Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? oswa youn nan feyè sa yo: Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?, Èske soufrans ap janm fini?, Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi? Jiyè ak out: Bon nouvèl Bondye bay la!, Koute Bondye, Koute Bondye pou w viv pou toutan. Septanm: Toudegad ak Réveillez-vous!
◼ Lè n ap ranpli rapò sèvis nou nan fen mwa a, se nan kolòn “Bwochi ak feyè” nou dwe make tout feyè ak fich envitasyon nou kite pou moun yo oubyen nan kay nou pa jwenn moun. Lè yon moun enterese e li aksepte yon peryodik e menm yon feyè nou dwe fè efò pou n retounen vizite l pou nou kontinye eveye enterè li genyen pou laverite.
◼ Piske peryòd vakans lan ap pwoche, gen anpil pwoklamatè ak anpil fanmi ki egzamine posiblite pou y al preche nan tèritwa yo pa preche souvan yo, e yo fè sa nan lapriyè (Tra. 16 :9, 10). Chak ane, filyal la òganize yon kanpay yo rele “Masedwàn” pou l ka ede yon pakèt tèritwa ki vrèman bezwen èd. Kanpay la kòmanse nan mwa jiyè e li fini nan mwa septanm.
◼ Men tit diskou piblik siveyan sikonskripsyon yo pral bay apati 1ye septanm 2015: “Èske chemen Bondye yo bon toutbon?”
◼ Apati semèn 19 oktòb 2015 nou pral etidye liv Annou imite lafwa yo nan etid biblik kongregasyon an. Kongregasyon ki bezwen yon sèten kantite nan liv sa a dwe kòmande yo nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. Moun ki prefere itilize piblikasyon nou yo sou fòm elektwonik ka telechaje liv la sou jw.org/ht olye yo mande youn ki enprime.