Èske w gen andirans ?
1 “ Mwen pa gen pi gwo rezon rekonesans pase bagay sa a, [...] timoun mwen yo kontinye ap mache nan laverite a. ” (3 Jan 4). Jan te jwenn anpil lajwa nan andirans pitit espirityèl li yo. Ala yon gran plezi sa dwe ye pou Papa nou ki nan syèl la wè plizyè milyon pitit li yo “ kontinye ap mache nan laverite a ” ! — Pwo. 23:15, 16; 27:11.
2 Pandan pèp Bondye a globalman ap pèsevere avèk zèl nan aktivite kretyen an, gen kèk moun de jou an jou k ap ralanti. Kwak yo se moun ki kapab te chofe lè yo te fèk aprann laverite a, avèk letan, yo vin tonbe nan yon move abitid ki fè yo prèske pa patisipe, oswa yo patisipe raman nan travay fè disip la.
3 Nou konprann gen sèten moun ki kapab ralanti paske kò yo pa bon, epi yo kòmanse antre nan laj. Toutfwa, yo merite felisitasyon pou andirans yo. Yo fè sa yo kapab. Men, chak moun ki te vwe Bondye lavi li ta dwe mande tèt li : ‘ Èske m tèlman fikse je m sou objektif pèsonèl mwen yo, se senpman yon plas toupiti mwen bay enterè Wayòm nan nan lavi m ? Èske m vin on ti jan “ tyèd ” oswa èske m toujou ap redi “ avèk fòs ” ? ’ (Rev. 3:15, 16 ; Lik 13:24). Se pou nou tout reflechi nan lapriyè sou sa n ap fè, epi pote amelyorasyon ki nesesè a. Se pou n toujou gen nan tèt nou Jewova pwomèt pou l bay “ laglwa, onè ak lapè pou tout moun ki fè sa ki bon. ” — Wom. 2:10.
4 Kouman pou n andire : Ki sa k te ede Jezi andire ? Men esplikasyon Pòl te bay : “ Poutèt lajwa ki te devan l, li te andire sou yon poto soufrans, li meprize lawont epi li chita adwat twòn Bondye a. ” (Ebre 12:1-3). Lajwa ki te devan Jezi a te pi enpòtan pou li pase eprèv pou yon ti moman li t ap afwonte yo. Depi nou kenbe lajwa ki devan nou an nan lespri nou, sa kapab ede nou andire tou (Rev. 21:4, 7 ; 22:12). Si nou konte sou Jewova pou l ban nou fòs grasa etid pèsonèl, asiste reyinyon regilyèman ak pèseverans nan lapriyè, n ap kapab andire nan travay li ban nou fè a.
5 Jewova pran plezi nan andirans moun pa l yo ki fidèl. Konsa annou ogmante lajwa Jewova, annou kontinye “ mache nan laverite a ”.