BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/06 p. 1
  • Annou kreye okazyon pou nou preche

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou kreye okazyon pou nou preche
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Annou bay Jewova louwanj chak jou
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Temwayaj enfòmèl : yon mwayen pou nou louwe Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Ou kapab bay temwayaj enfòmèl!
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Pwofite okazyon w genyen pou w simaye mesaj Wayòm nan!
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 2/06 p. 1

Annou kreye okazyon pou nou preche

1 Sitiyasyon chak moun nan kongregasyon kretyen an diferan youn parapò ak lòt. Sepandan, nou gen yon bagay ki ini nou : detèminasyon nou genyen pou nou bay Jewova louwanj (Sòm 79:13). Men, e si pwoblèm sante ak lòt difikilte limite patisipasyon nou nan pwoklamasyon bon nouvèl la, ki jan nou ka kreye okazyon pou nou preche ?

2 Nan aktivite n ap mennen chak jou : Jezi te konn pwofite rapò li te genyen chak jou ak moun yo pou l ba yo temwayaj. Li te pale ak Matye pandan li t ap pase devan yon biwo kontribisyon, li te pale ak Zache pandan li t ap vwayaje, e li te pale ak yon Samaritèn pandan li t ap pran yon ti repo (Mat. 9:9 ; Lik 19:1-5 ; Jan 4:6-10). Nou menm tou, nan aktivite n ap mennen chak jou, nou ka fè nenpòt konvèsasyon nou gen ak yon moun debouche sou yon temwayaj. Si nou toujou gen yon bib, kèk feyè ansanm ak kèk bwochi sou lamen, sa ap pèmèt nou toujou pare pou nou pale konsènan esperans nou. — 1 Pyè 3:15.

3 Èske w gen pwoblèm sante ki lakòz ou pa ka deplase fasil, e sa fè li difisil pou w patisipe nan travay predikasyon kay an kay la ? Ebyen, toujou chèche okazyon pou w preche doktè ki vin vizite w oswa lòt moun ou vin an kontak avèk yo (Tra. 28:30, 31). Si sikonstans yo lakòz ou rete lakay ou nèt, èske w eseye bay temwayaj nan telefòn oubyen nan lèt ? Gen yon sè ki ekri manm fanmi l ki pa Temwen regilyèman. Lè konsa, li tou pwofite pale yo de kèk panse ankourajan li jwenn nan Bib la ak eksperyans li fè lè l ap bay temwayaj.

4 Nan travay nou oswa nan lekòl nou : Dezi nou genyen pou nou bay Jewova louwanj ap pouse nou tou pou nou kreye okazyon pou nou simen grenn verite a lè nou nan travay nou oswa nan lekòl nou. Yon jèn pwoklamatè ki gen uit an, etan li nan klas li, li te esplike sa li te li nan yon Réveillez-vous ! konsènan lalin. Lè pwofesè l te aprann ki kote li te jwenn enfòmasyon sa yo, pwofesè a te vin aksepte resevwa Toudegad ak Réveillez-vous ! regilyèman. Nan travay nou, si nou senpleman mete liv Sa Labib anseye a kote moun ka wè l, sa ka pouse yo poze nou kesyon k ap debouche sou temwayaj.

5 Èske w pa ta ka reflechi sou fason ou ka kreye okazyon pou w preche pandan w ap mennen aktivite w chak jou ? Kèlkeswa sitiyasyon nou, annou fè tout sa nou kapab pou nou pwofite omaksimòm tout okazyon nou jwenn chak jou pou nou ofri “ Bondye yon sakrifis louwanj ”. — Ebre 13:15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje