Pwogram pou semèn 3 septanm
SEMÈN 3 SEPTANM
Kantik 6 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
ol chap. 4 § 10-16 kare p. 14 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Ezekyèl 39-41 (10 min.)
No 1: Ezekyèl 40:17-31 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Nan ki sans je nou ka twonpe nou? — Jen. 3:2-6 (5 min.)
No 3: Lefètke kretyen yo net nan zafè politik èske sa vle di yo pa enterese nan byennèt pwochen yo? — rs-F p. 269 § 2 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Fason pou nou rezone ak moun yo — Dezyèm pati. Konvèsasyon. Li baze sou liv Lekòl ministè teyokratik la, soti nan paj 253, paragraf 2 rive nan fen paj 254, paragraf 2. Fè yon demonstrasyon tou kout sou youn oubyen de nan pwen yo pale nan sijè a.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo nan mwa septanm nan. Konvèsasyon. Pran 30 segonn oubyen 60 segonn pou w fè yon ti pale sou kèk atik ki ka enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, atire atansyon moun nan oditwa a sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la, epi mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun nan tèritwa a e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou seri atik ki nan kòmansman Réveillez-vous! a epi si gen tan pou sa, poze moun yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan Toudegad la oubyen ki nan Réveillez-vous! a. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
Kantik 34 ak priyè