Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 10 novanm
Kantik 212
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon pratik sou fason pou nou sèvi ak sijesyon ki nan paj 4 la pou nou prezante Toudegad 1ye desanm ak Réveillez-vous ! 22 novanm nan tèritwa kongregasyon an. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, esplike ki jan travay mondyal la finanse. (Gade nan paj 2 Toudegad oubyen nan paj 5 Réveillez-vous !) Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : “ Se pou nou montre nou pare. ”a Envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou sa ki ede yo anpeche enkyetid ak lòt bagay ki gen nan sistèm sa a pran tan yo, yon tan ki ta pi bon pou yo konsakre nan aktivite espirityèl.
20 min : Ki moun ou chwazi kòm zanmi ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Sèvi ak paj 47-9 liv Adorez Dieu a. Sèvi ak kesyon ki nan paragraf 13 la ansanm ak vèsè yo site yo e mande oditwa a pou l fè kòmantè sou prensip biblik ki dwe gide nou lè n ap chwazi zanmi.
Kantik 127 ak priyè final.
Semèn 17 novanm
Kantik 96
12 min : Anons lokal. Fè entèvyou ak de oubyen twa pwoklamatè ki fè kèk eksperyans ki enteresan nan fason yo te sèvi ak piblikasyon n ap ofri mwa sa a nan predikasyon. Petèt gen ladan yo ki te tou kòmanse etid biblik.
15 min : Annou aprann bay. Yon ansyen ap fè yon diskou ki baze sou La Tour de Garde 1ye novanm 2003, paj 27-30.
18 min : “ Felisitasyon bay ankourajman. ” b Ajoute kèk pwen nou jwenn nan liv Bonheur familial la, paj 49-50, paragraf 21. Mande kèk moun fè kèk kòmantè tou kout sou ankourajman yo te jwenn dèske lòt moun te felisite yo.
Kantik 58 ak priyè final.
Semèn 24 novanm
Kantik 213
12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou sèvi ak sijesyon ki nan paj 4 la pou nou prezante La Tour de Garde 1ye desanm ak Réveillez-vous ! 8 desanm. Nou pa oblije sèvi ak vèsè yo bay nan paj 4 la. Nou ka chwazi yon lòt vèsè. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka ofri peryodik yo lè n ap fè enfòmèl swa nan kamyonèt swa nan lòt sikonstans ki apwopriye. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
10 min : Repons kesyon w yo. Diskou pou yon ansyen fè.
23 min : “ Ann chèche gen entimite avèk Jewova. ”c Sèvi ak kesyon ki genyen nan atik la. Mande oditwa a fè kòmantè sou fason yo ka aplike vèsè biblik yo. Pran dispozisyon alavans pou youn oswa de pwoklamatè esplike ki sa ki te ede yo amelyore fason yo etidye Bib la pèsonèlman.
Kantik 202 ak priyè final.
Semèn 1ye desanm
Kantik 138
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa novanm. Pale de piblikasyon n ap ofri an desanm. Fè yon ti pale tou kout sou youn ou de prezantasyon yo sijere. Esplike ki jan pwoklamatè yo ka sèvi ak Index des publications de la Société Watch Tower pou yo jwenn lòt prezantasyon. — Gade nan Ministè Wayòm septanm 2001, p. 2.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Nou byen kalifye pou nou anseye. Konvèsasyon avèk oditwa a, ki baze sou La Tour de Garde 1ye jen 2000, paj 16-17, paragraf 9-13. Premye objektif nou antanke minis, se pou nou rive anseye yon fason ki efikas. Pou nou reyisi ede moun ki sanble ak mouton yo, sa depann de kapasite nou genyen pou nou prezante yo mesaj Wayòm nan yon fason pou nou enstwi yo e pou nou pouse yo alaksyon. Men kèk kesyon pou nou egzamine : 1) Ki diferans ki genyen ant preche ak anseye ? (it-2 p. 632 § 4.) 2) Poukisa kèk moun konn ap ezite pou yo kondui etid biblik ? 3) Ki jan nou ka amelyore kapasite nou antanke anseyan ? 4) Ki jan nou ka asire nou etidyan nou yo konprann sa y ap aprann nan ? 5) Ki objektif nou bezwen ede etidyan nou yo atenn ?
Kantik 70 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.