Desanm
Madi 1ye desanm
Li ouvri lespri yo nèt pou yo konprann Ekriti yo. — Lik 24:45.
Disip Jezi yo te kwè nan Pawòl Bondye a e yo te fè gwo efò pou yo aplike l nan lavi yo (Jan 17:6). Men, yo pa t ka konprann poukisa Jezi te mouri sou yon poto tankou yon kriminèl. Jezi te konnen disip li yo gen lafwa e yo renmen Jewova, men, li te rann li kont yo te bezwen pi byen konprann Ekriti yo (Lik 9:44, 45; Jan 20:9). Se sa k fè li te ede yo konprann sa yo te li nan Ekriti yo. Annou wè jan l te fè sa lè l te parèt devan de disip ki t apral Emayis yo. Jezi pa t fè mesye yo konnen kiyès li ye lapoula. Olye l te fè sa, li te poze yo kesyon. Poukisa l te fè sa? Petèt li te vle yo di sa k nan panse yo ak sa k nan kè yo. E yo te fè sa. Yo te fè l konnen yo te panse Jezi t ap vin delivre pèp Izrayèl la anba jouk Women yo (Lik 24:18-27). Jezi te itilize Ekriti yo pou ede yo konprann gen anpil pwofesi ki deja reyalize. Pita nan aswè, Jezi te pase tan ak lòt disip yo pou l te esplike yo sans pwofesi sa yo genyen. — Lik 24:33-48. w24.10 14 § 9-10.
Mèkredi 2 desanm
Se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen, men, se sa Papa a anseye m mwen di. — Jan 8:28.
Jezi te aprann konn sa pou l fè ak sa pou l di nan men Papa l ki nan syèl la. Òganizasyon Jewova a suiv egzanp Jezi lè l sèvi ak Pawòl Bondye a pou l ede nou konn sa ki bon ak sa ki mal, e pou l ban nou direksyon nan lavi nou (2 Tim. 3:16, 17). Souvan, nou jwenn rapèl pou nou li Pawòl Bondye a e pou n aplike l. Nou jwenn anpil byenfè lè n sèvi ak piblikasyon nou yo pou n etidye Bib la. Pa egzanp, sa pèmèt nou konpare sa Bib la anseye yo ak enstriksyon òganizasyon an ban nou. Lè nou wè se nan Bib la enstriksyon nou resevwa yo soti, sa fè nou gen plis konfyans nan òganizasyon Jewova a (Wom. 12:2). Jezi te preche “bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lik 4:43, 44.) Epitou, Jezi te bay disip li yo lòd pou yo preche konsènan Wayòm nan (Lik 9:1, 2; 10:8, 9). Jodi a, tout moun ki fè pati òganizasyon Jewova a preche mesaj Wayòm nan kèlkeswa kote y ap viv. w24.04 9 § 5-7.
Jedi 3 desanm
N ap suiv tout lòd ou bay yo e nou pral nenpòt kote w voye nou. — Joz. 1:16.
Kontinye gen konfyans nan direksyon òganizasyon Jewova a ap ban nou. Nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te itilize Moyiz e annapre li te itilize Jozye pou l te bay pèp Li a direksyon (Joz. 1:17). Lè Izrayelit yo te aksepte mesye sa yo kòm reprezantan Jewova Dye, sa te byen mache pou yo. Plizyè syèk annapre, lè kongregasyon kretyen an te vin fòme, 12 apot yo te konn bay direksyon (Tra. 8:14, 15). Annapre, gwoup sa a te vin gen lòt ansyen nan Jerizalèm yo ladan l tou. Lè frè ak sè yo te fè sa mesye fidèl sa yo te di yo, “kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun”. (Tra. 16:4, 5.) Menm jan an tou nan epòk pa nou an, Jewova beni nou lè n suiv direksyon òganizasyon l lan bay. w24.07 10 § 10.
Vandredi 4 desanm
Mwen jwenn David, pitit Jese, yon moun ki fè m plezi. — Tra. 13:22.
Jewova te renmen wa David anpil. Li te menm di David se “yon moun ki fè [l] plezi”. Men, David te vin fè yon seri peche grav, pami peche sa yo li te fè adiltè e li te touye moun. Selon Lwa Moyiz la, David te merite mouri (Lev. 20:10; Nonb 35:31). Men, avèk bonte, Jewova te ede David repanti. Li te voye Natan, pwofèt li a, pou l al wè wa a, menm lè David pa t bay okenn siy ki te montre l repanti. Natan te sèvi ak yon egzanp li te konnen ki t ap touche kè David. Sa te touche David vre e David te repanti (2 Sam. 12:1-14). Li te ekri yon bèl sòm ki te montre jan l te repanti (Sòm 51, pawòl ki anlè tèt chapit la). Sòm sa a konsole anpil moun ki peche e li pouse yo repanti. Èske nou pa kontan lanmou te pouse Jewova ede David, sèvitè l la li renmen anpil la, pou l repanti? w24.08 10 § 9.
Samdi 5 desanm
Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. — Wom. 12:2.
Anpil moun ap dakò, leve timoun se yon travay ki pran anpil tan. Si w se yon paran ki gen timoun piti, nou felisite w pou efò w fè pou w ede pitit ou vin gen yon lafwa solid (Det. 6:6, 7). Pandan pitit ou ap grandi, li ka kòmanse poze w gwo kesyon sou kwayans nou ki baze sou Bib la, sa gen ladan l prensip moral ki nan Bib la. Okòmansman, kesyon pitit ou a ap poze w yo ka fè w enkyete. Ou ka menm panse kesyon sa yo montre li pa gen lafwa. Sepandan, lè yon timoun ap grandi li bezwen poze kesyon pou l ka gen pwòp konviksyon pa l (1 Kor. 13:11). Donk, pa gen rezon pou w ap enkyete. Ou ka konsidere tout kesyon sensè pitit ou ap poze sou kwayans nou kòm okazyon pou w ede l devlope kapasite l genyen pou l rezone. w24.12 14 § 1-2.
Dimanch 6 desanm
Nou se moun ki gen lafwa pou nou ka pa pèdi lavi nou. — Ebre 10:39.
Kretyen ebre yo t ap bezwen gen yon lafwa solid pou yo te ka chape nan tribilasyon ki t apral gen nan Jide a (Ebre 10:37, 38). Jezi te fè disip li yo konnen lè yo wè lame yo monte kan toutotou Jerizalèm, yo dwe kouri al nan mòn. Tout kretyen te dwe suiv konsèy sa a kit yo t ap viv nan vil sa a, kit yo t ap viv andeyò (Lik 21:20-24). Nan epòk sa a, lè yon lame te vin atake, moun ki t ap viv andeyò yo te konn kouri antre nan yon vil paske te gen miray ki te kapab pwoteje yo. Li pa t ap parèt lojik pou kretyen yo ta kouri al nan mòn, donk, sa t ap mande anpil lafwa. Epitou, kretyen ebre yo t ap bezwen fè moun Jezi t ap itilize pou dirije kongregasyon an konfyans. Sanble moun ki te alatèt yo te bay enstriksyon byen klè anrapò ak ki lè pou kretyen yo kouri ak fason pou yo fè sa nan lòd. — Ebre 13:17. w24.09 10 § 9-10.
Lendi 7 desanm
Li bay gason kòm kado. — Efe. 4:8.
Lè Jezi te sou tè a li te byen fè travay Papa l te ba l fè yo (Jan 17:4). Jezi pa t panse se li menm sèlman ki kapab fè travay Jewova bay fè. Li te bay lòt moun fòmasyon. Li te bay disip li yo responsablite pou yo pran swen mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou Li e pou yo pran latèt nan travay preche ak anseye a. Jezi te bay disip li yo konsèy ki t ap bon pou yo, men li te fè sa avèk lanmou. Kèk nan yo ki te gen tandans gen dout, li te ba yo konsèy sou sa (Lik 24:25-27; Jan 20:27). Li te di yo tou pou yo plis konsantre sou pran swen pèp Jewova a olye yo konsantre sou fè lajan (Jan 21:15). Li te fè yo sonje pou yo pa konpare sa yo ka fè ak sa lòt moun ka fè (Jan 21:20-22). Li te korije kèk ide ki pa t kòrèk yo te genyen sou Wayòm nan, e l te ede yo pou yo konsantre sou preche bon nouvèl la. — Tra. 1:6-8. w24.10 15-16 § 13-14.
Madi 8 desanm
Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a, e yo gen pou yo viv sou li pou toutan. — Sòm 37:29.
Lè n obeyi, sa kapab sove lavi nou. Menm jan Izrayelit yo te toupre Peyi Bondye te pwomèt yo a, nou menm tou, nou toupre monn nouvo Bondye pwomèt nou an, kote tè a pral vin yon paradi (Eza. 35:1; Lik 23:43). Dyab la ak demon l yo pap la ankò (Rev. 20:2, 3). Pap gen fo relijyon k ap anseye moun yo manti sou Jewova ankò (Rev. 17:16). Pap gen gouvènman lèzòm yo ankò k ap toupizi moun y ap dirije yo (Rev. 19:19, 20). Nan Paradi a, pap gen okenn rebèl (Sòm 37:10, 11). Tout moun k ap viv nan Paradi a pral obeyi lwa Jewova yo ki jis, e lè sa a pral gen lapè. Donk, tout moun pral renmen youn lòt e y ap fè youn lòt konfyans (Eza. 11:9). Ala yon bèl avni k ap tann nou! Sa k pi enpòtan an, si n obeyi Jewova, n ap kapab kontinye viv nan yon paradi sou tè a, se pa pou kèk santèn ane sèlman, men se pou toutan. — Jan 3:16. w24.11 9 § 7.
Mèkredi 9 desanm
Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. — Mat. 24:14.
Pwofesi ki nan tèks pou jounen an ap akonpli nan epòk nou an yon fason moun pa t janm wè anvan sa. N ap preche mesaj Wayòm nan nan plis pase 1000 lang. E pa mwayen sit Entènèt jw.org la, pifò moun sou tè a kapab jwenn li. Sepandan, Jezi te fè disip li yo konnen tou yo pa t ap gentan “fin pase nan tout vil” yo, oswa preche tout moun anvan l vini (Mat. 10:23; 25:31-33). Pawòl Jezi te di yo gen pou yo reyalize nan epòk pa nou an. Jodi a, plizyè milyon moun ap viv nan yon seri zòn kote travay predikasyon an anba gwo restriksyon. Epitou, gen plizyè santèn tibebe ki fèt chak minit. Nou fè tout sa n kapab pou n pote bon nouvèl la bay “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang”. (Rev. 14:6.) Men, sa ki sèten, nou pap ka fè chak moun sou tè a konnen bon nouvèl la anvan lafen an vini. w24.05 10 § 6-7.
Jedi 10 desanm
Yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. — Mat. 19:6.
Jezi te konsole lòt moun e l te ankouraje yo ak pawòl li te konn di. Li pa t konn pale di ak disip li yo (Lik 8:47, 48). Ala yon bèl egzanp pou mari ki kretyen yo! Jezi mande mari yo pou yo ret fidèl ak madanm yo. Li te site pawòl Papa l ki te di yon mari dwe “atache ak madanm li”. (Mat. 19:4-6.) Vèb grèk yo itilize nan pasaj sa a pou mo “atache” a vle di literalman “kole ak lakòl”. Donk, lanmou ki genyen ant yon mari ak madanm ta dwe tèlman solid, se kòmsi yo kole ansanm. Si youn nan yo ta fè yon bagay ki fè lòt la soufri, se yo toule de ki t ap soufri. Yon mari ki vin gen kalite atachman sa a ak madanm li ap evite pònografi sou tout fòm. L ap aji vit pou l “pa kite je [l] ret ap gade sa k pa vo anyen”. (Sòm 119:37.) Anfèt, li fè yon alyans ak je l pou l pa gade okenn lòt fi ak move lide. — Jòb 31:1. w25.01 10 § 12-13.
Vandredi 11 desanm
Bondye nou an, [...] ap padone […] nèt. — Eza. 55:7.
Lè yon moun di li padone w, sa kapab vle di anpil bagay. Piske nou enpafè, gen yon gwo diferans ant fason Jewova padone nou ak fason nou padone youn lòt. Fason Jewova padone a san parèy. Men sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te di konsènan Jewova: “Ou menm, ou padone moun toutbon, se sa k fè moun gen respè pou ou.” (Sòm 130:4). Vrèmanvre, lè Jewova padone yon moun, li “padone [l] toutbon”. Se li ki montre n sa padone vle di toutbon. Nan kèk ka, moun Jewova te itilize pou ekri Bib la te konn sèvi ak yon mo ann ebre pou mo padone a yo pa janm itilize lè y ap pale konsènan fason moun padone. Lè Jewova padone yon moun, li efase peche moun sa a te fè a. Moun nan kapab vin gen bon relasyon avè l ankò. Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova padone nou nèt e li kontinye fè sa. w25.02 8 § 1-3.
Samdi 12 desanm
Li te ban nou lòd pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè. — Tra. 10:42.
Se pa rezilta nou jwenn ki vle di nou reyisi nan travay fè disip la. Sa k fè nou di sa? Se paske nou rive fè sa Jewova ak Pitit li a vle nou fè a: nou bay yon temwayaj. Menm lè nou pa jwenn pèsonn pou n pale oswa menm lè yo meprize mesaj nou an, nou gen kè kontan paske nou konnen nou fè Papa nou ki nan syèl la plezi (Pwo. 27:11). Nou kapab kontan tou lè yon pwoklamatè jwenn yon moun ki enterese nan tèritwa a. Toudegad te montre travay nou an sanble ak lè y ap chèche yon timoun ki pèdi. Gen anpil moun k ap chèche l, e yo chèche l tout kote. Lè yo jwenn timoun nan, se pa sèlman moun ki jwenn li an ki kontan, se tout moun ki kontan. Menm jan an tou, travay fè disip la se yon travay ki fèt ann ekip. Nou bezwen tout moun nan kongregasyon an pou preche tout tèritwa a, e nou tout kontan lè yon moun kòmanse asiste reyinyon yo. w24.04 18 § 13-14.
Dimanch 13 desanm
Tout moun ki te nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an te vin kwè. — Tra. 13:48.
Se pa ti tann n ap tann pou n wè sa k pral rive talè konsa! Grasa benediksyon Jewova, nou espere ap gen plis moun toujou k ap aksepte laverite anvan gwo tribilasyon an kòmanse. Epitou, nou vrèman kontan dèske menm nan moman gwo tribilasyon an, nou ka wè gen plis moun toujou ki vire do bay monn Satan an k ap depafini e ki vin bay Jewova louwanj ansanm avè n! Annatandan, nou gen travay pou n fè. Nou gen privilèj pou n patisipe nan travay preche bon nouvèl Wayòm Bondye a sou tout tè a, yon travay ki pap janm fèt ankò. Toutpandan n ap fè sa, nou bezwen kontinye avèti moun yo. Moun yo bezwen konnen sistèm mechan sa a prèske rive nan bout li. Grasa lanmou nou genyen, anpalan de lanmou pou bon nouvèl la, lanmou nou gen pou moun yo, e sa k pi enpòtan an, lanmou nou gen pou Jewova Dye e pou non l, n ap kontinye preche ak kè kontan, n ap sonje gen ijans e n pap sispann preche jiskaske Jewova di: “Nou mèt kanpe!” w24.05 19 § 14-16.
Lendi 14 desanm
Se nou tout ki pou abiye nou ak imilite nan relasyon nou youn ak lòt, paske Bondye kont moun ki gen ògèy yo, men li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la. — 1 Pyè 5:5.
Jou swa anvan yo te touye Jezi a, Jezi te anseye Pyè ak lòt apot yo yon leson enpòtan sou imilite. Apot li yo dwe te sezi anpil lè yo te wè l fè yon bagay se yon sèvitè oswa yon sèvant nòmalman ki te dwe fè l. Jezi te retire rad pa anlè li te gen sou li a, li te mare yon sèvyèt nan senti l, li te met dlo nan kivèt la e l te kòmanse lave pye yo (Jan 13:4, 5). Petèt, sa te pran yon ti tan pou l lave pye tout 12 apot yo, san wete pye Jida, moun ki t apral trayi l la. Epoutan, avèk imilite, Jezi te fè travay sa a. Apre sa, Jezi di yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? Nou rele m ‘Anseyan’, nou rele m ‘Seyè’, e nou gen rezon, paske se sa m ye. Kidonk, si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou, nou menm tou, youn dwe lave pye lòt.” — Jan 13:12-14. w25.03 10 § 9-11.
Madi 15 desanm
Ou ban m konsèy pou w gide m e w ap fè m jwenn glwa. — Sòm 73:24.
Monn nan fè l difisil pou n rete pwòch ak Jewova. Anpil moun pa vle kwè Bondye egziste. Souvan, moun ki pa bay sa Bondye mande regle anyen pou yo, afè yo sanble ap mache. Lè n wè sa, sa kapab yon eprèv pou lafwa nou. Menm lè nou ka pa met nan tèt nou Bondye pa egziste, nou ka kòmanse gen dout l ap ede nou. Se sa k te rive moun ki te ekri Sòm 73 la. Li te wè yon seri moun ki pa t bay lwa Bondye yo regle anyen pou yo epoutan ki t ap jwi lavi yo. Se sa k fè li te kòmanse ap di tèt li si l te bezwen fè efò pou l sèvi Bondye (Sòm 73:11-13). Ki sa k te ede moun ki te ekri sòm nan korije fason l panse? Li te medite sou sa k t ap rive moun ki te bliye Jewova (Sòm 73:18, 19, 27). Epitou, li te reflechi sou benediksyon moun k ap sèvi Bondye yo jwenn. Nou menm tou, nou kapab reflechi sou benediksyon Jewova ban nou yo. w24.06 25 § 16-17.
Mèkredi 16 desanm
Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. — Ebre 13:5.
Nan epòk yo t ap ekri Bib la, gen moun ki te konn eksplwate frè yo ki te pòv lè yo te konn prete yo lajan ak enterè. Epitou, te gen jij ki te konn aksepte lajan pa anba e ki pa t fè moun ki inosan yo jwenn jistis. Jewova rayi lè moun aji konsa (Eze. 22:12). Li bon pou n reflechi sou fason nou konsidere lajan. Mande tèt ou: ‘Èske m toujou ap panse ak lajan e ak sa m ka achte avè l? Si m prete kòb nan men yon moun, èske m pran tan anvan m remèt li paske m panse moun ki prete m kòb la pa bezwen l? Èske paske m gen lajan sa fè m santi m enpòtan e l difisil pou m pran ka lòt moun? Èske m panse si yon frè oswa yon sè gen anpil lajan se paske l materyalis? Èske m fè zanmi ak moun ki rich e m pa vrèman fè zanmi ak moun ki pòv?’ Nou ka kontinye zanmi Bondye lè n veye pou n pa renmen lajan. Si n fè sa, Jewova pap janm kite nou! w24.06 12-13 § 17-18.
Jedi 17 desanm
Mwen pa aksepte pran okenn move chemen yon fason pou m ka obeyi pawòl ou. — Sòm 119:101.
Pou n pa tonbe nan tantasyon, nou bezwen fè efò pou sa nou anvi yo se bagay ki kòrèk. Si nou aprann “rayi sa ki mal e renmen sa ki byen”, n ap vin gen plis detèminasyon pou n fè sa ki byen (Amòs 5:15). Lè sa nou anvi yo se bagay ki kòrèk, n ap gen plis fòs pou n reziste si n jwenn yon tantasyon. Nou bezwen ret okipe nan fè yon seri aktivite k ap fè n vin pi renmen Jewova. Lè n nan reyinyon oswa nan travay fè disip la, nou vin pi anvi fè Jewova plezi (Mat. 28:19, 20; Ebre 10:24, 25). Lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou sa n aprann yo, nou vin pi renmen sa ki byen e nou vin pi rayi sa ki mal (Joz. 1:8; Sòm 1:2, 3; 119:97). Pa bliye Jezi te di disip li yo: “Kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” (Mat. 26:41). Si nou fè sa, n ap bay Jewova posiblite pou l ede n e n ap vin gen plis detèminasyon pou n fè l plezi. — Jak 4:8. w24.07 17-18 § 14-16.
Vandredi 18 desanm
M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran. M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou. — Sòm 32:8.
Moun k ap bay fòmasyon yo bezwen imite fason Jewova pataje sajès li genyen. Sonje, Jewova bay sajès san grate tèt. Menm jan an tou, nou pataje konesans ak eksperyans nou genyen ak lòt moun k ap aprann yo san grate tèt. Nou pa kenbe yon pati nan konesans nou genyen paske nou pè pou moun k ap aprann nan pa vin ranplase nou. Epitou, nou pa di: ‘Pa t gen moun ki te ban m fòmasyon! Se pou l degaje l poukont li.’ Yon atitid konsa pa gen plas li nan mitan pèp Jewova a. Okontrè, nou kontan pataje tout sa n konnen ak lòt moun e n fè tout sa n kapab pou n bay yo fòmasyon (1 Tes. 2:8). Nou espere “yo menm [tou], bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun”. (2 Tim. 2:1, 2.) Si nou tout pataje sajès nou genyen an ak lòt moun, ni nou menm ni lòt moun ap gen plis sajès e y ap pi kontan. w24.09 29 § 12-13.
Samdi 19 desanm
Nou chak nou se manm ki ini youn ak lòt. — Wom. 12:5.
Si w santi w pa gen anpil kapasite, pa dekouraje. Sandout, ou gen kalite ki kapab itil kongregasyon an. Reflechi ak sa Pòl te di nan 1 Korentyen 12:12-30 epi priye Jewova pou w mande l ede w wè fason w ka aplike pawòl sa yo. Pawòl Pòl yo montre aklè ou menm ak lòt sèvitè Jewova yo gen kalite ki kapab itil kongregasyon an. Eseye fè tout sa w kapab nan sèvis Jewova a e fè efò pou w ede frè w ak sè w yo. Se sèten ansyen yo ap panse avè w e y ap ba w fè travay ou ka fè (Wom. 12:4-8). Tout kretyen bezwen chèche vin pwòch ak Jewova, yo bezwen chèche gen kè kontan lè yo bay, e yo bezwen bay bèl egzanp nan lavi yo antanke kretyen. w24.11 17 § 12-13.
Dimanch 20 desanm
Li te pran priye Jewova e li t ap kriye san rete. — 1 Sam. 1:10.
Ana te kriye paske l te gen plizyè pwoblèm ki te fè l tris anpil. Youn nan pwoblèm li te genyen sèke mari l te gen yon lòt madanm ki te rele Penina ki t ap imilye l. Mete sou sa, Ana pa t gen pitit, alòske Penina te gen plizyè pitit (1 Sam. 1:1, 2). Penina te toujou ap fawouche Ana paske Ana pa t ka fè pitit. Sa te fè Ana tèlman mal, “li te konn kriye e li te konn ret san manje”, epi li te vin “tris anpil”. (1 Sam. 1:6, 7, 10.) Ki jan Ana te jwenn konsolasyon? Youn nan bagay ki te ede l se lè l t al adore Jewova nan tabènak la. Se la, li te sipliye Jewova, li te di l: “[Gade] tray sèvant ou an ap pase [epi] sonje m.” (1 Sam. 1:11). Jewova te konprann sitiyasyon l e l te koute priyè l. Annapre, li te fè l gen pitit. — 1 Sam. 1:19, 20; 2:21. w24.12 21 § 5-7.
Lendi 21 desanm
Se pitit lèzòm yo mwen te pi renmen. — Pwo. 8:31.
Ranson an aprann nou moun gen anpil valè pou Jezi, sitou disip li yo (Jan 13:1). Pa egzanp, Jezi te konnen gen kèk aspè nan sèvis li sou tè a ki pa t ap fasil ditou, sitou lefètke l te dwe mouri nan soufrans. Men, Jezi te fè tout travay difisil sa yo, se pa jis paske se sa Jewova te ba l fè, men, se sitou paske l renmen moun. Jezi te montre li renmen moun anpil lefètke li te preche yo, li te anseye yo e l te ede yo. Menm nan jou swa anvan Jezi t apral mouri a, li te pran tan pou l lave pye apot li yo, pou l di yo kèk dènye pawòl pou l konsole yo e pou l ba yo enstriksyon (Jan 13:12-15). Epi, pandan Jezi te sou poto a, li te pran yon ti tan pou l te bay yon bandi ki t apral mouri espwa e pou l te mande apot Jan pou l pran swen manman l (Lik 23:42, 43; Jan 19:26, 27). Donk, Jezi te montre gwo lanmou li genyen, nonsèlman pandan l t ap mouri, men tou, pandan tout vi l sou tè a. w25.01 23 § 11.
Madi 22 desanm
Li te pran pinisyon an pou nou ka gen lapè, e se grasa blese li yo nou geri. — Eza. 53:5.
Bib la itilize yon konparezon pou ede n konprann libète nou vin genyen lè Jewova padone nou toutbon. Piske nou se pechè e nou gen tandans fè peche, nou se “esklav peche”. Men, lè Jewova padone nou, nou se esklav ki “libere anba peche”. (Wom. 6:17, 18; Rev. 1:5.) Vrèmanvre, lè n konnen Jewova padone n, nou kapab kontan anpil menm jan ak yon esklav ki jwenn libète l. Grasa sakrifis ranson an Jewova te bay pa mwayen Pitit Gason l lan, Li geri nou (1 Pyè 2:24). Ranson an pèmèt nou gen bon relasyon ak Jewova ankò, paske lè nou peche sa gen move efè sou relasyon nou gen avè l. Menm jan lè yon moun geri anba yon maladi grav sa fè l kontan anpil, se menm jan an tou nou kontan anpil paske nan yon sans nou geri e nou vin gen favè Jewova ankò paske li padone nou. w25.02 11 § 16; 13 § 17.
Mèkredi 23 desanm
Si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pa gendwa janm echwe. — 2 Pyè 1:10.
Nan parabòl talan yo, Jezi te pale konsènan de esklav ki te fidèl ak mèt yo ak youn ki pa t fidèl (Mat. 25:14-30). De esklav ki te fidèl yo reprezante kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki fidèl yo. Jezi, Mèt yo a, envite yo pou yo “vin rejwi ak mèt” yo. Yo resevwa rekonpans yo nan syèl la nan premye rezirèksyon an (Mat. 25:21, 23; Rev. 20:5b). Yon lòt bò, move egzanp esklav ki parese a te bay se yon avètisman pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Nan ki sans? Yo dwe montre yo se moun ki konn travay di. Lè Jezi te bay parabòl talan yo ak parabòl fi vyèj yo, se pa konnen li t ap fè konnen moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo t ap vin parese. Okontrè, li t ap esplike sa k t ap rive si yo pa t kontinye bay tout yo menm nan travay y ap fè a. Yo pa t ap “asire ni apèl [yo a] ni chwazi yo chwazi [yo a]”, e yo pa t ap kite yo antre nan Wayòm syèl la. w24.09 22 § 10; 23 § 12-13.
Jedi 24 desanm
Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.
Nou tout bezwen pran swen tèt nou ak fanmi nou (Ekl. 7:12; 1 Tim. 5:8). Lè n ap deside si n ap aksepte yon travay oubyen si nou pap aksepte l, nòmalman, n ap reflechi sou kantite kòb y ap peye nou. Men, si se sèlman kantite kòb y ap peye nou ki enpòtan pou nou, sa ka montre se sitou selon sa nou wè n ap mache. Epitou, si n ap mache selon lafwa, n ap egzamine ki jan travay la ka gen efè sou relasyon n ak Jewova. Nou ta ka mande tèt nou: ‘Èske travay sa a ka mande pou m fè yon seri bagay Jewova rayi?’ (Pwo. 6:16-19). ‘Èske travay sa a ka gen efè sou adorasyon m ap bay Jewova a, e petèt, li ka fè m rete lwen fanmi m pandan anpil tan?’ Si repons pou kesyon sa yo se wi, nou t ap montre nou gen sajès lè n pa aksepte travay sa a menm lè l pa fasil pou n jwenn travay. Lefètke n ap mache selon lafwa, nou pran desizyon ki montre nou gen konviksyon Jewova ap pran swen nou yon fason oswa yon lòt. — Mat. 6:33; Ebre 13:5. w25.03 21 § 5-6.
Vandredi 25 desanm
Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l. — Efe. 4:32.
Nou dwe toujou chèche wè frè n ak sè n yo jan Jewova wè yo. Nou fè sa lè n konsantre sou bèl kalite yo genyen e nou pa konsantre sou enpèfeksyon yo ki gen pou disparèt. N ap rive rezoud kèlkeswa pwoblèm nou genyen youn ak lòt avèk lanmou. Konsa, paradi espirityèl la ap atire moun ki ta renmen yo aji menm jan an avèk yo. Nou vle toujou gen rekonesans pou paradi sa a Jewova kreye pou nou an. Nenpòt moun ki ta renmen jwenn ankourajman, ki ta renmen gen kè kontan, ki ta renmen santi l kalm e an sekirite dwe vin nan paradi espirityèl la e l pa dwe janm kite l. Men, fè atansyon paske Satan ap eseye fè tout sa l kapab pou l pran nou nan pyèj pou n ka sot ladan l (1 Pyè 5:8; Rev. 12:9). Nou pa dwe kite sa rive. Annou fè gwo efò pou nou pwoteje bèl paradi espirityèl la ki pwòp e ki gen lapè ladan l. w24.04 24-25 § 18-19.
Samdi 26 desanm
Chèche Wayòm nan an premye. — Mat. 6:33.
Nou menm paran, nou kapab ede pitit nou vin anvi sèvi Jewova. Montre pitit ou relasyon w ak Jewova se bagay ki pi enpòtan pou ou, kit se nan pawòl ou ak nan egzanp w ap ba yo. Pa egzanp, ou bezwen etidye Bib la, asiste reyinyon yo, epi patisipe nan travay fè disip la. Si w pa fè sa, pitit ou ka vin konprann yo oblije sèvi Jewova paske paran yo se Temwen Jewova. Yo ka vin wè li pa vrèman enpòtan pou yo sèvi Jewova oswa yo ka menm kite sa. Lè yon moun sispann sèvi Jewova, èske sa vle di pa gen espwa pou li ankò? Sa pa vle di sa, paske li ka repanti e li ka vin adore Jewova ankò. Pou l rive fè sa, li ka bezwen mete l toupiti epi aksepte èd ansyen yo nan kongregasyon an ap ba li (Jak 5:14). Kèlkeswa efò l fè pou l rekòmanse sèvi Jewova, yo pap janm twòp! w24.07 24-25 § 18-19.
Dimanch 27 desanm
Kouri pou imoralite seksyèl. — 1 Kor. 6:18.
Ki sa nou ka fè pou renmen an rete pwòp? Tank n ap gen plis santiman youn pou lòt, se tank n ap santi nou gen plis atirans youn pou lòt. Ki sa k ka ede n rete pwòp nan domèn moral? Evite pale sou bagay ki imoral, evite rete poukont nou e evite bwè twòp bwason ki gen alkòl (Efe. 5:3). Bagay sa yo ka fè nou vin gen dezi seksyèl e sa ka fè l vin pi difisil pou n fè sa ki dwat. Li t ap bon pou nou pale regilyèman sou sa n kapab fè pou renmen an rete pwòp (Pwo. 22:3). De moun ki renmen ka deside fè kèk jès ki apwopriye pou demontre afeksyon youn pou lòt tank y ap vin pi renmen youn lòt. Sepandan, si nou vin gen gwo dezi seksyèl, li ka vin difisil pou n aji avèk sajès (Chan. 1:2; 2:6). Epitou, pandan n ap demontre afeksyon, li ka fasil pou nou pèdi kontwòl nou e pou nou fè yon bagay ki pa fè Jewova plezi (Pwo. 6:27). Donk, depi lè nou fèk renmen l ap bon pou nou pale sou limit n ap bay tèt nou, ann amoni ak prensip ki nan Bib la. — 1 Tes. 4:3-7. w24.05 29 § 10-11.
Lendi 28 desanm
Se pou ‘Wi’ nou vle di wi, e se pou ‘Non’ nou vle di non. — Mat. 5:37.
Nou ta renmen pou lòt moun kapab konte sou nou, sitou nan moman difisil yo (Pwo. 17:17). Ki sa n ka fè pou lòt moun ka konte sou nou? Nou kapab fè anpil efò pou n toujou demontre yon seri kalite ki soti nan Bondye, pa egzanp lè nou kenbe pwomès nou e lè n fè tout sa n kapab pou n toujou respekte lè yo ban nou. Ansyen yo ka konte sou yo vrèman itil kongregasyon an. Ki jan? Pwoklamatè yo santi yo byen lè yo kapab kontakte ansyen yo byen fasil, pa egzanp frè ki responsab gwoup predikasyon yo ladan l lan. Epitou, lè pwoklamatè yo konnen ansyen yo dispoze ede yo, sa fè yo santi yo byen. E lè ansyen yo baze konsèy y ap bay yo sou Bib la ak sou piblikasyon esklav fidèl la bay olye yo baze yo sou pwòp opinyon yo, frè ak sè yo fè yo plis konfyans. Frè ak sè yo ap fè yon ansyen ki pa rakonte lòt moun sa yo di l e ki kenbe pwomès li plis konfyans. w24.06 30 § 14-15.
Madi 29 desanm
W ap ba yo lapè nètale, paske, se nan ou yo met konfyans yo. — Eza. 26:3.
Jodi a, nou pa ka atann pou Jewova retire tout pwoblèm nou yo, men nou ka konte sou li pou l ede nou (Sòm 41:3). Jewova sèvi ak lespri sen pou l ban n fòs, sajès ak lapè nou bezwen pou nou andire (Pwo. 18:14; Flp. 4:13). Li konsole n tou grasa esperans li ban nou ki baze sou Bib la ki fè konnen pap gen okenn moun ki malad ankò (Eza. 33:24). Lè n nan sitiyasyon difisil, pawòl Jewova ki nan Bib la kapab konsole n epi ede n rete kalm (Wom. 15:4). Apre doktè te fin fè yon sè ann Afrik delwès konnen li fè kansè, li te toujou ap kriye. Men sa l te di: “Youn nan vèsè ki te plis konsole m se Ezayi 26:3. […] Vèsè sa a ban m asirans Jewova kapab ban nou lapè nou bezwen k ap ede n gen kontwòl sou fason nou reyaji devan eprèv.” Èske gen yon vèsè ou twouve ki ankouraje w anpil lè w ap fè fas ak sitiyasyon ki vrèman difisil, petèt sitiyasyon ki menm parèt sanzespwa? w24.12 24 § 17-18.
Mèkredi 30 desanm
Pandan misye nan yon bèl distans, papa a wè l, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès. — Lik 15:20.
Se fason sa a Jewova santi l konsènan moun ki kite l yo, e ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo imite Jewova. Nan yon sans, yo vle pou mouton sa yo ki pèdi retounen lakay yo (Lik 15:22-24, 32). Lè yon moun ki peche retounen, sa bay kè kontan nan syèl la e sa bay kè kontan tou sou tè a (Lik 15:7)! Li klè, Jewova pa dakò ak moun k ap fè peche e ki pa repanti. Sepandan, li pa vire do bay moun k ap fè peche yo. Li vle yo retounen vin jwenn li. Epitou, lè yon moun repanti, gade ki jan Jewova santi l konsènan moun sa a selon Oze 14:4: “M ap geri yo e yo pap aji yon fason ki montre yo pa fidèl ankò. M ap renmen yo san pèsonn pa fòse m, paske mwen pa an kòlè sou yo ankò.” Se pa ti ankouraje sa ankouraje ansyen yo pou yo chèche nenpòt siy ki montre yon moun ki peche kòmanse repanti. Epitou, se pa ti ankouraje sa ankouraje moun ki kite Jewova yo pou yo retounen vin jwenn li san pèdi tan. w24.08 28 § 8-9.
Jedi 31 desanm
Montre nou gen rekonesans. — Kol. 3:15.
An reyalite, gen moun ki ka pa toujou montre yo gen rekonesans. Gende lè nou ka bay tan nou, fòs nou oswa sa n posede, men, annapre n ap mande tèt nou si moun nan menm bay sa enpòtans. Si sa rive, ki sa n ka fè pou n pa sispann gen kè kontan oswa pou n pa fache? Sonje kè kontan nou jwenn lè n bay pa depann de fason moun reyaji (Tra. 20:35). Nou ka chwazi renmen bay menmsi lòt moun ta sanble pa gen rekonesans pou sa nou fè a. Ki jan n ka fè sa? Kontinye imite Jewova. Li bay moun bon bagay kit yo montre yo gen rekonesans, kit yo pa montre sa (Mat. 5:43-48). Jewova pwomèt lè nou bay menm jan avè l, “san nou pa espere anyen anretou”, “n ap gen yon gwo rekonpans”. (Lik 6:35.) “Anyen” ka vle di menmsi yo pa di w mèsi. Kit yo di nou mèsi, kit yo pa di nou mèsi, Jewova ap toujou rekonpanse nou pou bon bagay nou fè pou n ede lòt moun poutèt nou se “moun ki bay ak kè kontan”. — Pwo. 19:17; 2 Kor. 9:7. w24.09 29 § 14-16.