Èske w toujou gade tablo enfòmasyon an?
Ansyen, asistan ministeryèl ak tout moun ki gen responsablite nan kongregasyon an dwe toujou gade tablo enfòmasyon an pou yo konnen ki lè yo gen yon asiyasyon. Sepandan, tout moun nan kongregasyon an ap jwenn enfòmasyon enpòtan sou tablo a. Èske w konnen ki lè se tou pa w pou w netwaye Sal Wayòm nan? Èske siveyan sikonskripsyon an oubyen biwo filyal la voye lèt enpòtan pou kongregasyon an? Èske w konnen tèm diskou piblik y ap bay nan semèn sa a yon fason pou w ka envite etidyan w yo? Èske yo fè chanjman nan pwogram reyinyon an oubyen nan gwoup predikasyon w lan? Gen anpil nan enfòmasyon sa yo yo pa bay nan anons yo fè nan reyinyon yo ankò e li pa posib pou ansyen yo bay chak pwoklamatè enfòmasyon sa yo apa. Se sa k fè, nou dwe toujou gade tablo enfòmasyon an. Si nou pran abitid gade tablo a, tout bagay ap rive fèt “yon fason ki konvnab e nan lòd”. — 1 Kor. 14:40.