Pwogram pou semèn 29 avril
SEMÈN 29 AVRIL
Kantik 50 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 8 § 8-16 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Lik 22-24 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Ann kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa a. Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 8 la pou nou fè yon demonstrasyon kote nou pral montre fason nou ka kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa me a. Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon jou sa a. Fè konvèsasyon sou sijè ki gen tit: “Èske w toujou gade tablo enfòmasyon an?”
10 min: Mesaj nou dwe preche moun yo: “Bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan.” Diskou. Fè l avèk antouzyas. Li baze sou liv Lekòl ministè teyokratik la paj 279-281.
10 min: Ki sa nou aprann? Konvèsasyon. Li Matye 16:21-23 ak Lik 9:22-26. Egzamine fason pawòl sa yo ka ede nou nan ministè a.
Kantik 117 ak priyè