Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 12 fevriye
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye mas ak Réveillez-vous ! fevriye. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ Relijyon pa enterese m. ” — Gade nan liv Comment raisonner a, p. 16-17.
35 min : “ Fè konnen bèl kalite Jewova yo. ”a Diskou pou siveyan sèvis la fè. Pandan n ap fè patisipasyon an, kote sa apwopriye, anonse a ki lè Memoryal la ap fèt, kote l ap fèt ak dispozisyon ki pran pou gen lòt randevou predikasyon epi anonse kantite pyonye oksilyè kongregasyon an fikse kòm objektif pou mwa avril la.
Kantik 49 ak priyè final.
Semèn 19 fevriye
5 min : Anons lokal
20 min : “ Imite gran Anseyan an lè w ap sèvi ak liv Sa Labib anseye a. ”b Lè n ap egzamine paragraf 6 la, fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap sèvi ak kare ki nan fen chapit 6 nan liv Sa Labib anseye a pou l fè revizyon sou chapit la ak etidyan l.
20 min : Èske w ka kòmanse yon etid biblik nan mwa mas la ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Soti premye mas pou rive 15 mas, nou pral ofri liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik. Egzamine sijesyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2006 la soti nan paj 3 rive nan paj 6. Sèvi ak youn nan sijesyon yo bay nan paj 6 la oswa ak yon lòt prezantasyon ki apwopriye pou tèritwa a, pou nou fè demonstrasyon sou fason nou ka kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre yon moun. Mande moun nan oditwa a pou yo di ki bèl eksperyans yo te fè ak liv la, espesyalman lè yo t ap kòmanse etid biblik avè l.
Kantik 98 ak priyè final.
Semèn 26 fevriye
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye mas ak Réveillez-vous ! mas la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap preche nan yon tèritwa ki gen anpil biznis.
15 min : “ Pa bliye inaktif yo. ”c Fè kèk kòmantè sou Toudegad 1ye me 2004, paj 31-2, paragraf 13-16.
20 min : “ Imite Kris nan ministè nou. ”d Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo li epi pou yo fè kòmantè sou vèsè ki site yo.
Kantik 51 ak priyè final.
Semèn 5 mas
15 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Bay chak moun ki nan oditwa a yon fich envitasyon pou Memoryal la epi di ki dispozisyon ki pran pou distribiye fich la nan tèritwa a. Ankouraje tout moun pou yo patisipe afon nan distribisyon an. Fè yon demonstrasyon pou montre ki jan nou kapab prezante fich la.
15 min: Annou preche bon nouvèl la yon fason òdone. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, soti nan soutit ki nan paj 102 a pou rive nan fen chapit la.
15 min : “ Yo konfye nou yon trezò. ”e Si gen tan pou sa, envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè ki site yo.
Kantik 23 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.