BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/05 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Semèn 8 out
  • Semèn 15 out
  • Semèn 22 out
  • Semèn 29 out
  • Semèn 5 septanm
Ministè Wayòm nan — 2005
km 8/05 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

NOTE SA : Youn oubyen de mwa apre kongregasyon an fin asiste kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ” a, pran ant 15 a 20 minit nan pwogram reyinyon sèvis la (petèt nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an) pou nou fè revizyon sou pwen nan kongrè a pwoklamatè yo te twouve ki itil pou ministè a. Reyinyon sèvis espesyal sa a pral ban nou posiblite pou nou esplike kòman nou sèvi ak sa nou te aprann nan kongrè a e ki jan sa ede nou pou ministè nou vin pi efikas. — Gade Ministè Wayòm avril 2005, paj 2.

Semèn 8 out

Kantik 125

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Raple pwoklamatè yo dat asanble sikonskripsyon an ak dat jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2006 la si nou deja konnen yo.

10 min : “ Èske w konn sèvi ak fich envitasyon ? ” Diskou ak patisipasyon oditwa a. Envite moun ki nan oditwa a pou yo pale sou bon rezilta yo jwenn lè yo itilize fich envitasyon. Fè yon demonstrasyon tou kout kote yon pwoklamatè ap sèvi ak yon fich envitasyon pou l envite yon moun ki enterese nan reyinyon.

25 min : “ Si gen yon moman pou nou preche se kounye a ! ”a Fè aranjman alavans pou youn oubyen de pyonye pèmanan rakonte ki chanjman yo te fè yon fason pou yo ka sèvi kòm pyonye e mande yo ki benediksyon yo jwenn anretou.

Kantik 197 ak priyè final.

Semèn 15 out

Kantik 11

10 min : Anons lokal. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 out ak Réveillez-vous ! 22 out. Montre yon ansyen ak yon pwoklamatè ki enfim k ap bay temwayaj nan telefòn. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Èske w sonje ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Li baze sou La Tour de Garde 15 avril 2005, paj 30. Envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou chak kesyon. Mete aksan sou valè pratik sijè a. Ankouraje tout moun pou yo li chak nimewo Toudegad ak Réveillez-vous ! avèk anpil atansyon.

20 min : “ Kòmanse etid biblik nan papòt kay ak nan telefòn. ”b Fè yon demonstrasyon tou kout. Montre ki jan yon etid biblik ka kòmanse nan premye rankont lan. Sèvi sèlman ak youn oubyen de paragraf nan bwochi Bondye vle a. Rakonte youn oubyen de eksperyans ankourajan kote moun yo te kòmanse etid biblik nan telefòn, fè sa yon fason brèf.

Kantik 30 ak priyè final.

Semèn 22 out

Kantik 161

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Preche Wayòm nan se yon bèl privilèj. ”c Yo pran dispozisyon pou moun ki vrèman limite akoz laj oubyen akoz pwoblèm sante remèt rapò sou aktivite predikasyon yo pa tranch 15 minit. Lè n ap egzamine paragraf 4 la, fè yon ti pale sou dispozisyon sa a. Gade Ministè Wayòm oktòb 2002, paj 8 § 6.

Kantik 204 ak priyè final.

Semèn 29 out

Kantik 45

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa out. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye septanm ak Réveillez-vous ! 8 septanm. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap fè yon vizit ak yon moun li gen wout peryodik avè l.

15 min : “ Yon temwayaj san pawòl. ”d Chwazi kèk pwoklamatè alavans, mande yo pou yo di ki jan bèl konduit yo te remake kay sèvitè Bondye yo te ede yo vin sèvi Jewova.

20 min : Sèvi ak Bib la depi nan premye rankont lan. Konvèsasyon avèk oditwa a. Egzamine sijesyon ki nan Ministè Wayòm septanm 2004, paj 4, paragraf 2, ki montre fason pou nou atire atansyon moun yo sou Pawòl Bondye a depi nan premye rankont lan. Fè demonstrasyon sou fason nou ka sèvi ak youn oubyen de nan prezantasyon yo sijere yo pou nou prezante piblikasyon n ap ofri an septanm yo. Si gen tan pou sa, nou ka pale tou sou sijesyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2005 sou fason pou nou prezante òf pou mwa a e nou ka fè demonstrasyon.

Kantik 71 ak priyè final.

Semèn 5 septanm

Kantik 98

10 min : Anons lokal.

15 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — douzyèm pati. ”e Fè aranjman alavans pou youn oubyen de pwoklamatè esplike ki sa ki te ede yo fè pwogrè nonsèlman pou yo kòmanse etid biblik, men pou yo kontinye kondui etid sa yo.

20 min : Òganize nou pou nou ede pèsòn aje yo. Se yon ansyen k ap fè diskou sa a. Li baze sou La Tour de Garde 15 out 1993, paj 28-9, nan soutit “ L’organisation est très importante ”. Di ki dispozisyon kongregasyon an pran pou l ede moun ki malad yo ak pèsòn aje yo.

Kantik 164 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje