BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/06 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Soutit
  • Semèn 13 fevriye
  • Semèn 20 fevriye
  • Semèn 27 fevriye
  • Semèn 6 mas
Ministè Wayòm nan — 2006
km 2/06 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 13 fevriye

Kantik 121

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 fevriye ak Réveillez-vous ! fevriye a. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap bay temwayaj nan yon andwa piblik. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

10 min : Èske w ap mache opa avèk òganizasyon Jewova a ? Diskou. Li baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, paj 7-10.

25 min : “ Annou atire atansyon moun yo sou ‘ limyè monn nan ’. ”a Siveyan sèvis la ap fè patisipasyon sa a. Site non moun ki pyonye oksilyè yo. Pale de aranjman ki fèt pou gen plis reyinyon predikasyon. Fè kòmantè sou pwogram pyonye oksilyè ki nan paj mitan Ministè Wayòm fevriye 2005 lan, paj 5.

Kantik 224 ak priyè final.

Semèn 20 fevriye

Kantik 89

10 min :  Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

15 min : “ Annou kreye okazyon pou nou preche. ”b Envite yon pwoklamatè ki gen difikilte pou l patisipe nan predikasyon pou l esplike ki sa li konn fè pou l kreye okazyon pou l bay temwayaj.

20 min : “ Yon èd ki fasil pou jwenn. ”c Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Fè kèk kòmantè tou kout sou ribrik Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm novanm 1998 ak novanm 2000.

Kantik 1 ak priyè final.

Semèn 27 fevriye

Kantik 20

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa fevriye a. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye mas ak Réveillez-vous ! mas la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min :  Fason pou nou prezante liv Sa Labib anseye a. Pandan mwa mas la, n ap prezante nouvo liv la. Sèvi ak sijesyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2006 la, paj 3-6, pou nou regade kèk prezantasyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an. Fè demonstrasyon sou kèk nan prezantasyon sa yo. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte kèk bèl eksperyans yo te fè etan yo t ap sèvi ak nouvo liv la, sitou si yo te kòmanse nouvo etid biblik.

Kantik 148 ak priyè final.

Semèn 6 mas

Kantik 51

10 min : Anons lokal. Etandone nou ka pote feyè yo byen fasil e yo parèt atiran, sa fè yo itil nou anpil pou nou ka kòmanse konvèsasyon lè n ap preche kay an kay, lè n ap preche nan andwa piblik ak lè n ap bay temwayaj enfòmèl. Fè yon demonstrasyon sou fason nou ka itilize nouvo feyè Tout soufrans pral fini talè konsa ! a pou nou kòmanse konvèsasyon. Mansyone youn nan vèsè yo site nan paj 2 feyè a.

15 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou fè preparasyon. ”d Fè yon demonstrasyon tou kout k ap montre de pwoklamatè k ap fè preparasyon pou yo prezante liv Sa Labib anseye a. Yo chwazi youn nan prezantasyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2006 la, epi y ap eseye mete l nan pwòp mo pa yo e y ap adapte l ak tèritwa a. Lè yo rive nan pwen pou yo repete prezantasyon an, demonstrasyon an ap fini la.

20 min : “ Annou sèvi ak sipò vizyèl pou nou anseye moun yo. ”e Etan w ap pale sou chak kasèt videyo ki mansyone nan atik la, montre kouvèti a epi li yon ti bout nan tèks ki sou po kasèt la ki esplike ki sa kasèt la gen ladan l. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo fè etan yo t ap itilize kasèt videyo nan ministè yo. — Gade Annuaire 1997, paj 54, ak Annuaire 1995, paj 50-1.

Kantik 68 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje