Ou kapab bay temwayaj enfòmèl!
1 Konbyen moun nan kongregasyon w lan ki te rive tande laverite pou premye fwa grasa temwayaj enfòmèl yon moun t ap bay? Ou ka sezi tande repons lan. Bay temwayaj enfòmèl vle di pataje bon nouvèl la ak moun nou rankontre nan aktivite n ap mennen chak jou, tankou lè n ap vwayaje, lè n ap vizite fanmi nou oubyen vwazen nou, lè n al nan mache, lè n al achte nan magazen, oubyen lè nou nan lekòl nou, nan travay nou, eksetera. Nan yon gwoup ki gen plis pase 200 Temwen batize, 40 pousan ladan yo te tande laverite pou premye fwa grasa temwayaj enfòmèl yon moun t ap bay. Kidonk, metòd sa a nou itilize pou nou preche moun yo efikas anpil.
2 Evanjelizatè ki t ap viv nan premye syèk la te konn bay temwayaj enfòmèl souvan. Pa egzanp, pandan Jezi t ap vwayaje nan Samari, li te bay yon dam ki te vin pran dlo nan pi Jakòb la temwayaj (Jan 4:6-26). Filip te kòmanse yon konvèsasyon ak yon fonksyonè etyopyen ki t ap li nan liv Ezayi a, li te mande l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” (Tra. 8:26-38). Lè apot Pòl te nan prizon nan vil Filip, li te bay yon gadyen prizon temwayaj (Tra. 16:23-34). Apre sa, lè li te nan kay kote yo t ap siveye l la, li “te konn byen resevwa tout moun ki vin wè l. Li te preche yo wayòm Bondye a, e li te anseye yo bagay ki gen rapò ak Seyè Jezi Kris”. (Tra. 28:30, 31.) Ou menm tou ou kapab bay temwayaj enfòmèl menmsi ou timid. Kòman w ka fè sa?
3 Kòmanse konvèsasyon an: Anpil nan nou twouve li difisil pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun nou pa konnen. Menm ak moun nou deja konnen nou ka santi nou yon jan jennen pou nou pataje laverite avèk yo. Sepandan, n ap motive pou nou pale ak moun yo, si nou medite sou byenveyans Jewova gen lakay li, sou trezò espirityèl li bay sèvitè l yo e si nou reflechi sou kondisyon terib moun nan monn nan ap viv (Yona 4:11; Sòm 40:5; Mat. 13:52). Anplis de sa, nou ka mande Jewova pou l ede nou “mete kran sou nou”. (1 Tes. 2:2.) Gen yon etidyan nan lekòl Gileyad ki te di: “Lè li difisil pou m pale ak moun yo, byen souvan, mwen twouve lapriyè itil mwen.” Si w yon jan pè pale ak moun ou rankontre yo, fè yon ti priyè tou kout nan kè w. —Ney. 2:4.
4 Jan non temwayaj enfòmèl la montre sa, li pa nesesè pou nou kòmanse konvèsasyon an ak yon entwodiksyon byen presi, ni nou pa oblije kòmanse ak yon vèsè biblik. Nou ka twouve li itil pou nou gen objektif pou nou annik kòmanse konvèsasyon an san nou pa panse nou dwe bay yon temwayaj tousuit. Anpil pwoklamatè di lè yo fè sa, sa ede yo vin gen asirans yo bezwen pou yo rive pataje bon nouvèl la ak moun yo rankontre a finalman. Si moun nan pa sou pale, li pa nesesè pou nou fòse l. Avèk jantiyès, mete fen nan konvèsasyon an epi ale.
5 Men sa yon sè ki timid fè pandan l ap achte nan mache, toudabò li gade moun nan nan je, epi yon fason amikal, li souri bay moun nan. Si moun nan souri tou, li di yon ti pawòl tou kout. Si moun nan byen reyaji, sa ba li asirans li bezwen pou l pale plis ak moun nan. Li koute moun nan avèk anpil atansyon e li fè efò pou l disène ki aspè nan bon nouvèl la ki ka enterese moun nan. Lefètke li itilize metòd sa a, sa pèmèt li plase anpil piblikasyon e li menm te kòmanse yon etid biblik.
6 Pran inisyativ pou nou kòmanse yon konvèsasyon: Ki sa nou ka di pou nou kòmanse yon konvèsasyon? Lè Jezi t ap pale ak dam samaritèn nan bò pi a, pou l te kòmanse konvèsasyon an, li te annik mande dam nan yon ti dlo (Jan 4:7). Konsa tou, nou ka kòmanse yon konvèsasyon lè nou salye moun nou rankontre a avèk jantiyès oubyen nou ka poze l yon kesyon. Pandan n ap pale, nou ka twouve yon okazyon pou nou entwodui yon panse biblik e petèt nou ka plante yon grenn verite nan kè moun nan (Ekl. 11:6). Gen kèk pwoklamatè ki jwenn bon rezilta lè yo di yon pawòl enteresan ki ka eveye kiryozite moun yo oubyen yo di yon bagay ki ka fè moun yo mande yo plis esplikasyon. Pa egzanp, pandan w ap tann pou w wè yon doktè, pou w kòmanse yon konvèsasyon ou ka di: “Ala kontan m ap kontan lè m pap janm malad ankò.”
7 Si nou se yon bon obsèvatè, sa ka ede nou tou pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo. Si nou remake yon paran ki gen timoun ki byennelve, nou ka felisite l e nou ka mande l: “Ki sa ki ede w pou yon bon paran pou pitit ou yo?” Gen yon sè ki make sijè lòt moun ap pale nan travay li, epi apre sa, li pataje kèk enfòmasyon byen presi ak kòlèg li yo, enfòmasyon ki gen rapò ak sa ki enterese yo. Lè sè a te aprann gen yon dam nan travay li a ki t ap planifye pou l marye, li te ba li yon Réveillez-vous! ki pale sou fason pou moun planifye yon maryaj. Sa te mennen nan plizyè konvèsasyon biblik.
8 Yon lòt fason nou ka kòmanse yon konvèsasyon, se lè nou fè lekti nan piblikasyon yo yon kote moun ka wè nou. Gen yon frè ki ouvri yon Toudegad oubyen yon Réveillez-vous! nan yon atik ki enteresan epi li kòmanse li l. Si li remake gen yon moun toupre l k ap gade nan peryodik la, li poze l yon kesyon oubyen li fè yon kòmantè sou sa yo pale nan atik la. Byen souvan, sa mennen nan yon konvèsasyon e li tou bay yon temwayaj. Si nou annik kite piblikasyon yo yon kote moun ka wè yo, sa ka eveye kiryozite kòlèg nou yo oubyen kamarad nou yo e sa ka fè yo poze nou kesyon sou yo.
9 Kreye okazyon: Jan travay predikasyon an se yon travay ki ijan, nou pa dwe konsidere temwayaj enfòmèl kòm yon aktivite nou ka annik fè sou chans. Okontrè, nou dwe chèche kreye okazyon pou nou bay temwayaj pandan nou nan aktivite n ap mennen chak jou. Panse ak moun li posib pou nou rankontre yo depi alavans, epi reflechi sou fason nou ka kòmanse yon konvèsasyon amikal avèk yo. Toujou gen yon Bib sou lamen ansanm ak kèk piblikasyon nou ka kite pou moun ki enterese yo. —1 Pyè 3:15.
10 Anpil pwoklamatè rive kreye okazyon pou yo bay temwayaj enfòmèl lefètke yo se moun ki konn fè imajinasyon yo travay. Gen yon sè, ki rete nan yon apatman ki gen gwo sekirite, ki vin ak kèk pòzòl nan zòn yo rezève pou moun pran detant lan pou l ka kole ti moso yo ansanm pou l refòme imaj yo. Yon pòzòl se yon imaj yo fè sou yon moso katon epi yo koupe l an plizyè ti moso. Pòzòl pa l yo se te imaj kèk bèl peyizaj. Lè moun yo kanpe pou yo pale sou bèl foto a, li pwofite okazyon sa a pou l kòmanse yon konvèsasyon ak yo sou pwomès Bib la fè kote pral gen “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”. (Rev. 21:1-4.) Èske w reflechi sou sa w ka fè pou w kreye okazyon pou w bay temwayaj enfòmèl?
11 Pousuiv enterè moun yo demontre: Si nou rankontre yon moun ki dispoze koute nou, fè efò pou nou pousuiv enterè moun nan demontre. Si sa apwopriye, nou ka di moun nan: “Mwen vrèman kontan ti konvèsasyon mwen te fè avè w la. Ki kote nou ka rankontre pou nou fè yon ti pale konsa ankò?” Gen kèk pwoklamatè ki annik lonje yon ti kat bay moun nan ki gen adrès yo ak nimewo telefòn yo make sou li, epi yo di moun nan: “Mwen te apresye konvèsasyon nou sot genyen an, si w ta renmen konnen plis detay sou sijè nou sot pale a ou ka kontakte m nan nimewo telefòn sa a oubyen nan adrès m ba ou a.” Si w pa ka pousuiv enterè moun nan demontre a, fè aranjman pou kongregasyon ki apwopriye a fè sa. Ranpli yon fòmilè Pousuiv enterè (S-43), epi san pèdi tan, bay sekretè kongregasyon pa w la fòmilè sa a.
12 Nou dwe make lè nou fè pandan n ap bay temwayaj enfòmèl yo sou rapò nou. Se sa k fè nou dwe asire nou nou toujou make yo yon kote, menmsi se kèk minit sèlman nou fè chak jou. Fè yon ti reflechi sou pwen sa a: Si chak pwoklamatè fè senk minit ap bay temwayaj enfòmèl chak jou, sa ap fè gen plis pase 17 milyon èdtan ki ajoute sou rapò mondyal la chak mwa!
13 Nou gen bonjan rezon pou nou bay temwayaj enfòmèl: lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou (Mat. 22:37-39). Lè kè nou ranpli ak apresyasyon pou bèl kalite Jewova gen lakay li e nou rekonesan pou objektif li genyen yo, sa pouse nou pale sou “aksyon estrawòdinè li fè avèk kokenn glwa rèy li a genyen”. (Sòm 145:7, 10-12.) Si nou enterese toutbon nan pwochen nou, sa ap motive nou pou nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pataje bon nouvèl la avèk yo pandan gen tan toujou (Wom. 10:13, 14). Si nou fè yon ti panse ak moun nou pral rankontre yo e si nou fè yon ti preparasyon, nou tout ka rive bay temwayaj enfòmèl e petèt nou ka jwenn lajwa pou nou fè yon moun ki gen kè sensè tande laverite.
[Kesyon]
1. a) Ki sa temwayaj enfòmèl ye? b) Konbyen moun nan asistans lan ki te tande laverite pou premye fwa grasa temwayaj enfòmèl yon moun t ap bay?
2. Bay kèk egzanp temwayaj enfòmèl nou jwenn nan Bib la?
3. Ki sa ki ka ede nou venk timidite?
4. Pou kòmanse, ki objektif nou ka fikse pou tèt nou, e poukisa?
5. Ki sa ki ede yon sè ki timid pou l bay temwayaj enfòmèl?
6. Ki jan w ka kòmanse yon konvèsasyon nan yon kad enfòmèl?
7. Lè nou se yon bon obsèvatè, kòman sa ka ede nou bay temwayaj enfòmèl?
8. Kòman nou ka sèvi ak piblikasyon yo pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo?
9, 10. a) Ki sa nou ka fè pou nou kreye okazyon pou nou bay temwayaj enfòmèl? b) Ki jan ou menm ou te rive kreye okazyon pou w bay temwayaj enfòmèl?
11. Ki sa nou ka fè pou nou pousuiv enterè moun yo demontre lè n ap bay temwayaj enfòmèl?
12. a) Poukisa nou dwe toujou make lè nou fè pandan n ap bay temwayaj enfòmèl yo yon kote e nou dwe mete yo sou rapò nou? b) Ki bon rezilta nou jwenn grasa temwayaj enfòmèl? (Gade kare “Lè nou bay temwayaj enfòmèl, sa pote bon rezilta!”)
13. Ki sa ki ka pouse nou bay temwayaj enfòmèl?
[Antrefilè nan paj 4]
Nou ka twouve li itil pou nou fikse objektif pou nou annik rankontre moun yo epi pou nou kòmanse yon konvèsasyon ak yo
[Antrefilè nan paj 5]
Anpil pwoklamatè rive kreye okazyon pou yo bay temwayaj enfòmèl lefètke yo se moun ki konn fè imajinasyon yo travay
[Kare nan paj 5]
Kèk konsèy sou fason pou nou kòmanse konvèsasyon
◼ Priye pou nou jwenn èd pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo
◼ Chwazi moun ki parèt amikal e ki pa prese
◼ Gade moun nan nan je, souri ba li epi pale sou yon sijè ki enterese nou toule de
◼ Koute moun nan lè l ap pale
[Kare nan paj 6]
Lè nou bay temwayaj enfòmèl, sa pote bon rezilta!
• Pandan yon frè te nan yon garaj, li t ap tann yo repare machin li, li te pwofite bay moun ki te bò kote l yo temwayaj e li te ba yo fich envitasyon pou diskou biblik la. Yon ane apre, nan yon kongrè distri, gen yon frè li pa konnen ki te vin salye l avèk anpil antouzyas. Se te youn nan moun li te bay fich envitasyon nan garaj la ane pase a! Mesye a t al koute diskou piblik la, e li te mande pou yo etidye Labib ak li. Ni li menm ni madanm li te vin batize.
• Yon sè ki te vin aprann laverite grasa temwayaj enfòmèl te konsidere moun li rankontre parapò ak twa pitit li yo kòm yon tèritwa espesyal pou li. Tèritwa l la te gen ladan l vwazen l yo, paran timoun li rankontre nan lekòl pitit li yo ak paran li rankontre nan reyinyon yo fè pou paran yo. Kèlkeswa lè l ap prezante tèt li, li di yon pawòl tou senp, men yon pawòl ki soti nan kè l, ki montre jan Bib la se yon bonjan èd ki pèmèt li byennelve pitit li yo epi apre sa, li chanje sijè. Piske li gentan kòmanse konvèsasyon an deja, li vin pi fasil pou l pale de Bib la nan konvèsasyon li pral genyen apre sa. Lefètke li sèvi ak metòd sa a, sa pèmèt li ede 12 moun pou yo rive batize.
• Lè yon ajan nan yon konpayi asirans te vin vizite yon sè, sè a te pwofite okazyon an pou l bay mesye a temwayaj. Li mande mesye a si l pa ta renmen gen garanti yon jou l ap ka viv an bòn sante, ak kè kontan e l ap viv pou tout tan. Mesye a di l wi, epi li mande sè a de ki kalite asirans l ap pale la a. Sè a montre mesye a pwomès nou jwenn nan Bib la e li ba li youn nan piblikasyon nou yo. Mesye a li piblikasyon an nan yon sèl aprèmidi. Yo pran randevou pou yon etid biblik. Mesye a te asiste reyinyon epi kèk tan apre sa li te vin batize.
• Pandan yon sè t ap vwayaje nan yon avyon, li te kòmanse pale ak yon dam ki te chita bò kote l e li te pwofite bay dam nan temwayaj. Lè avyon an t apral rive sè a te bay dam nan adrès li ak nimewo telefòn li, e li te ankouraje dam nan pou l mande Temwen Jewova yo fè yon etid biblik ak li pwochèn fwa yo pase vizite l lakay li. Nan demen, gen de Temwen ki pase lakay dam nan, yo frape nan pòt la. Dam nan te kòmanse etidye Labib. Li te fè pwogrè byen rapid. Li te batize e yon ti tan apre, li te gen twa etid biblik li t ap kondui.
• Gen yon frè avèg ki gen 100 an, k ap viv nan yon mezon retrèt, souvan frè a di: “Nou bezwen Wayòm nan.” Sa te fè ni lòt malad yo, ni enfimyè yo poze l kesyon e sa te pèmèt li esplike yo sa Wayòm nan ye. Youn nan dam ki t ap travay nan mezon retrèt la te mande frè a ki sa li pral fè nan paradi a. Frè a te di l: “Mwen pral wè ankò, mwen pral mache ankò, epi m ap boule chèz woulant mwen an.” Piske frè a avèg, li mande dam nan pou l li peryodik yo pou li. Lè pitit fi frè a vin wè l, dam nan mande l pèmisyon pou l al ak peryodik yo lakay li. Gen yon enfimyè ki di pitit fi frè a konsa: “Nouvo slogan nou gen nan mezon retrèt la se: ‘Nou bezwen Wayòm nan.’”
• Pandan yon sè te nan yon liy, li t ap tann nan yon restoran, li te tande yon gwoup mesye aje ki te chita tou pre l ki t ap pale sou sijè politik. Gen youn ladan yo ki te di gouvènman an pa ka rezoud pwoblèm nou genyen yo. Sè a di nan kè l: “Sa a se chans pa m nan sa”. Li di yon ti priyè tou kout epi li pwoche kot mesye yo. Lè l fin prezante tèt li, li pale yo de yon gouvènman ki pral rezoud tout pwoblèm lèzòm genyen, anpalan de Wayòm Bondye a, epi li ofri yo yon bwochi li te gen ansanm ak li. Imedyatman apre, manadjè a vin kote sè a. Sè a te panse li pral mande l pou l soti nan restoran an. Olye de sa, li di sè a li t ap koute konvèsasyon li te genyen ak mesye yo e li ta renmen gen yon bwochi tou. Yon anplwaye ki t ap koute konvèsasyon an tou vin kote sè a ak dlo ap koule nan je l. Se yon ansyen etidyan Labib e li te vle rekòmanse etidye ankò.