Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 14 out
Kantik 114
12 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè kòmantè sou rapò sèvis mwa avril la, ni pou peyi a ni pou kongregasyon an. Rete sèlman de wikenn nan mwa out la. Ankouraje tout moun pou yo patisipe nan predikasyon anvan fen mwa a. Repale sou orè reyinyon predikasyon pou wikenn nan.
15 min : “ Konbat nan bèl konba lafwa a. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an, epi kontinye avèk kesyon/repons. Ajoute kèk kòmantè nou jwenn nan liv Notre Ministère, paj 44-5, sou jan kondiktè etid liv yo òganize aktivite predikasyon pou gwoup yo a, epi sou jan yo okipe yo de nenpòt moun ki bezwen èd pou yo patisipe epi pou yo remèt rapò yo regilyèman.
18 min : Ki pwofi w kapab tire nan al lekòl. Yon papa ap pale ak pitit li yo pou l ede yo apresye poukisa yon enstriksyon pwofàn pwofitab (gade nan liv Les jeunes s’interrogent, paj 133-9). Anpil jèn santi se yon vrè defi pou y al lekòl nan sosyete deregle jodi a. Yo santi li annwiyan tou. Yo tire konklizyon se pa anpil bagay k ap itil yo nan sa y ap aprann nan. Papa a repale sou prensip biblik yo e sou bonjan rezon ki fè li saj pou moun posede yon nivo enstriksyon pwofàn konvnab. Li ankouraje timoun li yo pou yo etidye byen e pou yo atantif nan klas.
Kantik 127 ak priyè final.
Semèn 21 out
Kantik 143
12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè yon demonstrasyon ak bonjan repetisyon pou predikasyon k ap montre kouman pou reponn kesyon : “ Pourquoi un Dieu d’amour permet-il la souffrance depuis si longtemps ? ” (Liv Comment raisonner, paj 376-7). Ankouraje tout moun patisipe nan ministè a nan wikenn sa a.
8 min : “ Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la. ” Diskou. Anonse dat jounen asanble espesyal k ap vini an, si nou konnen l. Egzòte tout moun pou yo asiste tout jounen an nèt. Ankouraje pwoklamatè yo pou yo envite nouvo ki enterese yo ak moun n ap etidye Labib avèk yo.
25 min : “ Èske ou menm ou tire pwofi ? ” Kesyon/repons.
Kantik 152 ak priyè final.
Semèn 28 out
Kantik 165
10 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou out. Kondiktè etid liv yo ta dwe kontakte tout moun nan gwoup yo a yon fason pou yo kapab gentan fin konpile tout rapò anvan 6 septanm.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Reyinyon yo bon pou jèn yo. ” Kesyon/repons sou fòm dyalòg. Se yon ansyen k ap dirije l. Lè n ap kòmante paragraf 8 la, mansyone kèk bagay itil k ap ankouraje moun konsantre pi byen epi rete pi atantif pandan reyinyon yo (gade nan Réveillez-vous ! 22 septanm 1998, paj 19-20). Ankouraje paran yo pou yo fèm dekwa pou pitit yo asiste tout reyinyon regilyèman. — Gade eksperyans ki nan La Tour de Garde 1e septanm 1997, paj 25.
Kantik 176 ak priyè final.
Semèn 4 septanm
Kantik 196
15 min : Anons lokal. Repons kesyon w yo. Mande pwoklamatè yo rakonte eksperyans yo te fè nan bay temwayaj enfòmèl lè yo t apral nan kongrè distri a, pandan kongrè a oswa lè y ap retounen sot nan kongrè a.
10 min : N ap viv nan yon epòk eksepsyonèl. Yon ansyen ap fè diskou sa a, dapre La Tour de Garde 15 novanm 1996, paj 22-3.
20 min : “ Èske w gen andirans ? ” Diskou epi konvèsasyon avèk oditwa a. Ankouraje tout moun reflechi sou siksè yo jwenn nan demontre andirans nan ministè kretyen an. Si nou konstate nou vin gen feblès, li nesesè pou n fòtifye espirityalite nou. Ajoute kòmantè nou jwenn nan La Tour de Garde 1e oktòb 1999, paj 20-1, § 17-21. Envite dezoutwa pwoklamatè ki te andire fidèlman pandan plizyè ane pou yo rakonte ki sa yo te fè pou yo pèsevere.
Kantik 206 ak priyè final.