BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/04 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Soutit
  • Semèn 8 novanm
  • Semèn 15 novanm
  • Semèn 22 novanm
  • Semèn 29 novanm
  • Semèn 6 desanm
Ministè Wayòm nan — 2004
km 11/04 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 novanm

Kantik 180

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Kanpay espesyal y ap fè ak bwochi Kontinye veye ! a ap fini 14 novanm. Pandan rès mwa novanm nan, se Écoute le grand Enseignant n ap ofri. Fè yon ti pale toukout sou prezantasyon ki nan paj 3 Ministè Wayòm me 2004 la.

15 min : Ann tire pwofi nan reyinyon sèvis. Konvèsasyon avèk oditwa a. L ap baze sou liv Notre Ministère la, paj 71-2. Mande oditwa a pou l bay senk domèn kote reyinyon sèvis la ede nou amelyore ministè nou antanke kretyen. Site kèk egzanp nan pwogram pou mwa a. Ki avantaj sa gen ladan l lè nou prepare reyinyon sèvis yo ? Poukisa li bon pou nou la regilyèman ? Ki baz biblik reyinyon sa a genyen ?

20 min : “ Toujou sonje gen ijans ! ”a Tou fè kèk kòmantè ki baze sou La Tour de Garde 15 janvye 2000, paj 12-13.

Kantik 19 ak priyè final.

Semèn 15 novanm

Kantik 170

10 min : Anons lokal. Si sijesyon ki nan paj 4 yo apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè yon demonstrasyon sou fason nou ka prezante Réveillez-vous ! 22 novanm ak Toudegad 1ye desanm. Si gen lòt prezantasyon ki efikas, nou ka itilize yo pito. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Èske w goute lajwa ki genyen nan bay ? Diskou. Li baze sou La Tour de Garde 1ye novanm 2004, paj 19-23.

20 min : Ann sèvi ak nouvo bwochi a pou nou kiltive enterè nou jwenn. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Se siveyan sèvis la ki pou fè patisipasyon sa a. Nou fèt pou nou retounen vizite tout moun ki te aksepte bwochi Kontinye veye ! a yon fason pou nou kiltive enterè yo te manifeste. Pandan w ap sèvi ak lis sijè ki nan paj 2 a pou w bay yon apèsi sou sa ki gen nan bwochi a, atire atansyon oditwa a sou plizyè seksyon ki gen nan bwochi a, (yo ekri an karaktè nòmal anba tit yo ki yo menm ekri an karaktè gra, e seksyon sa yo n ap jwenn yo nan divès pati ki an koulè nan bwochi a). Frè yo ka sèvi ak seksyon sa yo pou yo fè vizit ki enteresan, vizit ki kout e ki pèmèt yo bati sou sa yo te diskite ak moun nan anvan sa. Pa egzanp, si premye fwa nou rankontre moun nan nou te pale sou paj 3-4 avè l, nou ka sèvi ak seksyon ki rele “ Èske sa enterese Bondye toutbonvre ? ” ki nan paj 5 lan, pou nou fè vizit la. Esplike ki jan sa ka fèt. Egzamine kèk lòt seksyon ki genyen nan bwochi a, tankou sa nou jwenn nan paj 6-8 ak paj 17-18 oswa lòt ankò ou twouve ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an. Fè yon demonstrasyon sou fason yon vizit ka fèt. Sèvi ak youn nan seksyon yo. Moun k ap fè demonstrasyon an fèt pou l li omwen youn nan vèsè yo bay yo e pou l fè kòmantè sou li. Pou fini, l ap atire atansyon moun nan sou yon lòt seksyon nan bwochi a li prevwa diskite nan pwochen vizit la.

Kantik 66 ak priyè final.

Semèn 22 novanm

Kantik 199

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Ann kòmanse etid biblik ak moun ki te aksepte nouvo bwochi a. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Se siveyan sèvis la ki pou fè patisipasyon sa a. Fè yon ti revizyon sou demonstrasyon nouvèl vizit ki te fèt nan reyinyon sèvis semèn pase a. Atire atansyon oditwa a sou seksyon frè oswa sè a te prezante nan konklizyon vizit sa a. Si posib, mande menm pwoklamatè a pou l sèvi ak seksyon sa a pou l fè nouvèl vizit la. Kounye a, pwoklamatè a ap sèvi ak enfòmasyon ki gen nan do bwochi a pou l pwopoze yon etid biblik, e l ap fè aranjman ak moun nan pou l vin egzamine leson 1 bwochi Bondye vle a nan pwochen vizit la. Ankouraje tout moun pou yo fè efò pou yo kòmanse etid biblik ak moun ki te aksepte bwochi Kontinye veye ! a.

Kantik 58 ak priyè final.

Semèn 29 novanm

Kantik 23

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa novanm. Fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye desanm ak Réveillez-vous ! 8 desanm.

10 min : Repons kesyon w yo. Yon ansyen ap fè diskou sa a.

25 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Twazyèm pati.”b Sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè w fin egzamine paragraf 3 a, fè yon demonstrasyon toukout kote yon pwoklamatè ap kondui yon etid biblik nan bwochi Bondye vle a, leson 5, paragraf 1. Yo gentan li paragraf la e etidyan an gentan reponn kesyon an. Kondiktè etid la li Izayi 45:18 ak Eklezyas 1:4 ansanm ak etidyan an e yo fè kòmantè sou yo. Kondiktè a poze yon seri de kesyon pou l ede etidyan an esplike ki rapò chak pasaj sa yo genyen ak sijè y ap egzamine a.

Kantik 178 ak priyè final.

Semèn 6 desanm

Kantik 96

10 min : Anons lokal. Di ki piblikasyon n ap ofri pandan mwa desanm nan. Fè youn oswa de demonstrasyon sou fason nou ka prezante liv Le plus grand homme nan.

20 min : “ Èske w kapab pote èd pa w ? ”c Fè entèvyou ak youn oubyen de pwoklamatè ki te apresye èd ak ankourajman yo te resevwa nan men lòt moun.

15 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo te fè pandan yo te retounen vizite moun ki te aksepte bwochi Kontinye veye ! a. Fè aranjman pou w fè yon demonstrasyon sou yon eksperyans enteresan ki te fèt nan tèritwa a. Felisite tout moun poutèt yo te patisipe nan kanpay espesyal sa a.

Kantik 101 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje