“Yo pral preche bon nouvèl sa a”
1. Ki jan nou fè konnen pa gen anyen ki ka anpeche travay predikasyon an fèt?
1 Se sèten, pa gen anyen ki ka anpeche Jewova akonpli volonte l (Iza. 14:24). Malgre li te parèt enposib pou jij Gideyòn ak 300 mesye ki te avè l yo ranpòte laviktwa nan konba yo t apral fè kont lame madyanit lan, yon lame ki te gen 135 000 sòlda ladan l, Jewova te di Gideyòn: “Se sèten, w ap delivre Izrayèl anba men moun peyi Madyàn yo. Èske se pa mwen menm ki voye w?” (Jij 6:14). Ki travay Jewova ap soutni jodi a? Men sa Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a.” (Mat. 24:14). Pa gen pyès moun ki ka anpeche travay sa a fèt!
2. Poukisa nou ka atann Jewova ap ede nou pèsonèlman nan ministè a?
2 Jewova ede nou pèsonèlman: Se vre, nou ka sèten Jewova ap fè Temwen l yo reyisi antanke gwoup, men èske nou ka atann l ap ede nou pèsonèlman? Apot Pòl te santi Jewova t ap ede l nan moman li te bezwen sa, e Jewova te sèvi ak Jezi, Pitit li a, pou l fè sa (2 Tim. 4:17). Nou menm tou, nou ka sèten Jewova ap beni efò pèsonèl nou fè pou nou akonpli volonte l, menm jan li te fè sa pou apot Pòl. —1 Jan 5:14.
3. Nan ki sitiyasyon konsa Jewova ede nou?
3 Èske aktivite n ap mennen nan lavi nou chak jou tèlman pran enèji nou, se yon tikras fòs nou rete pou nou patisipe nan ministè a? Jewova “bay moun ki fatige fòs”. (Iza. 40:29-31.) Èske w ap rankontre pèsekisyon oubyen opozisyon? “Lage fado w yo sou Jewova li menm, e bò kote pa l, l ap soutni w.” (Sòm 55:22). Èske pafwa ou konn manke asirans? Jewova di w: “Ou mèt ale, e mwen menm m ap ede ou lè w gen pou w pale.” (Egz. 4:11, 12). Èske w gen pwoblèm sante ki limite patisipasyon w nan ministè a? Kèlkeswa jan efò w fè ak tout nanm ou an piti, Jewova bay sa anpil valè e li ka itilize l pou l akonpli volonte l. —1 Kor. 3:6, 9.
4. Lefètke nou gen konfyans nan Jewova, ki efè sa ka gen sou nou?
4 Jewova ‘lonje men l, e kiyès ki kapab fè l retounen dèyè’? (Iza. 14:27.) Lefètke nou gen konfyans Jewova ap beni ministè nou, annou kontinye preche ‘avèk kran grasa pouvwa Jewova ban nou’ e annou fè sa san rete. —Tra. 14:3.