Sèvi ak bwochi Introduction à la Parole de Dieu a pou nou kòmanse yon konvèsasyon
1. Ki nouvo zouti nou resevwa pou n itilize nan ministè a?
1 Enfomasyon ki nan bwochi Introduction à la Parole de Dieu a ka ede nou anpil. Ki jan nou ka sèvi ak nouvo zouti sa a lè n ap prepare prezantasyon pou nou patisipe nan ministè a? Piske nan bwochi sa a yo gwoupe plizyè vèsè ki pale sou menm bagay nan yon sijè biblik, menm jan yo fè sa nan liv Comment raisonner a, e bwochi a gen divès sijè, l ap itil anpil pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo.
2. Ki jan nou ka sèvi ak bwochi Introduction à la Parole de Dieu a nan ministè a?
2 Nou ka sèvi ak kesyon 8 la epi nou di: “Nou pase wè w pou n fè yon ti pale paske gen anpil moun k ap mande ‘Èske se Bondye ki responsab soufrans lèzòm?’ [Nan kèk tèritwa, li pi efikas si nou montre moun nan kesyon an.] Ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Bib la reponn kesyon sa a yon fason ki bay satisfaksyon.” Li youn oubyen plizyè nan vèsè yo site yo nan Bib la epi fè yon ti pale sou yo. Si moun nan enterese, nou ka montre l lis 20 kesyon ki nan entwodiksyon an epi nou mande l kiyès nan yo li ta renmen nou pale sou li nan pwochèn vizit la. Oubyen nou ka ofri l youn nan piblikasyon nou fè etid yo ki gen plis enfòmasyon sou sijè nou fèk sot egzamine avè l la.
3. Ki jan nou ka sèvi ak bwochi Introduction à la Parole de Dieu a pou n kòmanse konvèsasyon nan tèritwa kote moun yo soti nan yon relijyon ki pa kretyen?
3 Kesyon 4, kesyon 13 pou rive nan kesyon 17, ka itil anpil sitou lè n ap preche nan tèritwa kote moun yo soti nan yon relijyon ki pa kretyen. Pa egzanp, nou ka sèvi ak enfòmasyon nou jwenn nan kesyon 17 la epi nou di: “Nou vin wè w pou nou fè yon ti pale avè w sou sa ki ka ede w reyisi lavi fanmi w. Èske w pa remake fanmi yo rankontre anpil difikilte jodi a? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun marye ki panse pawòl sa yo ki saj ka itil yo: “Madanm nan [...] dwe gen yon gwo respè pou mari l.” [Nou pa bezwen di moun nan pawòl sa yo soti nan Efezyen 5:33. Si n ap pale ak yon dam, nou ka site pito pawòl ki nan Efezyen 5:28, 29 yo.] Èske w panse lè moun ki marye yo aplike konsèy sa a nan maryaj yo sa ap pwofitab pou yo?”
4. Ki sa nou ka fè nan fen yon konvèsasyon nou gen ak yon moun ki soti nan yon relijyon ki pa kretyen?
4 Nan fen konvèsasyon an, pran dispozisyon pou n kontinye konvèsasyon an nan yon lòt okazyon. Petèt nou ka planifye pou n pale sou youn nan lòt vèsè ki nan kesyon nou te itilize a. Nan yon moman ki apwopriye, fè moun nan konnen se nan Bib la pawòl saj nou te pataje avè l yo soti. Selon konvèsasyon nou te gen ak moun nan anvan epi selon pwennvi li genyen sou Bib la, ofri l yon piblikasyon nou panse k ap enterese l. — Gade paj mitan Ministè Wayòm desanm 2013 la.