BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 2 p. 16
  • Ki sa Bib la di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
  • Ki sa k ap tann limanite alavni?
  • Èske lafendimonn toupre?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki sa ki siy “dènye jou yo” oswa “tan lafen an”?
    Repons Bib la bay
  • Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 2 p. 16
Granmoun ak timoun k ap viv ak kè kontan nan Paradi a

Ap gen yon paradi sou tè a kote moun ki ret vivan apre dènye jou yo pral viv.

Ki sa Bib la di?

Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?

Èske w t ap di...

  • Wi?

  • Non?

  • Petèt?

Men sa Bib la di

“Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte.” (2 Timote 3:1). Pwofesi ki nan Bib la ansanm ak evènman k ap pase yo montre epòk nou an se “dènye jou yo”.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Pandan dènye jou yo, t ap gen lagè, grangou, tranblemanntè ak epidemi maladi k ap touye moun. — Matye 24:3, 7; Lik 21:11.

  • Nan dènye jou yo, limanite t ap gen gwo pwoblèm nan domèn moral e yo pa t ap gen bon relasyon ak Bondye. — 2 Timote 3:2-5.

Ki sa k ap tann limanite alavni?

Gen kèk moun ki kwè... dènye jou yo ap fini ak destriksyon tè a ansanm ak tout moun ki sou li, alòske gen lòt moun ki espere sitiyasyon an ap vin pi bon. Ki sa w panse?

Men sa Bib la di

“Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Dènye jou yo ap fini lè Bondye retire tout move bagay k ap fèt yo. — 1 Jan 2:17.

  • Latè pral tounen yon paradi. — Ezayi 35:1, 6.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou “dènye jou yo”, gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit www.pr2711.com/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje