Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 11 novanm
Kantik 183
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Pale sou dispozisyon espesyal yo pran pou predikasyon 18 novanm. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 novanm ak Réveillez-vous ! 22 novanm. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, esplike ki kote yo jwenn kòb pou kouvri depans travay mondyal la. — Gade nan paj 2 Toudegad ak nan paj 5 Réveillez-vous !
15 min : Le soutien du vrai culte — hier et aujourd’hui. Yon diskou ki baze sou La Tour de Garde 1ye novanm 2002 paj 26-30 (fransè).
20 min : “ Kolabore ak siveyan etid liv ou a. ” a Yon ansyen ki siveyan etid liv ap fè sijè sa a. Lè l rive nan paragraf 3 a, l ap pale sou sa yo di nan paj 70 liv École du ministère la. Felisite moun nan kongregasyon an pou tout efò yo fè pou yo soutni etid liv la. Ansuit, avèk bonte, atire atansyon yo sou domèn kote yo bezwen pwogrese.
Kantik 114 ak priyè final.
Semèn 18 novanm
Kantik 78
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Pale sou kare ki gen tit sa a : “ Bonjan lekti ! ”
10 min : Repons kesyon w yo. Yon ansyen konpetan ap fè diskou sa a.
25 min : “ Chèf fanmi : fè sa nou kapab pou nou kenbe yon bon pwogram espirityèl. ” Apre yon diskou tou kout sou paragraf 1-3, fè yon konvèsasyon avèk oditwa a sou paragraf 4-13. Si ou gen tan pou sa, li paragraf 7, 8, 11 ak 12. Fè yon entèvyou ak youn oubyen de paran. Ki sa k te ede fanmi yo rive gen yon pwogram byen bati pou aktivite espirityèl ? Ki efò sa te mande ? Ki byenfè yo tire ? Pou fini, fè kèk kòmantè sou paragraf 14 la.
Kantik 31 ak priyè final.
Semèn 25 novanm
Kantik 16
10 min : Anons lokal. Yon mari ak madanm li ap prezante Toudegad 1ye desanm ak Réveillez-vous ! 8 desanm. Demonstrasyon yo ap baze sou sijesyon nou jwenn nan paj 8 la. Mari a ap prezante Toudegad la e madanm nan ap prezante Réveillez-vous ! a.
15 min : “ Annou fè lòt moun konnen laverite konsènan Jezi. ” b Pale sou sa yo di nan paj 278 liv École du ministère la. Ankouraje tout moun pou yo pote liv la nan reyinyon sèvis semèn k ap vini an pou yo ka suiv sijè ki di : “ Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a. ”
20 min : “ Montre nou gen sousi pou ‘ timoun ki san papa yo ’. ” Kòmanse avèk yon diskou twa minit sou fason Jewova konsidere ti gason ak tifi ki san papa yo. Diskou sa a ap baze sou paragraf 1 an ak sou paj 459 tòm 2 Étude perspicace. Egzamine rès atik la sou fòm kesyon/repons. Montre ki sa lòt moun ka fè pou ede timoun sa yo e pou ankouraje yo. Lè ou rive nan paragraf 3 ak 4, pale sou sa ki nan paj 8 ak 9 Réveillez-vous ! 8 oktòb 1995.
Kantik 142 ak priyè final.
Semèn 2 desanm
Kantik 213
8 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa novanm. Fè yon ti pale tou kout sou fason nou ka prezante liv Le plus grand homme de tous les temps. — Gade nan Ministè Wayòm desanm 1994, paj 8 (fransè).
12 min : Bezwen kongregasyon an.
25 min : “ Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a. ” Siveyan lekòl la ap fè yon konvèsasyon avèk oditwa a. Chofe moun yo pou nouvo pwogram pou lekòl la k ap kòmanse an janvye. Atire atansyon yo sou kèk aspè nan “ Programme pour l’École du ministère théocratique pour 2003 ” ki te parèt nan paj mitan Ministè Wayòm oktòb 2002 a. Di ki kondisyon pou yon moun ranpli pou l enskri nan lekòl la, jan liv École du ministère la esplike sa nan paj 282 a, epi ankouraje tout moun ki poko enskri nan lekòl la pou yo fè sa, si yo ranpli kondisyon yo.
Kantik 127 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.