BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/00 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Soutit
  • Semèn 10 jiyè
  • Semèn 17 jiyè
  • Semèn 24 jiyè
  • Semèn 31 jiyè
  • Semèn 7 out
Ministè Wayòm nan — 2000
km 7/00 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 10 jiyè

Kantik 7

12 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè kòmantè sou rapò sèvis mwa mas la ni pou peyi a ni pou kongregasyon an. Atire atansyon sou ribrik “ Gade nan dènye paj la ”, epi fè demonstrasyon sou youn nan prezantasyon yo sijere yo ki efikas nan tèritwa a.

15 min : “ Nou pa ka sispann pale. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons. Souliye rezon ki fè nou pran reskonsablite nou genyen pou preche a tèlman oserye. Ajoute pwen apwopriye ki baze sou La Tour de Garde 15 janvye 1997, paj 23-4 la.

18 min : “ Se pou tout bagay fèt yon fason pou bati. ” De ansyen ap dyaloge sou atik la. Li chak paragraf ansanm ak tèks biblik yo site yo. Mete aksan sou prensip ki enplike ladan yo. Souliye nesesite pou moun gen disènman lè yo nan aktivite komèsyal oswa lè y ap envesti lajan. Repale sou konsèy ki nan La Tour de Garde 15 mas 1997, paj 18-19 ak paj 22 a.

Kantik 15 ak priyè final.

Semèn 17 jiyè

Kantik 23

15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Esplike an brèf kouman pou n sèvi ak bwochi Le nom divin an pou nou ede yon moun ki enterese rekonèt nesesite pou l konnen bon non Bondye, epi pou l sèvi avè l. — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 200-1.

10 min : “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an. ” Kesyon/repons. Anonse dat asanble sikonskripsyon k ap vini an, epi chofe tout moun pou yo asiste toulede jou yo. Ankouraje tout moun fè yon efò espesyal pou envite moun n ap etidye Labib avèk yo. Asiste asanble a kapab akselere anvi yo pou yo frekante kongregasyon an regilyèman.

20 min : Kilès ki ta dwe yon modèl pou ou ? Yon papa ap kondi etid familyal li ak youn oswa de timoun ki adolesan. Tou dènyèman li t ap suiv konvèsasyon yo ki te plis chita sou chanpyon espò, vedèt sinema, pèsonaj koni nan televizyon ak mizisyen. Li esprime sousi l genyen, paske mòd admirasyon konsa se reflè lespri monn nan. Y ap dyaloge sou Réveillez-vous ! 22 me 1998, paj 12-14 la. Jèn yo rann yo kont gen danje nan fè gran pèsonaj nan monn nan tounen zidòl, epi yo dakò lè w vin selèb nan monn sa a, se pa yon avantaj pou kretyen. Yo analize avantaj pou yo pran paran yo, ansyen yo ak lòt egzanp konsa nan kongregasyon an, e sitou Jezi Kris, kòm modèl pou yo.

Kantik 34 ak priyè final.

Semèn 24 jiyè

Kantik 45

5 min : Anons lokal.

15 min : Se pou nou rekòmande tèt nou kòm minis Bondye. De asistan ministeryèl ap dyaloge sou egzòtasyon biblik yo bay nan La Tour de Garde 15 desanm 1998, paj 19-20 an. Yo rekonèt nesesite pou yo byen kalifye tèt yo kòm asistan ministeryèl, epi yo repale sou sa yo kapab fè pèsonèlman pou yo montre y ap fè travay yo. Yo wè enpòtans pou yo bay bon egzanp nan predikasyon e y ap konvèse sou fason yo kapab itil ansyen yo nan bay lòt moun yon èd pèsonèl. Yo mete yo dakò, sa yo vle a, se fè tout sa yo kapab pou ede kongregasyon an rekonèt ijans tan an, pou l grandi epi pou l pwospere espirityèlman.

10 min : Ekri moun nou pa ka kontakte yo. Diskou epi konvèsasyon ak oditwa a. Kòm sa vin pi difisil pou jwenn moun lakay yo, gen kèk pwoklamatè ki jwenn bon rezilta nan ekri lèt. Men liy pou nou suiv : fòk lèt yo kout, fòk yo baze sou Labib e se pou yo ekri yo avèk respè. Pa voye lèt san non. Ekri oswa tape lèt la yon fason ki pwòp epi ki lizib. Bay adrès Sal Wayòm nan ak orè reyinyon kongregasyon an ansanm ak yon fich envitasyon. Pa sèvi ak adrès Sosyete a. Rewè sijesyon yo bay nan liv Manuel pour l’école, paj 86-7 la, ak Réponses à vos questions nan Ministère du Royaume novanm 1996.

15 min : Sèvi ak entwodiksyon ki efikas. Chwazi de oswa twa entwodiksyon nan paj 9-15 liv Comment raisonner a, epi pale sou jan yo ka sèvi avèk yo yon fason ki efikas nan tèritwa a. Mande oditwa a : “ Ki entwodiksyon nou itilize lè n ap abòde yon moun nan lari, nan temwayaj enfòmèl oswa lòt fason ankò ? ” Si tan an pèmèt, fè demonstrasyon sou youn oswa de nan entwodiksyon yo.

Kantik 54 ak priyè final.

Semèn 31 jiyè

Kantik 66

15 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou jiyè. Envite oditwa a rakonte eksperyans pèsonèl yo te fè pou mwa sa a nan difizyon bwochi yo.

12 min : Bezwen kongregasyon an.

18 min : “ Èske w apresye pasyans Jewova a ? ” Kesyon/repons. Ajoute kòmantè ki apwopriye apwopo pasyans Jewova. — Gade nan Étude perspicace, tòm 2, paj 499-500.

Kantik 75 ak priyè final.

Semèn 7 out

Kantik 88

10 min : Anons lokal.

17 min : “ Èske w timid ? ” Kesyon/repons. Rakonte eksperyans ankourajan ki nan Annaire 1997, paj 43-4 la.

18 min : Se pou w vin yon moun saj nan lavni w. Yon ansyen ap fè diskou sa a. Jèn yo ta renmen gen yon lavni ere nan konpayi moun yo renmen. Kwak sa natirèl, si yo ta renmen reyisi, yo dwe mete konsèy Bondye an pratik (Pwo.19:20). Atirans gason ak fi genyen youn pou lòt se yon bagay ki fò lè moun jèn. Si yo pa metrize santiman yo, sa kapab tounen katastwòf. Moun ap poze anpil kesyon si l saj pou ti jèn gason ak ti jèn fi kòmanse enterese koze ansanm, bagay ki ka mennen yo nan renmen. Rewè ki egzòtasyon yo bay nan liv Les jeunes s’interrogent la, paj 231-5. Souliye pwen esansyèl yo ki nan La Tour de Garde 15 novanm 1999, paj 18-23 ki montre enpòtans pou jèn yo ranpli tout obligasyon yo anvè Bondye. Ankouraje jèn adolesan yo reflechi sou konsèy sa a epi analize l ak paran yo si yo gen kesyon pou yo poze.

Kantik 101 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje