27 AVRIL–3 ME
EZAYI 56-57
Kantik 12 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)
1. Nou kontan gen Jewova kòm Bondye nou
(10 min.)
Zidòl yo pa ka sove moun k ap rele yo pou mande sekou (Eza 57:13; ip-2 269 § 14-16)
Moun ki pap sèvi Jewova yo pa gen lapè e yo divize (Eza 57:20; w18.06 7 § 16; it “Tè” § 21)
Pa gen lapè pou mechan yo (Eza 57:21; it “Lapè” § 3)
MANDE TÈT OU: Ki jan yon bon relasyon ak Jewova ede m gen yon pi bèl vi?
2. Trezò espirityèl
(10 min.)
Eza 56:6, 7 — Ki jan pwofesi sa a ap reyalize? (w07 15/1 10 § 3; w06 1/11 27 § 1)
Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
3. Lekti Labib
(4 min.) Eza 56:4-12 (th leson 5)
4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Pale ak moun nan konsènan yon bagay ou te aprann nan yon reyinyon ou fèk sot asiste. (lmd leson 2 pwen 4)
5. Esplike kwayans ou
(5 min.) Diskou. ijwbq atik 90 — Tèm: Èske l nesesè pou nou fè pati yon relijyon? (th leson 16)
6. Fason pou w fè disip
(4 min.) lff leson 19 pwen 4 (lmd leson 11 pwen 3)
Kantik 58
7. Pa janm sispann pale de Jewova
(15 min.) Konvèsasyon.
Moun ki pap sèvi Jewova yo pa gen gid yo ka fè konfyans, yo pa gen objektif ki ba yo vrè kè kontan nan lavi a, e yo pa gen espwa pou yon pi bèl avni. Malgre sa, anpil nan yo rejte mesaj Wayòm nan san yo pa konnen jis nan ki pwen laverite t ap bon pou yo. Lis ki annapre a bay kèk rezon ki fè nou pa dekouraje oswa nou pa bay vag menm lè moun yo pa koute nou. — Ekl 11:6.
Tèritwa nou an toujou ap chanje. Moun nan kay la ki pa t enterese ka demenaje, epi pwochen moun ki vin ret nan kay la ka dispoze koute
Yon lòt moun ka vin ouvri pòt la. Yon paran ki granmoun, yon timoun ki vin majè, yon nouvo kolokatè oswa yon moun k ap vizite ka vin ouvri pòt la
Moun yo chanje. (1Ti 1:13.) Sitiyasyon monn nan k ap deteryore oswa malè ki tonbe sou yon moun ka fè l pi dispoze koute
Nou demontre lanmou pou Jewova lè n pa sispann pale de li. — Lk 6:45; 1J 5:3
Pase VIDEYO Jewova “pa pi lwen pase sa”. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:
Ki leson w aprann sou enpòtans pou w kontinye preche?
8. Etid biblik kongregasyon an
(30 min.) lfb leson 80-81