Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 avril
Kantik 93
15 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Raple ki kantite moun ki te asiste Memoryal la. Envite oditwa a pou l pataje pawòl apresyasyon li te tande nan bouch moun ki te vin asiste pou premye fwa yo. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo La Bible : une force dans votre vie, pou yo ka prepare yo pou dyalòg ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn 23 avril la.
10 min : Repons kesyon w yo. Diskou pou yon ansyen fè. Tou pale de pwen nou dwe pran an konsiderasyon lè n ap chwazi kote etid liv yo pral fèt. — Gade Repons kesyon w yo ki nan Le ministère du Royaume me 1983.
20 min : “ Se pou w ‘ okipe alekstrèm ’ nan travay predikasyon an. ”a Envite de oswa twa pwoklamatè pou yo rakonte eksperyans yo te fè lè yo t ap ede lòt moun jan § 3-5 lan rekòmande sa.
Kantik 80 ak priyè final.
Semèn 16 avril
Kantik 145
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Piske se de wikenn sèlman ki rete nan mwa d avril la, ankouraje tout moun pou yo patisipe nan predikasyon anvan mwa a fini.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Pa gen tankou yon prezantasyon senp ! ”b Sèvi ak kèk ide ki nan atik “ Annou ‘ dirèk ! ’ ” ki te parèt nan paj 4 Ministè Wayòm jiyè 1999 la. Fè youn oswa de demonstrasyon ki senp e ki kout.
Kantik 146 ak priyè final.
Semèn 23 avril
Kantik 163
5 min : Anons lokal.
15 min : “ Ki pwojè nou ojis ? ” Diskou. Sèvi ak kèk pwen apwopriye ki soti nan La Tour de Garde 1e novanm 2000, paj 18-21.
25 min : “ Ki sa nou panse de kasèt videyo ki rele La Bible : une force dans votre vie ? ” Konvèsasyon ak oditwa a. Sa nou panse si nou aplike ide nou te jwenn nan Annuaire 1997 paj 54, § 1, sou kesyon pou nou byen sèvi ak kasèt videyo Lasosyete yo ? Nan mwa jen, nou pral gade kasèt videyo La fermeté des Témoins de Jéhovah face à la persécution nazie.
Kantik 202 ak priyè final.
Semèn 30 avril
Kantik 215
10 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò sèvis yo pou avril. Kondiktè etid liv yo ta dwe verifye si chak moun nan gwoup yo a remèt rapò, yon fason pou yo ka jwenn tout rapò yo 6 me pou pi ta.
15 min : “ Bay temwayaj kòm bon vwazen. ”c Pale de lòt fason nou ka bay temwayaj grasa konduit nou. — Gade La Tour de Garde 1e novanm 1997, paj 18, § 16.
20 min : Pyonye yo ap ede lòt moun. Diskou ak entèvyou pou siveyan sèvis la fè. Fè yon retounen sou pwogram pyonye ap ede lòt moun ki te parèt nan paj 4 Le ministère du Royaume septanm 1998 la. Site kèk bon eksperyans yo te reyalize nan kongregasyon an. Fè entèvyou ak yon pyonye ki te ede yon lòt moun. Fè entèvyou ak pwoklamatè ki te jwenn èd la tou. Montre ki jan yo chak, youn te tire pwofi nan lòt, nan travay yo te fè ansanm nan predikasyon. Envite lòt pwoklamatè pou yo chèche pwofite dispozisyon sa a nan mwa k ap vini yo.
Kantik 216 ak priyè final.
Semèn 7 me
Kantik 84
10 min : Anons lokal.
15 min : “ Tout bagay posib pou Bondye. ”d Fè yon kòmantè tou kout sou sa ki di nan paj 443 liv Prédicateurs la, ki montre ekstansyon predikasyon an pran lè w konpare rapò ane 1935 ak rapò nou jwenn nan Annuaire 2001 an. Fè konnen te gen yon epòk, yon kokenn ogmantasyon konsa te parèt kòm yon bagay ki enposib.
20 min : Ki jan fanmi nou ka montre li sen ? Yon ansyen ap dyaloge ak fanmi l daprè La Tour de Garde 1e out 1996, p. 17-20. Raple fason nou ka montre nou sen lakay nou, avèk paran nou, nan kongregasyon an, nan vwazinaj nou, nan lekòl nou ak nan travay nou.
Kantik 70 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.