BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 oktòb p. 18-23
  • Fason pou n amelyore priyè nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou n amelyore priyè nou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SANTI W ALÈZ POU W PRIYE JEWOVA
  • FASON N KA PRIYE JEWOVA POU N VIN PI PWÒCH AVÈ L
  • PANSE AK PRIYÈ KÈK MOUN NAN BIB LA TE FÈ AK TOUT KÈ YO
  • KONTINYE PWOCHE BÒ KOTE JEWOVA LÈ N PRIYE L
  • Sonje priye pou lòt moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Amelyore priyè w yo grasa etid ou fè nan Bib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 oktòb p. 18-23

ATIK ETID 42

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

Fason pou n amelyore priyè nou

“ Mwen rele w ak tout kè m, o Jewova, reponn mwen.” — SÒM 119:145.

PWEN KLE

Lè n reflechi sou priyè nou jwenn nan Bib la, sa ka ede n amelyore priyè nou.

1-2. a) Ki sa k ka anpeche n priye Jewova ak tout kè n? b) Ki jan n fè konnen Jewova pran san l pou l koute priyè n?

LÈ W AP priye, èske w konn santi pafwa se toujou menm bagay yo ou di, ou priye san w pa reflechi ak sa w ap di oswa ou pa menm sonje sa w te di? Si sa konn rive w, konnen sa konn rive lòt moun tou. Akoz anpil aktivite nou konn gen pou n fè, nou ka gen tandans priye nan kouri oswa nou ka menm twouve l difisil pou n ouvri kè n bay Jewova paske nou panse nou pa bon ase pou n priye l.

2 Bib la fè n konnen sa k enpòtan pou Jewova se lè n priye l ak tout kè n, se pa lè n di yon seri bèl pawòl lè n ap priye. Li tande “priyè moun ki gen imilite yo fè”. (Sòm 10:17.) Jewova pran san l pou l koute chak sa n ap di paske li vrèman enterese nan sa n ap fè. — Sòm 139:​1-3.

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral egzamine kesyon ki vin annapre yo: Sa k fè n ka santi n alèz pou n priye Jewova? Ki jan n ka priye Jewova yon fason k ap fè n vin pi pwòch avè l? Lè n reflechi ak priyè moun fè ak tout kè yo nou jwenn nan Bib la, ki jan sa ka ede n amelyore priyè nou? E ki sa n ka fè si n tèlman ap enkyete nou nou pa ka jwenn mo pou n di Jewova sa n santi? Ann chèche jwenn repons kesyon sa yo.

SANTI W ALÈZ POU W PRIYE JEWOVA

4. Ki sa k ka ede n santi n alèz pou n priye Jewova? (Sòm 119:145).

4 Lè n konprann Jewova se yon zanmi fidèl ki vle nou reyisi, n ap santi n alèz pou n priye l pou n di l sa k nan panse n ak sa n santi. Se yon relasyon konsa moun ki te ekri Sòm 119 la te fè efò pou l gen ak Jewova. Sa pa vle di li pa t gen pwoblèm nan lavi l. Gen moun ki te fè manti sou li (Sòm 119:​23, 69, 78). Epitou, li te oblije lite ak enpèfeksyon li gen lakay li (Sòm 119:5). Malgre sa, li pa t pè di Jewova tout sa k nan kè l. — Li Sòm 119:145.

5. Poukisa n pa dwe kite anyen anpeche n priye Jewova? Bay yon egzanp.

5 Jewova vle menm moun ki fè peche grav priye l (Eza. 55:​6, 7). Donk, nou pa dwe kite anyen anpeche n priye l. Ann pran egzanp yon moun ki pèdi nan yon rakbwa, epi l wè yon moun ki ta ka ede l. Èske l t ap wont rele moun nan byen fò pou ede l jwenn wout pou l soti? Non! Menm jan an tou, menmsi pafwa nou pa fin konn ki desizyon pou n pran oswa nou fè yon peche, nou pa bezwen santi n jennen pou n priye Jewova. — Sòm 119:​25, 176.

FASON N KA PRIYE JEWOVA POU N VIN PI PWÒCH AVÈ L

6-7. Lè n reflechi sou kalite Jewova genyen yo, ki jan sa ka ede n pou n di l sa k nan panse n ak sa n santi? Bay yon egzanp. (Gade nòt la tou.)

6 Lè n priye Jewova ak tout kè n pou n di l sa k nan panse n ak sa n santi, n ap vin pi pwòch avè l. Donk, ki sa n ka fè pou n amelyore priyè nou?

7 Reflechi sou kalite Jewova genyen yoa. Plis nou reflechi sou kalite Jewova genyen yo, se plis n ap alèz pou n di l sa k nan panse n (Sòm 145:​8, 9, 18). Ann pran egzanp Kristine, yon sè papa l te vyolan. Men sa l di: “Li pa t fasil pou m te konsidere Jewova tankou yon Papa e pou m te pale avè l. Mwen te santi m pa t bon ase e Jewova t ap sispann renmen m akoz erè m fè.” Ki kalite Jewova genyen ki te ede l? Men sa l di: “Lanmou fidèl Jewova genyen fè m santi m byen. Mwen konnen li pap lage m. Menmsi m fè erè, l ap toujou renmen m e l pap vire do ban mwen. Sa ede m pou m fè Jewova konnen sa k konn fè kè m kontan toutbon ak sa k konn fè m tris anpil.”

8-9. Ki avantaj ki genyen lè w reflechi sou sa w ta renmen di anvan w priye? Bay yon egzanp.

8 Reflechi ak sa w pral di. Anvan w priye, ou ka poze tèt ou yon seri kesyon tankou: ‘Ki pwoblèm mwen genyen kounye a? Èske gen yon moun mwen bezwen padone? Èske m gen yon difikilte nan lavi m kounye a mwen bezwen Jewova ede m fè fas avè l?’ (2 Wa 19:​15-19). Epitou, nou kapab suiv fason Jezi te montre nou priye lè n reflechi ak sa n ka di Jewova konsènan non L, Wayòm Li an ak volonte L. — Mat. 6:​9, 10.

9 Lè yon sè ki rele Aliska te aprann mari l gen yon kansè nan sèvo ki nan dènye faz, li te difisil pou l priye. Men sa l sonje: “Mwen te tèlman boulvèse, li te difisil pou m konn sa pou m di lè m ap priye.” Ki sa k te ede l? Men sa l esplike: “Anvan m priye, m pran yon ti tan pou m reflechi pou m konn sa m pral di. E sa ede m pou m pa panse ak tèt mwen sèlman lè m ap priye. Lè m fè sa, sa ede m santi m pi kalm e m ka priye Jewova sou lòt bagay tou.”

10. Poukisa n bezwen pran san n pou n priye? (Gade foto yo tou.)

10 Pran san w pou w priye. Se vre lè n fè priyè ki kout sa kapab ede n vin pwòch ak Jewova, men lè n pran san n pou n fè priyè ki pi long, li ka pi fasil pou n fè Jewova konnen sa k nan panse nb. Men sa Elijah, mari Aliska, fè konnen: “Mwen fè efò pou m priye plizyè fwa nan jounen an, men m santi m pi pwòch ak Jewova lè m pran tan pou m fè priyè ki pi long. Jewova pap fè m santi li pa gen pasyans pou l tann mwen fin priye l, se sa k fè m pa bezwen prese lè m ap priye.” Men yon bagay ou ka fè: Chèche jwenn tan ak yon kote pou w priye, petèt menm awotvwa, san pa gen anyen k ap fè w distrè, e toujou pran san w pou w priye.

Foto ki ansanm: 1. Anvan solèy leve, yon frè ap medite pandan l chita devan biwo l ak Bib li ouvri e l gen yon tas kafe nan men l. 2. Lè solèy leve, li ret chita devan biwo l e l pran san l pou l priye.

Chèche jwenn tan ak yon kote pou w priye san pa gen anyen ki fè w distrè. (Gade paragraf 10.)


PANSE AK PRIYÈ KÈK MOUN NAN BIB LA TE FÈ AK TOUT KÈ YO

11. Lè n panse ak priyè kèk moun nan Bib la te fè ak tout kè yo, ki jan sa ka ede n? (Gade kare ki gen tit “Èske w konn santi w menm jan avè yo?”)

11 Lè w panse ak priyè kèk moun nan Bib la te fè ak tout kè yo e ak chante oswa sòm nou jwenn nan Bib la, sa kapab ede w. Lè w egzamine fason sèvitè Bondye yo te konn di l tout sa k nan kè yo, sa ap ede w ouvri kè w bay Jewova. Ou ka jwenn pawòl lòt moun te di pou yo fè louwanj pou Jewova ou ka itilize nan priyè w ap fè. Epitou, ou ka jwenn priyè lòt moun ki te nan menm sitiyasyon avè w te fè.

Èske w konn santi w menm jan avè yo?

Sèvitè fidèl Jewova yo te ouvri kè yo ba li nan divès sitiyasyon. Èske w ka fè sa tou?

  • Lè Jakòb te konn gen tètchaje, li te konn di Jewova mèsi tou lè l ap priye l, e l te konn fè l konnen jan l fè l konfyans. — Jen. 32:​9-12.

  • Lè wa Salomon ki te yon jèn gason te santi responsablite Jewova ba l la twòp pou li, li te priye Jewova pou l ede l. — 1 Wa 3:​7-9.

  • Apre David te fin peche ak Batcheba, li te sipliye Jewova pou l fè “kè [l] vin pwòp”. — Sòm 51:​9-12.

  • Lè Jewova te bay Mari yon responsablite espesyal, li te fè louwanj pou Jewova. — Lik 1:​46-49.

Kèk ide sou sa w ka etidye: Li yon priyè yon sèvitè fidèl Jewova te fè nou jwenn nan Bib la. Apre sa mande tèt ou: ‘Ki jan Jewova te reponn li?’. Aplike leson ou aprann yo nan sitiyasyon pa w.

12. Ki kesyon nou ka poze tèt nou lè n ap li yon priyè ki nan Bib la?

12 Lè w ap li yon priyè ki nan Bib la, mande tèt ou: ‘Kiyès ki te di pawòl sa yo e nan ki sikonstans li te di yo? Èske se priyè sa a m t ap fè tou? Ki leson m ka aprann ladan l?’ Ou ka bezwen fè plis rechèch pou w jwenn repons kesyon sa yo, men, efò w ap fè yo pap pou granmesi. Ann wè kèk egzanp.

13. Bay youn nan leson nou ka aprann nan priyè Ana te fè a. (1 Samyèl 1:​10, 11). (Gade foto a tou.)

13 Li 1 Samyèl 1:​10, 11. Lè Ana te fè priyè sa a, li te gen de gwo pwoblèm. Li pa t ka fè pitit, e lòt madanm mari l te genyen an t ap fè l pase nan je zegui (1 Sam. 1:​4-7). Si w gen kèk tan depi w ap fè fas ak yon pwoblèm, ki sa w ka aprann nan priyè Ana te fè a? Li te santi l soulaje lè l te pran san l pou l priye Bondye e pou l di L tout sa k nan kè l (1 Sam. 1:​12, 18). Nou menm tou, nou ka santi n soulaje lè n “lage chay [nou] sou Jewova”, sa vle di lè n di l egzakteman pwoblèm nou genyen. — Sòm 55:22.

Foto ki ansanm: 1. Ana ki tris anpil ki vire tèt li pou l pa gad Elkana k ap jwe ak de nan pitit li gen ak Penina yo. 2. Penina k ap souri pandan l ap chouchoute yon tibebe l genyen. 3. Ana k ap kriye pandan l ap priye ak tout kè l. 4. Gran prèt Eli ki chita bra kwaze k ap gad Ana fiks.

Lefètke Ana pa t ka fè pitit e lòt madanm mari l te genyen an t ap agase l toutan, li te vide kè l bay Jewova. (Gade paragraf 13.)


14. a) Ki lòt bagay nou ka aprann nan egzanp Ana? b) Lè n medite sou sa Bib la di, ki jan sa ka ede n amelyore priyè nou? (Gade nòt la.)

14 Kèk ane apre Ana te fin fè Samyèl, li te mennen l bay gran prèt Eli (1 Sam. 1:​24-28). Li te fè yon priyè ak tout kè l, e nan priyè sa a li te fè konnen li gen konviksyon Jewova pwoteje sèvitè fidèl li yo e l pran swen yoc (1 Sam. 2:​1, 8, 9). Petèt, pwoblèm Ana te genyen yo te toujou la, men, li te konsantre sou fason Jewova te beni l. Ki leson nou aprann? L ap pi fasil pou n andire difikilte nou jwenn si n konsantre sou fason Jewova kontinye ede n jis kounye a.

15. Lè yo fè n enjistis, ki sa n ka aprann nan priyè pwofèt Jeremi te fè a? (Jeremi 12:1).

15 Li Jeremi 12:1. Te gen yon moman nan lavi pwofèt Jeremi kote l te santi l gen pwoblèm lè l te wè mechan yo t ap byen mennen. Epitou, li te santi l dekouraje paske te gen Izrayelit menm jan avè l ki te konn pase l nan rizib (Jer. 20:​7, 8). Nou ka konprann jan l te santi l lè n wè yon seri moun k ap fè move bagay ap byen mennen oswa lè y ap pase n nan rizib. Byenke Jeremi te fè Bondye konnen jan sitiyasyon sa a te ba l pwoblèm, li pa t janm gen dout sou jistis Li. Lè l te wè fason Jewova te disipline pèp Li a ki te rebèl, sa dwe te fè l vin gen plis konfyans nan jistis Li genyen (Jer. 32:19). Nou menm tou, nou kapab priye Jewova pou n fè l konnen tout sa k ap trakase n, toutpandan nou gen konfyans l ap korije tout enjistis yo fè n nan bon moman an.

16. Si sitiyasyon n pa pèmèt nou fè yon seri bagay, ki sa n ka aprann nan egzanp yon Levit ki te ann egzil? (Sòm 42:​1-4). (Gade foto yo tou.)

16 Li Sòm 42:​1-4. Se yon Levit ki te ann egzil ki pa t ka adore Jewova ansanm ak lòt kwayan parèy li ki te ekri chante sa a. Sòm sa a li te ekri a montre jan l te santi l. Nou ka konprann jan l te santi l si n oblije ret lakay nou akoz pwoblèm sante oswa si yo mete n nan prizon pou lafwa nou. Pafwa nou ka santi n byen e apre sa nou santi n dekouraje. Lè konsa, li t ap bon pou n fè Jewova konnen jan n santi n lè n ap priye l. Sa ka ede n pi byen konprann fason n santi n epi wè sitiyasyon n yon lòt jan. Pa egzanp, Levit la te vin rann li kont li t ap jwenn lòt okazyon pou l fè louwanj pou Jewova (Sòm 42:5). Li te reflechi tou sou fason Jewova t ap pran swen l (Sòm 42:8). Lè n priye Bondye ak tout kè n, sa ka ede n pi byen konprann santiman nou, sa ka fè n vin santi n anpè ankò e sa ka fè n jwenn fòs pou n andire.

Foto ki ansanm: 1. Yon Levit k ap priye ak tout kè l pandan l nan dezè a. 2. Yon frè ki sou yon kabann lopital k ap priye ak Bib li ouvè sou janm li.

Levit ki te ekri Sòm 42 a te fè Bondye konnen tout sa k nan kè l. Lè n ap priye Jewova pou n fè l konnen jan n santi n, sa ka ede n wè sitiyasyon nou yon lòt jan. (Gade paragraf 16.)


17. a) Ki sa n ka aprann nan priyè pwofèt Jonas te fè a? (Jonas 2:​1, 2). b) Ki jan kèk ekspresyon nan liv Sòm nan ka ede n lè n jwenn difikilte? (Gade nòt la.)

17 Li Jonas 2:​1, 2. Pwofèt Jonas te fè priyè sa a pandan l te nan vant yon gwo pwason. Malgre Jonas te dezobeyi Jewova, li te gen konfyans li t ap tande priyè l. Nan priyè Jonas te fè a, li te itilize yon pakèt ekspresyon nou jwenn nan liv Sòm nand. Li dwe te konn sòm sa yo byen. Lefètke l te reflechi sou yo, li te vin gen konfyans Jewova t ap ede l. Menm jan an tou, si n fè efò pou n sonje kèk vèsè nan Bib la, yo ka vin nan lespri nou e yo ka konsole n lè n ap priye Jewova nan moman difisil.

KONTINYE PWOCHE BÒ KOTE JEWOVA LÈ N PRIYE L

18-19. Lè n ap priye Jewova, si pafwa l konn difisil pou n jwenn mo pou n di l jan n santi n, ki asirans nou jwenn nan Women 8:​26, 27? Bay yon egzanp.

18 Li Women 8:​26, 27. Pafwa nou ka santi n tèlman boulvèse, nou pa ka jwenn mo pou n di Jewova jan n santi n. Men, nou pa lage poukò n. Lè konsa, lespri sen Bondye “sipliye” pou nou. Ki jan l fè sa? Jewova te sèvi ak lespri sen pou l te fè ekri anpil priyè nan Pawòl li a. Lè n pa ka jwenn mo pou n di Jewova sa k nan lespri n, Jewova ka konsidere yon seri pawòl ki nan priyè sa yo kòmsi se sa nou ta renmen di l, e li ka reponn yo.

19 Se sa k te ede yon sè nan peyi Larisi ki rele Yelena. Yo te arete l paske l t ap priye e l t ap li Labib. Yelena te tèlman strese, li te difisil pou l priye. Men sa l di: “Mwen te vin sonje, lè m santi m boulvèse e m pa konn sa pou m di lè m ap priye, mwen kapab li priyè sèvitè Jewova yo nou jwenn nan Bib la, e Jewova ap konsidere priyè sa yo tankou se priyè pa m. [...] Sa te vrèman konsole m nan moman sa yo ki te difisil anpil.”

20. Lè n anba strès, ki jan n ka prepare lespri n pou n priye?

20 Lè n anba strès, li ka difisil pou n konsantre lè n ap priye. Nou ka koute anrejistreman odyo liv Sòm nan pou n prepare lespri n. Epitou, nou kapab ekri jan n santi n, menm jan wa David te fè sa. (Gade Sòm 18, 34, 142 ak ti nòt ki anlè sòm sa yo.) Nòmalman, pa gen okenn règ sou fason pou n prepare n pou n priye (Sòm 141:2). Fè sa w wè k ap pi bon pou ou a.

21. Poukisa nou ka priye ak tout kè n?

21 Lefètke nou konnen Jewova konprann santiman nou anvan menm nou di yon bagay, sa konsole n anpil (Sòm 139:4). Sepandan, li kontan lè l tande n k ap fè l konnen nou fè l konfyans. Donk, pa ezite priye Papa w ki nan syèl la. Ou ka itilize kèk pawòl ou jwenn nan priyè ki nan Pawòl li a. Priye ak tout kè w. Fè Jewova konnen sa k fè w kontan ak sa k fè w tris. Jewova ap toujou la pou ou antanke bon Zanmi w!

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa k ka ede w ouvri kè w bay Jewova lè w ap priye l?

  • Ki sa w ka fè pou priyè w yo ka fè w vin pi pwòch ak Jewova?

  • Lè w reflechi sou kèk priyè moun te fè ak tout kè yo ki nan Bib la, ki jan sa ka ede w?

KANTIK 45 Meditasyon mwen fè nan kè m

a Ale nan liv ki gen tit Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen, nan sijè ki gen tit “Jewova”, epi reflechi sou pati ki gen tit “Kalite estrawòdinè Jewova genyen”.

b An jeneral, priyè frè yo fè pou kongregasyon an kout.

c Nan priyè Ana te fè a, li te itilize yon seri pawòl ki sanble ak pawòl ki nan liv Moyiz te ekri yo. Se sèten Ana te pran tan pou l medite sou Ekriti yo (Det. 4:35; 8:18; 32:​4, 39; 1 Sam. 2:​2, 6, 7). Plizyè syèk annapre, Mari, manman Jezi, te sèvi ak pawòl ki sanble anpil ak pawòl Ana te itilize yo pou l te fè louwanj pou Jewova. — Lik 1:​46-55.

d Pa egzanp, konpare Jonas 2:​3-9 ak Sòm 69:1; 16:10; 30:3; 142:​2, 3; 143:​4, 5; 18:6; ak 3:8 nan lòd Jonas te itilize yo a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje