BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/06 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 6/06 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

Tougegad 1ye jiyè

“ Èske w panse li posib pou nou gen kè kontan malgre pwoblèm n ap rankontre ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a atire atansyon nou sou yon kote nou ka jwenn direksyon k ap ede nou degaje nou ak pwoblèm lavi a. Li pale tou konsènan pouvwa vrè esperans lan genyen pou l soutni moun. ” Li Revelasyon 21:3, 4.

Réveillez-vous! Jen

“ Èske w pa dakò gwo katastwòf ki te rive dènyèman yo montre enpòtans pou nou koute avètisman ? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a pale de leson kèk moun ki te chape anba siklòn Katrina te tire. Li pale tou konsènan yon avètisman nou tout nou bezwen koute. ” Prezante atik ki kòmanse nan paj 14 la.

La Tour de Garde 1ye jiyè

“ Nan monn n ap viv jodi a, kote gen yon pakèt pwoblèm, anpil moun ap mande : ‘ Poukisa lavi a chaje ak pwoblèm konsa ? Si Bondye egziste, poukisa li pa fè yon bagay pou l elimine soufrans ? ’ Èske w te janm poze tèt ou kesyon sa yo ? [Kite moun nan reponn.] Nan peryodik sa a, n ap jwenn repons klè Bib la bay sou kesyon sa yo. ” Li 2 Timote 3:16.

Réveillez-vous! Jiyè

“ Jodi a, kantite maryaj k ap fè fas ak sitiyasyon difisil pa sispann ogmante. Èske w panse koup yo ka tire pwofi si yo aplike konsèy biblik sa a ? [Li Efezyen 4:32, epi kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pral pale sou prensip biblik ki la depi lontan e ki bay bon rezilta, prensip ki ka ede moun konstwi yon maryaj ki ere. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje