Pwogram pou semèn 27 jen
SEMÈN 27 JEN
Kantik 123 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 5 § 1-5 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Sòm 52-59 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. “Ki kantite lè m dwe mete sou rapò sèvis la?” Diskou pou yon ansyen fè. Tousuit apre diskou a, itilize modèl prezantasyon ki nan paj 4 la pou w montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik nan premye samdi mwa jiyè a. Ankouraje tout moun patisipe.
10 min: Prepare nou pou n ofri peryodik yo nan mwa jiyè a. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w fè yon ti pale sou sa ki nan peryodik yo. Apre sa, chwazi de oubyen twa atik epi envite moun yo nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo ka poze sou atik sa yo e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè demonstrasyon pou w montre jan pou yo ofri chak peryodik.
15 min: Montre nou gen tak lè n ap preche. Konvèsasyon. Li baze sou liv École du ministère la, paj 197-199. Fè yon demonstrasyon ki montre yon pwoklamatè ki pa demontre li gen tak nan fason li reponn yon objeksyon nou abitye jwenn. Apre sa, fè yon lòt demonstrasyon pou montre fason pwoklamatè a pral reponn menm objeksyon an avèk tak.
Kantik 92 ak priyè