BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 4 p. 8-10
  • Lè yon moun nou renmen malad nan pwen pou l mouri

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè yon moun nou renmen malad nan pwen pou l mouri
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON PWOBLÈM POU EPÒK NOU AN
  • FÈ BONJAN PLANIFIKASYON
  • FASON W KA EDE L
  • AKSEPTE REYALITE A
  • SILA A KI PRAN SWEN NOU TOUTBON AN
  • Fason pou w kontinye gen kè kontan lè w ap pran swen moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Pran swen moun ki aje yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 4 p. 8-10
Yon mari ak madanm li k ap pale ak yon moun yo renmen ki malad nan pwen pou l mouri konsènan yon seri tretman nan domèn medikal

Li enpòtan pou n pale yon fason ki klè ak moun ki malad la e li enpòtan pou n fè sa byen bonè.

Lè yon moun nou renmen malad nan pwen pou l mouri

SE PA ti sezi Dorinea te sezi lè l te aprann Wesley, mari l ki gen 54 an sèlman te gen yon kansè nan sèvo ki grav anpil. Doktè te ba l kèk mwa sèlman pou l viv. Dorine te di: “Mwen pa t ka kwè sa m t ap tande a. Pandan plizyè semèn, mwen pa t nan bonsans mwen. M te gen enpresyon se yon lòt moun sa te rive se pa t nou menm. Mwen pa t pare pou sa.”

Malerezman, se pa Dorine sèlman ki konn reyaji konsa. Nenpòt moun ka vin gen yon maladi ki pa gen tretman e sa ka rive l nenpòt ki lè. Gen anpil moun ki pote yo volontè pou yo pran swen yon moun yo renmen ki malad nan pwen pou l mouri, e yo merite felisitasyon pou sa. Sepandan, pran swen yon moun ki malad se yon gwo defi. Ki sa yon fanmi kapab fè pou l konsole yon moun yo renmen ki malad nan pwen sa a? Ki jan moun k ap pran swen yon moun ki malad ka rive fè fas ak santiman ki gendwa ap travèse yo pandan peryòd sa a? Ki sa yo ka atann y ap jwenn toutpandan lanmò moun nan ap pwoche? Premyèman, ann wè rezon ki fè pran swen yon moun ki malad nan pwen pou l mouri pote pwòp pwoblèm pa l.

YON PWOBLÈM POU EPÒK NOU AN

Travay yo fè nan domèn medikal yo chanje fason moun mouri. Sa gen anviwon yon syèk, menm nan peyi ki pi devlope yo kantite tan moun te rive viv te pi piti. Moun te konn mouri byen rapid akoz yon maladi trapan oswa yon aksidan. Lopital pa t ka pran tout moun, se fanmi pifò moun ki te malad yo ki te konn pran swen yo e se lakay yo moun sa yo te konn mouri.

Nan epòk nou an, pwogrè yo fè nan domèn medikal ede doktè yo mennen yon gwo konba kont maladi yon fason pou moun ka viv pi lontan. Jodi a, moun fè plizyè ane ap viv ak maladi ki te konn touye moun byen vit anvan sa. Sepandan, menmsi yo rive viv pi lontan ak yon maladi, sa pa vle di yo geri pou sa. Byen souvan, pasyan yo konn gen gwo andikap ki anpeche yo pran swen tèt yo. Nonsèlman sa vrèman difisil pou yon moun rive pran swen moun sa yo, men tou, sa mande anpil tan, anpil efò ak atansyon.

Kòm rezilta, de jou an jou, se lopital moun plis mouri. Se sa k fè, pifò moun pa abitye ak sitiyasyon kote yon moun yo renmen malad nan pwen pou l mouri e se kèk moun sèlman ki deja wè yon moun mouri devan yo. Kòm yo pa abitye ak sa, sa fè yo pè, sa ka menm fè yo pa gen anvi pou yo pran swen moun nan fanmi yo ki malad la oswa sa ka fè yo pa pran swen moun nan ditou. Ki sa ki ka ede yo?

FÈ BONJAN PLANIFIKASYON

Jan nou te wè sa nan ka Dorine nan, sa boulvèse anpil moun lè yo aprann yon moun yo renmen gen yon maladi grav. Toutpandan w enkyè, ou pè e w nan gwo lapenn, ki jan w ka prepare w pou w fè fas ak sa ki pral rive? Gen yon moun ki t ap sèvi Bondye fidèlman ki te fè yon priyè. Men sa l te di: “Aprann nou ki jan pou n byen sèvi ak jou nou gen pou n viv yo.” (Sòm 90:12). Se pou w priye Jewova Dye ak tout kè w pou l montre w ‘ki jan pou w byen sèvi ak jou w gen pou w viv yo’ yon fason pou w ka fè tout sa w kapab pou w byen itilize tan ki rete pou w pase ak moun ou renmen an.

Sa mande bonjan planifikasyon. Si moun ou renmen an anmezi pou l pale e li dispoze pale sou sitiyasyon an, li ka bon pou w mande l ki moun li ta renmen pran yon seri desizyon nan plas li lè li pap ka fè sa ankò. Lè moun nan fanmi an oblije pran desizyon nan plas moun ki malad la pale klè ak moun sa a sou yon seri sijè tankou si l ta renmen yo reyanime l, si l ta renmen yo entène l oswa resevwa yon seri tretman, sa ka pi byen ede moun nan fanmi an pou yo konn ki sa pou yo fè toutpandan konsyans yo klè. Lè yo pran bonè, sa ap ede yo konsantre yo sou pran swen moun nan pandan l malad la. Men sa Labib fè konnen: “Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache.” — Pwovèb 15:22.

FASON W KA EDE L

An jeneral, travay ki pi enpòtan pou yon moun fè lè l ap pran swen yon moun ki malad se bay moun nan fòs. Lè yon moun pral mouri, li bezwen gen asirans yo renmen l e li pa poukont li. Ki jan yon moun ka rive fè sa? Ou kapab li pou malad la oswa chante pou li, chwazi liv ak yon seri chante ki ankourajan e ki fè l plezi. Gen anpil moun ki renmen lè yon moun nan fanmi yo kenbe men yo pandan y ap pale avèk yo avèk tandrès, paske sa ba yo fòs.

Souvan, li bon pou w fè moun nan konnen kiyès ki vin vizite l. Men sa yon rapò fè konnen: “Selon sa yo di, nan senk sans yo, se kapasite yon moun genyen pou l tande a li pèdi an dènye. Yon [malad] gendwa sanble ap dòmi, men, li gendwa tande byen klè sa yon moun ap di. Kidonk, pa di anyen ou pa t ap di devan l si je l te klè.”

Si sa posib, priye ansanm avè l. Labib fè konnen, yon lè apot Pòl ansanm ak konpayon l yo te anba gwo strès e yo pa t konn si yo t ap soti vivan nan sitiyasyon yo te ye a. Ki kote yo te chèche jwenn èd? Men ki sa Pòl te sipliye zanmi l yo pou yo fè: “Nou menm tou, nou ka pote èd pa nou lè nou sipliye Bondye pou nou.” (2 Korentyen 1:8-11). Lè yon moun gen yon maladi grav e li anba gwo strès, lè yo priye avè l ak tout kè yo, sa ap ede l anpil anpil.

AKSEPTE REYALITE A

Annik panse yon moun nou renmen pral mouri, souvan sa bay gwo strès. Nou kapab konprann sa paske lanmò pa yon bagay ki nòmal. Bondye pa t kreye nou pou n aksepte lanmò kòm yon bagay ki nòmal nan lavi a (Women 5:12). Se avèk rezon Pawòl Bondye a di lanmò se yon “ènmi”. (1 Korentyen 15:26.) Kidonk, nou konprann rezon ki fè yon moun pa vle aksepte li pral pèdi yon moun li renmen, e sa menm nòmal pou l pa vle aksepte sa.

Sepandan, lè moun nan fanmi an gentan reflechi sou sa k ka rive, sa kapab ede yo pou yo pa panike epi pran dispozisyon pou yo gen mwens strès. N ap jwenn kèk bagay ki ka rive nan kare “Dènye semèn yo”. Nòmalman, se pa konsa sa pase pou tout malad e bagay nou site nan kare a pa oblije fèt nan lòd yo ye a. Sepandan, se konsa sa pase pou pifò moun ki malad ki sou wout pou yo mouri.

Lè yon moun nou renmen mouri, li ka bon pou n kontakte yon bon zanmi n ki te dakò ede n anvan sa. Moun ki t ap pran swen malad la ak fanmi malad la bezwen gen asirans, tout pwoblèm fini pou moun yo te renmen an e li pap soufri ankò. Sila a ki kreye lèzòm nan ban nou yon bèl asirans. Men sa l di: “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Eklezyas 9:5.

SILA A KI PRAN SWEN NOU TOUTBON AN

Yon dam ki vin vizite yon malad ki grav anpil e ki sou kabann lopital

Nou ka aprann aksepte èd nan men lòt moun.

Sa enpòtan anpil pou n konte sou Bondye, nonsèlman pandan moun nan malad grav la, men sitou lè nou nan lapenn apre moun nan fin mouri. Bondye ka sèvi ak lòt moun pou l ede w grasa pawòl ankourajan yo di w ak bèl aksyon yo fè. Men sa Dorine di: “Mwen te vin aprann pou m pa refize èd nan men lòt moun. Anfèt, nou tèlman jwenn èd nou pa gen bouch pou n pale. Mari m avè m pa t gen dout se Jewova ki t ap di nou: ‘Mwen avèk nou pou m ede n fè fas ak sitiyasyon an.’ Mwen pap janm bliye sa.”

Pa gen dout nan sa, Jewova se Sila a ki pran swen nou toutbon an. Antanke Kreyatè nou, li konprann soufrans nou yo ak lapenn nou genyen. Li ka ban nou èd ak ankourajman nou bezwen yon fason pou n ka fè fas ak yon sitiyasyon, e li vrèman anvi fè sa. Sa k pi bèl la, li pwomèt nou talè konsa li pral elimine lanmò pou toutan e li pral resisite plizyè milya moun ki nan memwa l (Jan 5:28, 29; Revelasyon 21:3, 4). Kidonk, nou tout ka repete pawòl sa yo apot Pòl te di: “Lanmò, kote viktwa w la? Lanmò, kote pikan w lan?” — 1 Korentyen 15:55.

a Yo chanje non moun yo.

DÈNYE SEMÈN YO

An jeneral, lè yon malad rive nan dènye semèn lavi l, li ka prezante kèk nan sentòm ki vin annapre yo oswa yo toutb:

  • Li pa vrèman vle manje ak bwè. Si nou pase gliserin sou bouch li epi n mete yon sèvyèt mouye sou fwon l, sa ka ede l santi l byen.

  • Li anvi ret poukont li oswa ak kèk grenn moun sèlman. Pa fè bri kote l ye a.

  • Li dòmi plis.

  • L ap plede bouje. Olye pou w anpeche l fè mouvman l ap plede fè yo, pale avè l pito yon fason ki kalm e ki ba l asirans.

  • Li pa fin konn kote l ye. Di l non w, epi koute l avèk respè, menmsi w santi l nan konfizyon.

  • L ap pipi oswa fè bezwen l sou li. Asire w ni li menm ni kabann li pwòp toutotan sa posib.

  • Fason l respire ap chanje. Ou gendwa tande l ap fè yon bri pandan l ap respire tankou se plenn l ap plenn. Rezon an se paske gen lè k ap pase nan kòd vokal li yo ki vin lage twòp.

  • Li pa ka respire byen. Mete plizyè zòrye anba tèt li pou l pa toufe oswa pou l pa gen anvi vomi.

  • Po l ap chanje koulè. Souvan, sa rive paske san an sikile nan kò moun nan yon fason pou l ka pwoteje ògàn ki pi enpòtan yo.

b Enfòmasyon sa yo soti nan The Metropolitan Hospice of Greater New York

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje