BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb26 mas p. 12-13
  • 20-26 avril

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 20-26 avril
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2026
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2026
mwb26 mas p. 12-13

20-26 AVRIL

EZAYI 54-55

Kantik 86 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Ki sakrifis ou dispoze fè?

(10 min.)

Jewova te pwomèt l ap anseye pitit li yo (Eza 54:13; w09 15/9 21 § 3)

Nou dwe achte laverite ak tan nou (Eza 55:​1, 2; w18.11 4 § 6-7)

Sa mande pou n fè efò pou n koute sa Jewova anseye n yo, men sa ka sove nou (Eza 55:3; be 14 § 3-5)

Yon frè ki leve men l pou l fè kòmantè nan reyinyon kongregasyon an.

MANDE TÈT OU: ‘Ki jan m ka amelyore abitid m genyen pou m fè etid pèsonèl?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Eza 54:17 — Ki twa bagay enpòtan premye pati nan vèsè sa a fè n sonje? (w19.01 6 § 14-15)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Eza 54:​1-10 (th leson 11)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) KAY AN KAY. Pataje yon verite nan Apendis A bwochi Renmen moun nan. (lmd leson 1 pwen 4)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Pataje yon verite nan Apendis A bwochi Renmen moun nan. (lmd leson 2 pwen 3)

6. Pousuiv enterè moun yo

(2 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Bay moun nan yon kat jw.org. (lmd leson 9 pwen 3)

7. Diskou

(5 min.) be 28 § 3–31 § 2 — Tèm: Fason pou w etidye. (th leson 14)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 97

8. Pa kite difikilte fè w sispann fè etid pèsonèl

(15 min.) Konvèsasyon.

Yon manman k ap li Bib la byen bonè nan maten pandan pitit fi l ap dòmi.

Sa pa fasil pou n kenbe yon pwogram etid pèsonèl ki regilye. Imajine w ap eseye ankouraje yon kretyen parèy ou k ap lite pou l gen yon bon pwogram etid pèsonèl e pou l li Bib la chak jou. Li di w l ap fè fas ak difikilte ki annapre yo. Pou chak difikilte, ekri omwen yon konsèy pratik, yon prensip biblik oswa referans yon piblikasyon ki ka ede l.

  • “Mwen pa konn li byen”

  • “Mwen pa pran plezi nan etidye”

  • “Mwen pa konn ki kote pou m kòmanse li Bib la, e m pa konn ki kantite pou m li chak jou”

  • “Tèlman gen anpil enfòmasyon, ki sa m ta dwe eseye li chak semèn?”

  • “Mwen tèlman okipe, li difisil pou m jwenn tan pou m etidye”

  • “Mwen gen difikilte pou m konsantre e pafwa m pa ka sonje sa m sot li yo”

Pase VIDEYO Bonjan etid pèsonèl. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki konsèy sou fason pou w pi byen pwofite etid pèsonèl ou ou te pi renmen?

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) lfb leson 78-79

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 70 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje