Pwogram pou semèn 9 fevriye
SEMÈN 9 FEVRIYE
Kantik 9 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 20 § 1-7 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jij 11-14 (8 min.)
No 1: Jij 13:15-25 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Anne (No 2) — Tèm: Gwo opozisyon kont laverite pa itil anyen — it-1-F p. 125 (5 min.)
No 3: Èske Bib la egzak nan domèn syantifik? — igw-F p. 7 § 1-3 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: Se pou nou ‘zele pou n fè bèl travay’! — Tit 2:14.
15 min: “Poukisa nou dwe ‘zele pou n fè bèl travay’?” Konvèsasyon. Fè kèk kòmantè ki baze sou Toudegad 1ye jen 2002, paj 23, paragraf 17-19 (fransè).
15 min: “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Temwayaj nan entèfòn.” Konvèsasyon. Pale sou eksperyans yo bay yo. Envite pwoklamatè yo rakonte kèk eksperyans yo te fè sou bon fason kèk moun te reyaji lè yo te ba yo temwayaj nan entèfòn. Fè yon demonstrasyon tou kout sou fason pou n aplike sijesyon yo bay yo. Si sijè sa a pa apwopriye pou tèritwa nou, fè yon diskou ki baze sou lèt 11 mas 2013 yo te voye bay gwoup ansyen yo. Sijè ki nan lèt la se: Etid biblik nan liv Rete nan lanmou Bondye a. Ansyen yo ap jwenn lèt la sou sit jw.org la.
Kantik 33 ak priyè