BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/01 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Soutit
  • Semèn 14 me
  • Semèn 21 me
  • Semèn 28 me
  • Semèn 4 jen
Ministè Wayòm nan — 2001
km 5/01 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

NOTE SA : Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn gran vakans lan. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis ki fèt anvan kongrè a pou nou repale sou konsèy enpòtan nou jwenn nan paj mitan mwa sa a ki kapab aplikab nan kongregasyon pa nou. Pandan mwa oktòb la, yo pral pran tout yon Reyinyon sèvis pou yo repale sou pwen enpòtan nan kongrè a. Pou nou prepare nou pou sa, nou chak nou kapab pran bonjan nòt nan kongrè a, nan nòt sa yo kapab gen yon lis pwen nou deside mete an pratik nan lavi nou ak nan predikasyon. Annapre, nou ka prepare nou pou nou eksplike ki jan nou kòmanse mete sijesyon sa yo an pratik depi nou sot nan kongrè a. L ap ankourajan pou nou raple nou ki jan bon enstriksyon nou te resevwa a te pwofitab pou nou.

Semèn 14 me

Kantik 3

6 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Egzamine nòt ki anwo a, konsènan chanjman nan reyinyon sèvis la epi sa yo di pou reyinyon sèvis nan mwa oktòb la, kote yo pral repase pwen enpòtan nan kongrè distri a.

9 min : Ki sa w konte fè pou sezon vakans lan ? Yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl ap konvèse ansanm ak fanmi l sou sa yo pral fè pou mwa vakans yo. Y ap pale pou yo asiste tout sesyon nan kongrè distri a, pou yo pran sèvis pyonye oksilyè, e petèt pou yo pran yon ti vakans oswa yon ti detant. Yo tout dakò pou yo pa neglije aktivite teyokratik yo, tankou asiste reyinyon, ale nan predikasyon, epi fè etid Labib an fanmi, menm lè yo vwayaje al yon lòt kote. Y ap chèche voye rapò sèvis yo bay sekretè a rapid rapid, kit yo lakay yo, kit y ap vwayaje.

14 min : “ Kongrè, se epòk kè kontan ! ” Diskou pou yon ansyen fè. Eksplike poukisa yo te konn fè gwo rasanbleman pèp Jewova nan epòk biblik yo, e poukisa rasanbleman sa yo toujou pwofitab jodi a. Moman sa yo pèmèt nou pwofite fè rankont ki ankourajan, e nou vin jwenn manje espirityèl ki enpòtan anpil. Peze sou enpòtans pou chak moun asiste toule twa jou kongrè distri a.

16 min : “ Annou fè tout bagay ‘ avèk respè e nan lòd ’. ”a Dekri kèk nan pakèt dispozisyon yo dwe pran pou yo òganize yon kongrè. Montre enpòtans pou nou kopere ak tout dispozisyon yo pran pou byen nou. Rewè fason nou chak ki la a nou ka montre bonjan respè e fason nou ka evite pwoblèm initil.

Kantik 31 ak priyè final.

Semèn 21 me

Kantik 52

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

17 min : “ Koute epi [...] ranmase plis enstriksyon. ” Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a. Eksplike poukisa enstriksyon yo bay nan kongrè yo se manje espirityèl ki enpòtan anpil pou nou. Fè kòmantè sou tout kantite tan ak efò ki nesesè pou yo mete yon pwogram konsa kanpe. Envite oditwa a pou l fè kòmantè sou sa chak moun ka fè pou l pwofite kongrè a o maksimòm, e pou lòt moun ka pwofite menm jan an tou. Montre rezon ki fè nou chak, nou ta dwe chita nan plas nou lè chak sesyon ap kòmanse.

18 min : “ Aji byen, y ava fè lwanj pou ou ! ”b Eksplike poukisa nou atire atansyon anpil moun lè n ap asiste yon gwo kongrè. Bon kòmantè moun k ap suiv nou yo fè, se yon temwayaj anplis sou mesaj Wayòm nan. Yon lòt bò, lè se kritik k ap fèt, se repouse sa repouse moun. Montre ki bagay presi nou ka fè pou nou demontre nou gen kalite kretyen lakay nou, e se nan enterè moun yo nou ye toutbonvre.

Kantik 105 ak priyè final.

Semèn 28 me

Kantik 58

13 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa me. Egzamine sijè : “ Ki jan pou nou renouvle abònman selon metòd senplifye a ”. Ankouraje tout abone yo pou yo pa kite abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! yo fini.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

17 min : “ Pawòl Bondye a [...] gen pouvwa. ”c Fè de demonstrasyon ki byen prepare, pou w montre fason yon prezantasyon ki kout ka atire atansyon moun sou Pawòl Bondye a.

Kantik 79 ak priyè final.

Semèn 4 jen

Kantik 100

12 min : Anons lokal ak eksperyans ki fèt nan predikasyon.

15 min : “ Se pou n patisipe nan rekòt la nètale. ”d Lè n ap egzamine § 4 la, se pou nou sèvi ak egzanp ki parèt nan La Tour de Garde 15 septanm 1996 la, paj 19 § 10. Egzanp sa a montre ki sa kèk moun rive fè pou yo laji ministè pa yo.

18 min : “ Nou gentan travay tèritwa nou an yon pakèt fwa ! ”e Patisipasyon pou siveyan sèvis la fè. (Kongregasyon ki preche tèritwa yo yon lè konsa, ka rewè atik “ Peryodik yo preche mesaj Wayòm nan ” ki te parèt nan Le ministère du Royaume avril 1998.) Pale sou sa ki ka fèt nan kongregasyon an pou nou preche plis an pwofondè lè n ap travay tèritwa a. Rakonte eksperyans ki nan Annuaire 1997, paj 204, ak nan La Tour de Garde 15 fevriye 1996, paj 26. Montre enpòtans sa genyen pou nou pran bon nòt kay an kay, pou nou repase nan kay nou pa t jwenn moun, e pou nou fè nouvèl vizit nou yo san pèdi tan.

Kantik 142 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje