Kèk modèl prezantasyon
Toudegad 1ye jiyè
“Lè n ap gade jan lavi a se tè glise, èske w panse pawòl sa yo Jezi te di sou fason pou n fè fas ak tètchaje yo ka itil nou? [Li Matye 6:25, epi kite moun nan reponn.] Toudegad sa a montre lè nou aplike prensip ki nan Bib la sa ka diminye tètchaje nou genyen akoz pwoblèm lajan, pwoblèm fanmi oubyen lè gen malè.”
Réveillez-vous! Jiyè
“Jodi a gen anpil moun ki akable akoz sitiyasyon difisil ki gen nan lavi a. Èske w pa wè sa? [Kite moun nan reponn.] Selon Bib la, atitid nou genyen vrèman enpòtan lè n ap rankontre pwoblèm. [Li Pwovèb 24:10.] Peryodik sa a bay kèk bon konsèy k ap ede nou fè fas ak moman difisil yo e li bay egzanp kèk moun ki te fè fas ak sitiyasyon difisil.”