BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/02 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Soutit
  • Semèn 9 desanm
  • Semèn 16 desanm
  • Semèn 23 desanm
  • Semèn 30 desanm
  • Semèn 6 janvye
Ministè Wayòm nan — 2002
km 12/02 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 9 desanm

Kantik 193

12 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 desanm ak Réveillez-vous ! 22 desanm. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Preche mesaj Wayòm nan ”a Lè nou rive nan paragraf 3 a, bay kèk sijesyon sou fason pou nou li dirèkteman nan Bib la lè n ap bay bon nouvèl la. — km 12/01 paj 1, § 3.

18 min : Bat pou w jwenn bon rezilta nan tout bèl travay w ap fè. Yon ansyen ap fè diskou a avèk patisipasyon oditwa a. Pale de istwa kongregasyon an, de pwogrè li fè, san w pa bliye mansyone efò ki te fèt pou fonde kongregasyon sa a. Pran dispozisyon pou moun ki te la nan epòk la rakonte eksperyans ki ankourajan. Egzamine posiblite pou toujou gen pwogrè k ap fèt, epi ankouraje tout moun pou yo mete tout yo menm pou soutni aktivite kongregasyon an.

Kantik 119 ak priyè final.

Semèn 16 desanm

Kantik 29

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Pale sou dispozisyon yo pran pou gen predikasyon 25 desanm ak 1ye janvye.

15 min : Moun ki gen disènman ap konprann (Dan. 12:3, 10). Demonstrasyon. Yon moun laverite enterese ap poze kesyon sa a : “ Ki jan m ka fè sèten dapre Bib la se entèpretasyon pa nou an ki kòrèk ? ” Pwoklamatè a ap esplike fason nou ka fè rechèch nan Bib la sou yon sijè ki byen presi (w96 15/5 19-20). L ap sèvi ak youn oswa de egzanp nan paj 403-8 liv Raisonner a, pou l montre fason nou te rive konprann pwogram Bondye gen pou tè a grasa vèsè biblik nou te byen egzamine. Pwoklamatè a ap esplike ki jan nou ka sèvi ak menm metòd la pou nou konprann lòt ansèyman biblik kòrèkteman, e li tou ofri moun nan yon etid biblik.

20 min : “ Ann montre nou sonje moun aje ki fidèl yo. ”b Sèvi ak kèk pwen nou jwenn nan La Tour de Garde 1ye out 1994, paj 29. Pale de dispozisyon yo pran pou moun ki enfim yo kontwole lè yo fè pa 15 minit. Fè kèk moun rakonte eksperyans ki montre lè yo gen pwogram ak moun sa yo, ki benediksyon sa pote ni pou youn ni pou lòt.

Kantik 154 ak priyè final.

Semèn 23 desanm

Kantik 148

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou prezante Toudegad 1ye janvye ak Réveillez-vous ! 8 janvye. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo sa a : Les jeunes s ’interrogent... Comment se faire de vrais amis ?, oubyen kasèt videyo : No Blood—Medicine Meets the Challenge. Se yon fason pou yo prepare yo pou konvèsasyon ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn 6 janvye a.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Èske w konn kolabore pou yo fè yon rapò ki egzak ? ”c Lè nou rive nan paragraf 2 a, fè kèk kòmantè sou liv Notre ministère la, nan paj 106-8.

Kantik 165 ak priyè final.

Semèn 30 desanm

Kantik 152

Note sa : Kongregasyon yo pa fèt pou chanje jou reyinyon sèvis semèn 30 desanm nan pou yo fè l yon lòt jou, amwenske gen vizit siveyan sikonskripsyon. Nan chak kongregasyon, yo fèt pou yo egzamine paj mitan ki pale de kongrè a nan reyinyon sèvis la, jan sa pwograme a. Si gen asanble sikonskripsyon semèn sa a, siveyan etid liv yo ta dwe anonse kote kongrè a ap fèt ak dat la, nan randevou etid pa yo a. Yo kapab bay kèk enfòmasyon ki nesesè sou kesyon lojman.

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa desanm. Si kongregasyon w lan ap chanje orè reyinyon yo pou ane k ap vini an, ankouraje chak moun pou yo adopte nouvo orè a e pou yo kontinye asiste reyinyon regilyèman. Pale de piblikasyon n ap ofri nan mwa janvye. Fè tout moun konnen ki liv kongregasyon an genyen nan estòk li.

15 min : Egzamine liv Adorez Dieu a. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Esplike dispozisyon yo pran pou yo etidye liv sa a kòm dezyèm liv avèk etidyan yo (km 6/00 paj 4, § 5-6). Envite oditwa a pale sou kèk aspè yo renmen nan piblikasyon an. Montre yo sèvi ak kesyon ansanm ak vèsè biblik ki nan liv la yon fason pou yo ankouraje moun k ap etidye a reflechi seryezman sou Pawòl Bondye. Sèvi ak egzanp nou jwenn nan paj 47-8, paragraf 13.

20 min : “ ‘ Bay Bondye glwa ’ – Kongrè distri Temwen Jewova pou 2003. ” d Sekretè a ap fè patisipasyon sa a, e l ap ensiste sou paragraf 3-8. Anvan w egzamine paj mitan sa a, li lèt 15 desanm 2002 a pou kongregasyon an. L ap felisite kongregasyon an pou aranjman y ap fè sito sa posib pou y al nan kongrè.

Kantik 147 ak priyè final.

Semèn 6 janvye

Kantik 67

5 min : Anons lokal.

18 min : Annou tire pwofi nan bèl dispozisyon yo pran pou ede nou. Yon ansyen ki kalifye ap pale sou sa yo prevwa fè pou yo ede frè yo, lè yo gen pou yo pran desizyon nan domèn sante. Pami dispozisyon sa yo, n ap site kat ki rele “ Instructions médicales préalables/Décharge ”, ak atik ki nan ribrik “ Questions des lecteurs ” nan La Tour de Garde 15 jen 2000, ak La Tour de Garde 15 oktòb 2000. Chak kongregasyon ta dwe gen kont kat “ Instructions médicales préalables /Décharge ” nan estòk li. Apre reyinyon an, Temwen batize yo ap ka resevwa yon kat tounèf. Nou pa dwe ranpli kat sa a tousuit. Apre mèt kat la fin mete dat sou kat la, ni li, ni moun ki sèvi l temwen yo ap siyen kat la nan etid liv k ap fèt apre reyinyon sa a. Si sa nesesè, siveyan etid liv la ap bay koutmen pou ranpli kat la. Mèt kat la dwe siyen l devan temwen yo. Si pwoklamatè ki poko batize yo vle, yo kapab kopye sa ki nan kat la, selon sitiyasyon yo ak konviksyon pèsonèl yo. Yo ka fè sa ni pou yo ni pou pitit yo. Fè yo konnen li pridan pou nou pran devan nan kesyon ki gen rapò ak sante nou. N ap fè sa selon sa konsyans nou dikte nou an rapò avèk fòmasyon nou resevwa nan Bib la (Pwo. 27:12 ; 14:15). Li enpòtan pou nou fè yon ti pale alavans avèk medsen yo. Nan konvèsasyon an, n ap byen esplike ki tretman ak ki medikaman n ap asepte. Li esansyèl pou nou etidye kesyon an seryezman, pou n ka pran bonjan desizyon. Fè efò pou nou li paragraf ki apwopriye nan atik La Tour de Garde nou sot site la yo. Se vre, ansyen yo byen dispoze ede frè yo, men yo pa ka pran desizyon nan plas yo.

22 min : “ Yo byen kontan ! ” Ale nan Ministè Wayòm avril 2002, paj 1. Nan paragraf 1 an, mande kongregasyon an pou l fè kèk kòmantè sou kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? Apre sa, poze oditwa a kesyon ki nan paragraf 2-7. Oubyen nou ka fè patisipasyon sa a : “ No Blood—Medicine Meets the Challenge. Yon videyo ou bezwen gade. ” Yon ansyen ki kalifye ap fè pati sa a. Sèvi ak kesyon ki nan kare nan paj 7 la pou w tou kòmanse yon konvèsasyon sou kasèt videyo No Blood la avèk oditwa a. Apre sa, li dènye paragraf ki nan kare a.

Kantik 79 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje