BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/03 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Soutit
  • Semèn 8 septanm
  • Semèn 15 septanm
  • Semèn 22 septanm
  • Semèn 29 septanm
  • Semèn 6 oktòb
Ministè Wayòm nan — 2003
km 9/03 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 septanm

Kantik 10

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo regade nòt yo te pran nan asanble sikonskripsyon ki te fèt pandan ane sèvis ki sot pase a pou reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 septanm ak Réveillez-vous ! 22 septanm. Gade nan paj 4 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan youn, montre yon etidyan oswa yon paran k ap preche yon pwofesè. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

10 min : Lèt filyal la. Konvèsasyon ant yon pwoklamatè ki la lontan, yon ansyen depreferans, ak yon lòt pwoklamatè ki gen pi piti tan pase l. Dezyèm pwoklamatè a ap mande pwoklamatè ki gen plis eksperyans lan si l wè lèt biwo filyal la voye nan Ministè Wayòm nan. Pwoklamatè ki gen plis eksperyans lan ap esplike l pandan ane 1960 ak 1970 yo, filyal yo te konn ekri kongregasyon yo nan Ministè Wayòm. Ansuit y ap pale sou lèt ki nan 1ye paj Ministè Wayòm sa a. Y ap mete aksan sou pwen kle yo.

25 min : “ Jèn : Poze yon bon fondman pou lavni. ”a Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. L ap sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè nou rive nan paragraf 5, mete aksan sou kè kontan ak benediksyon ki genyen nan sèvis a plen tan.

Kantik 170 ak priyè final.

Semèn 15 septanm

Kantik 199

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

10 min : “ N ap etidye liv Adorez Dieu a. ” Se yon siveyan etid liv k ap fè diskou sa a. Lè w rive nan katriyèm paragraf la, pale sou kòmantè ou jwenn nan liv École du ministère paj 28 § 1 ak paj 70 la.

25 min : “ Fè Jewova konfyans epi fè sa ki byen. ” ​(Sòm 37:3). Konvèsasyon avèk oditwa a. Sèvi ak kesyon ki pi ba yo. Kesyon sa yo plis mete aksan sou pwen kle nou te jwenn nan asanble sikonskripsyon ki te fèt pandan ane sèvis ki sot pase a. Mande oditwa a pou l di ki jan yo te aplike pèsonèlman pwen sa yo oswa ki jan manm fanmi yo te fè sa. Men kèk pati nan pwogram asanble a pou nou pale sou li : 1) “ Annou montre nou fè Jewova konfyans. ” Poukisa li enpòtan pou nou montre nou fè Jewova konfyans nan tout aspè nan lavi nou (it-2 p. 428-9) ? Ki jan Index des publications de la Société Watch Tower kapab ede nou ? 2) “ Pa kouri dèyè vanite ki gen nan lavi a. ” ​(Ekl. 2:4-8, 11). Site kèk bagay ki vanite nou bezwen evite. E ki jan pou n fè sa ? 3) “ Kouri pou sa k mal, fè sa ki byen. ” Poukisa li enpòtan pou nou rete kole sou prensip Jewova yo (Iza. 5:20) ? Ki kalite aktivite ki ta dwe okipe tan nou ? 4) “ Kenbe konfyans nou nan Jewova. ” Ki sa ki ka ede nou kanpe tennfas devan tribilasyon ak tantasyon ? Poukisa li preferab pou nou kite yon seri de bagay nan men Jewova ? 5) “ Èske y ap jije w diy pou wayòm Bondye a ? ” ​(Kol. 1:10). Ki egzanp biblik ki ankouraje nou pou nou kontinye mache yon fason ki diy devan Jewova ? 6) “ Mete konfyans nou nan pwomès Jewova yo. ” Ki enfliyans sa ap rive gen sou lavi nou ?

Kantik 58 ak priyè final.

Semèn 22 septanm

Kantik 7

10 min : Anons lokal. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye oktòb ak Réveillez-vous ! 8 oktòb. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou fè yo. Nan premye demonstrasyon an, montre yon ansyen k ap bay temwayaj nan telefòn. Nan dezyèm nan, montre yon moun ki enfim k ap fè menm bagay la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Ki sa n te fè pandan ane ki sot pase a ? Siveyan sèvis la ap egzamine pwen ki pi frapan nan rapò kongregasyon an pou ane sèvis 2003 a. Felisite kongregasyon an pou bon travay li te fè. Pale tou de pwen ki apwopriye ki nan dènye rapò siveyan sikonskripsyon an. Mansyone youn oswa de objektif ki rezonab nou fikse pou ane sèvis sa a.

20 min : Èske Bondye aksepte tout relijyon ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Li baze sou liv Comment raisonner a. Pale sou ki jan nou ka rezone avèk yon moun sou pwen sa a (rs p. 310-1). Montre kèk nan aspè k ap pèmèt yon moun idantifye vrè relijyon an (rs p. 316-7). Travay predikasyon an ede moun yo chwazi adorasyon Bondye aksepte a. — Kol. 1:9, 10.

Kantik 39 ak priyè final.

Semèn 29 septanm

Kantik 194

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa septanm nan. Di ki piblikasyon n ap ofri pou mwa oktòb la. Fè yon demonstrasyon tou kout sou fason pou nou kòmanse yon etid biblik nan bwochi Bondye vle a.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Annou abiye nou avèk imilite. ”b Mande oditwa a pou l fè kòmantè sou fason pou nou aplike vèsè yo.

Kantik 224 ak priyè final.

Semèn 6 oktòb

Kantik 170

10 min : Anons lokal. Mwa sa a n ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Fè yon ti pale tou kout sou sa ki di nan Ministè Wayòm mwa me 2002 a nan paj 1 § 1.

15 min : “ Donnez la priorité à l’essentiel ! ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. L ap fèt sou atik ki te parèt nan Toudegad 1ye septanm 1998, paj 19-21 [fransè]. Mansyone dat yon seri de evènman teyokratik pou mwa k ap vini yo. Ankouraje chak moun pou yo make dat sa yo nan kalandriye yo. Envite oditwa a di ki sa yo konte fè pou yo pa manke pwogram espirityèl sa yo.

20 min : Reziste devan presyon kamarad nou yo. Entèvyouwe yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl ki te leve nan yon fanmi kretyen. Fè yon pase sou pwen ou seleksyone nan Toudegad 15 fevriye 2003 a [fransè]. Ki presyon frè a te konn jwenn nan lekòl li (p. 24 § 3 ; p. 25 § 4-5) ? Èske l te konn nan sitiyasyon kote kamarad li yo t ap ensite l fè sa ki mal (p. 26 § 4-6) ? E kounye a, èske l toujou ap rankontre presyon ? Ki sa ki ede l reziste devan presyon ki ta vle fè l viv menm jan ak lòt moun ? Fè yon konklizyon tou kout ki baze sou Toudegad 1ye out 1999, paj 24-5 [fransè]. Montre ki pwofi ki genyen lè nou fè bon frekantasyon.

Kantik 26 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje