BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es26 p. 108-118
  • Novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Novanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
  • Soutit
  • Dimanch 1ye novanm
  • Lendi 2 novanm
  • Madi 3 novanm
  • Mèkredi 4 novanm
  • Jedi 5 novanm
  • Vandredi 6 novanm
  • Samdi 7 novanm
  • Dimanch 8 novanm
  • Lendi 9 novanm
  • Madi 10 novanm
  • Mèkredi 11 novanm
  • Jedi 12 novanm
  • Vandredi 13 novanm
  • Samdi 14 novanm
  • Dimanch 15 novanm
  • Lendi 16 novanm
  • Madi 17 novanm
  • Mèkredi 18 novanm
  • Jedi 19 novanm
  • Vandredi 20 novanm
  • Samdi 21 novanm
  • Dimanch 22 novanm
  • Lendi 23 novanm
  • Madi 24 novanm
  • Mèkredi 25 novanm
  • Jedi 26 novanm
  • Vandredi 27 novanm
  • Samdi 28 novanm
  • Dimanch 29 novanm
  • Lendi 30 novanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
es26 p. 108-118

Novanm

Dimanch 1ye novanm

Mwen pap rete an kòlè pou toutan. — Jer. 3:12.

Ansyen yo fè efò pou yo montre yo gen konpasyon menm jan ak Jewova lè y ap ede yon moun yo retire nan kongregasyon an. Pa egzanp, Jewova pa t tann pou pèp Izrayèl tan lontan an ki te vire do ba li fè premye pa a. Okontrè, li te pran devan pou l ede yo anvan menm yo te bay siy ki montre yo te vle repanti. Jewova te mande Oze pou l padone madanm li e pou l fè l retounen vin jwenn li, menm lè madanm nan te kontinye ap fè peche grav. Konsa, Jewova te montre pèp li a li gen anpil konpasyon (Oze 3:1; Mal. 3:7). Menm jan ak Jewova, ansyen yo vrèman vle ede moun ki peche a retounen nan kongregasyon an, e yo pa rann li difisil pou l fè sa. Nan parabòl pitit gason gaspiyè Jezi te bay la, papa a “kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès”. (Lik 15:20.) N ap remake papa a pa t tann pitit gason l lan mande l padon. Okontrè, li te pran devan, menm jan nenpòt papa ki gen lanmou t ap fè sa. w24.08 28 § 7-8.

Lendi 2 novanm

Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch. — Jak 1:​5, nòt.

Jan pawòl ki nan tèks pou jounen an montre sa, Jewova pa renka pou l pataje sajès li genyen an. Li kontan pataje l ak lòt moun. Remake tou, lè Jewova bay sajès, “li pa fè repwòch” oswa “li pa [chèche] jwenn fot”. Li pa janm fè n santi n wont lè nou mande l gide nou. Okontrè, li vle nou mande l sa (Pwo. 2:​1-6). E nou menm? Èske n ka imite Jewova lè n pataje sajès nou genyen (Sòm 32:8)? Pèp Jewova a gen anpil okazyon pou l pataje sa l aprann. Pa egzanp, souvan nou bay nouvo yo fòmasyon nan travay fè disip la. Avèk pasyans, ansyen yo montre sèvitè ministeryèl yo ak frè ki batize yo fason pou yo fè travay yo ba yo fè nan kongregasyon an. E sila yo ki gen eksperyans nan konstriksyon ak nan antretyen patisipe nan bay moun ki gen mwens eksperyans yo fòmasyon pou yo travay nan yon seri lokal òganizasyon an genyen. w24.09 28-29 § 11-12.

Madi 3 novanm

Nou te vin tèlman renmen nou. — 1 Tes. 2:8.

Ou menm frè, pou w kalifye pou w vin ansyen, ou dwe “san repwòch”, sa vle di ou dwe gen yon bon repitasyon nan kongregasyon an e pèsonn pa ta dwe gen rezon di ou fè yon bagay ki mal (1 Tim. 3:2). Epitou, “moun ki deyò yo ta dwe bay bon temwayaj sou” ou. Moun ki pap sèvi Jewova ka kritike kwayans ou, men yo pa ta dwe jwenn okenn rezon pou yo di ou pa serye oswa ou pa gen bon konduit (Dàn. 6:​4, 5). Mande tèt ou: ‘Èske m gen bon repitasyon ni nan kongregasyon an, ni nan lavi m ap mennen chak jou?’ Si w “renmen sa ki byen”, w ap chèche sa ki bon lakay lòt moun e w ap felisite yo pou bèl kalite yo genyen (Tit 1:8). Epitou, w ap kontan fè byen pou lòt moun e w ap menm fè plis pase sa y ap atann pou w fè. Poukisa li enpòtan anpil pou ansyen yo gen kalite sa a? Paske yo pase anpil tan ap ede frè ak sè yo ak nan travay yo gen pou yo fè pou kongregasyon an (1 Pyè 5:​1-3). Aktout sa, kè kontan yo jwenn nan ede lòt moun, pi plis lontan pase nenpòt sakrifis yo fè. — Tra. 20:35. w24.11 20-21 § 3-5.

Mèkredi 4 novanm

Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa. — Tra. 20:35.

Sèvitè ministeryèl yo ap fè yon travay ki enpòtan anpil nan kongregasyon yo. Pa gen dout, apot Pòl te bay frè fidèl sa yo valè. Pa egzanp, lè l t ap ekri kretyen nan vil Filip yo, nonsèlman li te salye ansyen yo, men li te salye sèvitè ministeryèl yo tou (Flp. 1:1). Anpil frè ki batize, kit yo jèn, kit yo granmoun, kontan anpil lè yo vin sèvitè ministeryèl. Pa egzanp, gen yon frè ki rele David ki te gen 18 an lè yo te nome l sèvitè ministeryèl. Yon lòt bò, yon frè ki rele Luis te vin sèvitè ministeryèl nan kòmansman senkantèn li. Li te fè konnen fason anpil frè santi yo lè yo vin sèvitè ministeryèl. Men sa l te di: “Mwen santi se yon gwo privilèj pou m vin sèvitè ministeryèl, sitou lè m ap panse ak jan frè ak sè nan kongregasyon an montre yo renmen m!” Si w se yon frè ki batize e w poko sèvitè ministeryèl, èske w ta ka chèche gen objektif sa a? w24.11 14 § 1-3.

Jedi 5 novanm

O Jewova, mwen sipliye w, [...] sonje jan m [...] te fè sa ki byen nan je w. — 2 Wa 20:3.

Lè wa Ezekyas ki t ap dirije Jida te gen 39 an, li te aprann li pa t ret anpil tan pou l viv akoz yon maladi li te genyen. Pwofèt Ezayi te di Ezekyas Jewova voye di l l ap mouri akoz maladi a (2 Wa 20:1). Sanble, pa t gen espwa pou Ezekyas. Nouvèl la te dekouraje l anpil e l te tonbe kriye. Li te priye Jewova ak tout kè l. Lè Jewova te tande priyè Ezekyas te fè a e l te wè dlo nan je l, Li te gen konpasyon pou li. Men sa l te di l: “Mwen tande priyè w la. Mwen wè dlo ki nan je w. M ap geri w.” Jewova te gen pitye pou Ezekyas, se sa k fè Li te voye pwofèt Ezayi al fè l konnen l ap ajoute sou longè lavi l e l ap delivre Jerizalèm anba men moun Asiri yo (2 Wa 20:​4-6). Èske w gen yon pwoblèm sante ki sanble sanzespwa? Priye Jewova, ou ka menm fè sa ak dlo nan je. Bib la ban nou asirans “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an” ap konsole nou nan tout eprèv nou yo. — 2 Kor. 1:​3, 4. w24.12 24 § 15-17.

Vandredi 6 novanm

Men espwa mwen gen nan Bondye, e se espwa sa a mesye sa yo genyen tou: Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.

Se pa ti kontan nou pral kontan akeyi moun ki pral resisite yo! Epitou, imajine jan w pral kontan aprann plis bagay sou Jewova lè w ap egzamine pakèt bagay li kreye yo (Sòm 104:24; Eza. 11:9). Sa k pi bèl la, ala sa pral estrawòdinè pou n adore Jewova san nou pa santi n koupab ditou! Èske w t ap chwazi “pran plezi pou yon ti tan nan peche” olye w pwofite bèl benediksyon sa yo alavni (Ebre 11:25)? Se sèten ou pa t ap fè sa! Benediksyon sa yo gen plis valè pase nenpòt sakrifis nou dwe fè kounye a. Sonje, nou pap toujou espere viv nan Paradi a sou tè a. Rive yon lè, n ap nan Paradi a. Tout bagay sa yo ap posib paske Jewova tèlman renmen nou li bay Pitit Gason l lan kòm sakrifis pou nou! w25.01 29 § 12.

Samdi 7 novanm

Èske men Jewova twò kout?— Nonb 11:23.

Liv Ebre a pale konsènan plizyè moun ki te gen lafwa nan Jewova. Youn ladan yo se te Moyiz. Li te gen yon lafwa estrawòdinè (Ebre 3:​2-5; 11:​23-25). Lafwa Moyiz te genyen an pa t pou granmesi paske Bondye te fè mirak pou l te fè pèp la jwenn manje ak dlo nan dezè a kote anyen pa pouse (Egz. 15:​22-25; Sòm 78:​23-25). Menm lè Moyiz te gen yon gwo lafwa, sepandan anviwon ennan apre Jewova te fè mirak pou l delivre Izrayelit yo, Moyiz t ap mande tèt li èske Jewova t ap kapab bay pèp Li a vyann jan L te di a. Moyiz pa t ka imajine ki jan Jewova t ap ka bay plizyè milyon moun ki te nan dezè a ki pa t gen anyen ladan l kantite vyann pou yo manje. Jewova te mande Moyiz: “Èske men Jewova twò kout?” (Nonb 11:​21-23.) Se kòmsi Jewova t ap mande Moyiz: ‘Èske w vrèman panse mwen pa ka fè sa m di m pral fè a?’ w25.03 26 § 1-2.

Dimanch 8 novanm

[Bondye] pa t ezite pini yon monn nan tan lontan. — 2 Pyè 2:5.

Èske n ka di chak bagay ki te pase nan epòk delij la gen rapò ak yon bagay ki gen pou rive alavni? Repons lan se non! Poukisa? Paske Bib la pa di sa. Se vre Jezi te konpare “epòk Noye a” ak moman prezans li, men li pa t di tout sa k te rive nan epòk Noye a, pa egzanp lè Jewova te fèmen pòt lach la, t ap gen yon pi gwo akonplisman alavni (Mat. 24:​37-39). Ki sa Noye te fè lè l te tande mesaj avètisman Jewova te bay la? Li te montre l gen lafwa lefètke l te konstwi lach la (Ebre 11:7; 1 Pyè 3:20). Menm jan an tou, moun ki tande bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a dwe montre yo gen lafwa lè yo aplike sa yo aprann yo (Tra. 3:​17-20). Pyè te di Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. Jodi a, n ap patisipe nan travay predikasyon an k ap fèt toupatou sou tè a, e nou fè efò pou n met tout fòs nou nan travay sa a. Men, kèlkeswa efò nou fè, nou pap rive preche tout moun sou tè a bon nouvèl la anvan lafen an vini. w24.05 9-10 § 3-5.

Lendi 9 novanm

[Li] onore moun ki gen lakrentif pou Jewova. — Sòm 15:4.

Nou dwe chèche okazyon pou n demontre jantiyès ak respè pou moun ki zanmi Jewova (Wom. 12:10). Ki jan nou kapab fè sa? Selon Sòm 15:​4, youn nan fason yon moun Jewova envite nan tant li kapab fè sa, se lè “li kenbe pwomès li, menm lè sa koute l chè”. Lè n pa kenbe pwomès nou fè, se sèten sa ka fè lòt moun soufri (Mat. 5:37). Pa egzanp, Jewova atann pou moun li envite yo respekte ve yo te fè lè yo t ap marye. Sa fè Jewova plezi tou lè paran yo fè tout sa yo kapab pou yo kenbe pwomès yo te fè pitit yo. Piske nou renmen Bondye e nou renmen pwochen nou, n ap fè tout sa n kapab pou n kenbe pwomès nou fè. Yon lòt fason nou ka onore zanmi Bondye yo se lè n renmen akeyi moun ak lè n renmen bay (Wom. 12:13). Lè n pase bon ti moman ak frè n ak sè n yo, sa fè n vin pi pwòch ak yo e ak Jewova. Anplis de sa, lè n renmen akeyi moun, nou imite Jewova. w24.06 12 § 15-16.

Madi 10 novanm

Ki sa lòm ye pou w ap sonje l?— Sòm 8:4.

Se moun ki gen imilite Jewova fè konnen laverite (Mat. 11:25). Imilite nou genyen te fè n kite lòt moun ede n aprann laverite (Tra. 8:​30, 31). Sepandan, nou dwe fè atansyon pou n pa vin gen ògèy. Si n ta vin gen ògèy, nou ta ka kòmanse panse opinyon nou gen menm enpòtans ak prensip ki nan Bib la e ak direksyon òganizasyon Jewova a ban nou. Pou n kontinye gen imilite, nou bezwen sonje jan nou piti devan Jewova (Sòm 8:​3, 4). Epitou, nou kapab mande Jewova pou l ede nou vin gen plis imilite e pou n dispoze aprann. Jewova ap ede n bay panse l yo nou jwenn nan Pawòl li a e pa mwayen òganizasyon l lan plis valè pase pwòp panse pa nou. Lè w ap li Labib, chèche wè prèv ki montre jan Jewova renmen moun ki gen imilite ak jan li rayi moun ki gen ògèy, ki awogan e ki pran tèt yo pou yon pakèt afè. E chèche fè plis efò toujou pou w kontinye gen imilite si w resevwa yon privilèj ki ba w kèk otorite oswa ki fè anpil moun konnen w. w24.07 10 § 8-9.

Mèkredi 11 novanm

Sa ki pa anpil la ap tounen 1000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la. — Eza. 60:22.

Depi 1919, Jezi ap sèvi ak yon ti gwoup gason Bondye chwazi pou al nan syèl pou yo òganize travay predikasyon an e pou yo bay disip li yo enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a nan bon moman (Lik 12:42). Li klè, Jewova beni travay gwoup moun sa yo ap fè a (Eza. 65:​13, 14). Si nou pa t òganize, nou pa t ap ka fè travay Jezi ban nou fè a (Mat. 28:​19, 20). Pa egzanp, ann sipoze chak kongregasyon pa t gen tèritwa pa yo, tout moun t ap ka preche kèlkeswa kote yo vle. Gen kèk tèritwa, anpil pwoklamatè t ap preche ladan yo toutan, alòske, gen lòt yo te gendwa pa preche nan yo ditou. Èske w sonje kèk lòt fason w jwenn byenfè lefètke nou òganize? Menm jan Jezi te òganize disip li yo pandan l te sou tè a, se konsa l kontinye òganize pèp Bondye a jodi a. w24.04 8-9 § 2-4.

Jedi 12 novanm

Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m? Men, si w pa fè sa ki byen, peche kouche ap tann ou nan papòt la, e tout sa l vle se domine w. — Jen. 4:7.

Kayen se te premye pitit gason Adan ak Èv. Li te eritye tandans pou l fè peche a nan men paran l yo. Mete sou sa, men sa Bib la di sou li: “Aksyon l yo se te move aksyon.” (1 Jan 3:12). Petèt se pou rezon sa a Jewova “pa t aksepte Kayen ak ofrann pa l la ditou” lè Kayen te fè sakrifis li a. Men, olye Kayen te chanje fason l t ap aji, li te “vin fache anpil e li te kagou”. Ki sa Jewova te fè? Li te pale ak Kayen (Jen. 4:​3-7). N ap remake Jewova te pale ak Kayen avèk bonte, li te ba l espwa e li te avèti l kont danje ki gen nan peche. Malerezman, Kayen pa t koute. Li pa t kite Jewova ede l repanti. Apre Kayen te fin refize èd Jewova, èske Jewova te sispann eseye ede lòt moun repanti? Jamè! w24.08 10 § 8.

Vandredi 13 novanm

Nou dwe chwazi lavi pou nou kapab rete an vi. — Det. 30:19.

Pèp Izrayèl la te gen yon bèl avni devan l. Grasa benediksyon Jewova, Izrayelit yo te kapab viv pandan lontan nan peyi L te pwomèt yo a. Se te yon bèl peyi ki te chaje manje! Men sa Moyiz te di pandan l t ap pale avè yo: “[Se] yon peyi ki gen gwo vil nou pa t konstwi ki byen bèl, ki gen kay ki chaje ak tout kalite bon bagay nou pa t travay pou n genyen, ki gen sitèn nou pa t fouye, jaden rezen ak pye oliv nou pa t plante.” (Det. 6:​10, 11). Moyiz te bay Izrayelit yo yon avètisman tou. Pou yo te kontinye viv nan bèl peyi yo a, yo te bezwen obeyi kòmandman Jewova yo. Moyiz te ankouraje yo pou yo “chwazi lavi” lè yo koute Jewova e lè yo “rete atache ak li”. (Det. 30:20.) Sepandan, Izrayelit yo pa t obeyi Jewova. Donk, rive yon lè, Bondye te kite moun peyi Asiri yo pot laviktwa sou yo epi mennen yo ann egzil, e annapre, li te kite Babilónyen yo fè menm bagay la tou. — 2 Wa 17:​6-8, 13, 14; 2 Kwo. 36:​15-17, 20. w24.11 9 § 5-6.

Samdi 14 novanm

Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini. — Jan 6:44.

Anpil moun ki di yo se kretyen panse y ap sove si yo jis “kwè nan [Jezi]” e si yo konsidere l kòm sovè pèsonèl yo (Jan 6:​29, Bib Kreyòl La). Sepandan, gen kèk moun nan yon foul ki te kwè nan Jezi okòmansman ki te abandone l. Poukisa yo te fè sa? Pifò moun nan foul Jezi te bay manje yo te kontan suiv li paske li te ba yo sa yo te vle. Yo te vle l fè mirak pou l geri yo, yo te vle jwenn manje gratis, e yo te vle l di yo pawòl yo ta renmen tande. Sepandan, Jezi te montre vrè disip li yo t ap bezwen fè plis pase sa. Li pa t vin sou tè a senpleman pou l bay moun sa yo anvi genyen. Yo ta dwe aksepte envitasyon l fè pou yo “vin jwenn” li, sa vle di yo ta dwe koute l epi obeyi tout sa l te anseye yo. — Jan 5:40. w24.12 12 § 12-13.

Dimanch 15 novanm

Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an. — Efe. 5:25.

Ki sa k ka ede yon mari pou l sispann abize madanm li e pou l sispann fòse l fè yon seri aksyon nan domèn seksyèl ki ka twouble konsyans li? Li ka fè efò pou l suiv egzanp Jezi. Fason l te aji ak disip li yo se yon modèl pou mari yo suiv nan fason y ap aji ak madanm yo. Ann wè sa mari yo ka aprann nan fason Jezi te aji ak disip li yo ak nan fason l te pale avè yo. Jezi te toujou janti ak apot li yo e l te aji ak yo avèk respè. Li pa t janm aji di ak yo oswa montre yo se li ki chèf. Li pa t janm wè nesesite pou l montre li gen otorite sou yo e l pa t janm sèvi ak pouvwa l genyen pou l fè yo pè l. Okontrè, Jezi te sèvi yo avèk imilite (Jan 13:​12-17). Men sa l te di disip li yo: “Aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” (Mat. 11:​28-30). N ap remake Jezi te gen tanperaman dou. Yon moun ki dou se pa yon moun ki fèb. Okontrè, li gen fòs pou l metrize tèt li. Menm lè yo fè l fache, li rete kalm e li kontwole emosyon l. w25.01 10 § 10-11.

Lendi 16 novanm

Lage tout sa w ap fè nan men Jewova. — Pwo. 16:3.

Tank fen sistèm sa a ap pwoche, nou ka atann sitiyasyon ekonomik la ap vin pi mal. Pwoblèm politik, lagè, katastwòf natirèl oswa nouvo pandemi ka fè n fè depans nou pa t prevwa, oubyen sa ka fè n pèdi travay nou, sa n posede oswa kay nou. Ki sa k ka ede n pran desizyon ki montre nou fè Jewova konfyans? Premye bagay enpòtan ou bezwen fè se fè Jewova konnen sa k ap trakase w. Mande l pou l ba w sajès ou bezwen pou w pran bon desizyon e pou kè w kapab kalm pou w evite “bay tèt [ou] pwoblèm” anrapò ak sitiyasyon w (Lik 12:​29-31). Pa sispann mande l ede w aprann kontante w ak sa w vrèman bezwen pou w viv (1 Tim. 6:​7, 8). Fè rechèch nan piblikasyon nou yo sou fason w ka reyisi fè fas ak pwoblèm ekonomik. Anpil moun te jwenn piblikasyon ki te itil yo ki pale sou pwoblèm ekonomik sou jw.org. w25.03 28-29 § 10-11.

Madi 17 novanm

Bondye montre m mwen pa dwe konsidere pèsonn kòm moun ki kontamine, oubyen kòm moun ki pa pwòp. — Tra. 10:28.

Moman an te rive pou moun lòt nasyon yo ki pa t sikonsi te vin fè pati pèp Bondye a. Apot Pyè te resevwa misyon pou l preche Kònèy, yon moun lòt nasyon, ki t ap pami premye moun ki te fè pati nouvo gwoup moun ki te vin adore Jewova. Juif yo pa t vrèman gen rapò ak moun lòt nasyon. Donk, nou pa sezi lefètke Pyè te bezwen jwenn èd pou l te prepare l pou misyon sa a. Lè Pyè te konprann volonte Bondye anrapò ak moun lòt nasyon yo, li te chanje fason l panse. Se sa k fè, lè Kònèy te voye chèche l, li t ale “san ezite”. (Tra. 10:29.) Li te preche Kònèy ak moun lakay li, e yo te batize (Tra. 10:​21-23, 34, 35, 44-48). Plizyè ane annapre, Pyè te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo “gen menm panse”. (1 Pyè 3:8.) Antanke pèp Jewova, nou kapab gen menm panse lè nou imite fason Jewova panse, jan sa parèt nan Pawòl li a. w25.03 9-10 § 7-8.

Mèkredi 18 novanm

Pa kite divès kalite ansèyman etranj pote nou ale. — Ebre 13:9.

Fason moun nan monn nan aji ak fason yo panse ap vin pi depaman toujou ak fason Bondye panse (Pwo. 17:15). Donk, li enpòtan anpil pou n idantifye fason moun yo panse ki pa kòrèk yo e pou n pa aksepte yo. Nou pa dwe kite okenn opozan fè n vin dekouraje oswa menm fè n sispann sèvi Jewova. L ap bon pou n suiv konsèy apot Pòl te bay kretyen ebre yo pou yo chèche vin gen matirite. Sa vle di, nou bezwen fouye pi plis nan Bib la pou n ka pi byen konn Jewova ak fason li panse. Nou bezwen kontinye fè sa menm apre nou fin vwe Jewova lavi n epi nou batize. Kèlkeswa kantite tan nou gen nan laverite, nou tout dwe li Pawòl Bondye a chak jou epi etidye l regilyèman (Sòm 1:2). Lè n etidye Bib la regilyèman, sa ap ede n vin gen plis lafwa, yon kalite Pòl te di kretyen ebre yo bezwen genyen. — Ebre 11:​1, 6. w24.09 10 § 7-8.

Jedi 19 novanm

Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.

Si nou gen yon relasyon sere ak Jewova, l ap pi fasil pou n ret fidèl avè l. Jozèf te viv sa. Li te refize fè imoralite seksyèl. Li te konnen sa t ap fè Bondye mal, e l pa t vle fè L lapenn (Jen. 39:9). Pou n gen yon relasyon sere ak Jewova, nou bezwen pran tan pou n priye l e pou n etidye Pawòl li a. Lè n fè sa, n ap vin pi pwòch avè l. Menm jan ak Jozèf, lè nou gen yon relasyon sere ak Jewova, nou pap vle fè anyen ki pap fè l plezi. Moun ki bliye Jewova se Bondye vivan an kapab sispann ret fidèl avè l byen fasil. Reflechi sou sa k te rive Izrayelit yo lè yo te nan dezè a. Yo te konnen Jewova egziste, men, yo te kòmanse gen dout li t ap kapab ba yo sa yo bezwen pou yo viv (Egz. 17:​2, 7). Apre sa, yo te fè rebèl ak Bondye. Se sèten nou pa vle suiv move egzanp yo te bay, e se yon avètisman pou nou. — Ebre 3:12. w24.06 24 § 14-15.

Vandredi 20 novanm

Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li ap koute lè y ap mande l pou l ede yo. — Sòm 34:15.

Dènye jou yo pa lwen rive nan bout yo, e nou ka atann bagay ki fè moun kriye ap vin pi plis toujou. Jewova wè dlo k ap koule nan je nou e sa vrèman touche l. Dlo nan je nou gen anpil valè pou li. Donk, lè nou nan sitiyasyon difisil, se sèten nou vle ouvri kè nou bay Jewova. Annou pa janm rete lwen frè n ak sè n yo nan kongregasyon an ki renmen nou. Epitou, ann kontinye chèche jwenn konsolasyon nan pawòl ankourajan nou jwenn nan Bib la. Nou kapab sèten, si nou kontinye andire fidèlman, Jewova ap rekonpanse nou. Youn nan rekonpans l ap ban nou se bèl pwomès li fè nou ki fè konnen rive yon lè L ap siye tout dlo nan je nou paske lè sa a nou pap nan gwo lapenn, moun pap trayi nou e nou pap pèdi espwa (Rev. 21:4). Lè sa a, se kè kontan sèlman k ap fè dlo sot nan je n. w24.12 20 § 3; 25 § 19.

Samdi 21 novanm

Men sa Jewova di: “Nou se temwen m.” — Eza. 43:12.

Jewova chwazi nou kòm Temwen l, e li pwomèt l ap ede nou gen kouraj (Eza. 43:​10, 11). Ann wè kat nan fason li fè sa. Premyèman, Jezi ansanm avèk nou kèlkeswa lè n ap preche bon nouvèl la (Mat. 28:​18-20). Dezyèmman, Jewova mete zanj pou ede nou (Rev. 14:6). Twazyèmman, Jewova ban nou lespri sen kòm yon èd pou ede nou sonje bagay nou te aprann yo (Jan 14:​25, 26). Katriyèmman, Jewova ban nou frè ak sè pou akonpaye nou. Grasa èd Jewova e grasa èd frè ak sè nou yo ki renmen nou, nou gen tout sa nou bezwen pou nou gen kouraj e pou nou kontinye preche. Men si w konn santi w dekouraje lè w pa tèlman jwenn moun nan kay yo mande tèt ou: ‘Ki kote moun nan tèritwa m nan ye kounye a?’ (Tra. 16:13). ‘Èske y al travay oswa èske y al achte?’ Si se sa, èske w ta ka jwenn plis moun lè w bay temwayaj nan lari? w24.04 17 § 10-11.

Dimanch 22 novanm

Si yon moun pa konn ki jan pou l dirije pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a? — 1 Tim. 3:5.

Si w se yon mari e w ta renmen kalifye pou w vin ansyen, fanmi w dwe bay bon egzanp. Se sa k fè w bezwen “dirije pwòp kay [ou] yon fason ki kòrèk”. Sa vle di ou bezwen pran swen fanmi w avèk lanmou epi pran bon desizyon pou fanmi an. Sa gen ladan l, fè adorasyon an fanmi, asire w tout moun nan fanmi w asiste reyinyon yo, epi ede yo bay tout yo menm nan travay predikasyon an. Si w se yon papa e w gen pitit ki minè, ou dwe kenbe “pitit [ou] nan soumisyon ak nan diyite”. (1 Tim. 3:4.) Ou bezwen anseye yo epi ba yo fòmasyon avèk lanmou. Natirèlman, ou vle pou pitit ou gen kè kontan, pou y ap ri e pou y ap jwe menm jan ak tout timoun. Men tou, ou bezwen anseye yo pou yo obeyi w, pou yo respekte lòt moun e pou yo gen bon konpòtman. Epitou, ou dwe fè tout sa w kapab pou w ede pitit ou vin gen bon relasyon ak Jewova, pou yo suiv prensip ki nan Bib la e pou yo fè pwogrè pou yo batize. w24.11 22 § 10-11.

Lendi 23 novanm

Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l. — Jan 15:13.

Plis nou travay di nan sèvis Jewova a se plis n ap wè jan l ede n e n ap vin gen plis konfyans nan li (1 Kor. 3:9). Sepandan, sonje, Jewova pa konpare kantite travay ou fè ak kantite travay yon lòt moun fè. Li wè sa k nan kè w. Li kontan lè li wè w gen anpil rekonesans pou ranson an, bèl kado sa a li ban nou an (1 Sam. 16:7; Mak 12:​41-44). Se sèlman grasa ranson an nou kapab jwenn padon pou peche nou, nou kapab vin zanmi Jewova, e nou kapab gen espwa pou n viv pou toutan. Ann toujou montre nou gen Jewova rekonesans pou lanmou l ki te pouse l ban nou benediksyon sa yo (1 Jan 4:19). Epitou, ann montre nou gen Jezi rekonesans poutèt li te bay lavi l pou nou paske l renmen nou anpil. w25.01 31 § 16-18.

Madi 24 novanm

Sa te toumante m tout lajounen. — Sòm 73:14.

Gade ki jan moun ki te ekri Sòm 73 la te santi l. Li te wè moun ki pap sèvi Jewova, men ki te gen sante ak richès, e ki te sanble pa t gen pwoblèm (Sòm 73:​3-5, 12). Lè l te wè moun sa yo sanble t ap byen mennen, sa te fè l panse efò li t ap fè pou l sèvi Jewova yo pa t itil. Panse dekourajan sa a “te toumante [l] tout lajounen”. (Sòm 73:​13, 14.) Ki sa k te ede l konbat santiman negatif li te genyen yo? Moun ki te ekri sòm nan t al nan tanp Jewova a (Sòm 73:​16-18). Pandan l te la, li te kapab byen reflechi. Li te rive konprann, menm lè moun sa yo sanble t ap mennen yon bèl vi, yo pa t gen okenn espwa pou lavni. Donk, li pa t dekouraje ankò e l te rive konprann sèvi Jewova se pi bon desizyon an. Se sa k fè li te pran detèminasyon pou l kontinye sèvi Jewova. — Sòm 73:​23-28. w24.10 27 § 11-12.

Mèkredi 25 novanm

Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a. — Sòm 83:18.

Jewova chwazi nou kòm “temwen” l (Eza. 43:​10-12). Men sa Kolèj santral la te di nan yon lèt sa gen kèk ane: “Pi gwo onè nenpòt nan nou kapab genyen se lefètke nou se Temwen Jewova.” Sa k fè sa? Ann pran yon egzanp. Si w bezwen yon moun pou sèvi w temwen nan tribinal, w ap chwazi yon moun ou konnen e w fè konfyans, yon moun repitasyon l ap fè yo kwè temwayaj li bay. Lefètke Jewova chwazi nou kòm temwen l, li montre li konnen nou byen e li fè n konfyans pou n fè lòt moun konnen se li menm ki sèl vrè Dye a. Nou tèlman santi se yon onè Jewova fè n pou n Temwen l, nou pwofite chak okazyon nou jwenn pou n fè moun konn non l e pou n pwouve tout vye bagay y ap di sou li yo se manti. Lè n fè sa, nou viv ann amoni ak non nou fyè pou n pote a: Temwen Jewova! — Wom. 10:​13-15. w24.05 18 § 13.

Jedi 26 novanm

Li geri tout moun ki t ap soufri. — Mat. 8:16.

Jezi te jwenn anpil kè kontan nan sèvi lòt moun. Yon lè pandan Jezi t ap sèvi yon foul moun, li te fè plis pase anseye yo. Li te ba yo sa yo te bezwen tou. Li te fè mirak pou l te ba yo manje e l te bay disip li yo distribye manje a (Mak 6:41). Lè Jezi te fè sa, se montre li t ap montre disip li yo fason pou yo sèvi lòt moun. Li te montre yo tou kalite sèvis sa yo, tankou sa sèvitè ministeryèl yo ap fè yo, se bagay ki enpòtan. Imajine jan apot yo te kontan lè yo t ap distribye manje Jezi te fè mirak pou l bay moun yo jiskaske “tout moun [te] manje vant plen”! (Mak 6:42.) Nòmalman, se pa t nan okazyon sa a sèlman Jezi te met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Li te pase tout vi l sou tè a ap sèvi moun (Mat. 4:23). Jezi te jwenn kè kontan ak satisfaksyon nan anseye lòt moun e nan ede yo avèk imilite. w24.11 16 § 10-11.

Vandredi 27 novanm

Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. — 2 Tim. 3:1.

Tank sitiyasyon an ap vin pi mal nan “dènye jou yo”, se sèten n ap jwenn plis okazyon pou n ede youn lòt. Epitou, nou ka bay frè n ak sè n yo konsolasyon ak lanmou yo bezwen. Youn nan fason nou kapab fè sa se lè nou fè yo santi yo alèz nan Sal Wayòm nan. Donk, lè frè n ak sè n yo vin nan reyinyon, nou vle fè tout sa n kapab pou n fè yo santi nou renmen yo, pou n ankouraje yo e pou n fè yo santi yo byen. Ansyen yo ka vin yon refij pou moun nan kongregasyon an ki viktim katastwòf oswa k ap pase anba eprèv. Lè gen katastwòf ak ijans medikal, ansyen yo aji san pèdi tan pou ede frè ak sè yo jwenn èd yo bezwen. Yo sèvi ak Bib la tou pou yo ede yo. Frè ak sè yo ap anvi pale ak yon ansyen, si yo konnen li janti, li konn pran ka moun e li dispoze koute. Kalite sa yo fè frè n ak sè n yo santi yo renmen yo, konsa, li pi fasil pou yo suiv konsèy yon ansyen ta ba yo ki baze sou Bib la. — 1 Tes. 2:​7, 8, 11. w24.06 29 § 12-13.

Samdi 28 novanm

Li pa t menm epaye pwòp Pitit li a. — Wom. 8:32.

Nou pa ta dwe panse lefètke Bondye toupisan, li pa gen santiman! Li kreye nou pòtre ak li, li fè n ak kapasite pou n montre nou gen santiman. Donk, li nòmal pou n kwè Jewova gen santiman. Bib la fè konnen Li konn gen “lapenn”. (Sòm 78:​40, 41.) Jewova dwe te nan lapenn pandan l t ap gade moun ki pa gen respè pou Bondye k ap maltrete Pitit Gason l lan jis yo touye l! Ranson an aprann nou pa gen moun ki pi renmen nou pase Jewova, pa menm moun nan fanmi nou ki pi renmen nou an oswa pi bon zanmi nou an (Wom. 8:​32, 38, 39). Pa gen dout, Jewova renmen n plis pase nou renmen tèt nou. Èske w ta renmen viv pou toutan? Jewova vle sa pou ou plis toujou. Èske w ta renmen jwenn padon pou peche w yo? Jewova vle sa plis toujou. Tout sa li mande n se pou n aksepte bèl kado li ban nou an, pou n montre nou gen lafwa nan li e pou n obeyi l. Ranson an se vrèman yon bèl fason Bondye montre li renmen nou. — Ekl. 3:11. w25.01 22-23 § 8-9.

Dimanch 29 novanm

Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi. — Efe. 5:10.

Natirèlman, nou tout konn pran desizyon ki baze sou sa n wè, sa n tande ak sa n santi. Sepandan, sa n tande oswa sa n wè ka pa egzak. Menm lè yo egzak, si n mache sèlman selon sa nou wè, sa ka rive nou pa fè volonte Bondye oswa nou pa koute konsèy li bay (Ekl. 11:9; Mat. 24:​37-39). Sepandan, lè n ap mache selon lafwa, n ap plis ka pran desizyon “k ap fè Seyè a plezi”. Lè n suiv konsèy Bondye bay, sa ap fè n gen lapè e n ap gen kè kontan toutbon (Sòm 16:​8, 9; Eza. 48:​17, 18). Si nou kontinye mache selon lafwa, n ap gen lavi ki pap janm fini an (2 Kor. 4:18). Ki sa k ap ede n konnen si n ap mache selon lafwa oswa selon sa nou wè? Nòmalman nou tout bezwen mande tèt nou: Ki sa k pouse n pran desizyon nou pran yo? Èske se sèlman bagay nou ka wè? Oubyen, èske n kite konfyans nou gen nan Jewova ak konsèy li bay yo gide nou? w25.03 20-21 § 3-4.

Lendi 30 novanm

Se pou nou anpè youn ak lòt. — 1 Tes. 5:13.

Nou chak gen yon wòl enpòtan pou n jwe pou lòt moun ka anvi vin nan paradi espirityèl la. Nou kapab fè sa si nou imite Jewova. Jewova pa fòse moun vin nan òganizasyon l lan. Okontrè, li “rale” moun yo vin jwenn li avèk dousè (Jan 6:44; Jer. 31:3). Moun ki gen bon kè ki aprann bèl kalite Jewova genyen yo ak bèl pèsonalite li genyen an vin jwenn li san fòse. Ki jan bèl kalite ak bon konduit nou genyen kapab ede n atire moun vin nan paradi espirityèl la? Youn nan fason se lè nou aji ak frè n ak sè n yo avèk lanmou e avèk byenveyans. Lè gen moun ki fèk vin asiste reyinyon nan kongregasyon an, nou ta renmen yo di menm pawòl ak moun ki pa kwayan petèt ki te vin asiste reyinyon nan kongregasyon Korent nan premye syèk la. Men sa yo te di: “Bondye vrèman pami nou.” (1 Kor. 14:​24, 25; Zak. 8:23). Donk, nou dwe kontinye suiv konsèy ki nan tèks pou jounen an. w24.04 23-24 § 16-17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje