BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb26 janvye p. 14-16
  • 23 fevriye–1 mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 23 fevriye–1 mas
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2026
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2026
mwb26 janvye p. 14-16

23 FEVRIYE–1 MAS

EZAYI 38-40

Kantik 4 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Avèk lanmou, yon bèje vlope ti mouton l nan bra l.

Yon bèje nan Izrayèl tan lontan an ki vlope yon ti mouton nan bra l

1. “L ap pran swen twoupo l la menm jan ak yon bèje”

(10 min.)

Jewova te bay Labib, Pawòl li a, e l te prezève l pou ede n vin pwòch avè l (Eza 40:8; w23.02 2-3 § 3-4)

Li pran swen nou avèk tandrès (Eza 40:11; cl 82 § 7)

Li konnen nou chak pèsonèlman e li ede nou fè fas ak pwoblèm nou yo (Eza 40:​26-29; w18.01 8 § 4-6)

De ansyen k ap vizite yon sè ak de pitit li lakay yo.

POU MEDITASYON: Ki efè fason yo dekri bèje a nan Ezayi 40:11 lan genyen sou santiman w pou Jewova?

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Eza 40:3 — Ki jan pawòl sa yo te reyalize nan premye syèk epòk nou an? (ip-1 400 § 7)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Eza 40:​21-31 (th leson 11)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Chèche okazyon pou w di moun nan yon bagay ou te aprann nan yon reyinyon ou fèk sot asiste. (lmd leson 4 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Chèche okazyon pou w pale moun nan de travay w ap fè antanke anseyan Labib. (lmd leson 4 pwen 4)

6. Pousuiv enterè moun yo

(2 min.) KAY AN KAY. (lmd leson 7 pwen 5)

7. Fason pou w fè disip

(5 min.) lff leson 18 Sa w te aprann, Revizyon ak Objektif. Sèvi ak yon atik nan seksyon “Aprann plis” la pou ede yon etidyan Labib apresye lanmou ki genyen nan mitan Temwen Jewova yo. (lmd leson 11 pwen 3)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 160

8. Rapò ane sèvis la

(15 min.) Konvèsasyon.

Lè yo fin li anons filyal la te voye konsènan rapò ane sèvis la, envite moun nan oditwa a pou yo pale sou kèk aspè pozitif ki nan Rapò mondyal Temwen Jewova yo pou ane sèvis 2025 lan. Fè entèvyou ak kèk pwoklamatè yo te deja chwazi ki te fè eksperyans ki bay ankourajman nan travay predikasyon an pandan ane ki sot pase a.

Foto ki ansanm: Frè ak sè k ap patisipe nan travay predikasyon an toupatou sou tè a. 1. Yon sè k ap fè etid yon dam nan liv “Viv ak kè kontan pou toutan!” an. 2. Yon koup k ap preche kay an kay ap li yon vèsè nan Bib la pou yon mesye. 3. Yon sè ap preche yon dam. 4. Yon koup k ap preche kay an kay ap li yon vèsè nan Bib la pou yon dam. 5. Yon koup k ap fè etid yon mesye nan bwochi “Viv ak kè kontan pou toutan!” an. 6. Yon sè k ap montre yon dam yon videyo. 7. Yon koup k ap preche yon dam nan lang siy e y ap montre l yon videyo.

Baze sou NASA/Visible Earth imagery

Pandan ane 2025 lan, pèp Jewova a te kontinye chofe nan travay predikasyon kay an kay la ak travay fè disip la

  • Ki aspè pozitif ki nan Rapò mondyal Temwen Jewova yo pou ane sèvis 2025 lan ou t ap renmen pataje?

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) lfb leson 64-65

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 161 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje