Poukisa nou dwe ‘zele pou n fè bèl travay’?
Èske w zele pou w fè bèl travay? Antanke pwoklamatè Wayòm nan, nou gen anpil rezon pou n zele. Poukisa? Annou egzamine sa nou li nan Tit 2:11-14:
Vèsè 11: Ki sa “favè san parèy Bondye a” ye, e ki jan sa pwofitab pou nou? — Wom. 3:23, 24.
Vèsè 12: Nan ki sans nou resevwa fòmasyon grasa favè san parèy Bondye a?
Vèsè 13 ak vèsè 14: Kounye a, etandone nou pwòp, ki espwa nou genyen? Epi, ki pi gwo rezon ki fè yo pirifye nou anba move konduit monn sa a ki pa gen respè pou Bondye?
Ki jan vèsè sa yo ankouraje w pou w zele pou w fè bèl travay?