BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/08 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Soutit
  • Semèn 14 janvye
  • Semèn 21 janvye
  • Semèn 28 janvye
  • Semèn 4 fevriye
Ministè Wayòm nan — 2008
km 1/08 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 14 janvye

Kantik 23

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan ministè a. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad janvye-mas ak Réveillez-vous ! janvye.

15 min : “ Byen itilize tan w pase nan ministè a. ”a Fè yon entèvyou ak yon frè ki bay bon egzanp nan fason li kondui reyinyon predikasyon. Mande l ki jan li òganize reyinyon predikasyon an e ki sa l fè pou pwoklamatè ki nan gwoup la ka byen itilize tan yo pase nan ministè a ?

20 min : “ Se pou pawòl nou toujou [...] sizonnen ak sèl. ”b Lè n ap egzamine paragraf 2 a, li Jan 4:7-15, 39.

Kantik 38

Semèn 21 janvye

Kantik 96

10 min : Anons lokal. Di ki piblikasyon n ap ofri an fevriye, fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante l. Ankouraje tout moun pou yo gade dokimantè Soigner sans transfuser — Besoins et droits du patient pou yo ka prepare yo pou patisipasyon k ap fèt nan semèn 4 fevriye a.

10 min : Èske w konn sèvi ak bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a ? Diskou ak patisipasyon oditwa a, li baze sou entwodiksyon bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2008. Pale sou enpòtans sa genyen pou nou pran tan chak jou pou nou egzamine tèks pou jounen an ansanm ak kòmantè ki akonpaye l la. Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason yo òganize yo pou yo egzamine tèks pou jounen an e sou byenfè yo jwenn lefètke yo fè sa. Ou ka fè aranjman pou youn ou de kòmantè alavans. Fè yon ti pale tou kout sou tèks pou ane 2008 a.

25 min : “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la. ”c (Paragraf 1-10) Se siveyan sèvis la k ap fè patisipasyon sa a. L ap entèvyouwe youn oubyen de pwoklamatè ki te pran sèvis pyonye pandan ane ki sot pase a, malgre yo gen yon pwogram ki chaje, oswa malgre yo gen pwoblèm sante. Ki jan yo te fè pou yo pran sèvis la ? Èske yo te jwenn lajwa nan sèvis la ? Lè w ap egzamine paragraf 7 la, pale de pwogram pou reyinyon predikasyon pandan mwa mas, avril ak me.

Kantik 79

Semèn 28 janvye

Kantik 57

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa janvye. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Konvèsasyon ak oditwa a, li baze sou La Tour de Garde 1ye fevriye ak Réveillez-vous ! fevriye. Apre w fin fè yon rezime tou kout sou chak peryodik yo, mande moun nan oditwa a ki atik yo panse ki ka plis enterese moun yo nan tèritwa a e poukisa yo panse li ka enterese moun yo. Mande yo pou yo pale de kèk pwen presi ki nan atik yo gen entansyon prezante nan tèritwa a. Ki kesyon yo ka poze pou kòmanse yon konvèsasyon ? Ki vèsè nan atik la yo ka li ki gen rapò ak kesyon yo poze a ? Ki rapò ki genyen ant atik la ak vèsè yo site yo ? Nou ka sèvi ak modèl prezantasyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante chak peryodik sa yo.

20 min : “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la. ”d (Paragraf 11-17) Lè n ap egzamine paragraf 14 la, si fich envitasyon espesyal pou Memoryal la disponib, distribye youn bay chak moun nan oditwa a. Di ki aranjman ki fèt dekwa pou nou ka distribye fich la nan tout tèritwa kongregasyon an.

15 min : “ Ede etidyan yo vin pwoklamatè bon nouvèl la. ”e Si gen ase tan, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo site nan atik la.

Kantik 77

Semèn 4 fevriye

Kantik 8

10 min : Anons lokal. Egzamine kare ki gen tit : Repons kesyon w yo.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min : “ Èske w di w a gen tan ? ” Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Antre dirèkteman nan konvèsasyon ak oditwa a sou videyo Besoins et droits du patient, epi sèvi ak kesyon yo bay nan atik la. Nan fen patisipasyon an, li dènye paragraf la epi ankouraje tout moun pou yo reegzamine avèk swen atik Toudegad ak Ministè Wayòm yo site yo. Esplike ki jan chak moun ka byen sèvi ak paj mitan Ministè Wayòm novanm 2006 la si yo potko fè sa, pou yo pran desizyon konsènan fraksyon san ak lòt tretman ankò. E apre sa, y ap ekri chwa yo fè yo sou kat DPA pa yo a. Moun ki te deja ranpli yon kat DPA ka revize chwa yo te fè yo e, si sa nesesè, yo ka ranpli yon nouvo kat.

Kantik 2

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje