Annou tire yon pwofi total nan kongrè distri “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”
1 Yon pwogram ki bay ankourajman : Nou fèk sot asiste yon kongrè distri ki te byen ankourajan, se pa vre ? Nou tout, nou te rasanble nan yon sèl objektif, pou nou ka vin pi byen pare pou nou pwoklame Wayòm Bondye a avèk zèl. Èske w sonje ki esplikasyon premye oratè a te bay sou mo “ pwoklame ” a ? Nan diskou “ Nou pa bezwen pè : Jewova avèk nou ” an, yo te ankouraje nou fè rechèch. Èske ou sonje sou ki sa ? Istwa lavi ki moun ou gentan li ?
2 Nan senpozyòm “ Eprèv nou rankontre demontre ki kalite lafwa nou genyen ”, yo te bay twa rezon ki fè Jewova pèmèt yo pèsekite nou. Èske w ka di twa rezon sa yo ? Ki rezon biblik nou genyen ki fè nou dwe net antanke kretyen ? Piske nou net, ki sa yo te ankouraje nou fè yon fason pou nou ka prepare tèt nou pou pwoblèm sa ka fè nou jwenn ? Lè nou andire eprèv nou jwenn yo fidèlman, nan ki fason sa bay Jewova louwanj ?
3 Nan dram “ Kenbe fèm nan moman difisil ” la, ki sèn espesyalman ki ban nou fòs ? Ki jan nou ka imite Jeremi ?
4 Nan diskou piblik “ Sèn monn sa a se chanje l ap chanje ” a, yo te pale de ki gwo chanjman ki gen pou fèt, chanjman ki pral debouche sou gran jou tèrib Bondye a ? Lè w t ap tande diskou final la, diskou ki gen tèm : “ Nou menm ki zele nan preche Wayòm nan, se pou nou rich nan fè bèl aksyon ”, ki rapò ou te fè ant sa yo te di yo ak ministè w ?
5 Pwen ki enpòtan pou nou mete an pratik : Dapre sa yo te esplike nan diskou “ Montre ou se moun ki rekonesan ” an, ki jan nou ka montre Jewova nou genyen l gwo rekonesans ? Nan diskou kle a, diskou ki te gen tèm “ Pwoklamatè Wayòm yo se moun ki zele anpil ”, ki moun yo te ankouraje nou pou nou imite jan yo zele ? Ki egzamen yo te mande pou nou fè sou pwòp tèt pa nou ?
6 Nan senpozyòm “ Pwofesi Mika a ban nou fòs pou nou mache nan non Jewova ” a, yo te bay twa kondisyon pou nou ranpli pou nou jwenn favè Jewova, ki kondisyon sa yo ? Èske yon moun ka ranpli kondisyon sa yo (Mika 6:8) ? Dapre sa yo te di nan diskou “ Prezève kè w, rete pwòp nan je Bondye ” a, ki sa nou ta dwe fè pou nou rete pwòp nan sa ki gen rapò ak moralite ? Nan ki domèn diskou “ Ann pran prekosyon pou nou pa kite yo twonpe nou ” an te montre nesesite pou nou evite pou moun pa twonpe nou e pou nou pa twonpe moun ?
7 Ki pwen nou te jwenn nan senpozyòm ki te gen tèm “ Pwoklamatè Wayòm ki glorifye ministè yo ” a nou deja kòmanse aplike nan predikasyon ? Nan diskou “ Konvèsasyon espirityèl bay ankourajman ” an, yo te analize Filipyen 4:8. Ki jan vèsè sa a ede nou pou nou gen konvèsasyon ki espirityèl e ki lè nou dwe fè sa ?
8 Diskou “ Lè w anba detrès, mete tout konfyans ou nan Jewova ” a te montre jan nou kapab fè fas ak evènman ki trajik, ak pwoblèm nan fanmi nou e ak defo ki anrasine lakay nou. Ki jan nou kapab demontre nou fè Jewova konfyans lè nou nan sitiyasyon konsa ?
9 Trezò nou fèk jwenn nan domèn espirityèl : Se pa ti kontan nou te kontan resevwa liv Adorez le seul vrai Dieu a ! Lè yo t ap di nan ki objektif yo fè liv sa a, ki efè sa te fè sou ou ? Nou pa panse liv sa a ap itil nou nan travay fè disip la si nou etidye l kòm yon dezyèm liv avèk etidyan nou yo ?
10 Apre sa, nou te resevwa yon bèl liv ki rele Aprochez-vous de Jéhovah. Ki kèk aspè espesyal liv sa a gen ladan l ? Kilès nan foto yo ou pi renmen ? Èske lè w li l, sa fè w santi w pi pre Jewova ? Ki lòt moun liv sa a ka itil ?
11 Kongrè distri “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ” ban nou ankourajman nou bezwen nan domèn espirityèl pou nou fè fas ak tan difisil sa a. Pou dispozisyon espirityèl estrawòdinè sa a ka itil nou, annou fè tout sa nou kapab pou nou sonje sa nou te aprann, pou nou gen rekonesans pou sa nou te jwenn, e pou nou mete yo an pratik (2 Pyè 3:14). Lè nou fè sa, n ap jwenn fòs pou nou rete tennfas, pou nou kontinye pwoklame Wayòm nan avèk zèl etan n ap imite Seyè nou an, Jezi, pou Jewova ka jwenn glwa. — Fil. 1:9-11.