Nouvèl teyokratik
◼ Le 7 oktòb 1998 yo anrejistre Temwen Jewova yo ofisyèlman nan peyi Bilgari. Nou fè yon sèl ak 946 pwoklamatè ki gen nan peyi a pou nou di Jewova mèsi pou pwogrè sa a.
◼ Nan dat 12 oktòb 1998, gouvènman peyi Letoni asepte rekonèt de premye nan 21 kongregasyon ki gen nan peyi sa a.
◼ Malgre opozisyon, frè yo nan peyi Lafrans ap pèsevere nan predikasyon Wayòm nan. Nan mwa novanm ak desanm, yo te fè yon kanpay ak bwochi Un livre pour tous pou atire atansyon peyi a sou Bib la. Anviwon 50 Betelit kite Lafrans pou yo ale nan peyi Grann Bretay. Yo pral ede filyal peyi sa a nan sèvis enprimri ak sèvis ekspedisyon. Rès 250 manm fanmi Betèl Lafrans la, ansanm ak lòt frè yo, kontinye ap sèvi Jewova nòmalman nan lajwa.