Pwogram reyinyon sèvis
NOTE SA : Pandan gran vakans lan, Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Bay Bondye glwa ”, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Si nou twouve li apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis ki fèt anvan kongrè a, pou nou repale sou konsèy enpòtan nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm ki nan men nou an. Pandan mwa oktòb la, yo pral pran tout yon reyinyon sèvis pou yo repale sou pwen enpòtan nou te aprann nan kongrè a. Pou nou prepare nou pou sa, nou chak nou kapab pran bonjan nòt nan kongrè a. Nan nòt sa yo, kapab gen yon lis pwen nou deside mete an pratik, pwen ki gen rapò swa ak lavi nou an jeneral swa ak predikasyon. Annapre, youn ka ankouraje lòt lè nou esplike ki jan nou deja kòmanse mete sijesyon sa yo an pratik depi lè nou sot nan kongrè a.
Semèn 14 avril
Kantik 20
15 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon. Nan youn y ap prezante La Tour de Garde 15 avril, nan lòt la y ap prezante Réveillez-vous ! 22 avril. Nan chak prezantasyon yo, nou kapab ofri toule de nimewo yo ansanm menmsi se yon sèl nou prezante. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo.
10 min : Repons kesyon w yo. Diskou pou yon ansyen fè.
20 min : “ Annou klere tankou flanbo. ”a Nan senk dènye minit yo, fè yon ti pale sou enfòmasyon nou jwenn nan Tougegad 1ye jen 1997, paj 14-15 § 8-13 [fransè]. Ensiste sou rezon ki fè nou pa gen okenn sekrè konsènan mesaj Wayòm nan.
Kantik 134 ak priyè final.
Semèn 21 avril
Kantik 25
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : “ Annou rasanble ansanm pou nou louwe Jewova. ”b Sèvi ak kesyon yo bay yo. Ankouraje tout moun pou yo la nan chak sesyon, depi vandredi maten jiska dimanch aprèmidi. Ensiste sou enpòtans pou nou pa sèlman tande men pou nou aplike sa nou aprann yo. Gade ribrik “ Note sa ” a pou ou wè sa ki planifye pou reyinyon sèvis k ap gen nan mwa oktòb la, lè yo pral fè revizyon sou pwen enpòtan ki te gen nan kongrè distri a. Ankouraje tout moun pou yo pran nòt.
20 min : “ Fè plas pou sa. ”c Entèvyouwe youn oswa de pwoklamatè ki byen itilize vi selibatè yo pou yo fè enterè Wayòm nan avanse. Fè yo bay kòmantè sou sa ki ede yo jwenn satisfaksyon nan sèvis yo.
Kantik 35 ak priyè final.
Semèn 28 avril
Kantik 51
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò pou mwa avril la. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon. Nan youn y ap prezante Toudegad 1ye me, nan lòt la y ap prezante Réveillez-vous ! 8 me. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo.
15 min : “ Se pou nou bay egzanp nan fè bèl zèv. ”d Sèvi ak kesyon yo bay yo. Ensiste sou nesesite pou tout moun dakò ak aranjman yo mete sou pye pou byen nou. Esplike poukisa bon konduit nou chak enpòtan.
20 min : “ Fè vizit mennen nan etid biblik. ”e Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. L ap sèvi ak kesyon yo bay yo. Envite oditwa a pou li fè kèk kòmantè tou kout kote l ap bay kèk eksperyans li te fè nan predikasyon ki gen rapò ak sijè n ap egzamine la a. Lè nou rive nan paragraf 5 lan, fè yon demonstrasyon sou yon eksperyans yo te fè nan tèritwa a kote yon etid biblik te kòmanse.
Kantik 89 ak priyè final.
Semèn 5 me
Kantik 120
10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale tou kout sou sijesyon yo te bay nan Ministè Wayòm avril 2002, paj 2, nan pati sa a : “ Ki sa ou konte fè pou gran vakans lan ? ”
20 min : “ Lè nou byen abiye, sa montre nou gen respè pou Bondye. ”f Diskou pou yon ansyen fè. Sèvi ak kesyon yo bay yo. Fè yon frè ki konn li byen li chak paragraf.
15 min : Eksperyans ki bay kè kontan (Pwo. 15:30). Konvèsasyon avèk oditwa a. Pale sou rezilta efò espesyal kongregasyon an te fè pandan mwa mas ak avril la bay. Mande kongregasyon an pou yo rakonte eksperyans ankourajan yo te fè nan domèn sa yo : 1) jan yo te ede yon moun ki enterese vin asiste Memoryal la, 2) nan sèvis pyonye oksilyè, 3) jan yo te ankouraje yon inaktif pou l reprann aktivite l avèk kongregasyon an, 4) jan yo te ede yon etidyan pou l vin pwoklamatè, e 5) jan yo kontinye ede moun ki te vin asiste Memoryal la. Mande kèk pwoklamatè pou yo prepare kòmantè yo alavans. Felisite tout moun e ankouraje yo pou yo kontinye fè efò nan sans sa a.
Kantik 126 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
f Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.