16-22 FEVRIYE
EZAYI 36-37
Kantik 150 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)
1. “Pinga w pè poutèt pawòl ou te tande yo”
(10 min.)
Rabchake a t al Jerizalèm pou l te fè pèp Jewova a pè (Eza 36:1, 2; it “Ezekyas” No 1 § 14)
Li t ap eseye fè yo santi yo fèb e yo sanzespwa (Eza 36:8; ip-1 387 § 10)
Li te pase yo nan rizib paske yo te konte sou Jewova ak wa a (Eza 36:7, 18-20; ip-1 388 § 13-14)
Pèp Jewova a pa bezwen pè moun k ap eseye ba yo brimad. — Eza 37:6, 7
IDE POU ADORASYON AN FANMI AN: Gade VIDEYO “O Jewova, [...] mwen fè w konfyans”, epi fè yon ti pale sou leson nou aprann ladan l.
2. Trezò espirityèl
(10 min.)
Eza 37:29 — Nan ki sans Jewova te met yon baboukèt nan bouch wa Senakerib? (it “Baboukèt” § 4)
Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
3. Lekti Labib
(4 min.) Eza 37:14-23 (th leson 2)
4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(3 min.) KAY AN KAY. Pale sou youn nan verite ki nan apendis A nan bwochi Renmen moun nan. (lmd leson 1 pwen 4)
5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. (lmd leson 3 pwen 5)
6. Esplike kwayans ou
(5 min.) Demonstrasyon. ijwbq atik 110 § 1-4 — Tèm: Ki sa batèm ye? (th leson 17)
Kantik 118
7. “Ki sa k fè w gen asirans ou genyen an?”
(15 min.) Konvèsasyon.
Èske moun konn poze w kesyon oswa pase w nan rizib paske w kwè nan Bondye, ou kwè nan Bib la, oswa paske w pran desizyon pou w vin Temwen Jewova? Si sa deja rive w, petèt, ou te santi w jennen oswa w te pè. Sa lòt moun di ka menm fè w vin gen dout. Ki sa w ka fè pou sa pa rive?
Li Ezayi 36:4. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:
Sa k fè l enpòtan pou w ranfòse konviksyon w genyen sa w kwè yo se laverite?
Pase VIDEYO Lavi m antanke jèn — Èske l rezonab pou n kwè nan Bondye? Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:
Ki sa Elibaldo ak Crystal te fè pou yo te ka vin gen plis konviksyon?
Ki sa k fè w kwè Bondye egziste?
Ki vèsè nan Bib la ki ba w konviksyon...
Jewova renmen w?
Jewova ap toujou ede w?
ou jwenn pèp Bondye a?
8. Etid biblik kongregasyon an
(30 min.) lfb leson 62-63