Pwogram pou semèn 6 jiyè
SEMÈN 6 JIYÈ
Kantik 80 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 27 § 1-9 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Wa 7-8 (8 min.)
No 1: 1 Wa 8:27-34 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Corneille — Tèm: Jewova Dye pa gen patipri — it-1-F p. 545-546 (5 min.)
No 3: Ki jan w ka fè fas ak enkyetid? — igw-F p. 24 § 1-3 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: “Sonje tan lontan.” — Det. 32:7.
10 min: Ann ofri peryodik yo pandan mwa jiyè a. Konvèsasyon. Pou kòmanse, fè de demonstrasyon, sèvi ak de prezantasyon yo bay nan paj sa a. Apre sa, egzamine chak prezantasyon depi nan kòmansman rive jis nan fen.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Ki jan nou te fè? Konvèsasyon. Mande pwoklamatè yo ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te aplike pwen ki nan atik “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! pou n kòmanse etid biblik nan papòt kay.” Mande yo pou yo rakonte kèk bèl eksperyans yo te fè.
Kantik 67 ak priyè