. Se sa k fè nou bezwen ba l priyorite. Men sa premye chapit nan liv Sòm nan di pou dekri yon moun ki byennere: “Li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit.” (Sòm 1:1, 2). Sa montre aklè nou bezwen rezève tan pou n li Labib. Ki pi bon lè pou n fè sa? Nou chak ka chwazi lè ki pi bon pou nou an. Men, sa ki enpòtan, se chwazi yon lè k ap pèmèt nou li Bib la chak jou. w24.09 3 § 5-6.
Mèkredi 11 fevriye
Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.
Èske yon kretyen ki gen matirite ap janm bezwen moun ede l? Wi. Pafwa kretyen ki gen matirite yo ka bezwen mande èd tou. Yon moun ki pa gen matirite ka vle pou lòt moun di l sa pou l fè oswa pou yo pran yon desizyon li menm li ta dwe pran. Yon lòt bò, yon kretyen ki gen matirite ap chèche èd moun ki gen sajès ak eksperyans, toutpandan li konnen Jewova vle se li menm ki pou “pote pwòp chay pa l”. Menm jan tout granmoun pa gen menm fizik, se konsa tou tout kretyen ki gen matirite pa gen menm kalite. Pa egzanp, genyen ki ka gen anpil sajès, gen lòt ki ka gen anpil kouraj, gen lòt menm ki ka renmen bay. Konsa tou, gen lòt ki ka renmen mete yo nan plas lòt moun. Mete sou sa, lè de kretyen ki gen matirite ap fè fas ak menm sitiyasyon, yo ka pa wè bagay yo menm jan, alòske fason yo chak wè bagay yo ann amoni ak Bib la. Sa rive souvan lè kretyen yo dwe pran yon desizyon ki gen rapò ak konsyans yo. Lefètke yo konn sa, yo pa jije youn lòt si yo pa pran menm desizyon. Okontrè, yo kontinye ret ini. — Wom. 14:10; 1 Kor. 1:10. w24.04 4 § 7-8.
Jedi 12 fevriye
Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m. — Sòm 94:19.
Ki sa w ka fè si w konn santi w pa gen valè? Li vèsè nan Bib la ki ka ba w asirans ou gen valè pou Jewova epi medite sou yo. Si w pa reyisi reyalize yon objektif ou genyen oswa w dekouraje paske w pa ka fè sa lòt moun ap fè, pa ret konsantre sou sa w pa ka fè. Jewova pa atann pou w fè plis pase sa w ka fè (Sòm 103:13,14). Si yo te maltrete w yon lè, ou pa responsab sa k te rive a. Ou pa t merite pou yo te fè w sa! Sonje se moun ki fè sa ki mal la Jewova ap jije, se pa ou menm (1 Pyè 3:12). Pa janm gen dout Jewova kapab sèvi avè w pou ede lòt moun. Li ba w privilèj pou w konpayon travay li nan travay predikasyon an (1 Kor. 3:9). Akoz move eksperyans ou te fè nan lavi w, li ka pi fasil pou w konprann ki jan moun k ap soufri yo santi yo. Ou kapab fè anpil bagay pou w ede yo. w24.10 7-8 § 6-7.
Vandredi 13 fevriye
Èske [Bondye] pap fè moun li chwazi yo k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit yo jwenn jistis, toutpandan l ap pran pasyans avèk yo? M ap di nou sa: L ap fè yo jwenn jistis byen vit. — Lik 18:7, 8.
Jewova vle yo byen aji avè n e li konnen lè lòt moun mal aji avè n. “Jewova renmen jistis.” (Sòm 37:28). Jezi ban nou asirans Jewova ap “fè [n] jwenn jistis byen vit” lè moman an rive. Talè konsa, li pral retire tout sa k ap fè n soufri ak tout kalite enjistis (Sòm 72:1, 2). Pandan n ap tann moman kote pap gen enjistis ankò, Jewova ede n lè yo fè n enjistis (2 Pyè 3:13). Li aprann nou fason pou n aji lè yo fè n enjistis pou n pa gen plis pwoblèm. Jewova ban nou egzanp Pitit Gason l lan pou montre nou pi bon fason n ka aji lè yo fè n enjistis. Li ban n bonjan konsèy sou sa n ka fè lè yo mal aji avè n. w24.11 2-3 § 3-4.
Samdi 14 fevriye
Ba yo manje. — Mat. 14:16.
Sa te parèt enposib pou apot yo te bay foul moun yo manje jan Jezi te di yo fè sa a paske te gen anviwon 5000 gason. E si n ap konte fi ak timoun ki te la tou, te ka gen 15000 moun pou bay manje (Mat. 14:21). Men sa Andre te di: “Gen yon tigason la a ki gen senk pen lòj ak de ti pwason. Men, ki sa sa ka fè pou tout moun sa yo?” (Jan 6:9). An jeneral, se pen lòj moun ki pòv yo ak lòt moun te konn manje, e petèt ti pwason yo te genyen yo se te pwason sèch. Men, kantite pen ak pwason tigason an te genyen an pa t ap janm sifi pou bay pakèt moun sa yo manje! Jezi te vle byen akeyi foul moun yo, se sa k fè l te mande yo pou yo chita pa gwoup sou zèb la (Mak 6:39, 40; Jan 6:11-13). Apre sa, Jezi te di Papa l mèsi pou pen yo ak pwason yo. Lè Jezi te fè sa, li te montre se Bondye ki bay manje e l te gen rekonesans pou sa. Li bon pou n suiv egzanp Jezi lè n priye anvan n manje. Epi, Jezi te fè disip li yo bay moun yo manje a e yo te manje vant plen. w24.12 2-3 § 3-4.
Dimanch 15 fevriye
Se pou nou fè louwanj pou Jewova, Bondye nou an. — 1 Kwo. 29:20.
Lè Jezi te sou tè a, li te bay Papa l glwa lè l te fè konnen se Papa l ki ba l pisans pou l fè mirak li t ap fè yo (Mak 5:18-20). Jezi te bay Jewova glwa tou nan fason li te pale konsènan Papa l ak fason li te aji ak lòt moun. Gen yon lè, Jezi t ap anseye nan yon sinagòg. Pami moun ki t ap koute l yo, te gen yon dam ki te fè 18 an ak yon movèzespri sou li. Movèzespri a te fè dam nan pliye an de, li pa t ka drese kò l. Sa dwe te rèd anpil pou li! Jezi te gen konpasyon pou dam nan. Li te pwoche kote l e l te di l avèk jantiyès: “Madanm, ou delivre anba maladi w la.” Epi, li poze men l sou dam nan, e menm kote a, dam nan kanpe dwat e li “kòmanse bay Bondye glwa”. Li te geri nèt e li te vin djanm ankò (Lik 13:10-13)! Dam sa a te gen bonjan rezon pou l te bay Jewova glwa, e nou gen bonjan rezon pou n fè sa tou. w25.01 2-3 § 3-4.
Lendi 16 fevriye
Padone peche nou. — Lik 11:4.
Èske l posib pou n rejwenn tout sa Adan ak Èv te pèdi yo? Pa gen anyen nou ka fè poukont nou pou n rejwenn yo (Sòm 49:7-9). Si Jewova pa t ede n, nou pa t ap gen okenn espwa pou n ta viv pou toutan oswa pou n ta resisite. An reyalite, menm jan ak bèt yo, nou t ap annik mouri epi tout bagay fini (Ekl. 3:19; 2 Pyè 2:12). Jewova, Papa nou an ki renmen nou, ban nou yon kado ki peye dèt peche nou eritye nan men Adan an. Men ki jan Jezi te esplike sa: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fin an.” (Jan 3:16). Anplis de sa, menm kado sa a ban nou posiblite pou n vin gen bon relasyon ak Jewova. Nou kapab benefisye bèl kado sa a epi jwenn padon pou peche nou yo, oswa “dèt” nou yo. w25.02 3 § 3-6.
Madi 17 fevriye
Apre sa, [Sòl] leve, li batize. — Tra. 9:18.
Ki sa k te ede Sòl pou l te batize? Lè Seyè Jezi te parèt devan Sòl detan l nan glwa li, Sòl te vin avèg (Tra. 9:3-9). Li te fè twa jou san manje e san dout li t ap medite sou eksperyans li te sot fè a. Sa te fè Sòl vin gen konviksyon Jezi se Mesi a e disip Jezi yo te nan vrè relijyon an. Gen plizyè leson nou ka aprann nan eksperyans Sòl la. Li te kapab kite ògèy oswa lakrentif li te ka gen pou moun anpeche l batize. Men, li pa t fè sa. Sòl te dispoze vin yon kretyen, menm lè l te konnen li t ap jwenn pèsekisyon (Tra. 9:15, 16; 20:22, 23). Apre l te fin batize, li te kontinye konte sou Jewova pou ede l andire plizyè eprèv (2 Kor. 4:7-10). Lè w batize antanke Temwen Jewova, sa ka pase lafwa w anba eprèv oswa sa ka fè w jwenn difikilte, men, w ap jwenn èd. Ou kapab gen konfyans Bondye ak Kris ap ede w san mank. — Flp. 4:13. w25.03 4 § 8-9.
Mèkredi 18 fevriye
Mwen pap kouri san m pa konn kote m prale. — 1 Kor. 9:26.
Li Labib se yon bon objektif. Men, nou dwe fè plis pase annik li l si nou vle byen pwofite lekti n ap fè nan Pawòl Bondye a. Ann reflechi sou konparezon ki vin annapre a: Lè lapli tonbe, sa enpòtan anpil. Men, si vin gen anpil lapli ki tonbe nan yon ti tan tou kout, tè a ka vin gen twòp dlo. Lè sa rive, si vin gen lapli ki tonbe ankò, sa ap bay pwoblèm. Tè a bezwen tan pou l bwè dlo lapli ki te tonbe a, konsa dlo a ap antre nan tè a e l ap ede plant yo grandi. Menm jan an tou, nou pa dwe li Bib la nan prese, sa vle di, nou li l tèlman vit, nou pa pwofite anyen nan sa nou li a, nou pa sonje l e nou pa sèvi avè l (Jak 1:24). Èske pafwa ou konn twouve se kouri w ap kouri lè w ap li Bib la? Ki sa w ta dwe fè? Ou bezwen pran san w. Fè efò pou w reflechi sou sa w ap li a oswa sou sa w sot li a. Ou ka deside rezève plis tan pou w etidye pou w ka jwenn tan pou w reflechi oswa pou w medite. w24.09 4 § 7-9.
Jedi 19 fevriye
Obeyi moun k ap dirije nou yo. — Ebre 13:17.
Lè ansyen yo resevwa enstriksyon, yo bezwen byen li yo e yo bezwen fè tout sa yo kapab pou yo aplike yo. Yo resevwa enstriksyon nonsèlman sou fason pou yo fè patisipasyon nan reyinyon yo ak fason pou yo priye nan kongregasyon an, men tou, sou fason pou yo pran swen mouton Kris yo. Lè ansyen yo suiv enstriksyon òganizasyon an bay, frè ak sè yo santi Jewova renmen yo e l ap pran swen yo. Lè ansyen yo ban nou enstriksyon, nou dwe suiv enstriksyon sa yo ak tout kè nou. Lè n fè sa, n ap fè l pi fasil pou yo fè travay yo. Labib ankouraje nou pou n obeyi moun k ap dirije nou yo e pou n soumèt devan yo (Ebre 13:7). Pafwa sa kapab difisil. Sa k fè sa? Paske mesye sa yo pa pafè. Sepandan, si nou konsantre sou defo yo olye n konsantre sou bèl kalite yo genyen, se kòmsi n ap ede ènmi nou yo. Nan ki sans? N ap vin pèdi konfyans nan òganizasyon Bondye a w24.04 10 § 11-12.
Vandredi 20 fevriye
Li pral separe moun yo youn ak lòt. — Mat. 25:32.
Èske tout moun ki mouri pandan gwo tribilasyon an ap mouri nèt e pap gen espwa pou yo resisite? Labib fè konnen aklè Jewova ak lame l yo ap detwi moun ki opoze avè l yo nan Amagedon, e moun sa yo pap resisite (2 Tes. 1:6-10). Men, e moun pa egzanp ki ka mouri akoz maladi oswa vyeyès oubyen nan aksidan oswa lòt moun touye yo (Ekl. 9:11; Zak. 14:13)? Èske gen nan moun sa yo ki ka pami “moun ki enjis” k ap resisite nan monn nouvo a (Tra. 24:15)? Nou pa konnen. Men, nou konn plizyè bagay konsènan sa k pral rive alavni. Pa egzanp, nou konnen Jezi pral jije moun yo selon fason yo te aji ak frè Kris yo (Mat. 25:40). E moun y ap konsidere kòm mouton se moun ki te ede Kris ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. — Rev. 12:17. w24.05 10-11 § 9-11.
Samdi 21 fevriye
Jewova vivan! Louwanj pou Mas Wòch mwen an! Glwa pou Bondye k ap sove m nan! — Sòm 18:46.
“Tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte.” Se sa Bib la fè konnen konsènan epòk n ap viv la (2 Tim. 3:1). Anplis pwoblèm tout moun jwenn nan sistèm sa a, pèp Jewova a oblije fè fas ak opozisyon ak pèsekisyon. Ki sa k ede nou kontinye adore Jewova malgre pwoblèm sa yo? Youn nan bagay ki plis ede nou, se lefètke nou konnen Jewova se “Bondye vivan an”. (Jer. 10:10; 2 Tim. 1:12.) Jewova wè tout difikilte nou jwenn e l toujou vle ede n (2 Kwo. 16:9; Sòm 23:4). Lè n sonje li se Bondye vivan an, sa kapab ede n fè fas ak nenpòt eprèv nou jwenn. w24.06 20 § 1-2.
Dimanch 22 fevriye
Chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt. — Pwo. 4:18.
Nou dwe kontinye fè òganizasyon Jewova a konfyans. Lè sa parèt klè gen yon ajisteman ki bezwen fèt nan fason nou konprann yon verite nan Bib la, oswa nan fason nou sèvi Jewova, frè ki alatèt yo pa ezite fè chanjman ki nesesè yo. Yo fè sa paske sa k pi enpòtan pou yo se fè Jewova plezi. Epitou, yo fè anpil efò pou yo kite Pawòl Bondye a gide yo nan desizyon y ap pran, e se modèl sa a tout Temwen Jewova dwe suiv. Men konsèy apot Pòl te bay: “Kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab” yo (2 Tim. 1:13). “Modèl pawòl ki pwofitab” yo gen rapò ak ansèyman kretyen nou jwenn nan Bib la (Jan 17:17). Ansèyman sa yo se baz tout sa nou kwè. Òganizasyon Jewova a aprann nou pou n toujou suiv modèl sa a. Toutotan nou fè sa, n ap jwenn benediksyon. w24.07 11-12 § 12-13.
Lendi 23 fevriye
Jewova [...] pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti. — 2 Pyè 3:9.
Apot Pyè te konprann ki jan yon moun santi l lè l repanti e yo padone l. Se sa k fè l te ka anseye lòt moun konsènan bagay sa yo. Yon ti tan apre fèt Pannkòt la, Pyè te bay yon foul Juif ki pa t kwayan yon diskou kote l te esplike yo se yo menm ki te touye Mesi a. Sepandan, avèk lanmou, men ki sa l te ankouraje yo pou yo fè: “Kidonk, se pou nou repanti, e se pou nou kase tèt tounen, pou peche nou ka efase, dekwa pou Jewova li menm fè tan soulajman an rive.” (Tra. 3:14, 15, 17, 19). Konsa, Pyè te montre repantans fè yon moun ki peche kase tèt tounen, li fè l chanje move fason l te konn panse ak fason l te konn aji epi aji yon nouvo fason, yon fason ki fè Bondye plezi. Mete sou sa, apot la te montre Jewova t ap padone peche yo nèt. Se kòmsi l t ap efase peche yo nèt. Ala yon bèl espwa kretyen yo genyen lè yo peche, menm lè yo fè peche ki grav! w24.08 12 § 14.
Madi 24 fevriye
Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. — Ebre 13:5.
Si nou kwè toutbon Jewova pral detwi monn mechan sa a talè konsa, nou pap met nan tèt nou sa k pi enpòtan se chèche gen plis lajan oswa plis bagay materyèl. Anfèt, moun yo pral “voye ajan yo genyen yo nan lari” paske y ap rann yo kont “ni ajan yo genyen yo ni lò yo genyen yo pap ka sove yo nan jou kòlè Jewova a”. (Eze. 7:19.) Olye n ap chèche ranmase valè lajan nou kapab, nou bezwen pran desizyon k ap ede nou pran swen tèt nou ak fanmi nou e k ap pèmèt nou sèvi Jewova. Sa gen ladan l pou n reziste ak tantasyon nou jwenn pou n fè yon seri dèt ki pa nesesè oswa pou n pase yon bann tan ap pran swen yon pakèt bagay materyèl. Epitou, nou dwe veye pou n pa vin twò atache ak sa n deja genyen (Mat. 6:19, 24). Tank lafen an ap vin pi pre, lafwa nou ka jwenn eprèv anrapò ak bagay materyèl ak lòt bagay ankò. w24.09 11 § 13-14.
Mèkredi 25 fevriye
Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe. — 1 Kor. 10:12.
Li posib pou n rive elimine yon seri feblès nou genyen. Sepandan, nou ka bezwen kontinye lite kont yon seri lòt tandans nou genyen. Ann pran egzanp apot Pyè. Pyè te kite laperèz li te gen pou moun fè l nye Jezi twa fwa (Mat. 26:69-75). Sanble Pyè te pot laviktwa sou feblès li te genyen an lè l te bay yon gwo temwayaj devan Sanedren an (Tra. 5:27-29). Men, kèk ane annapre, li te sispann manje ak kretyen ki moun lòt nasyon yo pandan yon tan paske “li te pè moun ki nan gwoup moun ki sikonsi yo”. (Gal. 2:11, 12.) Pyè te rekòmanse gen laperèz pou moun. Petèt li pa t janm fin konbat feblès sa a. Menm bagay la ka rive nou tou. Men, nou ka lite ak yon feblès nou genyen ki pa vle lage n lè nou suiv konsèy Jezi te bay lè l te di: “Kontinye veye.” (Mat. 26:41). Menm nan moman ou santi w djanm, ou bezwen kontinye evite sitiyasyon ki ka fè w tonbe nan tantasyon. Kontinye fè yon seri bagay ou te konn fè ki te ede w lite ak feblès ou genyen. — 2 Pyè 3:14. w24.07 18-19 § 17-19.
Jedi 26 fevriye
Li bay gason kòm kado. — Efe. 4:8.
Pa gen moun ki pi renmen bay pase Jezi. Lè l te sou tè a, byen souvan li te konn fè mirak pou l ede lòt moun (Lik 9:12-17). Li te bay pi gwo kado a lè l te bay lavi l pou nou (Jan 15:13). Menm apre Jezi fin resisite, li kontinye montre li renmen bay. Jezi te mande Jewova pou l ban nou lespri sen pou anseye nou e pou konsole nou, jan li te pwomèt sa (Jan 14:16, 17; 16:13). E pa mwayen reyinyon yo, Jezi kontinye ban nou sa n bezwen pou n fè disip sou tout tè a (Mat. 28:18-20). Selon sa apot Pòl te ekri, apre Jezi fin monte nan syèl, “li bay gason kòm kado”. (Efe. 4:7, 8.) Pòl te esplike Jezi te bay kado sa yo pou ede kongregasyon an plizyè fason (Efe. 1:22, 23; 4:11-13). Natirèlman, mesye sa yo pa pafè, donk yo konn fè erè (Jak 3:2). Men, Jezi Kris, Seyè nou an, sèvi ak yo pou ede nou. Yo se kado li ban nou. w24.10 18 § 1-2.
Vandredi 27 fevriye
Bon jijman ou vin genyen ap pwoteje w. — Pwo. 2:11.
David te di pitit gason l lan, li t ap reyisi sèlman si l te kontinye obeyi Jewova Dye, jan David te fè l konn sa. Malerezman, lè Salomon te vin granmoun, li t al sèvi lòt dye. Sa pa t fè Jewova plezi, e l te sispann bay Salomon sajès pou l dirije pèp la yon fason ki dwat e ki jis (1 Wa 11:9, 10; 12:4). Ki leson nou aprann? Lè n obeyi Jewova, l ap beni nou e l ap ede nou (Sòm 1:1-3). Natirèlman, Jewova pa pwomèt l ap fè nou rich e l ap ban nou menm glwa Salomon te genyen an. Men, si n obeyi Bondye nou an, l ap ban nou sajès k ap ede n pran bon desizyon (Pwo. 2:6, 7; Jak 1:5). Prensip Jewova yo ka ede n lè n ap pran desizyon anrapò ak travay, lekòl, detant ak lajan. Lè n aplike sajès Bondye bay la, sa ap pwoteje nou e n ap gen lavi ki pap janm fini an (Pwo. 2:10, 11). N ap gen bon zanmi e fanmi nou ap gen kè kontan. w24.11 10-11 § 11-12.
Samdi 28 fevriye
Verifye tout bagay, sa ki bon an, kenbe l fèm. — 1 Tes. 5:21.
Paran yo gen plizyè okazyon pou yo pale ak pitit yo sou Labib oswa sou lafwa nan Bondye. Yo kapab jwenn posiblite sa yo lè y al vizite yon mize, ou kapab atire atansyon pitit ou sou yon seri istwa oswa kèk objè ki kapab fè l gen plis konviksyon sa Bib la di se laverite. Pa egzanp, èske pitit ou konnen non pèsonèl Bondye parèt sou yon wòch ki la depi 3000 an ki sot nan peyi Mowab? Yo taye yon wòch ki menm jan ak wòch ki sot nan peyi Mowab la e ki gen menm enfòmasyon yo sou li, yo nan mize “Bib la ak non Bondye” nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Wòwik, ki nan Nouyòk. Wòch ki sot nan peyi Mowab la montre Mecha, wa peyi Mowab, te fè rebèl ak peyi Izrayèl. Sa ann amoni ak sa Bib la di (2 Wa 3:4, 5). Lè pitit ou wè ak pwòp je l prèv ki montre Bib la se laverite e li egzak, lafwa l ap vin pi djanm. w24.12 14 § 4; 15 § 6.