Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 out 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo tou bay dat yo egzamine chak sijè.
1. Ki sa vizyon Ezekyèl konsènan Jida ki te vin aposta a te prefigire e ki leson enpòtan sa aprann nou? (Eze. 8:15-17) [2 jiyè, w07-F 1/7 p. 13 § 6; w93-F 15/1 p. 27-28 § 7, 12]
2. Nan ki sans pifò chèf relijye yo imite fo pwofèt yo nan epòk Ezekyèl la? (Eze. 13:3, 7) [9 jiyè, w99-F 1/10 p. 13 § 14-15]
3. Nan pwofesi nou jwenn nan Ezekyèl 17:22-24 la, kiyès ki “jèn ti boujon” an, ki sa “mòn ki wo anpil” kote y ap plante boujon an ye, e nan ki sans boujon an pral tounen “yon kokennchenn pye sèd”? [16 jiyè, w07-F 1/7 p. 12-13 § 6]
4. Selon pwovèb yo pale de li nan Ezekyèl 18:2 a, kiyès moun ki te al ann egzil ansanm ak Ezekyèl yo te bay responsab soufrans yo t ap sibi yo, e ki leson enpòtan nou ka aprann nan istwa sa a? [23 jiyè, w88-F 15/9 p. 18 § 10]
5. Ki jan istwa nou jwenn nan Ezekyèl 21:18-22 a montre ni lèzòm ni demon yo pa kapab anpeche Jewova reyalize objektif li? [30 jiyè, w07-F 1/7 p. 14 § 4]
6. Jan nou jwenn sa nan Ezekyèl 24: 6, 11, 12, ki sa wouy ki nan chodyè a reprezante, e ki prensip nou jwenn nan vèsè 14 la? [6 out, w07-F 1/7 p. 14 § 2]
7. Ki jan pwofesi kont vil Ti a te reyalize? [6 out, it-1-F kare p. 75; si-F p. 133 § 4]
8. Ki ekspresyon nou jwenn nan Ezekyèl 28:2, 12-17 ki byen tonbe ni pou “wa peyi Ti a” ni pou Satan, premye trèt la? [13 out, w05 1/11 p. 11-12 § 10-14; it-2-F p. 550 §3-4]
9. Nan ki epòk Ejip te pase 40 ane nan dezolasyon e ki prèv nou genyen pou n kwè sa te fèt vre? (Eze. 29:8-12) [13 out, w07-F 1/8 p. 8 § 5]
10. Moun yo pa t bay Ezekyèl regle anyen pou yo, yo te pase l nan rizib e yo pa t koute l, ki jan l te fè fas ak bagay sa yo e ki asirans Jewova te ba li? (Eze. 33:31-33) [20 out, w91-F 15/3 p. 16 § 16-17]