Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 13 jen
Kantik 198
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 jen ak Réveillez-vous ! 22 jen. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan youn nan prezantasyon yo montre yon pwoklamatè k ap ofri peryodik, yon fason enfòmèl. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Ede pwochen nou pou yo vin pwoklamatè ki poko batize. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Se yon ansyen k ap fè diskou sa a, li baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah, paj 79-81. Pale sou pati pou yo egzamine ak yon moun k ap etidye Labib pou yo detèmine si l ranpli kondisyon biblik pou l patisipe nan predikasyon ak kongregasyon an. Semèn pwochèn nou pral egzamine ki jan nou ka ede etidyan ki kalifye pou sèvi kòm pwoklamatè ki poko batize pou yo kòmanse patisipe nan predikasyon kay an kay.
20 min : “ Predikasyon an ede nou andire. ”a Envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè biblik yo bay kòm referans yo, si gen tan pou sa.
Kantik 149 ak priyè final.
Semèn 20 jen
Kantik 206
10 min : Anons lokal. Fè revizyon sou pwen kle nan atik ki nan paj 4 Ministè Wayòm jiyè 2003. Esplike kòman pwoklamatè yo ka jwenn piblikasyon nan lang etranje. Di kòman enfòmasyon sa yo ka aplike nan tèritwa kongregasyon an. Se frè ki responsab piblikasyon an yo dwe bay tout kòmann pou piblikasyon nan yon lang etranje, menmsi se yon sèl piblikasyon moun nan bezwen, konsa yo ka jwenn piblikasyon sa yo san yo pa pèdi tan initilman.
15 min : Pawòl Bondye a pisan (Ebre 4:12). Diskou sa a baze sou Toudegad 1ye Desanm 2003, paj 9, paragraf 13-17. Bay kèk eksperyans ki montre jan enstriksyon ki nan Bib la ka pouse moun fè chanjman nan lavi yo (w00 1/1 p. 3-5). Ankouraje tout moun pou yo byen sèvi ak Bib la nan tout aspè nan ministè a.
20 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — dizyèm pati. ”b Fè yon demonstrasyon ki montre yon seyans repetisyon. Pandan etidyan an ap repete prezantasyon an, moun k ap fè etid la, ki jwe wòl mèt kay la, ap fè yon objeksyon ki kouran nan zòn nan, e lè etidyan an ezite li pa konn sa pou l di, l ap montre li ki sa li ka fè nan sitiyasyon konsa. Epi fè aranjman alavans pou youn oubyen de moun pale sou fòmasyon yo te resevwa lè yo te kòmanse patisipe nan predikasyon kay an kay.
Kantik 208 ak priyè final.
Semèn 27 jen
Kantik 113
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jen. Li rapò sou sèvis kont ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye jiyè ak Réveillez-vous ! 8 jiyè. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Apre demonstrasyon an, reprann premye fraz pwoklamatè a te di ki te eveye enterè moun li t ap pale avè l la. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Ann ofri bwochi an jiyè ak ann out. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou paj mitan an. Bay yon ti esplikasyon tou kout sou fason pou yo sèvi ak paj mitan an, mete aksan sou kare ki nan paj 3 a ansanm ak pwen kle ki nan paj 8 Ministè Wayòm janvye 2005 lan. Pale sou sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an k ap pèmèt pwoklamatè yo ofri bwochi depi nan premye konvèsasyon yo fè ak yon moun. Fè demonstrasyon sou de oubyen twa nan prezantasyon yo. Omwen, bay yon jèn pwoklamatè fè youn nan demonstrasyon yo.
Kantik 196 ak priyè final.
Semèn 4 jiyè
Kantik 70
10 min : Anons lokal.
15 min : Èske nou gen yon pwogram familyal ? Revize sijesyon yo te bay nan paj mitan Ministè Wayòm me 2005 lan, epi envite moun ki nan oditwa a pou yo di efò yo fè pou yo aplike sijesyon yo te bay yo e ki byenfè yo jwenn lefètke yo fè sa.
20 min : “ Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yo. ”c Fè aplikasyon pou tèritwa kongregasyon an. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43), lè sa apwopriye— Gade nan Ministè Wayòm fevriye 2005, paj 6.
Kantik 120 ak priyè final.
[Footnotes)
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.